biwo asistans manse ak pwosesis la? legal ministerio de ... · 4. kat ki idantifye w kòm moun ki t...

2
Ou mè t siyen la, se avoka wi m ye Non mè si ASISTANS LEGAL Ministerio de trabajo “M pral pran enfò masyon gratis nan Ministè TravayKi jan de dokiman yo mande pou kò manse ak pwosesis la? Si w se yon travayè : 1. Fotokopi cedula w oubyen fotokopi paspò w si w pa gen nasyonalite dominikèn (si w gen paspò). 2. Lèt revokasyon w oswa lèt demisyon w (si genyen) oubyen tout lòt dokiman ki pwouve ke kontra a fini. 3. Sètifikasyon rapò enspeksyon an (si genyen). 4. Kat ki idantifye w kòm moun ki t ap travay nan konpayi an (si genyen). 5. Resi pèman yo te konn fè w oswa nenpòt lòt dokiman ki pwouve ke te genyen yon relasyon travay. 6. Se pou salè w te pi piti pase 40 mil pesos. 7. Se pou w pa gen lòt avoka sou dosye a nan moman w ap fè demand lan. Si w se yon patwon: 1. Se pou w prezante bon jan dokiman pou pwouve ke sitiyasyon ekonomik ou enstab epi difisil. 2. Ou pa dwe gen plis pase dis moun k ap travay nan konpayi a. 3. Fòk ou pa genyen pwòp kay pa w. 4. Se pou w anrejistre nan Ministè Travay epi konsève dokiman ke Kòd Travay la ansanm ak règleman l yo egzije yo tankou: chifriye, liv ansanm ak fòmilè ofisyèl yo. 5. Se pou w pa gen lòt avoka sou dosye a nan moman w ap fè demand lan. Horè Ministè a se: Soti lendi pou rive vandredi 8: 00 Am pou 5:00 PM Adrès: Avni Jiménez Moya, Centro de los Héroes Vil: Santo Domingo,Sikonskripsyon Nasyonal Kòd postal: 10101 Repiblik Dominikèn E-mail: [email protected] Telefòn: 809-535-4404 Biwo

Upload: others

Post on 15-Jul-2020

0 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Biwo ASISTANS manse ak pwosesis la? LEGAL Ministerio de ... · 4. Kat ki idantifye w kòm moun ki t ap travay nan konpayi an (si genyen). 5. 5. Si li kalifye, y ap ouvri yon dosye

Ou mèt siyen la,

se avoka wi m ye

Non

mèsi

ASISTANS LEGAL

Ministerio de trabajo

“M pral pran

enfòmasyon gratis

nan Ministè Travay”

Ki jan de dokiman yo mande

pou kòmanse ak pwosesis

la?

Si w se yon travayè:

1. Fotokopi cedula w oubyen fotokopi paspò w si w

pa gen nasyonalite dominikèn (si w gen paspò).

2. Lèt revokasyon w oswa lèt demisyon w (si genyen)

oubyen tout lòt dokiman ki pwouve ke kontra a #ni.

3. Sèti#kasyon rapò enspeksyon an (si genyen).

4. Kat ki idantifye w kòm moun ki t ap travay nan

konpayi an (si genyen).

5. Resi pèman yo te konn fè w oswa nenpòt lòt

dokiman ki pwouve ke te genyen yon relasyon travay.

6. Se pou salè w te pi piti pase 40 mil pesos.

7. Se pou w pa gen lòt avoka sou dosye a nan moman

w ap fè demand lan.

Si w se yon patwon:

1. Se pou w prezante bon jan dokiman pou pwouve

ke sitiyasyon ekonomik ou enstab epi di#sil.

2. Ou pa dwe gen plis pase dis moun k ap travay

nan konpayi a.

3. Fòk ou pa genyen pwòp kay pa w.

4. Se pou w anrejistre nan Ministè Travay epi konsève

dokiman ke Kòd Travay la ansanm ak règleman l yo

egzije yo tankou: chifriye, liv ansanm ak fòmilè o#syèl

yo.

5. Se pou w pa gen lòt avoka sou dosye a nan

moman w ap fè demand lan.

Horè Ministè a se: Soti lendi pou rive vandredi 8: 00 Am

pou 5:00 PM

Adrès: Avni Jiménez Moya, Centro de los Héroes

Vil: Santo Domingo,Sikonskripsyon Nasyonal

Kòd postal: 10101

Repiblik Dominikèn

E-mail: [email protected]

Telefòn: 809-535-4404

Biwo

Page 2: Biwo ASISTANS manse ak pwosesis la? LEGAL Ministerio de ... · 4. Kat ki idantifye w kòm moun ki t ap travay nan konpayi an (si genyen). 5. 5. Si li kalifye, y ap ouvri yon dosye

Kisa Biwo Asistans Legal

la ye menm?

Se yon biwo ki nan Ministè Travay k ap bay asistans legal

gratis pou tout pwoblèm ki gen rapò ak travay. Yo te

kreye l nan lane 1997 pa mwayen Dekrè nimewo

377-97. Li anba banyè Direksyon General ki nan Ministè

Travay.

Ki jan de sèvis Biwo Asistans

Legal la bay menm?

Li bay travayè ansanm ak patwon ki pa genyen mwayen

ekonomik pou peye yon avoka ki pou reprezante yo

devan tribinal Ministè Travay yo, asistans legal gratis.

Gen anviron 65 avoka k ap travay antan ke asistan legal

nan biwo lokal ki reprezante Ministè Travay yo nan plis

pase 24 pwovens nan peyi a.

Men kisa asisitans legal la

gen ladan l:

Oryantasyon ansanm ak enfòmasyon sou dwa ak

obligasyon ke travayè yo ak patwon yo genyen.

Asitans nan sa ki gen pou wè ak rezolisyon kon!i,

negosiyasyon, abitraj ak rekonsilyasyon nan kad

travay.

Reprezantasyon legal devan Tribinal Ministè

Travay yo.

Kiyès ki ka chache jwenn sèvis

asistans legal gratis sa a?

Tout moun, kit li se travayè oubyen patwon, kit li se

dominiken oubyen etranje, ki twouve l nan yon

sitiyasyon kon!i ki gen rapò ak travay, epi sitiyasyon

ekonomik li pa pèmèt li peye yon avoka pou pote ka a

devan tribinal Ministè Travay.

Nan ki moman mwen ka sèvis

asistans legal gratis la?

Lè kontra travay la "ni, ou gen de mwa pou reklame

tout iregilarite devan tribinal yo. Tout pandan de mwa

sa a ou ka chache jwen sèvis asistans legal gratis la.

Kibò m ka al mande sèvis

asistans legal gratis la?

Nan syèj sosyal Ministè Travay oswa nan lòt lokal ki

reprezante Ministè a nan vil pwovens nou pral site la yo:

sikonskripsyon national la, pati lès Santo Domingo, pati

lwès Santo Domingo, Monte Plata, San Pedro de

Macorís, El Seibo, Hato Mayor, La Romana, San

Cristóbal, Baní, Azua, Barahona, La Martas de Farfán,

Bonao, Constanza, Cotuí, Haina, La Vega, Las Terrenas,

Nagua, Puerto Plata, Salcedo, Samaná, San Francisco de

Macorís epi Santiago de los Caballeros.

Ki demach yon moun dwe fè

pou l ka jwenn sèvis asistans

legal gratis sa a?

1. Se pou l ale nan Ministè Travay ki

nan pwovens kote l ye a epi mande yon

chita pale ak reprezantan lokal la oswa

enspektè ki la pou zafè ki gen rapò ak

travay yo. Si sa mache, y ap rive ba li

asistans legal gratis.

2. Si moun nan aksepte pran

sèvis la, y ap fè l chita pale ak yon

avoka ki nan biwo asistans legal

la.

3. Se pou moun nan mete

enfòmasyon pèsonèl li nan fòmilè

demand lan.

4.Kat ki idantifye w kòm

moun ki t ap travay nan

konpayi an (si genyen).

5. 5. Si li kalifye, y ap ouvri

yon dosye pou li.

6. Se pou l gen dokiman

demand yo ladan l epi se pou

moun nan siyen yon manda

reprezantasyon.

7. Asistan legal la ap gen pou l fè swivi ka a jiskaske

l jwen yon solisyon oubyen jiskaske w ta deside ekri yon

lèt pou di pa kontinye ak dosye a.

YO PAP FE W PEYE POU SA