kalandriye akwonim chimen dekoupearchive.browardmpo.org/userfiles/files/07thirdqtr_creole.pdf ·...

2
CHIMEN DEKOUPE VOLIM 10, NIMEWO 14 Twazyèm Trimès 2007 Pou plis enfòmasyon, gade nan: www.broward.org/mpo Pou plis enfòmasyon sou jan ou kapab vin yon manm nan Komite Kowòdinasyon Teknik la, oswa nan Tab Wonn pou Aktivite Kominotè a, rele nan nimewo 954-357-6608. Ou kapab mande piblikasyon sa a nan fòma an gwo lèt, oswa sou kasèt odyo, oswa enprime an karaktè bray. Pou piblye dokiman sa a pou rezidan yo, sa te koute $1,400.00, sa ki vle di $.467 pou chak kopi, an kontan lajan lapòs, pou bay enfòmasyon sou sèvis ak pwogram Broward County MPO yo. KALANDRIYE Aktivite MPO BPAC BCCB CIR TCC Septanm Jedi 20 a Mèkredi 12 a Lendi 17 a Madi 4 a Lendi 24 a 9:30 dimaten 6:30 apremidi 2:00 apremidi 6:00 apremidi 2:00 apremidi Sal 422 Sal 329 F Sal 422 Sal 430 Sal 302 Oktòb Jedi 11 a Mèkredi 10 a Madi 2 a Lendi 22 a 9:30 dimaten 6:30 apremidi Pa gen 6:00 apremidi 2:00 apremidi Sal 422 Sal 329 F reyinyon Sal 430 Sal 302 Novanm Jedi 8 a Mèkredi 14 a Lendi 19 a Madi 6 a Lendi 26 a 9:30 dimaten 6:30 apremidi 2:00 apremidi 6:00 apremidi 2:00 apremidi Sal 422 Sal 329 F Sal 422 Sal 430 Sal 302 Desanm Jedi 13 a Mèkredi 12 a Madi 4 a 9:30 dimaten 6:30 apremidi Pa gen 6:00 apremidi Pa gen Sal 422 Sal 329 F reyinyon Sal 430 reyinyon Tout reyinyon yo pral fèt nan adrès sa a: Governmental Center, 115 S. Andrews Avenue, Fort Lauderdale, epi piblik la envite nan tout reyinyon yo. Broward Metropolitan Planning Organization 115 S. Andrews Avenue, Room 329H Fort Lauderdale, FL 33301 PRSRT STD US POSTAGE PAID FT. LAUDERDALE, FL PERMIT #5450 Akwonim AADT Annual Average Daily Traffic Counts APTA American Public Transit Association BCCB Broward County Coordinating Board BCT Broward County Transit BPAC Bicycle Pedestrian Advisory Commitee CAAA Clean Air Act Amendment CBD Central Business District CMA Congestion Management CIR Community Involvement Roundtable DCA Department of Community Affairs DRI Development of Regional Impact EIS Environmental Impact Statement EPA Environmental Protection Agency FAA Federal Aviation Authority FAC Florida Administrative Code FCTD Florida Commission Transpor- tation Disadvantaged FDOT Florida Department of Transportation FHWA Federal Highway Administration FS Florida Statute FTA Federal Transit Administration FY Fiscal Year GIS Geographic Information System LRTP Long Range Transportation Plan MPO Metropolitan Planning Organization SAFETEA-LU Safe, Accountable, Flexible, Efficient, Transportation Equity Act - A Legacy for Users SEFTC Southeast Florida Transporta- tion Council SFRTA South Florida Regional Transportation Authority SIS Strategic Intermodal System TCC Technical Coordinating Committee TIP Transportation Improvement Program UPRD Urban Planning and Redevelopment Department Nan Nimewo Sa a… Jou pou Selebre Fondatè Cooper City / Espozisyon sou Prekosyon kont Siklòn nan Broward County MPO Broward la antre nan yon Pwosedi Sètifikasyon Federal Kout Chapo pou dènye prezidan MPO Broward la, Onorab Richard Kaplan Rekapitilasyon sou vizit MPO Broward pou fè kontak nan lekòl an 2007 yo Vizyon ak Devouman mennen nan Reyalizasyon Pwojè Anbelisman Marina Mile 84 la Jounen Miramar REYINYON KONSÈY KONSILTASYON MPO BROWARD COUNTY A POU ANE 2007 Chak ane, Òganizasyon pou Plannifikasyon Metwopoliten nan Broward, Palm Beach, ak Miami Dade yo reyini pou pèmèt manm nan chak konsèy konsiltatif ki nan konte sa yo gen yon chans rankontre pou egzaminen ni pwojè ki deja la yo, ni pwojè ki pral fèt, ki gen yon enpak sou rejyon an. Kounye a, pou twazyèm ane li, reyinyon 2007 Komite Konsiltatif Rejyonnal (CAC) la te fèt nan dat 13 jen, nan biwo Ajans Transpò Rejyonnal pou Sid Florid la (SFRTA) nan Pompano Beach. Komite ane sa a te genyen 10 manm ki te reprezante tout 3 òganizasyon nan zòn twa-konte yo: CIR (Tab Wonn pou Patisipasyon nan Kominote), Komite Konsiltatif pou Transpò Rezidan Miami-Dade (CTAC), ak CAC Palm Beach la. Animatris reyinyon an, se te Judy Daversa, ki nan CAC Palm Beach la. Lòt moun ki te nan komite a, se John Rude, prezidan CIR nan MPO Broward la. Asistans lan te genyen 20 moun ki te soti nan piblik la, ansanm ak manm plizyè ajans transpò. Seyans lan te koumanse avèk yon deklarasyon Joe Giulietti, ki se Direktè Egzekitif SFRTA a. Apre sa, yo te bay manm komite yo ak moun nan asistans lan yon chans pou fè kòmantè ak poze kesyon sou pwojè yo, sou plan yo, ak sou lòt bagay ki an rapò avèk kominote yo. Men pwen enpòtan ki te enskri nan ajanda a: Apèsi sou Konsèy pou Transpò nan Sidès Florid la (SEFTC) Pwogrè ki fèt nan Plannifikasyon Transpò pou Lontan an (LRTP) Apèsi sou Konsèy Konsiltatif Metropoli- tan Planning Organization an (MPOAC) Dènye nouvèl sou kesyon lejislatif yo Dènye nouvèl sou sètifikasyon federal pou rejyon an Scott Seeburger, Direktè Pwojè pou Distrik 4 nan FDOT a, te fè yon prezantasyon pou komite a sou Analiz Transpò nan Koridò South Florida East Coast la, ak sou rezilta li bay nan Sidès Florid la. John Rude, ki se manm nan Konsèy la, sèvi tou kòm prezidan Tab Wonn pou Patisipasyon nan Kominote MPO a (CIR).

Upload: others

Post on 25-Jan-2021

0 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

  • CHIMEN DEKOUPEVOLIM 10, NIMEWO 14 Twazyèm Trimès 2007

    Pou plis enfòmasyon, gade nan:

    www.broward.org/mpoPou plis enfòmasyon sou jan ou kapab vin yon manm nan Komite

    Kowòdinasyon Teknik la, oswa nan Tab Wonn pou Aktivite Kominotè a,rele nan nimewo 954-357-6608.

    Ou kapab mande piblikasyon sa a nan fòma an gwo lèt,oswa sou kasèt odyo, oswa enprime an karaktè bray.

    Pou piblye dokiman sa a pou rezidan yo, sa te koute $1,400.00, sa ki vle di$.467 pou chak kopi, an kontan lajan lapòs, pou bay enfòmasyon sou sèvis

    ak pwogram Broward County MPO yo.

    KALANDRIYE AktiviteMPO BPAC BCCB CIR TCCSeptanmJedi 20 a Mèkredi 12 a Lendi 17 a Madi 4 a Lendi 24 a

    9:30 dimaten 6:30 apremidi 2:00 apremidi 6:00 apremidi 2:00 apremidi

    Sal 422 Sal 329 F Sal 422 Sal 430 Sal 302

    OktòbJedi 11 a Mèkredi 10 a Madi 2 a Lendi 22 a

    9:30 dimaten 6:30 apremidi Pa gen 6:00 apremidi 2:00 apremidi

    Sal 422 Sal 329 F reyinyon Sal 430 Sal 302

    NovanmJedi 8 a Mèkredi 14 a Lendi 19 a Madi 6 a Lendi 26 a

    9:30 dimaten 6:30 apremidi 2:00 apremidi 6:00 apremidi 2:00 apremidi

    Sal 422 Sal 329 F Sal 422 Sal 430 Sal 302

    DesanmJedi 13 a Mèkredi 12 a Madi 4 a

    9:30 dimaten 6:30 apremidi Pa gen 6:00 apremidi Pa gen

    Sal 422 Sal 329 F reyinyon Sal 430 reyinyon

    Tout reyinyon yo pral fèt nan adrès sa a: GovernmentalCenter, 115 S. Andrews Avenue, Fort Lauderdale, epi piblikla envite nan tout reyinyon yo.

    Broward Metropolitan Planning Organization115 S. Andrews Avenue, Room 329HFort Lauderdale, FL 33301

    PRSRT STDUS POSTAGE

    PAIDFT. LAUDERDALE, FL

    PERMIT #5450

    AkwonimAADT Annual Average Daily Traffic

    CountsAPTA American Public Transit

    AssociationBCCB Broward County Coordinating

    BoardBCT Broward County TransitBPAC Bicycle Pedestrian Advisory

    CommiteeCAAA Clean Air Act AmendmentCBD Central Business DistrictCMA Congestion ManagementCIR Community Involvement

    RoundtableDCA Department of Community

    AffairsDRI Development of Regional ImpactEIS Environmental Impact

    StatementEPA Environmental Protection

    AgencyFAA Federal Aviation AuthorityFAC Florida Administrative CodeFCTD Florida Commission Transpor-

    tation Disadvantaged

    FDOT Florida Department ofTransportation

    FHWA Federal Highway AdministrationFS Florida StatuteFTA Federal Transit AdministrationFY Fiscal YearGIS Geographic Information SystemLRTP Long Range Transportation

    PlanMPO Metropolitan Planning

    OrganizationSAFETEA-LU

    Safe, Accountable, Flexible,Efficient, TransportationEquity Act - A Legacy forUsers

    SEFTC Southeast Florida Transporta-tion Council

    SFRTA South Florida RegionalTransportation Authority

    SIS Strategic Intermodal SystemTCC Technical Coordinating

    CommitteeTIP Transportation Improvement

    ProgramUPRD Urban Planning and

    Redevelopment Department

    Nan Nimewo Sa a…■ Jou pou Selebre Fondatè Cooper City /

    Espozisyon sou Prekosyon kont Siklòn nanBroward County

    ■ MPO Broward la antre nan yon PwosediSètifikasyon Federal

    ■ Kout Chapo pou dènye prezidan MPO Browardla, Onorab Richard Kaplan

    ■ Rekapitilasyon sou vizit MPO Broward pou fèkontak nan lekòl an 2007 yo

    ■ Vizyon ak Devouman mennen nanReyalizasyon Pwojè Anbelisman Marina Mile84 la

    ■ Jounen Miramar

    REYINYON KONSÈY KONSILTASYON MPOBROWARD COUNTY A POU ANE 2007

    Chak ane, Òganizasyon pou PlannifikasyonMetwopoliten nan Broward, Palm Beach, akMiami Dade yo reyini pou pèmèt manm nanchak konsèy konsiltatif ki nan konte sa yo genyon chans rankontre pou egzaminen ni pwojèki deja la yo, ni pwojè ki pral fèt, ki gen yonenpak sou rejyon an. Kounye a, pou twazyèm

    ane li, reyinyon 2007 Komite KonsiltatifRejyonnal (CAC) la te fèt nan dat 13 jen, nanbiwo Ajans Transpò Rejyonnal pou Sid Floridla (SFRTA) nan Pompano Beach. Komite anesa a te genyen 10 manm ki te reprezante tout3 òganizasyon nan zòn twa-konte yo: CIR (TabWonn pou Patisipasyon nan Kominote), KomiteKonsiltatif pou Transpò Rezidan Miami-Dade(CTAC), ak CAC Palm Beach la.

    Animatris reyinyon an, se te Judy Daversa, kinan CAC Palm Beach la. Lòt moun ki te nankomite a, se John Rude, prezidan CIR nanMPO Broward la. Asistans lan te genyen 20moun ki te soti nan piblik la, ansanm ak manmplizyè ajans transpò.

    Seyans lan te koumanse avèk yon deklarasyonJoe Giulietti, ki se Direktè Egzekitif SFRTA a.Apre sa, yo te bay manm komite yo ak mounnan asistans lan yon chans pou fè kòmantè ak

    poze kesyon sou pwojè yo, sou plan yo, aksou lòt bagay ki an rapò avèk kominote yo.Men pwen enpòtan ki te enskri nan ajandaa :

    • Apèsi sou Konsèy pou Transpò nanSidès Florid la (SEFTC)

    • Pwogrè ki fèt nan PlannifikasyonTranspò pou Lontan an (LRTP)

    • Apèsi sou Konsèy Konsiltatif Metropoli-tan Planning Organization an(MPOAC)

    • Dènye nouvèl sou kesyon lejislatif yo• Dènye nouvèl sou sètifikasyon federal

    pou rejyon an

    Scott Seeburger, Direktè Pwojè pou Distrik 4 nanFDOT a, te fè yon prezantasyon pou komite a souAnaliz Transpò nan Koridò South Florida East Coastla, ak sou rezilta li bay nan Sidès Florid la.

    John Rude, ki se manm nan Konsèy la, sèvi toukòm prezidan Tab Wonn pou Patisipasyon nanKominote MPO a (CIR).

  • Daniel J. Stermer,prezidan MPO,Komisè nan VilWeston

    MPO BROWARD LA ANTRE NAN YONPWOSEDI SÈTIFIKASYON FEDERAL

    Federal Highway Administration (FHWA)ak Federal Transit Administration (FTA) tekonn òganize revizyon chak 3 an pousètifikasyon MPO yo nan tout Etazini.Travay ajans sa yo pral fè, se evalye metòdplannifikasyon MPO Broward la, pou wèki rannman nou rive bay nan sèviskominote a. An 2007, gen chanjman ki fètnan pwosedi revizyon an, kidonk kounye

    REKAPITILASYON SOU VIZIT MPO BROWARD POUFÈ KONTAK NAN LEKÒL AN 2007 YO

    Jounen Miramar

    Nan dat samdi 5 me 2007la, Vil Miramar la te gen 52an. Pou anivèsè sa a, Vil laòganize yon selebrasyonCinco de Mayo nan MiramarRegional Park. Fèt la tekoumanse ak yonespozisyon sou siklòn, koteyo te bay konsèy pousekirite, epi yo te distribyefouniti pwoteksyon kontsiklòn, ak kadò.

    Aktivite prensipal yokoumanse a 5:00 apremidi;yo te genyen espektak poutimoun, atis ki te vin jwe,dans, jwèt gratis pou mountout laj, pentire figi, ak basenkim pou timoun yo jwe akrafrechi kò yo.

    MPO Broward County a tela, avèk EstasyonEnfòmason Mobil la akbagay pou yo montre moun,epi pou distribye kesyonnèak reponn kesyon souplannifikasyon transpò. Genyon total 54 nan moun ki tevini yo, ki reponn kesyonnèsou transpò a. Plis pasemwatye ladan yo te fèkonnen yo gen pwoblèmavèk anbouteyaj nansikilasyon oto nan kominoteMiramar la. Lòt kesyon yo tedi ki enpòtan pou yo, sebezwen fasilite pou bisiklètak yon sistèm transpò piblik.

    “METE L NANLARI A”

    Patisipan nan fèt la ap pran yonpòz nan jwèt yo ak festiviteCinco de Mayo a pou reponnyon kesyonnè sou transpò.

    Jou pou Selebre FondatèCooper City / Espozisyonsou Prekosyon kont Siklòn

    nan Broward County

    “METE L NANLARI A”

    Chak mwa avril, rezidan nanCooper City yo fè yon machekontre nan Jou pou SelebreFondatè Cooper City a. Anesa a, fèt la te òganize nansamdi 28 avril, nan Brian Pic-colo Park.

    Pandan yo te nan fèt la, manmpèsonnèl MPO Broward latanmen konvèsasyon avèk plispase 50 moun ki te vini. Pifònan moun sa yo, ki te patisipenan sondaj la, te ekri kòmantèpou fè konnen sa yo te kapabdi sou kesyon tankou chimenpou pase sou cheval yo,anbouteyaj nan trafik, aktranspò piblik.

    Nan samdi 2 jen, MPOBroward la fè yonprezantasyon nan dezyèmespozisyon ànyèl souPrekosyon kont Siklòn nanBroward County a. EkipBroward MPO a distribye biltennouvèl ak pwospektis sou SunTrolley ak sou Broward East/West Express (BEWE),ansanm ak lòt enfòmasyonavèk atik pou pwomosyon.Pandan fèt la, ekip la pale touak 86 vizitè.

    Nan pami moun yo te pozekesyon yo, prèske 40 pousanfè konnen pwoblèm kienterese yo plis, seanbouteyaj nan sikilasyon.Lòt pwen ki te enterese yo,se transpò piblik ak bezwenpou plis fasilite pou bisiklèt.Ane sa a, espozisyon an teòganize nan Sant pouOperasyon Ijans nanBroward County a (EOC),nan Plantation, ki se santprensipal aktivite nan kontea, lè gen siklòn ak lòt ijans.

    Sa fè 4 an youn dèyè lòt MPO Broward larive reyalize vizit pou fè kontak nan lekòl yo.Aktivite pou fè kontak sa yo te koumanse anesa a nan dat 23 mas nan Nova Dwight D.Eisenhower Elementary School nan vilDavie. Nan lòt kote yo te pwogame pou vizit,te genyen Coconut Creek Elementary, Win-ston Park Elementary, QuietWaters Elementary, akTradewinds Elementary.Seri vizit 2007 la te fininan dat 8 me, nan Holly-wood Park Elementary.

    Pwogram lan genyen ladanl yon prezantasyon 30 minit,kote elèv yo resevwa yonleson entèaktif ki anmize yo,sou plannifikasyon transpò.Pwofesè ki ba yo leson an,se Buddy, yon gwo machinwouj ki konn pale, epi kimache ak yon telekòmann. Apre sa, yo remètelèv yo yon kesyonnè, ansanm ak bilten vòtepi lòt enfòmasyon pou yo pote montre papaak manman yo. Kòm rekonpans poupatisipasyon yo, elèv yo resevwa yon sak poupote manje, avèk etikèt MPO Broward la souli. Yo bay pwofesè yo ak direktè lekòl la yonSètifika Apresyasyon pou afiche nan biwo yo.

    Avèk yon total 18 lekòl elemantè nanBroward, pwogram lan pwouve li pa janm twòbonè pou aprann plannifye transpò. Anmezipwogram lan ap fè pwogrè chak ane, li sanble

    l ap fè yon pi gwo enpak sou elèv yo. Kòmprèv pou sa, ane sa a, elèv nan Winston ParkElementary yo kreye yon kat ki di Buddy akekip li a "Mèsi". Yo fè kat yo alamen, epi yoekri sou yo sitasyon ki soti nan leson yoaprann yo, ansanm ak desen ki montreBuddy ak anplwaye MPO yo.

    MPO Broward la te jwennyon bagay ki fè l plezi tounan Tradewinds Elemen-tary, lè li aprann, anplismetòd yo te aplike pousekirite nan trafik yo, elèvyo ap pran dispozisyon kiprevwa pwoteksyon pouanviwonnman an. Yon fwapa mwa, elèv yo akpèsonnèl lekòl la patisipenan sa yo rele "Monte

    Bisiklèt oubyen Mache pou AleLekòl". Nan jou sa a, elèv ki pa rete lwen

    yo chwazi pou yo monte bisiklèt oubyen pouyo mache, pase pou papa ak manman yomennen yo lekòl nan oto.

    MPO Broward la pral kontinye sipòtepwogram pou fè kontak avèk elèv yo; se pousa li pral pwograme 6 prezantasyon nan lekòlankò pandan ane akademik 2007-2008 la.Sonje veye kisa Buddy ak ekip li a pral fè,paske yo kapab byen vini nan yon lekòl nankatye w!

    KOUT CHAPO POU DÈNYE PREZIDAN MPOBROWARD LA, ONORAB RICHARD J. KAPLAN

    VIZYON AK DEVOUMAN MENNEN NANREYALIZASYON PWOJÈ ANBELISMAN

    MARINA MILE 84 LA

    a li pral fèt chak 4 an, pase pou l takontinye fèt chak 3 an.

    Pandan mwa me a, reyinyon regilye TabWonn pou Patisipasyon nan Kominote a(CIR) te òganize avèk ofisyèl ki tereprezante FHWA, FTA, ak DepatmanTranspò Florid la (FDOT). Objektifreyinyon an, se te tande kisa rezidan yote gen pou yo di, ak ki konsèy yo te vlebay, epi kòmantè yo te vle fè pou ede nanamelyorasyon pwosedi plannifikasyonMPO Broward ap egzekite a. Aktivite sayo ap sèvi, paske se youn nan dènye etappou òganizasyon nou an rive resevwasètifikasyon l.

    Nan dat jedi 19 avril 2007 la, Vil Fort Lau-derdale la te òganize yon seremoni kouperiban nan Broward County Police Benevo-lent Association nan Fort Lauderdale, pouselebre reyalizasyon pwojè embelismanMarina Mile 84 la. Kòm patnè vil la nanseremoni a, te genyen Broward County, VilDania Beach, Vil Davie, ak AsosyasyonMarina Mile 84 la.

    Marine Mile, ki pèmèt kondui sou yon bèldistans depi wès I-95 jiska Port Blvd/SW30yèm Avni, gen yon bèl tèm maren kounyea. Nan pami amelyorasyon ki fèt pou transpònan koridò a, gen 2 bwe an twa dimansyon,ki sèvi kòm mesaj koutwazi pou vizitè yo.Senbòl yo reprezante a, se distrik marenan, avèk logo Broward County, Vil DaniaBeach, Vil Davie, ak Vil Fort Lauderdale.

    Kòm lòt amelyorasyon yo fè sou wout la,genyen 112 nouvo pye Palmis Sabal yoplante, epi kèk nouvo plant pou dekorasyonak plis limyè nan lari.

    Se Vil Fort Lauderdale ki bay foto sa a.Nan ranje devan an: Tom Truex, majistra Vil Davie a, ;Bob Anton, majistra Dania Beach; Joe Rubano, RPMDiesel Co; Margaret Croxton, asistan direktris MarinaMile; Cindi Hutchinson, komisè Fort Lauderdale; JimNaugle, majistra Fort Lauderdale. Nan raje dèyè a:Ivan Pato, manadjè Vil Dania Beach; ak Bill Bigger,asistan prezidan Marina Mile.

    Manm nan MPO Broward la ansanm akaplwaye yo ta vle pwofite chans sa a pouvoye yon gwo kout chapo pou MajistraRichard J. Kaplan poutètsèvis estrawòdinè li fè pouòganizasyon an ak poumoun li reprezante yo.Majistra Kaplan te MajistraLauderhill, nan Florid, depi1998, epi li te manm nankonsèy administrasyonMPO Broward la depimitan ane 90 yo. Li te vinprezidan MPO Broward laan 2000.

    L ap kontinye sèvi nankomite tankou NationalLeague of Cities Transpor-tation, Infrastructure, andServices Policy, epi l ap reteprezidan Konsèy KonsiltatifMPO Florida a (MPOAC) kireprezante 26 MPO nan Etaa, epi l ap rete nan KonsèyDirektè Asosyasyon MPO a(AMPO). An 2003 ak 2004,Majistra Kaplan te sèvi kòmprezidan òganizasyon lokal,òganizasyon Eta, akòganizasyon federal MPO yo, sa ki vle diAMPO, MPOAC, ak MPO Broward.

    Anpil moun konnen Majistra Kaplan kòmyon lidè ki sèvi avèk imajinasyon l pou l wèak pou l plannifye pou tout yon rejyon. Se

    sou direksyon l yo te kreye A j a n sTranspò Rejyonnal pou Sid Florid la(SFRTA). Pa gen lontan, li te fè fòme Konsèy

    pou Transpò nan SidèsFlorid la (SEFTC), ki tegenyen ladan l direktèMPO nan Broward, Mi-ami-Dade, ak Palm Beachyo, pou rezoud pwoblèmrejyonnal nan zòn twakonte yo. Nan mwa oktòb2006, Majistra Kaplan teresevwa pri anyèl AMPOa pou Lidèchip Esep-syonnèl li te bay, kòm yonOfisyèl yo te chwazi nanEleksyon.

    Anvan li te vini Majistra, lite sèvi pandan 10 an kòmKomisè Vil la; lè sa a, li teekri plis pase 100òdonnans sou taks,p w o t e k s y o nanviwonnman, plan pou villa, ak restriktirasyongouvènman vil la. MajistraKaplan te resevwa yonMetriz nan Dwa sou Taksnan Inivèsite Miami an

    1981; li te resevwa yon Doktora an Dwa nanInivèsite Deta Cleveland an 1980, epi LisansInivèsitè pou Etid Jeneral li an 1977 nanInivèsite Michigan.

    Nouvo prezidan MPO a, Daniel J. Stermer,ap remèt Majistra Kaplan pri anyèl AMPOa pou Lidèchip Esepsyonnèl li bay, kòmyon Ofisyèl yo te chwazi nan Eleksyon.

    Majistra Kaplan ak Josephus EggelletionJinyò, Majistra Broward County, Komisè, akReprezantan SFRTA pou MPO Broward la,ap fè yon ti pale anvan reyinyon konsèyadministrasyon MPO Broward la.