creole - chants d'esperance

99
REDANMTÈ MWEN MOURI SOU LAKWA 001KCE 2 Kreyòl, Chants D'Esperance 1 Redanmtè mwen mouri sou lakwa Pou moun kapab viv ki resevwa L Li vin rachte tout moun nan peche Si nou kwè nou pape kondane Chorus Lè Bondye wè yon pechè (bis) Tout kouvri avèk peche l Met lafwa l nan Jezi, li padonnen l. 2 A ! Ou mèt pi mechan sou latè Kè ou mè di tankou yon bout fè Si ou vin jwenn Jezi pou Sovè Tout syèl la kontan ou delivre 3 Bondye bon, Li ban nou Pitit Li Pandan nou gen lavi repanti Paske Kòlè Bondye se dife Kouri vin sòti anba malè. 4 Vi ou dwe pwòp tankou Jezi-Kri San L va lave ou, wa gen Lespri Vini, vini, tan an ap pase, Si ou mize twòp, sa ou va fè ?

Upload: boisronds

Post on 31-Dec-2015

5.450 views

Category:

Documents


24 download

DESCRIPTION

Haitian Creole Hynm Book

TRANSCRIPT

Page 1: Creole - Chants d'Esperance

REDANMTÈ MWEN MOURI SOU LAKWA 001KCE2 Kreyòl, Chants D'Esperance

1

Redanmtè mwen mouri sou lakwaPou moun kapab viv ki resevwa LLi vin rachte tout moun nan pecheSi nou kwè nou pape kondane

Chorus

Lè Bondye wè yon pechè (bis)Tout kouvri avèk peche lMet lafwa l nan Jezi, li padonnen l.

2

A ! Ou mèt pi mechan sou latèKè ou mè di tankou yon bout fèSi ou vin jwenn Jezi pou SovèTout syèl la kontan ou delivre

3

Bondye bon, Li ban nou Pitit LiPandan nou gen lavi repantiPaske Kòlè Bondye se difeKouri vin sòti anba malè.

4

Vi ou dwe pwòp tankou Jezi-KriSan L va lave ou, wa gen LespriVini, vini, tan an ap pase,Si ou mize twòp, sa ou va fè ?

Page 2: Creole - Chants d'Esperance

SAN PA JÉZU GIN GRAN VALÈ2 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

San pa Jézu gin gran valè,Li ban nou padon;Jézu vlé sové tout péchè,Délivré-l tout bon.

Chorus

San an koulé pou tout péchè,Rébèl kont Bon-Dieu;San pa Jézu gin gran valè,Sé sa ki rachté-m.

2

Eské chay péché ou trè lou,Rouj kon kramouazi?Jézu kab nétouayé kè ou,Fè ou pu kou li.

3

Koun yé a nou kapab antréNan prézans Bon-Dieu,Asuré ké san pa JézuOuété tout péché.

4

Ak san an nou kapab brizéTout puisans Satan;Ak san an nou kapab trouvéLa pé pou tout tan.

Page 3: Creole - Chants d'Esperance

3 KCE - SI OU VLÉ KRASÉ TOUT KÒD VIÉPÉCHÉ

3 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Si ou vlé krasé tout kòd vié péché,Gin fòs nan san Kris, (2 foua)Si ou vlé vinkè sou tout méchansté.Gin fòs nan gnou sèl sakrifis.

Chorus

Oui, gin fòs, fòs, oui gin fòs anpilNan san Kris krusifié,Oui, gin fòs, fòs, oui gin fòs anpilNan présié san Kris, Lagno Bon-Dieu.

2

Si ou vlé kité pasion ak lògeèy,Gin fòs nan san Kris, (2 foua)Sous Kalvè a kab lavé tout péché,Gin fòs nan gnou sèl sakrifis.

3

Si ou vlé jété tout féblès la chè,Gin fòs nan san Kris, (2 foua)Bon zèv ou pap fè ou chapé lanfè,Gin fòs nan gnou sèl sakrifis.

4

Si ou vlé sèvi Bon-Dieu fidèlman,Gin fòs nan san Kris, (2 foua)Moun ki chanté gloua li étènèlman,Gin fòs nan gnou sèl sakrifis.

Page 4: Creole - Chants d'Esperance

JEZI LESE M MACHE AK OU 4 Kréyòl, Chants D'Espérance

1

Jezi lese m mache ak ou,Byen kontan pou m fè sèvis ouDi mwen tout sekrè ou genyenEde m pa enkyè pou demen,Montre m ede kè moun ki pèAvèk bon pawòl ou SeyèGade m toutan nan bon chemenE kondwi mwen jiska la fin.

2

Fè m gin plis pasyans tankou ou,Gade m tou prè ou tou lè jouPou mfè travay mwen ak lafwaE konfyans ou ki bay viktwa,Nan espwa ou ki kon solèy,Klere tout bagay sou la tè,Nan lapè ou sèl ka ban nou,Lese m viv, Jezi, tou prè ou.

Page 5: Creole - Chants d'Esperance

MOUN KI MÉTÉ NAN JÉZU 5 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Moun ki mété nan JézuGnou konfians ki san mézu,Yo kapab pa janm tonbé;Délivrans yo asuré.

Chorus

Ak konfians n-a va maché,Ak konfians n-a trionphé,Ak konfians juska la fin,Bon-Dieu va louvri chémin.

2

Ak konfians n-a va maché,Kout ké kout pèsévéré;Jézu-Kri fè nou promès,Li ak nou nan tout détrès.

Page 6: Creole - Chants d'Esperance

SÉGNÉ, ANGNIN M-PA KA BA OU6 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Ségné, angnin m-pa ka ba ouSél gnou ké ki bouké soufri,E san ou mouin pa kab géri,Mizè mouin dévan ou.

Chorus

Pran mouin jan ou oué-m la,San fòs é san soutiin,Jan ou oué-m la,(2 foua)O Jézu, gran frè mouin.

2

Mouin pa janmin obéi ou,Péché kouvri-m la tèt o piè,E pou-m prézanté dévan ouPeche Selman m-pote.

3

Mouin fèb nan kè, mouin fèb nan chè,Pou-m rézisté dévan satan;O ségnè mouin, mouin fèb tout tan,Map rélé: ban-m lumiè.

4

San li koulé a va blanchi-mSint-Espri ou va purifié-mRichés ou yo va anrichi-m,Min mouin! Vini sové-m

Page 7: Creole - Chants d'Esperance

JÉZU, SÈL UNIK ESPÉRANCE 7 Kréyòl, Chants D'Espérance

1

Jézu, sèl unik éspérance,Sé li sèl ki bay asurans,Li sé soutiin-m, Li sé fòs mouinE mouin pap rété nan chémin.

Chorus 1

Ki kote-m ta ye,Pou ou pa ta wè-mSi-m monte nan sièl se la ou yéE si-m ta desann nan fon lanmèPa gin sekrè pou ou, ou konn tout bagay

Chorus 2

Jézu sé ou ki délivré-m;Sé ou, Sovè-m kapé kinbé-m. (2foua)

2

Okinn lot plas pa kab kaché-mOkinn lot non pap délivré-m,Moun ki chouazi lot diréksion,Soufri, péri san rémision.

3

Min, lè tout bagay vlé sombré,Mouin gadé Jézu, mouin kanpé;Lè koura mouin ta vlé fébli,Mouin jouin sékou nan prézans li.

4

Kon sa lan mò gin pou vini,Min toutfoua sa sé pa mouri,Avèk Jézu pa gin lan mò,Sé fèminjé, louvri-l lot bò.

Page 8: Creole - Chants d'Esperance

8 CEK - SAN SOVÈ, SAN BON-DIEU8 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

San Sovè, san Bon-Dieu, sa ou va fè?Lè ou apé mouri, sa ou va fè?Lè sa li sérié, nanm ou pralé;Ki sa ou va tounin ; sa ou va fè

2

Ou-minm kap ri tout tan; sa ou va fè?Jou sa ou va tout sèl; sa ou va fè?Si lè lan mò vini, ou pa paréLa pè va sézi ou; sa ou va fè?

3

Eské gin gnou koté pou ou kaché?Lè Bon-Dieu rélé ou, sa ou va fè?Gran moun tan ap pasé, jèn jan, jèn fi;Moun ki rinmin péché; sa ou va fè?

4

Moun ki rinmin Jézu, al jouin Bon-Dieu;Li bon, li patènèl; li sové yo.Lan mò pa fè yo pè, Jézu ak yo;Li kaché yo nan bra-l, li sové yo.

Page 9: Creole - Chants d'Esperance

9 CEK - NAN POUIN LANMÒ 9 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Nan pouin lanmò! Krétiin yo pa kab pèduParòl Bon-Dieu asuré salu mouinMouin té pèdu, Koul ye a mouin sové,Oui, mouin sové nan Kris, Sovè divin.

Chorus

Nan pouin lanmò! Sé la gloua, Alélouya!Pitit Bon-Dieu nan plas mouin té soufri;Li té pran plas mouin pou mouin kapab sové,E li té sové mouin nan tout gras li.

2

Nan pouin lanmò! Péché mouin yo padoninnMouin asuré puiské Jézu mouri.Fòs Satan ki té donté mouin fi-n krazé,Jézu vivan pou kinbé-m avèk li.

3

Nan pouin lanmò, paské lè kò-m ap mouri,Nanm mouin apé monté tou douat nan sièl;Ak tout frè yo ma rété nan prézans li,Mouin té konfié-m nan li, Sovè étènèl.

Page 10: Creole - Chants d'Esperance

SAN JEZI MWEN PAKAPAB VIV 11 Kreyòl, Chan Desperans

1

San Jezi mwen pakapab viv,Mwen pa ka fè yon sèl pa;Se li menm sèl mwen ta vle swiv,M’ap swiv li jouk sa kaba.

Chorus

Anyen mwen pa gen pou m krenn,Pwiske sovè m ap veye ;M’ap swiv li san mwen pa janm plenn ,Li pap kite mwen neye.

2

Amou li avèk promès liPlen kè mwen ak yon gran jwaMwen mèt tou fèb , mwen mèt kagou,Sèten l’ap banm laviktwa.

3

Lè fènwa vi n pou fè m tranble,Avèk kris mwen brav fasil ;Lè vwa satan ape gronde ,Mwen rete dousman trankil.

4

Jezi wete tout sa ki tròp,Nan kè mwen pou mwen mache ;Purifye mwen, lave m,f è m pròp,Jan Bon Dye vle pou mwen ye.

Page 11: Creole - Chants d'Esperance

PANDAN LANWIT LÈ BÈJE YO 12 Kreyòl, Chan Desperans

1

Pandan lanwit lè bèje yoOkipe mouton yo,Anj le Segnè vini desann,Laglwa briye patou ,Li di, "pa pè" paske yo tout,Te tranble, tou sezi,Ma pote ba nou bon nouvèlPou nou ak tou lèzòm.

2

Nan lavil David jodi a,Yon pitit vini fèt,Se li ki Kris, Sovè, Senyè,Men ki siy m a ba nou :Nou va jwen n pitit lè syèl la,Li la devan je moun,Vlope nan rad tout òdinè,E kouche nan yon krèch.

3

Lè anj la te pale konsa,Yon foul parèt tou swit,Se te lame anjyo lè syèlPou chante kantik sa :Tout glwa pou Bondye nan syèl la,E la pè sou latè,Bondye voye bòn vonlonte,Pou lèzòm pou tout tan.

Page 12: Creole - Chants d'Esperance

LÈ NAP MACHÉ AK DIEU - 13 KCE13 Kreyòl, Chan Desperans

1

Lè Nap Maché Ak Dieu, Nan lumiè Paròl li,Ki bèl gloua li voyé sou rout nou!Lè nap fè volonté-l,Li rété koté nou,E ak tout moun ki obéi-kouè.

Chorus

Obéi-kouè, sé tou sa pou nou fè,Pou nou kontan nan Jézu,Sé pou-n obéi-kouè.

2

Lonbraj ki va parèt, tout nuaj ka nan siè la,Souri Jézu va fè-l disparèt;Pa gnou dout, pa gnou pè, Ni soupi , ni gnou kri,Ka rété lè nou obéi-kouè.

3

Nou pap poté gnou chaj, Pou lè zòt kap soufriSan Jézu pa béni nou pou saNou pas subi gnou pèd, Nou pap pòté gnou koua,San n-pa béni, si-n obéi-kouè.

4

Min nou pakab kounin tout mèvèy amou liAvan nou konsakré tout bagay;Paské biinfè li yo, é la joua li ban nou,Sé pou moun ki vlé obéi-kouè

5

Kon sa nan prézan li, na chita nan pié liOu nou va maché nan rout avè-l.Sa li di, nou va fè, nou poual koté li vlé;San pè angnin, na obéi-kouè.

Page 13: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN VLE MIL LANG POU CHANTE BYEN 14 Kreyòl, Chan Desperans

1

Mouin vlé mil lang pou m-chanté biinLouanj Rédanmtè mouin;Tout gloua, sé pou Bon-Dieu, Roua mouin,Gras li gin tout viktoua.

2

Mèt mouin, é Bon-Dieu mouin, édé-mPou-m a-nonsé patou:Pou-m répann nan la tè antiéKonnésans non Jezu.

3

Jézu, non ou chasé krintif,Li chasé tristès nou.Jézu, non ou sé bèl muzik,Sé vi ak santé tou.

4

Li krazé puisans vié péché,Prizonnié yo lagé,San li netouayé péchè yo,San li netouayé mouin.

5

Nou-minm, tout pèp, gadé koté-l,Sé li ki Bon-Dieu nou.La foua sové nou, la foua sèl;Gras li padonnin nou.

6

Bon-Dieu té rinmin tout péché,Li rinmin nou sé si!Pou tout moun patou sou la tèPitit li té mouri.

Page 14: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN VLE SUIV JÉZU JOUK LA FIN15 Kreyòl, Chan Desperans

1

Mouin vle suiv jezu jouk la fin.Se li ki Segne mouin!Ma va persevere avek li;Sa, se lide-m pou tout la vi;Le zot kab fe sa yo vle.Map deside pou-m gingnin la pe.Ma va mache avek Jezu –Kri,Ma chache fe volonte li.

2

Mouin konnin m-kapab gin febles,Le-m an fas gran detres.Jezu promet ede ninpot ki;Tout moun ki gin la foua nan li.Jezu kinbe-m avek min.Pa gras li, gnou peche ka vin-n sin.Tout konfians mouin, se nan li-minm,Kon sa ma suiv li jouk la fin

3

Tout moun yo kap suiv Jezu-KriDoue konprann ya soufri.Satan va okupe tante yoPou fe yo suiv chemin ki fo.Min se Jezu-Kri ki Met,Se li ki te gin gnou viktoua net.Ma va mache avek Jezu-Kri,Ma chache fe volonte li.

Page 15: Creole - Chants d'Esperance

OU PA DWE PÈ ANYEN 16 Kreyòl, Chan Desperans

1

Ou pa dwe pè anyen ;Mwen toujou ak ou :Men pwomès la kretyen,Ki soutni kè nou.Rout sou tè a mèt nwa,Sa pap fè mwen pè ;Nanm mwen plen ak espwa,M’ap mache ak bon sovè m.

Chorus

Mwen pa janmen sèl ; ( 2 fwa )Jezi, sovè m ap veye mwen,Li pa janm kite mwen sèl.Mwen pa janmen sèl ( 2 fwa )Jezi , sovè m, ap veye mwen,Mwen pa janm rete sèl.

2

Solèy la klere byen,Lèl tan sèlman ;Men Jezi, limyè mwen.Li klere tout tan.Lè mwen pa wè klète,Solèy ki se bèl,Nan nenpòt ki koteJezi parèt ,mwen wè syèl.

Page 16: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN BIIN KONTAN KE PAPA MOUIN NANSIÈL

17 Kreyòl, Chan Desperans

1

Mouin biin kontan ke Papa mouin nan sièl,Pale nan liv li, pou di-m li rinmin-m.Nan Paròl li, m-jouinn anpil bèl bagay;Sa ki pi bèl, sè ke Jezu rinmin-m

Chorus

A la m-kontan oue Jezu rinmin-m,Jezu rinmin-m, Jezu rinmin-m;A la m-kontan oue Jezu rinmin-m,Jezu rinmin-m tout tan.

2

Minm si mouin blie-l, pou-m pèdu chemin,Ninpot ki kote m-ale, li rinmin-m.Ma tounin kay li, kache-m nan bra-l yo,Lè ma sonje ki jan Jezu rinmin-m.

3

Jezu rinmin-m e m-konnin m-rinmin-l tou,Se amou li ki fè-l vi-n pou rachte-m.Se amou li ki te fè-l mouri tou;Donk mouin asure ke Jezu rinmin.

4

Si moun ta mande-m kòman mouin konn sa,Gloua a Jezu , mouin konnin sa trebiin.Sint-Espri Bon-Dieu pale nan kè mouinPou temouagne ke Jezu rinmin mouin.

5

Lè-m rive nan sièl la, nan bonte li;Si se gnou sèl chan mouin kapab chante,Min ki chan mouin pou tout letènite:Jezu rinmin-m se bagay mèveye.

Page 17: Creole - Chants d'Esperance

JEZI MWEN RENMEN OU 18 Kreyòl, Chan Desperans

1

Jezi mwen renmen ou , se ou ki sovè m,Amou ou fè m kite plèzi peche mwen ;Redanmtè beni mwen se ou ki sovè m,Mwen renmen ou Senyè pi plis ke jamè.

2

Mwen renmen ou paske ou renmen m avan,Sou pye bwa kalvè ou te soufri pou mwen.Mwen renmen ou ki pote kouròn pikan ;Mwen renmen ou Senyè pi plis ke jamè.

3

Nan la vi, nan lanmò, mwen va renmen ou,Ma sèvi ou tout tan ou ba m souf bouch mwenLè lonbraj lanmò vi n sou mwen ma di ou ;Mwen renmen ou Senyè pi plis ke jamè.

4

Nan kay Bon Dye,ak jwa e glwa e lapè,Nan syèl la ma va adore ou san fin.Devan tout zanj Bon Dye yo , ma va chante :wen renmen ou, Senyè pi plis ke jamè.

Page 18: Creole - Chants d'Esperance

SEGNÈ, FÈ PITIT OU PI SANBLE OU CHAK JOU19 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Segnè, fè pitit ou pi sanble ou chak jou;Ban mouin plus Sint-Espri, pou mouin pa fayi;Ban mouin plus assurans, se fos mouin ou ye,Kon sa ma ret kanpe devan tout chanje.

2

Fè-m Konprann Jezu-Kri, Fè-m konprann lan mò i,Se li sèl pou mouin ouè nan tou sa map fèJan li te obei, sa li te soufri,Tou sa li te subi pou-m te ka frè li.

3

Ban mouin pou-m kab fidèl, gnou kè ki pa rebèlGnou kè toujou trankil, minm eprèv anpil,Gnou kè ki pa anfle, e ki pap tranble,Gnou kè sinp, gnou kè dou, ki plin ak amou.

Page 19: Creole - Chants d'Esperance

YON JOU MA P SISPANN CHANTE M YO20 Kreyòl, Chan Desperans

1

Yon jou ma p sispann chante m yo,Vwa m ap rete san l pa chante ;Men ak sen ki nan lagwa yo,Nanm mwen va kontan pou l mele.

Chorus

Ma va wè Li menm jan Li ye,Jezi redanmtè ,Fis Bondye. ( 2 liy 2 fwa).

2

Yon jou fòk kan menm mwen kite ,Abitasyon sou latè a,Nen pòt abitasyon Bondye,Va louvri pou mwen jou sa a.

3

Yon jou fè nwa va kouvri mwen,Solèy va kouche pou toujou ;Men anwo Jezi va pran mwen,Pap janm fènwa men tout tan jou.

4

Fò l vini jou laglwa sa a,Se Li ki asirans kè mwen,Senyè, kenbe m pare pou sa,Nan ou m mete tout konfyans mwen.

Page 20: Creole - Chants d'Esperance

BÉNI KÒD KI MARÉ 21 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Béni kòd ki maréKè nou nan amou Kris,Fratènité moun ki uniFè nou konprann sièl la

2

Dévan trò-n Papa nouNou priè tout ansanm,Nou gin minm krint ak minm éspoua,Nou vlé minm délivrans

3

Patajé mizè nou,Gnoun pòté pakèt lòtLè moun soufri, krié ak yo,Nou fè tou sa pou Kris

4

Lè nou gnoun kité lòt,Sa fè nou tout la pinnNou rété uni nan léspri,Nou tout sé gnoun nan Kris

Page 21: Creole - Chants d'Esperance

SEGNÈ BON-DIEU, MOUIN VLE LA VI-M 22 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Segne Bon-Dieu, mouin vle la vi-mKa ranpli ak louanj,Nan tou sa-m ye, ak tou sa-m fe,Ple ou tankou le zanj.

2

Se pa Selman louanj lèv mouinNi Sèlman louanj kè,Mouin mande ou ede-m ofriLouanj ou a tout è.

3

Mouin vle loue ou tout tan, minmNan bagay odi-nè;Chak kou mouin soti ou rantre,Epi nan tou sa-m fè.

4

Fè ke tout pati nan mouin-minm;Ko nanm avèk lespri,Kap chante louanj ou, Segnè,Malgre m-fèb e piti.

5

Se kon sa, Segnè, mouin-minm minm,Va glorifie ou,E m-va komanse sou la tèChan ki pou le sièl tou.

6

Tout la joune avèk lan nuit,Va sin, le-m fè kon sa,M-va gin gnou komunion pafèAk ou, minm isi ba.

Page 22: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN KANPÉ SEZI NAN PRÉZANS23 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mouin Kanpé Sezi Nan PrézansJézu, rédamptè beni;Konman li te kapab rinmin-m,Mouin-minm, gnou péchè inpi!

Chorus

Sé mèvéyé! Sé admirab!Ma va chanté pou toujou.Sé mèvéyé! Sè admirab!Amou Jézu gin pou nou.

2

Sé pou ,mouin l-alé nan jadin,Prié pou mouin ta sovéLi pa té krié pou li-minm;Pou mouin sé san li té sué.

3

Li té pran péché ak pinn mouin,Konm si tou sa té pou li;Li pòté you tout nan Kalvè,Sé la l-soufri, li mouri.

4

Lé mouin ouè fas li nan siel la,Ak rachté yo nan la gloua,Mouin va vlé chanté amou li;Se nan sa ma jouinn tout joua.

Page 23: Creole - Chants d'Esperance

JEZU SE TOUT BAGAY POU MWEN24 Kréyòl, Chants D'Espérance

4

Jezi se tout bagay pou mwen:Lape, la jwa, lavi;Se Li ki fos mwen toulejou,Mwen te tonbe san Li.Le m' santi m' tris, se Li m' chache;si L' pate la, sa mwen ta fe?Le m' santi m' tris li fe mwen rejwi L' renmen m'.

5

Jezi se tout bagay pou mwen,Nan tout eprev chak jou.M' ale kote Li pou byenfe,e Li ban mwen yo toujou.Li voye soley ak lapli,Li ban nou rekolt avek fwi;soley, lapli, rekolt ak fwi;Li renmen m'.

6

Jezi se tout bagay pou mwen;Pa gen pi bon zanmi;M'a mete pou letenitetout konfians mwen nan Li.Le li renmen m', se bel lavi;Li bel, li pape janm fini;Vi etenel! jwa etenel!Li renmen m'.

Page 24: Creole - Chants d'Esperance

TÉ GIN KATRÉ-VIN-DIZ-NÉF MOUTON YO25 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Té gin katré-vin-diz-néf mouton yobin gadé nan pak la;Min gin gnoun ki té pédu nan mò-n yo,Louin kay kap protéjè-l,Louin, louin nan mò-n sovaj é san non,Biin louin souin Bon Bèjé ki rinmin li,Biin louin souin Bon Bèjé ki rinmin li.

2

Ségnè, ou gin la katré-vin-diz-néf,Sa pa aseé pou ou?Min Bèjé a té réponn: Mouton pa-mTé égaré louin mouin.Minm si chémin an du anpil, anpil,M-alé nan dézè pou jouinn mouton mouinM-alé nan dézè pou jouinn mouton mouin.

3

Pa gnoun pami rachté yo janm konprannJan dlo a danjéré,Nuit le lé Ségnè tap travèsé-l,Pou jouinn mouton pèdi.Louin nan dézè a, li tandé-l krié,Malad, san sékou, tou pré pou mouri,Malad, san sékou, tou pré pou mouri.

4

Ségnè pouki gin tach san tou patouNan tout rout nan mò-n yo?San sa a té vèsé pou gnou moutonPèdu malgré Bèjé-l.Ségnè, pouki min ou yo tout blésé?Asouè a anpil pikan pèsé yo!Asouè a anpil pikan pèsé yo!

5

Patou nan mo-n yo, nan mitan tonnè,Epi nan chémin ròch,

Page 25: Creole - Chants d'Esperance

TÉ GIN KATRÉ-VIN-DIZ-NÉF MOUTON YO25 Kréyòl, Chants D'Esperance

Page 2

Yo tandé gnou rèl sòt jouk nan sièl la:Réjoui, mouin jouinn mouton-m.Anj yo répété dévan tron Bon-Dieu:Réjoui! lé Ségnè tounin ak mouton-l,Réjoui! lé Ségnè tounin ak mouton-l

Page 26: Creole - Chants d'Esperance

BON-DIEU TÉ MONTRÉ AMOU-L 26 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Bon-Dieu té montré amou-lDépi tron li nan sièl la;Mouin té jouinn gnou plas répoAn ba zèl amou li a.

Chorus

Mapé pozé, pozé,Pozé Dousman and ba zèl amou-l,Mapé pozé nan amou-l;Pozé an ba zèl amou li a.

2

Lè léprèv la vi frappé-m,Lè sièl la an ro tou noua,Mouin kab toujou jouinn répoAn ba zèl amou li a.

3

A! si ou pat janm béniAvk la pè nan kè a,Gin pou ou gnou plas répoAn ba zèl amou li a.

Page 27: Creole - Chants d'Esperance

SÉGNÈ BON-DIEU KI PAPA NOU27 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Ségnè Bon-Dieu ki Papa nou,Ki rinmin tout moun tou,Padonnin nou tout bagay fou,Chanjé vi nou yo tou patou,Rann nou pi sanblé ou.

2

Edé nou montré gnou la foua,Kon moun yo ki ak joua,Nan Galilé té suiv la vouaJézu, lè-l ofri yo gnou choua,La foua o lié la loua.

3

Jété sou non gnou bèl rozé,Gnou léspri plin la pè.Kalmé nanm yo ki anouyé,E ba yo tout trankilité,Avèk sérénité.

4

Ouété nan nou tout fo dézi,Ki pa fè ou plézi,Ban nou fréchè nou ka santiNan kè nou, é palé san brui,Dous voua lé Sint-Éspri.

Page 28: Creole - Chants d'Esperance

AMOU BON-DIEU PI GRAN PASÉ 28 Kréyòl, Chants D'Esperance

CCLI Song # KCD 28

1

Amou Bon-Dieu pi gran paséTou sa lang moun ak zanj kap di;L-alé pi louin pasé zétoual,Li jouinn moun ki té fi-n pèdi.Pitit Bon-Dieu chaché moun kiNan la pinn ak péché;Si yo rékonnèt péché yo,Li prêt pou padonnin.

Chorus

Amou Bon-Dieu sé rich , sé pu;Li san mézi, li fò;Amou sa a duré tout tan,Sé kantik tout zanj yo.

2

Lè tout jou ak lanné pasé,Lè tout tronm tout roua fi-n tonbé;Lè moun ki pa prié jodiVa chaché mouayin pou sové;Lamou Bon-Dieu va la toujou,L-a san mézi l-a fò;L-a fòs Bon-Dieu pou sové nou,L-a kantik tout zanj yo.

3

Si nou té kab chanjé la mèKon lank nan sièl la pou n-ékri;Si tout boua sou la tè té plum,E tout moun té kapab ékri;Pou yo ékri lamou Bon-DieuTa fin-n séché la mè,E sièl la pa ta kab kinbéTout zèv lamou-l té fè.

Page 29: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN LOUVRI KÈ MOUIN 29 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mouin louvri kè mouin,Pou-m résévoua ou.Jézu, Sovè mouin,Kè mouin bézouin ou;Mouin santi mouin sél;Kè mouin fatigé;Viv ak out a bèl,Ou kab ban-m la pè.

2

Mouin louvri léspri-m,Pou résévoua ou.Jézu-Kri, Ségnè-m,Rété la toujou.Vini pou régné,Gidé tout bagay.Pou dirijé-m binMa suiv lod ou bay.

3

Mouin louvri nanm mouinPou-m résévoua ou.Bon Rédanmtè mouin,Kò mouin pou ou tou.Pou ban mouin la vi,Pa manké angnin,Pou mouin ou mouri!Pran kò-m, vi-m, nanm mouin.

Page 30: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN-MINMSÉ GNOU MOUN TÉLMANMIZÉRAB

30 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mouin-minm sé gnou moun télman mizérab,Koman m-kab prézanté dévan Bon-Dieu-m?Parèt dèvan tròn li konman m-kapab?Sépandan, min-l yo lonjé pou rélé-m.

2

Lè mouin vlé maché nan chémin le sièl,Sé lè péché vini pou mouin troublé;Poutan, mouin tandé gnou mo ki si bél:Répanti, koué, é ou va delivré.

3

Voua m-tandé la, sé voua Jézu li-minm,Sé min li yo ki lonjé pou sové-m;Pou nou kab padonnin sé nan li-minm,E sé li-minm tou ki kab purifié-m.

4

Mouin pa gin angin, é-m doué ou télman!Pou tèt sa mouin gin kichòy pou ba ou:Minm jan ak Mari, ma montré koumanM-rinmin ou paské ou padonnin-m tou.

Page 31: Creole - Chants d'Esperance

MÈT, PALÉ! SÉVANT OU KOUTÉ - 32 KCE32 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mèt, palé! Sévant ou kouté!Map tann bon parol bouch ou;Voua ou ki fè mouin si kontanKè-m souaf tandé li toujou.Mapé kouté ou, Ségnè,Ki sa ou gin pou di mouin.

2

Mèt, rélé mouin non pa mouin-minm,Di-m sé ak mouin ou palé,Pou mouin maché san tranblé.Palé! Ou sé Bon Bèjé,Mouin, mouton ou té rachté.

3

Kouté mouin avan mouin alé,Mouin tankou gnou mouin pèdi.Mèt, palè! Sé ou ki konninTou sa nanm mouin bézouin vrè;Vini, é nan kè-m palé.

4

Mèt, palé! E fè mouin paréLè-m tandé bin sa ou di,Ak vitès, épi kè kontanPou-m suiv tou sa ou té di,Mapé kouté ou, Mèt mouin;Palé, Jézu! Palé mouin!

Page 32: Creole - Chants d'Esperance

SÉGNÈ, PALÉ MOUIN POU-M PALÉ 33 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Ségnè, palé mouin pou-m paléTankou gnou éko voua ou-minm.Kité-m chaché, minm jan kon ou,Pitit ou, ki pèdu, ki sèl.

Chorus

Gidé-m, Ségnè, pou-m ka gidéPié moun ki pran mové chémin.Ban-m manjé, pou-m kapab nouriMoun ki grangou, ak la ma-n ou.

2

Ban mouin fòs pou-m rété fidél,Kanpé sou gnou ròk, fèm ak ou,Pou mouin kapab lonjé min mouinEdé moun kap bat nan la vi.

3

Ségnè, montré-m tou sa ki bon,Pou mouin montré lè zòt yo tou,Inspiré sa mouin di, é fèParol mouin yo touché kè yo.

4

Ban-m la pè ou ki tèlman dous,Pou-m kapab palé ak douséAvèk tout moun ki an détrés.Ou-minm ban mouin bèl paròl ou.

5

Ranpli mouin jan ou plin, Ségnè,Jouk kè-m kapab débodé tou,Pou rakonté gran amou ouNan pansé é nan bèl parol.

6

Sèvi ak mouin, min mouin, Ségnè,Kondui mouin tout koté ou vlé,Jouk tan mouin ouè fas béni ou,Pou-m patajé gloua ak joua ou.

Page 33: Creole - Chants d'Esperance

ESK OU TA VLÉ VIV POU JÉZU NÉT EPI TOUJOU34 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Esk ou ta vlé viv pou Jézu nét épi toujou?Esk ou vlé maché avèk li tou lé jou?Esk ou vlé li pòté chay ou, soutni kè ou tou?Kite-l fé ou kon li vlé.

Chorus

Puisans li kab fè ou sa ou doué yé,San-l kab nétouayé keè ou kon li yé,Amou li va plin nam ou, si ou koué.Pito kité-l kondui ou kon li vlé.

2

Esk ou vlé li fè ou lib pou suiv li kout ké kout?Esk ou vlé kouraj pou fé ninpot ki rout?Esk ou vlé li delivré ou nan tout pièj, tout, dout?Kité-l fè ou kon li vlé.

3

Esk ou chaché gnou répo pou nanm ou nan la pè?Esk ou vlé Kris la avék ou nan léprèv?Esk ou vlé obéili é poté foui bon zèv?Kité-l fé ou kon li vlé.

Page 34: Creole - Chants d'Esperance

KÈ MOUIN AP CHANTÉ KANTIK CHAK JOU - 35 KCE

35 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Kè mouin ap chanté kantik chak jouPaské Jézu pa pi louin;Li di mouin kou sa: Mouin avek ou,Ou pa gin doua pè angnin.

Chorus

Jézu, Jézu, Jézu,Non pi dous pou mouin,Ma chanté amou li.Kè-m kontan, m-pa pè angnin.

2

Mouin pa té manké konn fè rébèlKont tout pasians Jézu-Kris;Jodi a mouin gingnin asurans,Sé té nan plas mouin l-mouri.

3

O, ki gran amou ki fé li vléPadonnin mouin tout péché!O, Ségnè, fè-m rai tout péché,Dévan ou pou mouin maché.

4

Gnou jou l-a vini pou résévoua-mNan kay-l nan si bèl sièl la.Ma kité tè sa ak gnou gran joua;Ma ouè li an ro jou sa.

Page 35: Creole - Chants d'Esperance

BÈJÉ MOUIN, SÉ GNOU ROUA DAMOU36 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Bèjé mouin, sé gnou Roua damou,Bonté li pap janm fini.Si sé li-minm ki Sovè mouin,Mouin pap janm manké angnin.

Chorus

Koté dlo a koulé pi fré,Sé la li va kondui moui,E sé koté zèb yo pi bèlLi mété paturaj mouin.

2

Mouin té fou, lè mouin té kité-l:Min, li-minm alé chaché-m,E sou zépol li, li poté-mBiin kontan, ak li m-tounin.

3

Minm si mouin oué lan mo an fas,Mouin papé pé gnou ti kras.Gran baton ou ap protéjé-m,Koua ou dévan ap gidé-m.

4

Ou ranjé gnou supèb kouvèPou mouin, dévan tout lènmi-mOu manjé ak mouin, Ou ban-m bouèDlo ké sièl la sèl gingnin.

5

Ninpot ki sa ki kab rivé,Juska la fin ma suiv ou.Epi nan sièl ma va chantéGras ou ki pa janm fini.

Page 36: Creole - Chants d'Esperance

GIN LUMIÈ NAN NANM MOUIN JODI A37 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Gin lumiè nan nanm mouin jodi a,Avèk gloua pi gran paséMinm solèy la n-apé oué nan sièl,Ka Jézu té kléré-m.

Chorus

Oui, gin lumiè, gin bél lumiè;Mouin kontan, mouin vlé toujou chanté;Lè Jézu montré amou li nan kè mouinLumie sa toujou rété.

2

Gin kantik nan nanm mouin jodi a,Sé gnou kantik pou Jézu;E li konnin sa mouin pa kab di,Ka amou-l san mezi.

3

Gin la joua nan nanm mouin jodi a,Ak éspoua, louanj, amou,Pou biinfé li ban mouin tou lè jou,Pou sièl l-a ban mouin tou.

Page 37: Creole - Chants d'Esperance

PA KITÉ MOUIN, O BON SOVÈ38 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Pa kité mouin, O bon Sovè,Kouté krié mouin;Kon ou okupé lè zòt yo,Pa pasé louin mouin.

Chorus

Sovè, Sovè,Kouté krié mouin;Kon ou okupé lè zòt yo,Pa pasé louin mouin.

2

Dévan tròn ou ban-m padon ou,Ban-m gnou dous fréchè;Min mouin koubé nan prézans ouEdé-m pou mouin kouè.

3

Mouin konfié-m sèl nan mérit ou;M-ta gadé ou nan fas;Géri ké mouin ki nan tristès,Kinbé-m nan la gras.

4

Ou sé sous pou consolé mouin,Mouin vlé rèt fidèl;Mouin rinmin ou pasé tout mounSou tè é nan sièl.

Page 38: Creole - Chants d'Esperance

MOUN YO KI OBÉI - 39 KCE 39 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Moun yo ki obéi,E kap suiv Jézu-Kri,Yo kontan é trézò yo an ro.Le zòt yo pa konnin.Ni la joua ni la pèNan kè tout moun kap suiv Sovè yo. (2 foua)

2

Pandan tout la jounnin,Sé non Kris map chanté.Mouin ta souété tout moun konnin Li.Mouin sètin li rinmin-m;Li mouri pou sové-mAvèk tout moun kap vini jouinn Li.

3

Sé gnou favè divin,Sé gnou gran joua san fin;Jézu rété nan kè-m, mouin konn sa.Mouin posédé Sovè-m.Mouin konnin li béni-mKòm si tout amou Bon-Dieu té la. (2foua)

Page 39: Creole - Chants d'Esperance

NAP CHANTÉ ROUA A KI GIN POU VINI 40 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Nap chanté Roua a ki gin pou vini,Gloua a Jézu , Lagno a ki mouriPou ofri tout moun salu ak la vi.Tout pèp va kontan lè Jézu va roua!

Chorus

Vini chanté: Gloua a Jézu,Alélouya, gloua a Jézu!Nou ki moun pa Jézu, sa sé chan nou:Tout Gloua a Jézu, sé li ki Roua nou.

2

Pèp yo va rété nan bèl lumié li,Moun yo va ansanm ki pa té uni.Sé la vérité ki va établi.Tout to va kaba, lè Jézu va Roua.

3

Tout bagay va bon nan rouayom pa li,La libèté ak sajès va vini.Tout énmi nou yo va tounin zanmi.Tout zanm mété ba, lè Jézu va Roua.

4

Tout moun va maché nan puizans Léspri.Dout pa pou troublé nanm moun ki nan li.Nou pa pè lanfè, fòs lan mò fini,Lamou tou patou, lè Jézu va Roua.

5

Nap la prié pou Rouayom Kris vini.Bon-Dieu, fé-l vini vit pou Ou détouiTout mové bagay, pou nou kapab di:Règn Satan kaba, Sé Jézu ki Roua.

Page 40: Creole - Chants d'Esperance

JÉZI, SÉ NAN PRÉZANS OU 41 Kréyòl, Chants D'Espérance

1

Jézi, sé nan prézans ou nanm mwen pran plézi.Ou konsolé-m nan gran tristès.Ou sé joua-m la jounen, é chan mwen lannuit.Ou ban-m éspoua, Sali, richès.

2

Bon Bèjé, koté ou gadé mounton ouPou bay yo patiraj lamou?Pouki sa mwen krié nan santié lan mòOu rété nan dézè san ou?

3

Pouki sa m-bézwen gayé isit san ouPou krié nan dézè pou pen?Détrès mwen va yon la joua pou énmi ouE yo va réjoui nan penn mwen

4

Lè-l gadé genyen di mil zanj ki réjoui,E anpil ap tann parol li.Lè-l palé tout étènité anvayiAvèk louanj dé Jézi-Kri.

5

Bon Bèjé, mwen tandé é mwen va suiv ouMa maché ak ou pa la foua.Kinbé-m é défann mwen, mwen pou ou toujouE nan ou ma toujou an joua.

Page 41: Creole - Chants d'Esperance

M-AP GADÉ OU AK FOUA 42 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

M-ap gadé ou ak foua,Agno bon-Dieu sou boua,Sovè si dou.Kouté mouin lè-m prié,Lavé-m nan tout péché;Dépi jodi mouin vléMouin tout pou ou.

2

Ban-m gras pou rafréchi-m;Fòs ké mouin afébliDé tan-zan-tan.Kòm ou mouri pou mouin,Sé pou lamou mouin ginPou ou, rété san finGnou flanm vivan.

3

Ténèb kouvri chémin-m,Doulé patou koté-m;Gid mouin sé ou.Fé noua tounin lumié;Ouété krié doulé,Pa janm lésé-m kitéBò koté ou.

Page 42: Creole - Chants d'Esperance

JÉZI, KENBÉ-M PRÈ LA KOUA - 043CEK43 Kréyòl, Chants D'Espérance

1

Jézi, Kenbé-m prè la koua;San ou té vèsé la,Pou-l kab purifié tout nanmKi ta plonjé ladan.

Chorus

Pré la koua, (2 foua)Mwen vlé toujou rété,Jouk Jézi vini chaché-mPou-l ka ban mwen la joua.

2

Pré la koua, nanm mwen tranblé;Amou li té jwen mwen,La limiè li té antré,Li té chanjé kè mwen.

3

Pré la koua, O Bon Sovè!Fè-m sonjé soufrans ou,Edé-m maché jou an jouAn ba lonbraj kalvè.

4

Pré la koua mapé véyé,Kouè, obéi, priéJouk tan lè a va sonnenPou li vi-n chaché mwen.

Page 43: Creole - Chants d'Esperance

VINI CHAK MOUN KI PLIN PÉCHÉ44 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Vini chak moun ki plin péché,Kris gin mizérikodLi di li va ba ou la pè,L-a mét kè ou ann od.

Chorus

Sélman kouè li, (2 foua)Sélman kouè Jézu;L-a sové ou, (2 foua)L-a sové ou tou.

2

Paské Kris té vèsé san li,Ki gran bénédiksion!Plonjé ou nan san Jézu kiLavé tout transgréssion.

3

Oui, Jézu sé chémin la viKi minnin nou nan sièl;Vi-n mét tout konfians ou nan li;Ou pap maché tou sèl.

4

Vi-n non, uni ou avék nouKi pralé nan la gloua,Pou abité la tou lé jouKoté tout moun an joua.

Page 44: Creole - Chants d'Esperance

NON JÉZU GIN GNOU SON SI DOU45 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Non Jézu gin gnou son si dou!Li chasé tristès nou.Non li, sé kou gnou gérizon,Pa gin gnou pi bèl son!

2

Non Jézu kalmé ké troublé,E léspri fatigé.Li kou gnou manjé tèlman douPou nanm yo ki grangou.

3

Non Jézu sé kou gnou rochéKi pat kab déplasé,Li protéjé-m, li kaché mouin,L-a sové-m jouk la fin.

4

Jézu sévi pou mouin tankouBèjé-m, é zanmi-m tou,sé li ki chemin an, épiLa vérité, la vi.

5

Mouin pat kab fè anpil pou ou;Mouin fèb é piti tou,Ma di Ou mèsi pou tout gras,Lé m-ouè Ou fas a fas.

6

Jouk lè sa a, mouin vlé sèviAk tout souf mouin, pou diTout péché yo, sé nan non OuYo kapab sové tou.

Page 45: Creole - Chants d'Esperance

AN NOU CHANTÉ AMOU JÉZU46 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

An nou chanté amou Jézu,Chanté tandrès ak gras tou,Nan bèl kay yo kin an sièl laLap paré gnou plas pou nou.

Chorus

Lè nou tout la nan sièl la,Ki gran jou réjouisans sa va pou nou.Lé nou tout ou JézuNa chanté la viktoua toujou.

2

Tout lè nap maché sou té sa,Doulè kapab nui nou fò,Min lé vouyaj nou va finiNan pouin dlo nan jé anko.

3

An-n chaché pou nou ak Jézu ,Tou suit na oué jan li bèl.Tou suit pòt sièl la va louvri,Na maché an ro avè-L.

Page 46: Creole - Chants d'Esperance

TOUT MOUN KI RÉTÉ SOU LA TÈ, - 047CEK47 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Tout moun ki rété sou la tè,Chanté lé Ségnè ak tout voua;Sèvi-l ak krint, fè louanj li,Dévan li chanté avèk joua.

2

Nou konnin Sé Bon-Dieu li yé;Nou pat édé-l lè li fè nou.L-a nouri nou, sé pa-l nou yé;Tankou mouton-l li minnin nou.

3

Antré nan pòt li ak louanj;Avèk joua, proché tanp li tou;Béni non li tankou lè zanj,Sé bon pou nou fè kon sa toujou.

4

Pouki? Paské Bon-Dieu nou bon,Amou-l rété fidèl toujou.Tou sa li di, li fè-l tout bon;Paròl Bon-Dieu sètin toujou.

Page 47: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN PA BÉZOUIN PÈ 48 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mouin pa bézouin pè, Sové mouin tou pré,E pou souvé mouin Li prêt pou parèt.Ma va prié anpil. Sé Kris kap aji,Lé li nan kannot mouin, mouin pap pè tanpèt.

2

Si chémin mouin noua, sé Kris ki gid mouinMa obéi Li, l-a protéjé mouin.Minm si tout moun kont mouin, é tout bagay noua,Paròl Li pap manké. li gingnin pou fèt.

3

Amou Li pou mouin, sé pa bagay yè,Sé pouki m-konnin Li pap kité mouin.Mouin pa kapab blié tout délivrans mouin;Pou tèt sa-m konnin l-a édé-m jouk la fin.

4

Mouin pa pou plingnin soufrans ni bézouinKris té avèti-m sa gin pou vini.Paròl li anségné ké moun kap suiv LiDoué subi tantasion ak pèsékusion.

5

Tou sa kap rivé-m, va sévi gnou biin,M-aksépté soufrans kòm si li té dou.Li pap duré lontan, biinto l-a suspann.An Kris ma va kontan, ma plus kévinkè.

Page 48: Creole - Chants d'Esperance

LE MONN VLÉ MOUIN SUIV PLÉZI LI - 49 KCE49 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Lè monn vlé mouin suiv plézi liMin pito m-suiv JézuLé monn pa kab ban mouin la viMouin vlé sanblé Jézu

Chorus

Sanblé Jézu, sé dézi-mLé mouin sèl ou pami moun;Sanblé Jézu nan tout vi-mMouin vlé sanblé Jézu.

2

Li té krazé chin péché-m yoMouin vlé sanblé Jézu;Pou nanm mouin kab sèvi-l pi fo,Mouin vlé sanblé Jézu.

3

Mouin vlé ouè Li nan ParadiPami anj avèk sin;Mouin vlé tandé bèl parol LiLè-l di: Ou té fè biin.

Page 49: Creole - Chants d'Esperance

PRAN LA VI-M, SÉGNÈ JÉZU 50 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Pran la vi-m, Ségnè Jézu,Mouin vlé konsakré-l ba Ou.Pran chak è é pran chak jou,Tout tan mouin vlé loué Ou. ( 2 foua)

2

Pran min mouin yo, Jézu Kri,E sèvi ak yo tan pri.Pran pié mouin yo tou, Ségné,Pou kouri pou Ou tout è ( 2 foua)

3

Pran voua mouin, é kité mouinChanté pou Ou, ki Roua mouin.Pran lèv mouin yo, ranpli yoAk mo ki sòti an ro. (2 foua)

4

Pran lò mouin ak lajan tou,Tou sa m-gignin sé pou Ou.Pran léspri-m ak tout fòs mouin,Sèvi ak yo Jouk la fin. (2 foua)

5

Pran volonté pa-m, Ségné;Sa Ou vlé, sé sa ma fé.Pran ké mouin, li pou Ou tou,Li va sèvi la kay Ou. (2 foua)

6

Pran amou mouin, Ségné mouin,Fè-l pou Ou gnou bagay sin.Pran mouin minm, m-vlé viv toujouAk tout fos Sèlman pou Ou. (2 foua)

Page 50: Creole - Chants d'Esperance

GINGNIN GNOU SOUS TOUT PLIN AK SAN51 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Gingnin gnou sous tout plin ak san,Sé san dé Jézu-Kri.Péchè yo ki bingnin la danSoti san tach é pu. (3 foua)Péché yo ki bingnin la danSoti san tach é pu.

2

Volè a ki tapé mouri,Li té réjoui jou sa.E nanm mouin ki koupab kon liJouinn padon nan sous la. (3 foua)E nanm mouin ki koupab kon liJouinn padon nan sous la.

3

Sovè-m , san ou ki té kouléPap janm pédu puisansJouk lè ké tout légliz Bon-DieuRéjoui nan délivrans. (3 foua)Jouk lé ké tout légliz Bon-DieuRéjoui nan délivrans.

4

Dépi mouin té oué tout bontéOu montré-m nan Sali,Amou map chanté san rétéJouk lé ma va mouri(3 foua)Amou map chanté san rétéJouk lè ma va mouri.

5

Lè lang pa mouin va fi-n palé,E kò mouin nan tonbo;Louanj Jézu ma va chantéAk rachté yo and ro. (3 foua)Louanj Jézu ma va chantéAk rachté yo an ro.

Page 51: Creole - Chants d'Esperance

GINGNIN GNOU SOUS TOUT PLIN AK SAN51 Kréyòl, Chants D'Esperance

Page 2

Page 52: Creole - Chants d'Esperance

O GRAN AMOU KI TÉ RACHTÉ-M 52 CEK52 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

O gran amou ki té rachté-mNan péché a.Koupab é sal jan mouin té yéM-pat gin éspoua.Lè sa m-té nan gnou gran fè nouaO ki gran jou!Li lévé nanm mouin nan lan mò,Ki gran amou!

Chorus

Ki gran amoun pou rachté nanm mouin,Ki gran amou pou géri kè mouin.Amou sa voyé Ségnè-m mouri.Ki gran amou! Adoré sin non Li.

2

Amou sa fè Sovè-m mouriSou boua kalvèPou péché ki rébèl kont Li.Kouman sa yé?Amou fè pon ant mouin ak sièl,Li pou mouin tou,Mouin padonnin, mouin pa tou sèl,Ki gran amou!

3

Amou té louvri pòt lumièRouayom sièl la.Jézu va parèt la an lè,L-a résévoua-m.Amou té lévé-m nan malè.A la gnou jou!Pat gin lot èd sou tout la tè,Ki gran amou?

Page 53: Creole - Chants d'Esperance

GNOU JOU AVAN KOUCHÉ SOLÈY 53 Kréyòl, Chants D'Espérance

1

Gnou jou avan kouché solèy,Anpil malad té rété laDévan Jézu nan gran doulè.Biinto yo alé avèk joua.

2

Gnou foua anko sé asouè tou,E nou proché bò Jézu-Kri.Ségnè, si nou pa ouè kò Ou,Nou kouè Ou isit an éspri.

3

O Sovè, chasé tout malè.Gin pami nou moun ki soufran,E dòt ki tris, ou nan mizè;Dòt kap soufri nan min Satan.

4

Lè monn tronpé jinn jan ak fi,E yo rété la dan toujou!Gin moun ki gin mové zanmi,Poutan yo pa vlé vi-n jouinn Ou!

5

E tout moun yo bézouin la pè,Sové dé tout bagay ki fo.Min moun yo kap suiv Ou pi pré,Santi péché andan kè yo!

6

O Sovè Kris, Ou sé moun tou.Lè sou la tè Ou té gnou nonm,Ou té grangou ak tanté tou.Ou konn sa ki nan kè lè zòm.

7

Min Ou gin toujou minm puisans,Paròl Ou gingnin fòs toujou.Béni nou tout ann abonndans,E asouè a vi-n géri nou.

Page 54: Creole - Chants d'Esperance

LÉVÉ, NANM MOUIN AK SOLÈY LA, - 054CEK54 Kreyòl, Chan Desperans

1

Lévé, nanm mouin ak solèy la,Konmansé tach ou jodi a.Prémié bagay ou gin pou fèSé loué Bon-Dieu ak tout kè.

2

Pi-nga ou gaspiyé tan ou!Viv jodi a kou dènié jou;Anplouayé talan ou yo biin,Nou tout va jujé a la fin.54 Chan Déspérans

3

Tout paròl ou yo doué sinsè,Konsians ou doué toujou klè;Paské Dieu ouè tou sa ouap fè,Li konn tout pansé nan tout kè.

4

Kè mouin, sé pou ou lévé tou,Tout anj yo va chanté ak ou.Yo-minm, yo pap janm fatigéLoué, béni, sèvi Bon-dieu.

5

Bon-Dieu, mouin vlé di Ou mèsi,Ou té protéjé-m lè-m dòmi,Lè mouin dòmi pou dènié fouaFè-m lévé dévan Ou ak joua.

6

Mouin vlé rémèt mouin nan min Ou,Nétouayé kè-m ak léspri-m tou.Gidé volonté-m a chak kouE ranpli mouin ak léspri Ou.

7

Gidé-m, Ségnè, m-vlé Ou konduiTou sa-m pou pansé, fè ou di.Pou tout fòs mouin kapab sèviPou la gloua Ou, Ségnè Jézu.

8

Béni Bon-Dieu kap rinmin nou,Béni Li tout moun tou patou.Béni Pitit Li, Jézu-Kri.Béni Pè, Fis é Sint-Espri.

Page 55: Creole - Chants d'Esperance

SA-K KAPAB LAVÉ PÉCHÉ-M - 055CEK55 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Sa-k kapab lavé péché-m?Angnin pasé san Jézu-Kri.Sa-k kapab géri tout kè-m?Angnin pasé san Jézu-Kri.

Chorus

San ki chè pasé lòKi outé-m nan la mò;Nan pouin lòt sous ankò,Angnin pasé san Jézu-Kri.

2

Pou padon mouin, sa mouin ouè?Angnin pasé san Jézu-Kri.Pou nétouayé-m sa-m mandé?Angnin pasé san Jézu-Kri.

3

Sa-k pou péyé dèt péché?Angnin pasé san Jézu-Kri.Sé pat bon zèv mouin té fè;Angnin pasé san Jézu-Kri.

4

Sa-k ban-m éspoua ak la pè?Angnin pasé san Jézu-Kri.Sa-k fè justis mouin asé?Angnin pasé san Jézu-Kri.

Page 56: Creole - Chants d'Esperance

GLOUA A DIEU NAN LÈ LIÉ TRÈ RO56 Kréyòl, Chants D'Espérance

1

Gloua a Dieu nan lè lié trè ro,Gloua a Dieu isit sou la tè.Gloua a Dieu, matin, midi, souè,Gloua a Dieu tout tan, tou patou.

2

Mèsi, Bon-Dieu pou lé SolèyKap kléré é kap chofé nou;Mèsi, Bon-Dieu, tou, pou la pliOu bay pou rosé jadin nou.

3

Mèsi, Bon-Dieu, pou fanmi nou;Pou manman, papa, pitit tou;Mèsi pou tout frè, sè nou yo,Kap rinmin, kap supòté nou.

4

Mèsi, Bon-Dieu, pou zanmi nou,Mèsi pou tout moun Lévanjil;Pou tout moun yo kap rinmin Ou,Nou tout nou sé gnoun nan Jézu-Kri.

5

Mèsi, Bon-Dieu, pou amou Ou.Mèsi, Bon-Dieu, pou Jézu-Kri.Mèsi tou pou lé Sint-EspritKap gidé é consolé nou.

6

Padonnin nou tout péché nou;Nétouayé kè nou tou patou.Ban nou la gras Ou tou lé jouPou-n kapab fè volonté Ou.

7

Béni Bon-Dieu kap rinmin nou,Béni Li tout moun tou patou.Béni Pitit Li, Jézu-Kri.Béni Pè, Fis é Sint-Esprit.

Page 57: Creole - Chants d'Esperance

JÉZU, MOUIN TÉ PRAN LA KOUA MOUIN57 Kréyòl, Chants D'Espérance

1

Jézu, mouin té pran la koua mouinPou-m kité tout é pou-m suiv Ou.Abandonnin é méprizé,Sé Ou Sèl pou mouin toujou.Sé pou-m Pèdu tout anbision,Tou sa m-té chaché é konnin.Min richès mouin sou kondisionKè Bon-Dieu ak sièl pou mouin.

2

Lé monn mèt kité é rai mouin.Yo té kité Sovè-m tou.Kè uminn kapab tronpé mouin,Lè zòm pa fidèl kòm Ou.E Pandan Ou kontan avè-m,Bon-Dieu sajès é amou,Yo mèt rai é kité mouin,Mouin vlé rété avèk Ou.

3

Lè zòm mèt pèsékuté mouin,Sa va fè-m proché pi pré Ou.La vi du kapab avèk mouin,Pou mouin, sièl la va pi dous.Okin mal pa kab fè-m soufriPandan amou Ou pou mouin.Plézi tè sa pa fè-m réjoui.Joua Ou bay, sé joua san fin

4

Sé pou-n vouayajé pou la glouaPa la foua é la priè.Nou va konbat pou la viktoua.Ak Bon-Dieu nou gin la pè.Biinto sé pou-n kité tè sa;Pélérinaj nou va fini.Nou va ouè foui tout travay la.Rékonpans nou, sé Jézu.

Page 58: Creole - Chants d'Esperance

SÉGNÈ-M KI VI-N RÉGNÉ 58 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Ségnè-m ki vi-n régné,Mouri pou-m ka sové.Li té tan nan tonboJou pou-l monté an ro.

Chorus

Jézu résusitéNan gloua é majésté,Li résusité pou toujou.Sé pou nou publiéLouanj non li koun yé

2

Pouki nou nan tristès,Nap krié nan détrès?Biinto soufrans lan mòTounin nan joua ankò.

3

Gro ròch la déplacé,Lè Kris résusité.Li vivan nan sièl la,Amou-l pa janm kaba.

Page 59: Creole - Chants d'Esperance

PEYI LWEN 59 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Peyi lwen, lwen isit, se la mwen vle alePeyi-sa gen anpil moun pèdiMoun-sa yo pa konen Jezu-Kri se SovèLi renmen nou anpil, li mouri

Chorus

Peyi lwen,… lwen isit...Mwen dwe ale… mwen dwe ale…Jouk tout moun… fi-n konnen…Bon nouvel… Jezu-Kri.

2

Li voye mwen ale nan yon lye difisil,E lye sa se yon lye tre, tre du.Moun nan yo gen ked u, yo pape vle koute,Men kan mem yo bezwen-m, mwen prale.

3

Gen anpil, anpil moun ki toujou yo deyo.Jezu-Kri vle yo vi-n jodi a.Li voye mwen ale nan peyi lwen anko,Ranmase yo, pote yo bay Li.

Page 60: Creole - Chants d'Esperance

SÉGNÈ JÉZU, KONVÈTI NOU - 060CEK60 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Ségnè Jézu, konvèti nou,Travay nou pa angnin,Ségnè Jézu, sé ak fòs OuNou kab fè sa ki biin.

KèChanjé ak gras Bon-Dieu,Tout gloua pou ou, Roua mouin,Pou-m fè volonté Ou, Ségnè,Sé sèl bu mouin gingnin.

2

Konsolé chagrin ak tristèsNan chak kè ki chanjé.Ban nou la joua nan la détrès,E lè nanm nou troublé.

3

Ouété tout chut ak tout érèKaché nan la vi nou;Nan non Ou, Ségnè, na vinkè.Louanj pou Ou toujou.

Page 61: Creole - Chants d'Esperance

SÉRÉ-M PI PRÉ OU, TOU PRÉ KÈ OU61 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Sere-m pi pre ou, tou pre ke ou.Ou se trezo mwen e ou Sove-m tou.Kenbe-m, o Kenbe-m, Bon-Dye damou.Fe-m jwenn yon kote pou-m kache nan ou. (2 fwa)

2

Sere-m pi pre ou; mwen pa anyenn.Mwen pa gen ofrann pou Jezu, Wa mwen;Selman yon ke ki tou plen peche.Lave-m, Jezu, san ou koule pou mwen. (2 fwa)

3

Sere-m pi pre ou; mwen pa anyen.Se pa pou monn sa ke mwen gen dezi.Mwen lage peche ak tout logey.Ban-m Selman Jezu, Senye-m krusifye. (2 fwa)

4

Sere-m pi pre ou, pandan vi sa,Jouk tan mwen la avek ou nan la glwa,Pou mwen rete toujou avek ou,Pi pre ou Sove-m, pi pre ou toujou. (2 fwa)

Page 62: Creole - Chants d'Esperance

LONTAN MWEN TÉ RÉTÉ NAN LÒGEY - 62 KCE62 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Lontan mwen te rete nan logey;M-pat ran kont Senye-m te krusifye;M-pat konnen se pou mwen san-l kouleSou bwa Kalve.

Chorus

Tout gras Bon-Dye te pou gren mesi,Jezu te ban mwen tout padon li.Nanm mwen ki te trouble jwenn la viSou bwa Kalve.

2

Parol Bon-Dye te montre-m peche-m;Lo mwen we la lwa mwen te tranble,Jouk tan nanm koupab mwen te vireBo bwa Kalve.

3

Koun ye a mwen rann Kris tout bagayKoun ye a se pou li map travay;Koun ye a se remesiman m-bayPou bwa Kalve.

4

O lamou kit e fe plan salu!O la gras kit e fe li vini!Se pou peche mwen Kris te soufriSou bwa Kalve.

Page 63: Creole - Chants d'Esperance

A LA YON BÈL BAGAY KIN NAN VI MWEN RIVÉ63 Kréyòl, Chant D'Espérance

1

A la yon bel bagay kin nan vi mwen riveLe Jezu vini nan ke mwen.Mwen gen lumye nan ke-m, sa-m te toujou chacheLe Jezu vini nan ke mwen

Chorus

Le Jezu vini nan ke mwen, (2 fwa)La jwa mwen debode pase yon gran rivyeLe Jezu vini nan ke mwen.

2

Mwen suspann voyaje nan yon move chemenLe Jezu vini nan ke mwen.San Jezu efase tout peche m-te genyenLe Jezu vini nan ke mwen.

3

Mwen te jwenn yon espwa ki va dure tout tanLe Jezu vini nan ke mwen.E nan pwen dout anko nan ke mwen kom avanLe Jezu vini nan ke mwen.

4

Mwen gen yon lumye ki klere santye lan moLe Jezu vini nan ke mwen.E m-kapab we pot syel la ki louvri lot boLe Jezu vini nan ke mwen.

5

Mwen genyen nan syel la yon kay pou mwen reteLe Jezu vini nan ke mwen.Mwen kontan, byen kontan, bone mwen asureLe Jezu vini nan ke mwen.

Page 64: Creole - Chants d'Esperance

MINNIM MOUIN O BON SOVÈ 64 Kreyòl, Chan Desperans

1

Minnim mouin O Bon Sovè.Kondui-m nan chémin Sali.Avèk ou m-pa bézouin pè.Nan ou sèl mouin jouin la vi.

Chorus

Jézu, Jézu, pa kité-m, O Bon Sovè.Fè-m sòti nan tantasion.Ou-a fè mouin plus ké vinkè.

2

Jézu, pa kité-m isiSou tè sa plin ak doulè.San ou nan pouin lòt zanmi,Min nan ou mouin jouinn bo-nè.

3

Ou té lévé-m nan la bouDé pi profon méchansté.Ou-a fè-m rivé nan sièl tou.Sé la gloua ou ma chanté.

Page 65: Creole - Chants d'Esperance

MWEN SONJE BYEN KI JOU LI TE DELIVRE-M65 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mwen sonje byen ki jou lit e delivre-m,E mwen konnen mwen fini avek peche,Paske mwen jwenn delivransE ke mwen fi-n asureMwen sove nan peche pou toujou.

Chorus

Delivre! Delivre!Wi mwen sove nan peche pou toujou! (2 liy 2 fwa)

2

Mwen sonje byen ki jan ke-m te boulvese,E ki tristes ki te fe nanm mwen an dey.Men je mwen we Jezu-Kri,E ke mwen louvri ba li;Tout chenn mwen yo tonbe pou toujou.

3

Mwen sonje byen ke sa pa te fet fasil,E mwen te reziste ak Jezu anpil,Li pat vi-n pou kondanne,E lip ran pasyans ave-mJouk yon jou, m-oblije we lumye.

4

E se pout et sa map chante pou Jezu,E ke mwen plen e nanm mwen gen yon freche.Mwen pa kab pe, fo-m chante,Men vle mouri ap chante:Alelouya! M-delivre pou toujou.

Page 66: Creole - Chants d'Esperance

MATIN AN AVAN OU SÒTI - 066CEK66 Kreyòl, Chan Desperans

1

Matin an avan ou sòti,Eské outé prié?O non dé Jézu, Sovè nou,Eské outé mandé favè liPou protéjé ou?

Chorus

La priè va ba ou répo,La priè chanjé tout bagay;Lè chémin la sanblé trò long,Pa blié prié.

2

Lè kè ou té ranpli kolè,Eské outé prié?Eské ou té mandé gras liPou ou padonnin lé zòt yoKi té blésé ou?

3

Lè léprèv anpil té vini,Eské outé prié?Lè nanm ou té gingnin tristès,Eské outé chaché joua Bon-DieuDépi gran matin?

Page 67: Creole - Chants d'Esperance

LÈ MWEN TÉ CHACHÉ BON-DYÉ - 67 KCE67 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Lè mwen te chache Bon-Dye,Yon pòv pechè pèdu,Pou mande-l padon peche-mO non Sovè Jezu,Li koute tout kri kè mwen,Tou suit Li fè-m kontan;Paske Jezu pran fado-mE Li te ban-m yon chan.

Chorus

Wi Jezu te pran fado-mMwen pat kapab pote,Wi Jezu te pran fado-m,Li peye dèt peche.Tout krent mwen yo te sòti,Li fè kè-m tout kontan;Paske Jezu pran fado-mE Li te ban-m yon chan.

2

Pafwa chemen an glisan,Gen pa ki difisil,Pafwa mwen fèb, mwen bouke,Zeprèv mwen pa fasil;Men lè-m ajenouye mwen,«Senyè mwen, jouk ki tan?»Lè sa Jezu pran fado-m,Toujou Li ban-m yon chan.

3

Yon jou tristès te kraze-m,Mwen pèdu tout espwa.Chaj doulè ak touman mwenTe sanble tròp, mil fwa.Lè sa yon vwa vi-n pale-m,«Ou pou mwen sètenmen.»Lè sa Jezu pran fado-m,E Li te ban-m yon chan.

Page 68: Creole - Chants d'Esperance

LÈ MWEN TÉ CHACHÉ BON-DYÉ - 67 KCE67 Kréyòl, Chants D'Esperance

Page 2

4

Ma mèt tout konfyans nan Li,Li konnen tout chemen.Li va gide-m ak je LiNan pelerinaj mwen.E ma pale nan syèl laPou tout syèk ak tout tanKoman Jezu pran fado-mE plen kè-m ak yon chan.

Page 69: Creole - Chants d'Esperance

BAN MOUIN KÈ OU, DI BON-DIEU NAN SIÈL LA68 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Ban mouin kè ou, di Bon-Dieu nan sièl la,Pa gin lòt kado pi bon pasé sa,Dousman Li rélé ou koté ou yé;Mété konfians nan mouin, ban moun kè ou.

Chorus

Ban mouin kè ou, (2 foua)Dousman Li palé ou koté ou yé;Nan lémonn ténèb Li vlé minnin ou,Dousman Li palé ou:Ban mouin kè ou.

2

Ban mouin kè ou, di Jézu, Sovè nou,Nan mizèrikòd Li rélé ankò:Kité péché ou é tout mové zèv,Mouin té mouri pou ou, ban mouin kè ou.

3

Ban mouin kè ou, di Léspri, Trè dousman,Tou sa ou gingnin ban-m kinbé-l pou ou,Mouin gin anpil gras pou ba ou chak jou.Konsakré tout bagay, ban mouin kè ou.

Page 70: Creole - Chants d'Esperance

LÈ OU KONNIN BON SOVÈ MOUIN69 Kreyòl, Chan Desperans

1

Lè ou konnin bon Sovè mouin,Lè ou aksépté amou liKè ou va chanté avèk joua,Lè ou konnin Jézu.

Chorus

Lè ou konnin-l, (2 foua)Ou-a rinmin-l kòm nou zòt yo, tou;Kè ou va chanté louanj Li,Lè ou konnin Jézu nou.

2

Joua Li va réjoui ou chak jou,Lumiè Li tonbé sou rout ou,E promès Li va dous pou ou,Lè ou konnin Jézu.

3

Ou-a konpran mizèrikòd Li,Ou-a santi la pè Li toujou,Lan mò pa gingnin pè pou ou,Lè ou konnin Jézu.

4

Ou-a ouè Li kondui nan bon routOu-a kité-L kondui ou toujou,Ou-a rakonté tou sa Li fè,Lè ou konnin Jézu.

Page 71: Creole - Chants d'Esperance

ONORÉ PUISANS NON JÉZU - 70 KCE70 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Onoré puisans non Jézu,Tout anj doué fas a tè.Pòté vini kouròn pi sinE kouroné Li Ségnè.Pòté vini kouròn pi sinE kouroné Li Ségnè.

2

Pèp chouazi nan ras Izraèl,Nou ké Bon-Dieu rachtéRann gloua pou Li ki ban nou sièlE kouroné Li Ségnè.Rann gloua pou Li ki ban nou sièlE kouroné Li Ségnè.

3

Sé tout moun nan chak nasionKirété sou la tè,Ba Li lonnè kòm pi gran chèfE kouroné Li Ségnè.Ba Li lonnè kòm pi gran chèfE kouroné Li Ségnè.

4

An nou uni nou ak zanj yoKap adoré nan sièl,Na chanté gnou kantik nouvoE kouroné Li Ségnè.Na chanté gnou kantik nouvoE kouroné Li Ségnè.

Page 72: Creole - Chants d'Esperance

AN RO MÒN KALVÈ YO TÉ PLANTÉ GNOU KOUA71 Kreyòl, Chan Desperans

1

An ro mòn Kalvè yo té planté gnou koua,Ki té lévé gnou mòn méprizé.Min nòm sa a té pitit unik Bon-Dieu,Ki mouri pou nou kab sové.

Chorus

Kris pann sou la koua,Sa sé sujè chan mouin,Kris sa a li biin mèvéyé.Li rachté sa-k pèdi,Li té péyé tout pri.Gloua a Jézu, kloué sou la koua

2

Lè zòm pat konnin sa yo tap fè lè sa;Kris di: Padonnin yo, souplé.Yo pa té konnin minm koua ku méprizé,Sé té la koua Kris glorifié.

3

Lè zòt yo adoré la koua Kris sèlman,Sujè mouin, sé Kris sou la koua.Sé pa nan boua la koua puisans la rété,Min sé Kris sèl ki bay viktoua.

Page 73: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN TÉ TANDÉ LA VOUA JÉZU72 Kreyòl, Chan Desperans

1

Mouin té tandé la voua JézuKi palé mouin pou di:Nou ki chajé, vini jouinn mouin,Répozé ou sou mouin.Mouin té vini, kòm mouin té yé,Mizérab, fatigé!Mouin jouinn nan Li répo, la pè,Kè-m vi-n kontan é gé.

2

Mouin té tandé la voua JézuKi palé mouin pou di:Min ni, m-ofri ou dlo vivan,Sé pou ou, vini pran!Mouin té vini, é mouin té bouèDlo a dé mon Sovè;Nanm mouin té vini rafréchi,E mapé viv nan li.

3

Mouin té tandé la voua JézuKi palé mouin pou di:Sé mouin ki vrè lumiè lè zòm,Gadé bò mouin tout moun.Mouin té gadé bò Jézu-Kri,Mouin jouinn lumiè nan li,E sé li ki va kléré mouinTout vi-m juska la fin.

Page 74: Creole - Chants d'Esperance

KÈ NOU PA BÉZOUIN TROUBLÉ PLIS73 Kreyòl, Chan Desperans

1

Kè nou pa bézouin troublé plis,Bon-Dieu ban nou la pè nan Kris.Sé sèlman pou nou kouè Bon-Dieu,Ak Jézu-Kri, la vérité.

2

La foua nan Li, sé gnou rémèd;Li chanjé troub yo ki pi rèd!Moun yo ki gin anpil la foua,Doulè yo va tounin nan joua.

3

Gin anpil moun ki pè nab lan mò;Yo krinn sa kap tann yo lòt bò!Jézu di ké nan kay Papa-l,Li va préparé pluziè sal.

4

Sé té pou tout disip li yo,Li té palé gnou si bèl mo.Li vlé disip li yo rétéNan minm koté a li va yé.

5

Sé Jézu-Kri, la vétité,Ki promèt li ban nou la pè;Sa li ban nou, sé pou tout tan;San krint ni troub, kè nou kontan.

Page 75: Creole - Chants d'Esperance

A LA GNOU ZANMI SÉ JÉZU 74 Kreyòl, Chan Desperans

1

A la gnou Zanmi sé Jézu,Tout péché mouin sé chaj li!A la gnou biinfè: pou pòtéPinn ba li nan la priè!Konbiin foua la pè nou pèdi,Konbiin changrin nou subi;Pouki? Paské nou pa pòtéTout ba li nan la priè.

2

Si gin tantasyon ak touman,Ou traka ninpòt kouman,Nou pa pou janm dékourajé:Jézu la nan la priè.Ki lès zanmi ki si fidèl,Ki fè nanm blié doulè-l?Jézu konnin sa féblès yé:Jouinn ak li nan la priè.

3

Nou santi-n fèb? nou pa kapab?Ki lès flo napé pasé?Sovè a di li résponsab:Jouinn ak li nan la priè.Si zanmi ou yo blié ou,Di Jézu-l li tandé ou.Lapé tann ou, bra li louvri.Jézu vlé ba ou la vi.

Page 76: Creole - Chants d'Esperance

NAN BONTÉ LI, JÉZU VI-NI 75 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Nan bonté li, Jézu vi-nipou rachté nanm mouin pa la gras;Nan bafon péché ak la rontKonpasion-l lévémouin.

Chorus

Nan tè danjé li soutni mouin,Ak min byen dous li lévé mouinSòt nan nouasè, vi-n nan lumiè,Map adoré-l, li lévé mouin.

2

Dépi lontan li rélémouin,Avan kè mouin té répanti.Min lè-m kinbé-l nan paròl liAk padon L-lévé mouin.

3

Anpil pikan té pèsé fron-l,Dé klou térib té pèsé min-l;Min lè mouin bandonné péchéAmour li lévé mouin.

4

koulyé a minm, an lè biin ronanm mouin apé joui gnou répo.Ki jan? Pouki? Mouin pa konninKouman li lévé mouin.

Page 77: Creole - Chants d'Esperance

NAN FON LABIM MAP RÉLÉ OU76 Kreyòl, Chan Desperans

1

Nan fon labim map rélé Ou,O kouté mouin, Ségnè!Sé nan ou sèl mouin jouinn SékouPou-m pa dézéspéré!Si ou ta sonjé tout péchéPou puni chak, kon sa doué yé,Ki moun kab rézisté Ou?

2

Gras a lamou, nou jouinn nan OuPadon péché nou yo.Justis nou-minm pa bon du tou,Zèv nou sé bagay fo.Nou pa gin doua vanté tèt nou,Pou angnin bon kap fèt nan nou;Sé gras ou sèl kap fè li.

3

Tout éspoua-m sé na lé Ségnè,Zèv mouin va vo angnin,Sé pa sou yo mouin kalkulé,Tout foua-m sé nan Li-minm.Mouin kité tout chòz nan min Li,Li sé fòs mouin, Li sé la vi,Map tan ak foua sékou Li.

4

Minm si Li pa édé-m tou suit,Si m-oblijé tan lontanDé jou pasé é minm dé nuit,San m-pa kapab konprann;Kè mouin pap janm pèdu la foua,Li pap bandonné mouin nan noua:Map tan sékou-l ak konfians.

5

Péché nou yo, yo tèlman gran,Chut nou té tèlman fon!Min gras Li sé pi konsékanAmou Li gran san non!Bèjé nou, Sovè nou, sé LiKi vlé bay tout moun yo la viSové yo nan min Satan.

Page 78: Creole - Chants d'Esperance

GIN GNOU ZANMI, GNOU BON ZANMI77 Kreyòl, Chan Desperans

1

Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi,Li rinmin-m dépi tout tan.Li gingnin kè mouin ak lamou,Li tankou chinn pou kinbin-m.Pèsòn pa kap kasé chinn nan,Li kinbé-m pa lamou li.Mouin pou Li-minm, Li pou mouin tou,Pou tout tan é pou tout tan.

Chorus

Mouin pou Li-minm, Li pou mouin tou,Pou tout tan é pou tout tan.

2

Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi.Li té mouri pou sové-m,Li té ban mouin, avèk la vi,Gnou lòt kado, sé Li-minm!Tout sa-m gingnin, sé pa pou mouin,Tout bagay sé pou Zanmi-m;Kè mouin, é vi-m, tout sé pou Li,Tout sé pou Li pou tout tan.

3

Gin gnou zanmi, gnou bon zanmi,Li gin bon kè, Li janti.Li sé gnou gid, gnou konséyé,Epi li konn défann mouin.Ki moun kapab séparé mouinAvèk Li-minm kap rinmin-m?Ni nan lan mò, ni lanfè minm!Non! Mouin pou Li pou tout tan.

Page 79: Creole - Chants d'Esperance

LÉ MONN ANTIÉ PÈDU NAN TÉNÈB PÉCHÉ78 Kreyòl, Chan Desperans

1

Lé monn antié pèdu nan ténèb péché:Sèl lumiè lé monn sé Jézu!Kon solèy midi Lévanjil la briyé;Sèl lumiè lé monn sé Jézu!

Chorus

Vi-n jouin Jézu, La ba ou lumiè;Lumiè a dous, li bèl sé Jézu!Mouin té avèg koul yé a mouin ouèSèl lumiè lé monn sé Jézu!

2

Moun ki gin Jézu nan kè yo, gin lumiè;Sèl lumiè lé monn sé Jézu!Si ou suiv Jézu chak jou, ou-a gin lumiè;Sèl lumiè lé monn sé Jézu!

3

Moun kapé viv nan péché, yo nan ténèb;Sèl lumiè lé monn sé Jézu!Pa konté sous tradision yo, so trò fèb;Sèl lumiè lé monn sé Jézu!

4

Sèl lumiè ki va nan sièl la sé Jézu;Sèl lumiè lé monn sé Jézu!Lumiè na gin nan vil dò a sé Jézu;Sèl lumiè lé monn sé Jézu!

Page 80: Creole - Chants d'Esperance

PRÉPARÉ-M POU LA GÈ, 79 Kreyòl, Chan Desperans

1

Préparé-m pou la gè,Pou-m goumin kont lé mal.Fè kè-m sinsè, ban-m gnou bon kèki pap di paròl sal.Gidé tout pansé mouin,Rétité tou péché.Pa gras Ou travay mouin va sin,Amou va tout réglé

2

Agno Bon-Dieu, ban mouinMinm lépri dous pa Ou.Fè tout aktivité pa mouinGingnin charité tou.Kité-m invité mounAvèk anpil dousè,Paské Ou pa vlé pèdu gnoun,Minm nan lé dènié è!

3

Pa kité mouin konfié-mNan angnin sòf Ou-minm;Si-m gin léspri ògèy nan kè-m,Fè-m santi féblès mouin!Fè-m konnin m-pa angnin;ban mouin gnou éspri inb.Tout bagay bon ka fèt pa mouin,Sé Ou-minm sèl kap fè-l.

4

Ban mouin amou pa Ou,Pou-m suiv chémin Ou suiv.Ou rai tout bagay ki fou,Min pa moun Ou fè viv.Chanjé, gidé léspri-mLouin tout bagay ki fo,Pou-m rai péché ak tout kè-m,Min rinmin péchè yo.

Page 81: Creole - Chants d'Esperance

JÉZU RÉLÉ-N NAN TOUT TOUMAN80 Kreyòl, Chan Desperans

1

Jézu rélé-n nan tout toumanLa vi nou ki kou tanpèt,Tou lé jou voua Li rézonné,Li di: O krétiin, suiv mouin.

2

Lè apot yo té konn tandé-lKoté la mè Galilé,Yo té kité kay ak zanmi,Tout bagay pou tèt non Li.

3

Jézu rélé-n pou nou kitéLé monn ak tout vanité,Tout idòl avèk tout malis,Li di: Krétiin rinmin-m plis.

4

Nan la joua é nan la tristès,Lè nou jinnin ou a lèz,Ninpòt lè, é nan ninpòt routLi di-m: Pran ka-m pasé tout.

5

Jézu rélé-n! Nan pitié ou,Sovè, fè-n tandé voua Ou;Ban nou kè ki obéisanPou sèvi, rinmin tout tan.

Page 82: Creole - Chants d'Esperance

JÉZU, OU KI RINMIN MOUIN 81 Kreyòl, Chan Desperans

1

Jézu, Ou ki rinmin mouin,Kité mouin alé jouinn Ou;Tout lòt azil kapab vin,Lè lamò ménasé nou.Kaché mouin, O Sovè mouin,Pandan tout loraj la vi.Résévoua mouin a la finNan la pè ki pap fini.

2

Ou sé sèl réfuj mouin gin,Nanm mouin pa gin lòt éspoua!Tan pri, pa bandonné mouin,Sovè-m, lè tout bagay noua.Mouin vlé konfié-m nan Ou sèl,Mouin pa gingnin lòt sékou;Sèvi pou mouin kou gnou zèl,Ma va biin lè-m avèk Ou

3

Mouin pa bézouin lòt bagayPasé Ou, bon Jézu-Kri.Sé Ou-minm ki té konn bayLa santé é minm la vi.Mouin-minm, mouin pa vo angnin,Mouin gingnin anpil péché,Sé Ou sèl ki vrèman sin,Ou sé gras é vérité.

4

Gingnin anpil gras nan Ou…Pi gran pasé péché nou.Gras Ou sé gnou bagay dou,Kité li travay an nou.Jézu, Ou sé sous la vi,Ban-m Léspri Ou san mézi;Jayi nan mouin kou gnou pui;Sé la vi ki pap fi-ni.

Page 83: Creole - Chants d'Esperance

KOUTÉ! ANJ YO AP CHANTÉ 82 Kreyòl, Chan Desperans

1

Kouté! Anj yo ap chanté,Gloua a Jézu, nouvo né!Sé la pè é sé la joua;Moun va sové pa la foua.Vi-ni tout moun, chanté tou,Anj yo ap chanté ak nou.Jézu fèt nan Bètléèm,Li sé pitit Bon-Dieu minm!

Chorus

Kouté! Anj yo ap chanté,Gloua a Jézu, nouvo né,

2

Nan Sièl la yo adoré-l,Li sé Kris, Li étènèl,Min, kan lè jus té rivéLi té vi-ni kou Sovè.Gadé Bon-Dieu nan la chè!Adoré li sou la tè.Sa sé bagay ki pi bèl!Jézu sé Ema-nuèl.

3

Li té kité tou gloua li,Li té vi-ni pou mouri,Pou nou fèt gnou dézièm foua,Pou nou antré nan la gloua.Nou prostèné dévan liKi sous justis é la vi.Gloua, ònè, louanj, viktouaBa li tout, sé li ki Roua.

Page 84: Creole - Chants d'Esperance

ZANJ AP CHANTÉ AN LÈ 83 Kreyòl, Chan Desperans

1

Zanj ap chanté an lè;Min bèl zétoual nan sièl;Gin pitit pou nou ouè,Jézu Ema-nuèl.Kité mouton nan chan,Vi-ni ouè mèvèy sa,Paské krèch BètléèmRésévoua Roua dè roua.

2

Minm zétoual yo an jouaPou nésans mèvéyé;Paské Pitit vièj laSé Ségnè tout la tè.Maj, kité péi ouVi-ni ouè mèvèy sa,Paské krèch BètléèmRésévoua Roua dè roua.

3

Ti Pitit kou kouchéNan lumiè zétoual la,Sé Fis létènité,Sé pou li tout la gloua.Nou tout zanj nan sièl laVi-ni ouè mèvèy saPaské krèch BètléèmRésévoua Roua dè roua.

4

Tout moun ki nan fè noua,Yo tout anba malè,Sé pou nou bèl chan sa,Bon-Dieu ban nou lumiè.Kouri vi-n jouinn Jézu,Sé li-minm ki Sovè-n;Ka Pitit nan krèch laSé Jézu, Rédanmtè-n.

Page 85: Creole - Chants d'Esperance

MAP VIV POU JÉZU GNOU VI KI SINSÈ,84 Kreyòl, Chan Desperans

1

Map viv pou Jézu gnou vi ki sinsè,Gnou vi plin obéisans ak tout kè;Map fè tout éfò pou fè li plézi,Kon sa l-a béni-m toujou nan la vi.

Chorus

Jézu, Ségnè ak sovè-m,Mouin ba ou tout la vi-m,Paské sou la koua Kalvè,Sé pou mouin ou mouri.Sé Ou-minm sèl ki Mèt mouin,Pran kè-m kon tròn pa ou;Map bay la vi mouin pou-m sèviOu-minm, Kris, pou toujou

2

Map viv pou Jézu ki ouété péché-m;Li mouri sou boua pou-l té kab sové-m.Amou sa oblijé-m réponn voua li;Ma ba-l sa-m gingnin, é ma va suiv li.

3

Map viv pou Jézu tout koté m-pasé;Map fè tou sa-m fè pou la gloua Bon-Dieu.Mouin prèt pou soufri afliksion ou pèd,Malgré tout zéprèv mouin pap janm régrèt.

4

Map viv pou Jézu ti tan la vi sa,Pi gran trézò mouin sé souri Mèt la.Travay mouin sé chaché péchè pèdi,Fè moun ki bouké jouinn répo nan li.

Page 86: Creole - Chants d'Esperance

NOU PA KRINN ANKÒ 85 Kreyòl, Chan Desperans

1

Nou pa krinn ankò,Ni troub ni la mò!Léspri a vi-ni,Jézu ki alé, voyé lé Sint-Éspri.

2

Jézu ki la pé,Nan sièl la li yé.Li voyé gnou gajKi palé nan kè nou gnou bèl témouagnaj.

3

Jézu rinmin nou;Li pran-n nan la bou;Li fè-n gnou kado,Li pap janm ouété Sint-Éspri a ankò

4

Li ki avèk nou,Sèvi kou gid tou.Li ba nou lamou,Li tabli rouayom lamou li nan kè nou.

5

Tout moun yo ki kouè,Yo va délivré:Yo konnin la pè,Ak puisans é la joua, yo va délivré.

6

An nou plin la joua,Chanté ak tout voua,Nap suiv lé Ségnè,Nap vink avèk li juska la dèniè è.

Page 87: Creole - Chants d'Esperance

PI BON ZANMI-M SÉ JÉZU, 86 Kreyòl, Chan Desperans

1

Pi bon zanmi-m sé Jézu,Amou-l si gran, si vré;Janmin Li abandonnin-mNan tou sa mapé fè.Souvan mouin fè-l la pinn nan vi-m;Pou mouin li bon Sovè;Lè-m répanti, li padonnin-m;Alò mouin gin la pè.

Chorus

Pi bon zanmi mouin sou la tè, sé Jézu,Pi bon zanmi mouin sou la tè, sé Jézu,Li lavé péché-m, pou-l minnin-m nan sièl;Amou Jézu si bèl.

2

Pafoua sièl mouin plin ak nuaj,Tout chémin mouin fè noua,Fas li kaché ak lonbrajLè mouin pa gin la foua.Nan lamou li prié pou mouin,Kè mouin vi-n soulajéPaské li ouété tout chagrin;Tout la pinn mouin alé.

3

Mouin vlé chanté amou li,Amou Jézu pou mouin,Bonté-l, fidélité li,Pou gnou péché kon mouin.Kouman m-kapab rémèsié liPou amou-l anvè mouin?Sé pou-m rinmin-l é sèvi li,Suiv li pré, janmin louin.

Page 88: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN KONTAN JODI A, GIN SOLÈY87 Kreyòl, Chan Desperans

1

Mouin kontan jodi a, gin solèy nan kè-m;Tout krint ak dout yo pasé;Jézu di kon sa: ninpòt moun ki vléMèt jouinn mouin pou-l sové.

Chorus

Nan Jan toua sèz « kikonk » vlé di mouin,« kikonk » vlé di mouin,Map mété non mouin la.Nan Jan toua sèz « kikonk » vlé di mouin;Mouin ladan! Alélouya!

2

Mouin kontan jodi a, gin éspoua nan kè-m;A Jézu mouin vlé rann gloua,Paské li ban-m la viktoua sou péché-m;Nan kè-m li sèl sé Roua.

3

Amou li mèvèyé! Gras li mèvèyé!Pou mouin – Jézu té mouri.Mouin té rinmin lé monn, m-té pèdu nèt,Jouk tan li té fè-m lib.

Page 89: Creole - Chants d'Esperance

JÉZU TÉ FÈT NAN GNOU KRÈCH MIZÉRAB88 Kreyòl, Chan Desperans

1

Jézu té fèt nan gnou krèch mizérab;Kè li té dou, é paròl li émab;Maltrété. Li mouri kon gnou koupab,Jézu, présié Ségnè.

Chorus

Présié, présié Jézu,Zanmi sètin, juska la fin;Li ofri kò-l pou mouin gingnin la vi,Jézu, présié Ségnè.

2

Nan loraj, sé li sèl ki bay la pè;Grangou ak souaf, sé li ki satisfè;Lè tantasion, li bay gras nésésè,Jézu, présié Ségnè.

3

Sé zanmi tout moun, min anpil rénié-l;Gnou èd pou fèb yo, li té umilié;Limiè lé monn,- sé li yo krisifié;Jézu, présié Ségnè.

Page 90: Creole - Chants d'Esperance

MWEN TAP NÉYÉ NAN PÉCHÉ89 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mwen tap neye nan pecheByen lwen la pe Bon-Dye;Nanm mwen kit e tout tacheTap koule san leve.Jezu ki tape veye-mLe Li tande rel mwenLi vi-ni tout suit ede-m,Li sove mwen.

Chorus

Jezu sove-m! Jezu sove-m!Le mwen te san sekou, Jezu sove-m!Jezu sove-m! Jezu sove-m!Le mwen te san sekou, Jezu sove-m!

2

Oui, tout ke-m mwen vle bay li,Pou-m toujou avek li,Pou mwen viv nan prezans li,Pou-m chante louanj li.Amou li si bon, si gran!Li merite tout vi-m,Pou mwen sevi li tout tanMap bay tout vi-m.

3

Moun ki nan peche chache-l,Jezu vle sove ou;Pou-l pote, avek amou-l,Tout fado ki tro lou.L-a sove ou nan tanpet,L-a kache ou toujou,Fotifye ou nan dizet,L-a sove ou.

Page 91: Creole - Chants d'Esperance

KITÉ LÉ MONN BIIN LOUIN OU 90 Kreyòl, Chan Desperans

1

Kité lé monn biin louin ou,Vi-ni, vi-ni avèk nou;Nap fè gnou nouvo pa chak jou, (2 foua)Pou Sion, patri nou. (2 foua)

Chorus

Nap fè rout pou Sion,Bèl Sion, péi Sovè nou!Krétiin, ann avan pou Sion,Sé bèl, sé bèl péi nou.

[V2]Nan Sièl la, Bèl muzik la,Avèk bèl kantik yo tou,Kapé kondui lamé sièl la, (2 foua)Va réjoui-n tou, gnou jou. (2 foua)

3

Pou rapòté la viktoua,Sé pou nou suiv Jézu-Kri;Chak solda gin pou résévoua, (2 foua)La gloua lè-l fi-n soufri. (2 foua)

4

Jézu-Kri, Rédanmtè aInstalé sou gran trò-n li;Lapè régné nan tout sièl la, (2 foua)Ak kouròn sou tèt li. (2 foua)

Page 92: Creole - Chants d'Esperance

JÉZU MANDÉ OU BRIYÉ POU LI KOTÉ OU YÉ91 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Jezu mande ou briye pou li kote ou ye,Tout kretyen, bay limyè tou patou;Briye nan fanmi ou, nan travay, kote ou ye;Briye pou Jezu kote ou ye.

Chorus 1

Briye pou Jezu kote ou ye, (2 fwa)Limyè ou kab ede yon nanm pedu jwenn Jezu;Briye pou Jezu kote ou ye .

2

Menm le syèl la nwa, menm lè chemen an pa troklè,Se lè sa pou lumyè ou briye.Pou briye, Jezu te lese ou menm sou latè;Briye pou Jezu kote ou ye.

3

Se gran gras ke Bon-Dye fè ou vini yon limyèLè peche tenèb antoure ou,Leve limyè a byen ro pou-l kab klere tout kè;Briye pou Jezu kote ou ye.

4

Si ou vle briye yonjou ak Jezu nan syèl la,Limyè ou dwe limen sou latè;Paske Bon-Dye plase nou kou limyè

Page 93: Creole - Chants d'Esperance

MAPE MACHE SÈL AK JEZU - 93 KCE93 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mape mache sèl ak JezuNan gnou komunion divin;Le monn pa kapab fè-m plezi,Mouin pou Kris e Kris pou mouin

Chorus

Mouin te wè li, mouin konnin li!E Li fè-m mache ave-lE Li fè-m kado prezans li,Se gnou kado etènel.Ki gran gloua, divin prezans Li,Ki gran joua, ouè-l fas a fas!mouin ba Li la vi-m pou tout tan,Li te gingnin-m pa la gras

2

Sou montagn la mouin te wouè li;Kris, Konsolatè, Zanmi;La gloua vizion sa va reteJouk tan la vi mouin fi-ni.

3

Nan tout doulè ak feblès mouin,Magre kè-m te fi-n kraze,Toujou mouin santi prezans Li,Li te wete-m nan peche.

4

Nan tenèb la, nan lonbraj laAk sovè la mouin fè rout;E leson lap ansingnin mouinFè-m vle suiv li kout ke kout.

Page 94: Creole - Chants d'Esperance

MWEN TA VLÉ DI OU SA JÉZU FÈ POU KÈMWEN

94 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mwen ta vle di ou sa Jezu fe pou ke mwen,Depi mwen te jwenn li kou bon Zanmi mwen;Mwen ta di jan la vi-m te chanje konpletman,E ke mwen te ranpli avek kontantman.

Chorus

Peson pat janm renmen mwen kou Jezu,Pa gen yon lot bon Zanmi kon Li.Nan pwen lot kab blanchi peche-m ki rouj anpil!O, a la li te renmen-m!

2

Vi-m te tou sal ak peche le Jezu jwenn mwen,Ke-m te plen ak mize, tet mwen te chaje.Men avek amou Li Jezu te vlop emwen,E li kondui mwen kote m-te dwe ale.

3

Chak jou li vi-n jwenn mwen pou ban mwen asurans;Jou apre jou mwen pi konnnen amou li;Mwen pap janm konpran pouki lit e vi-n sove-mJouk lo nan syel la ma va kontre ak li.

Page 95: Creole - Chants d'Esperance

MWEN PITO GEN JÉZU PASÉ GRO LAJAN -95 KCE

95 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mwen pito gen Jezu pase gro lajan;Mwen pito pa Li, pase m-ta rich tout tan,Mwen pito gen Jezu pase pi bel kay;Pito li gide mwen nan tout bagay.

Pase pou-m taw a nan yon gran peyi,Le peche-m ta fe-m soufri;Pito m-gen Jezu pase tout bagyKe le monn ta kapab

2

Mwen pito gen Jezu pase vanite;Mwen pito fidel; pou Li mape lute;Mwen pito gen Jezu pase renonme:Mwen pito kenbe-L, e viv nan la pe.

3

Justis Jezu-Kri se yon gran mevey;Parol li pi dous pase yon gato myel;Mwen pito gen Jezu – Li konn satisfe-m;Mwen pito suiv li – Li konn dirije-m.

Page 96: Creole - Chants d'Esperance

MWEN VLÉ RAKONTÉ TOU PATOU99 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mwen vle rakonte tou patouKoman Jezu renmen mwen;Sou la tè li vini yon jouPou li bay vi li pou mwen

Chorus

Se yon bèl istwa nap rakonte,Jezu-Kri mouri pou nou.An nou chante, an nou adoreYon Wa ki si renmen nou!

2]

Mwen te pèdi, li sove mwen,Li te wè jan m-tap soufri;Ak bra li, li antoure mwen,Li pran mwen sou zepòl li.

3

A! byen souvan mwen akableLa vi abat kouraj mwen;Men mwen pa pè, Jezu tou prePou rekon-fòte nanm mwen.

4

Toujou Jezu se Sovè mwen,E kan lè a va rivePou-m ale we Redanmtè mwen,Se avèk jwa mwen prale.

Page 97: Creole - Chants d'Esperance

LÈ JÉZU MOURI SOU KALVÈ100 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Lè Jezu mouri sou Kalvè,Lè Kris mouri se te pou mwen.Mwen mande-m, eske m-a konnenKonbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe?

Chorus

Konbyen mwen dwe lamou san fen?Konbyen mwen dwe, ka Kris pou mwen?Mwen konnen sa li fè pou mwen;Mwen pa ka di konbyen mwen dwe.

2

Sove mwen, nan Jetsemani,Te pase pi gran agoni.Se pou mwen soufrans sa te ye,Kouman pou-m di konbyen mwen dwe?

3

Se te amou li gen pou mwenKi fè-l soufri yon mo onte.Lè tout san kò li te koule,Li sove mwen, konbyen mwen dwe!

4

Lè m-a rive nan syèl la tou,Rete avèk li pou toujou,Mwen mèt pale di mil anne;Mwen pap fi-n di konbyen mwen dwe.

Page 98: Creole - Chants d'Esperance

MOUIN TE FIN PÈDU 124 Kréyòl, Chants D'Esperance

1

Mouin te fin pèduMin Jézu te sove-m,Se yon mèvèyé Sovè pou mouin;Péché-m te mare-m,Min Jézu délivré-m,Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin.

Chorus

Li se gnou mèvèyé Sovè pou mouin,Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin,Mouin te fin-n pèdu, min Jézu te sové-m, Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin,

2

Li gnou Zanmi vrè,Si pasian e trankil,Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin;Tout bagay m-bezouin,Mouin toujou jouinn nan li,Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin.

3

Jézu konsole-m,E li ankouraje-m,Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin;Li padonnin mouin,Li suiye dlo nan je-m,Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin.

4

Lanmou Jézu vi-nPi presié tou lè jou,Se gnou mèvèyé Sovè pou mouin.Lè-m rete fidè,Gras li pi dous toujou,gnou mèvèyé Sovè pou mouin.

Page 99: Creole - Chants d'Esperance

AMOU KRIS 134 Kréyòl, Chants D'Esperance 134 KCD

CCLI Song # 134 KCD

1

Amou Kris chanté pou tout moun tandé,Préché nouvèl sa nan tout koté;Bon-Dieu a té voyé sèl pitit Li,Pou sa ki kouè nan li kab sové.

Chorus

Amou Li mèvèyé pou mouinAmou Li mèvèyé pou mouinJézu té si rinmin-mKé li té mouri minm;Amou Li mèvèyé pou mouin.

2

Amou Bon-Dieu révélé nan JézuLè li té pré la mè Galilé,Li té péyé fot mouin sou boua kalvè,Malgré Li pat janmin fè péché.

3

Amou Kris ki soulajé tout tristès,Amou Kris sé protéksion nanm mouin,Pran la vi-m, kinbé tou sa mouin gingnin,Min mouin, Jézu, sé ou mouin rinmin.