katalÒg pwogram nan...pogram lekÒl ‘magnÈt’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri...

16
LEKÒL ‘MAGNÈT’: Ofri domèn etid sou tèm san parèy ki konsantre sou enterè espesyal elèv, sou talan yo, pou elèv tout kapasite ki nan tout klas KATALÒG PWOGRAM NAN CREOLE

Upload: others

Post on 01-Sep-2020

5 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

LEKÒL ‘MAGNÈT’: Ofri domèn etid sou tèm san parèy ki konsantre sou enterè espesyal elèv, sou talan yo, pou elèv tout kapasite ki nan tout klas

KATALÒGPWOGRAM NAN

CR

EOLE

Page 2: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

Distri a resevwa prim Donna Grady-CreerPrim ki pi prestijye nan tout peyi a pou sa Pogram Magnèt reyalize nan

yon Distri lekòl

DISTRI LEKOL KI RESEVWA NOT ADezan afilye / 99% lekòl yo pran nòt A, B oswa C

304 PRIM NASYONAL NAN POGRAM MAGNETPlis pase tout distri lekòl nan peyi Etazini

28 lekOl gen rekonesans nasyonal pou pogram MagnEtPami yo gen 14 lekòl ki sèvi kòm demonstrasyon lòt lekòl nan tout peyi a

Page 3: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite elèv pou tout klas.

• Chwa edikasyon gran kalite soti nan klas pre-eskolè rive nan 12yèm ane

• Pogram dènye kri nan Lekòl Leta

• Pwogran edikatif enteresan, pogram sou diferan tèm ki konsantre sou ladrès elèv yo epi sou sa ki enterese yo

• Etid apwofondi sou sijè ki baze sou diferan tèm

• Kourikoulòm dènye kri ki fèt pou prepare elèv pou ansèyman siperyè epi pou reyisit yo nan yon karyè pwofesyonèl

• Rannman akademik ki amelyore

• Konpetans kiltirèl ki ogmante

• Pi gran pousantaj elèv ki prezan chak jou

• Pi gran pousantaj elèv ki diplome lekòl

• Patenarya kominotè ak patenarya endistriyèl ankouraje epi sipòte anviwònman edikatif ki otantik epi ki santre sou divès tèm

REZON KI FÈ NOU GEN POGRAM MAGNÈT

Nan kesyon opòtinite edikatif, distri Lekòl Leta Miami-Dade (M-DCPS) se distri lekòl ki gen plis pogram dènye kri epi ki pi pwogresis nan tout peyi a. Li bay paran ak elèv divès chwa pami plizyè santèn pogram Magnèt nan plis pase 100 lekòl nan tout Miami-Dade County. Pogram Magnèt M-DCPS yo bat pou tout elèv gen opòtinite pou yo fè yon bèl esperyans ak pi gran kalite edikasyon ki genyen, yon edikasyon ki chita plis sou enterè pèsonèl elèv yo, sou fòs yo ak ladrès yo, pandan pogram sa yo ap ankouraje elèv yo bay bon rannman nèt nan sa y ap aprann. Gras a pogram Magnèt M-DCPS yo, elèv prepare tèt yo pou yo byen devlope, bay bon rannman nan inivèsite epi nan kote y al travay.

Pa gen okenn dout opsyon pogram Magnet la se meyè chwa a – ane apre ane, M-DCPS vante tèt li dèske l resevwa plis Prim ‘Merit’ Magnèt Nasyonal nan men ‘Magnet Schools of America’ pase nenpòt lòt distri lekòl nan peyi a.

SA YO YE….

Page 4: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

PRAN PLIS RANSÈYMAN SOU CHWA OU YO: MIAMIMAGNETS.ORG

POGRAM ENTÈNASYONAL KONESANS JENERAL Pogram Entènasyonal yo se pogram ki sèvi kòm pwen referans sou plan entènasyonal ki bay elèv yon opòtinite san parèy pou yo satisfè kritè pou yo resevwa diplòm ni sou plan nasyonal ni sou plan entènasyonal. M-DCPS kolabore ak kèk nan meyè pogram entènasyonal yo pou asire elèv lekòl li yo gen konpetans global epi yo prepare pou chwa yo va fè pi devan pou edikasyon pa yo pou karyè pa yo.

Pogram Edikasyon Entènasyonal la [ann angle: International Education (IE)], se yon pogram ki fèt pou fè elèv suiv yon pogram fòmasyon akademik nan plizyè branch e ki akse sou yon plan entènasyonal. Pogram IE a chwazi espre pou li mete divès pwennvi global nan chak domèn. Epi tou li bay elèv opòtinite pou yo aprann yon lòt lang tankou Espayòl, Franse, Alman. Pogram etid IE a asire l elèv yo va tounen aprenan angaje e aktif nan yon tan kote pi fò peyi konekte youn ak lòt.

Pogram Etid Entènasyonal la [ann angle: International Studies (IS)], se rezilta travay tèt ansanm ant biwo Lekòl Leta Miami Dade avèk ministè edikasyon Lafrans, Lalmay, Itali ak Lespay. Elèv yo suiv yon pogram fòmasyon akademik ki plis entènasyonal e ki respekte regleman sevè sistèm edikatif ameriken ak sistèm edikatif peyi Inyon Ewopeyèn yo. Pou klas primè ak klas elemantè, yo pwolonje jounen lekòl la pou elèv yo patisipe nan pogram nan. Anplis etid sijè regilyè ann Angle, elèv yo suiv kou jiska twazèdtan nan lang yo chwazi a, swa Franse, swa Alman, swa Italyen oubyen Panyòl. Elèv yo vin maton nan lang paske yo pran kou lang, matematik, syans sosyal ak kou syans nan lang etranje a, pandan y ap travay nan menm nivo ak nivo elèv parèy yo ann Ewòp. Pogram IS nan nivo lekòl segondè bay elèv yo opòtinite pou yo resevwa doub sètifika pou etid yo fè yo.

Pogram Bakaloreya Entènasyonal la [ann angle International Baccalaureate (IB)], se Òganizasyon Bakaloreya Entènasyonal a Jenèv, Suis, ki jere l. Pogram IB a ofri yon pogram fòmasyon entènasyonal ekilibre ki di anpil, kòmanse nan klas kindègadenn rive nan 12è ane lekòl ki konekte Imanite, Syans, Matematik, Lang, epi Sèvis Kominotè, epi ki konsantre tou sou aprann yon dezyèm lang. Objektif kourikoulòm IB a se pou l prepare sitwayen ki kreyatif, ki gen konpasyon epi ki gen anpil konesans pou yon gran kominote ki toupatou sou latè a.

Pogram Entènasyonal Cambridge la se yon pogram ki bati dapre yon kourikoulòm entènasyonal epi yo mete l ann aplikasyon ak kolaborasyon Inivèsite Cambridge ann Angletè. Inivèsite sa a gen gran renome. Pogram sa a atire etidyan ki avanse ak sa ki motive. Esperyans akademik sa a ki rèd anpil, ki mande patisipasyon elèv yo epi ki vanse rapid asire etidyan yo toujou ap travay nan yon nivo ki pi wo dapre estanda entènasyonal yo nan Matematik, Syans, Angle, ak Lang.

Pogram Capstone nan, sa Komisyon Inivèsite yo prepare epi yo kontwole l, se yon pogram ki prepare etidyan ki avanse ki nan lekòl segondè pou yo kab byen travay lè yo rive nan inivèsite. Yo mete elèv sa yo nan yon pogram dènye kri ki ba yo anpil travay pou yo fè kote yo bay elèv yo ladrès pou yo fè rechèch endepandan, travay an gwoup, ak ladrès nan kominikasyon. Sa yo se ladrès inivèsite ak biznis mande pou etidyan genyen toupatou sou latè a. Elèv ki nan pogram AP Capstone yo etidye sijè ki domine lemonn dapre jan yon sijè antre nan yon lòt, pandan y ap fè konesyon ant sijè sa yo ak sijè y ap aprann nan pogram AP a.

Avèk yon konsantrasyon sou Biznis, Etid Global, Etid Legal, ak Endistri Sèvis yo, pwogram Konesans Jeneral la ofri elèv yon varyete opotinite pou yo angaje yo kòm sitwayen nan yon mond ki toujou ap chanje. Yon kourikoulòm ki gen divès disiplin ki konsantre sou Imanite, Lekti/Redaksyon, ak Syans Sosyal ankouraje aprantisaj Pratik nan yon anviwonman ki rich an teknoloji. Ekselans akademik, ak angajman pou valè divèsite, kominote, ak kolaborasyon, ansanm ak konsyantizasyon sosyal, distenge Pwogram Lekòl Magnet Konesans Jeneral yo.

Gen yon Pwogram Aprantisaj sou Entènèt atravè Akademi “Miami-Dade Online (MDO)” (Miami-Dade sou Entènèt) ki disponib pou tout elèv Jadendanafan-12yèm ane eskolè. Pwogram piblik sou Entènèt akredite sa a ofri elèv yon anbyans aprantisaj entèraktif ki santre sou elèv avèk sipò edikatè ki totalman sètifye. Pwofesè yo ofri elèv konesans siperyè sou matyè yo ansanm ak sipò edikasyonèl endividyalize pou ankouraje panse kritik e pou ede devlope kiryozite atravè yon kourikoulòm kalite siperyè.

APRANTISAJ SOU NTÈNÈT

Pwogram Ar Vizyèl ak Pèfòmans yo ofri klas ki entèlektyèlman enteresan e edikasyonèlman rijid nan Ar oubyen Teknoloji Ar pou elèv ki demontre yon talan nan yon fòm ar an patikilye oubyen ki montre gwo enterè nan ar. Pandan kèk pwogram mande pou elèv fè odisyon, gen lòt pwogam ki envite elèv ki gen yon afinite pou ar devlope pasyon yo nan yon anbyans rich an kreyativite. Talan ak enterè elèv jwenn akadreman atravè echanj kontinyèl ant elèv e pwofesè, avèk yon kantite opòtinite pou elèv ekspoze talan yo.

AR VIZYÈL AK PÈFÒMANS

Pwogram S.T.E.M. yo ankouraje elèv ki gen enterè oubyen ki gen ladrès solid nan domèn Syans, Teknoloji, Jeni, oubyen Matematik pou yo eksplore e devlope talan yo e prepare avni yo nan endistri karyè ki ap devlope pi vit yo atravè lemond. Pwogram S.T.E.M. yo gen ladan Pwogram Sèvis Sante Medikal, ki ofri yon gran varyete opsyon pou elèv eksplore opòtinite karyè ak enterè nan syans sante yo.

S.T.E.M. (SYANS, TEKNOLOJI, JENI, AK MATEMATIK)

Pogram yo Kapab Chanje

DESKRIPSYON POGRAM LEKOL YO

Page 5: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

STEND LEGEND Pogram Entènasyonal

EtidJeneral STEM A Vizyèl ak

A DramatikAprantisaj a

Distans

Remak: Yo asepte aplikasyon pou kèk klas dapre jan yo make sa la a *Yo mande odisyon osw yon egzamen (Timoun ki nan kindègadenn pa ladan) Kab gen chanjman nan tout pogram yo

SANT PRE-ESKOLÈ RIVE 12YÈM ANE

iPREP Academy1500 BISCAYNE BLVD, MIAMI, FL 33132

International Education/Global Focus (Pk-10)

LEKÒL ELEMANTÈ

Ben Sheppard Elementary5700 W 24 AVENUE, HIALEAH, FL 33016

STEM (Science, Technology, Engineering, & Mathematics) (K-5)

Dr. Henry E. Perrine Academy of the Arts8851 SW 168 STREET, PERRINE, FL 33157

Art (3-5)* Dance (3-5)*Music (3-5)* Theatre (3-5)*

Dr. William A. Chapman Elementary27190 SW 140 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33032

STEAM (Science, Technology, Engineering, Arts, & Mathematics) (K-5)

Earlington Heights Elementary4750 NW 22 AVENUE, MIAMI, FL 33142

International Baccalaureate - Spanish (K-5)

Frances S. Tucker Elementary3500 DOUGLAS ROAD, MIAMI, FL 33133

Environmental Science (K-5)

George Washington Carver Elementary238 GRAND AVENUE, CORAL GABLES, FL 33133

International Education -Spanish (K-5)International Studies -Italian* (K-5)

Joella C. Good Elementary6350 NW 188 TERRACE, HIALEAH, FL 33015

Montessori (Pk-5)

North Dade Center for Modern Languages1840 NW 157 STREET, OPA-LOCKA, FL 33054

International Education -French (1-5)International Education -Spanish (1-5)

North Hialeah Elementary4251 E 5 AVENUE, HIALEAH, FL 33013

STEM - Environmental Science (K-5)

Phyllis Ruth Miller Elementary840 NE 87 STREET, MIAMI, FL 33138

Montessori (Pk-5)

Pine Lake Elementary16700 SW 109 AVENUE, MIAMI, FL 33157

STEM: Botany & Zoology (K-5)

Rainbow Park Elementary15355 NW 19 AVENUE, OPA-LOCKA, FL 33054

Dance (3-5)* Drama (3-5)*

Scott Lake Elementary1160 NW 175 STREET, MIAMI, FL 33169

Montessori (Pk-5)

Southside Elementary45 SW 13 STREET, MAMI, FL 33130

Museums (K-8)

Sunset Elementary5120 SW 72 STREET, SOUTH MIAMI, FL 33143

International Studies -German* (K-5)International Studies -French* (K-5)International Studies -Spanish* (K-5)

W. J. Bryan Elementary1201 NE 125 STREET, NORTH MIAMI, FL 33161

Museums (K-5)

SANT JADENDANFAN – 8YÈM ANE

Ada Merritt K-8 Center660 SW 3 STREET, MIAMI, FL 33130

International Baccalaureate/International Studies - Portuguese* (K-8)

International Baccalaureate/International Studies - Spanish* (K-8)

Air Base K-8 Center for International Education12829 SW 272 STREET, MIAMI, FL 33032

Int’l Education/Cambridge -French (K-8)Int’l Education/Cambridge -Spanish (K-8)

Charles R. Drew K-8 Center1775 NW 60 STREET, MIAMI, FL 33142

Dance (3-8)* Music (3-8)*Theatre (3-8)* Visual Arts (3-8)*

Coconut Palm K-8 Academy24400 SW 124 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33032

Agriscience Engineering (K-8)Medical Technology (K-8)

Frank C. Martin K-8 Center14250 BOGGS DRIVE, RICHMOND HEIGHT, FL 33176

International Baccalaureate -French (1-8)International Baccalaureate -Spanish (1-8)

Henry S. West Laboratory School5300 CARILLO STREET, CORAL GABLES, FL 33146

Global Focus (K-8)

Linda Lentin K-8 Center14312 NE 2 COURT, MIAMI, FL 33161

STEM: Robotics (K-8)

Morningside K-8 Academy6620 NE 5 AVENUE, MIAMI, FL 33138

Int’l Education -French (K-8)Int’l Education -Haitian Creole (K-8)International Education -Spanish (K-8)

South Miami K-8 Center6800 SW 60 STREET, WEST MIAMI, FL 33143

Art (3-5)* Dance (3-5)*Music (3-5)* Theatre (3-5)*

CAT (Computer Art Technology) (6-8) CIE (Culturally Inspired Education) (6-8)

LIS LEKOL MAGNET

Page 6: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

STEND LEGEND Pogram Entènasyonal

EtidJeneral STEM A Vizyèl ak

A DramatikAprantisaj a

Distans

Remak: Yo asepte aplikasyon pou kèk klas dapre jan yo make sa la a *Yo mande odisyon osw yon egzamen (Timoun ki nan kindègadenn pa ladan) Kab gen chanjman nan tout pogram yo

LEKÒL ENTÈMEDYÈ

Andover Middle121 NE 207 STREET, MIAMI, FL 33179

Cambridge International (6-8)

Arvida Middle10900 SW 127 AVENUE, MIAMI, FL 33186

Forensic Science (6-8)Global Studies (6-8)

Country Club Middle18305 NW 75 PLACE, MIAMI, FL 33015

Biomedical (6-8)Forensic Science (6-8)

Cutler Bay Middle19400 GULFSTREAM ROAD, MIAMI, FL 33157

(COAST) Ocean Academy of Science & Technology (6-8)

Criminal Justice & Forensic Science (6-8)

George Washington Carver Middle4901 LINCOLN DRIVE, CORAL GABLES, FL 33133

International Education -French (6-8)International Education -German (6-8)International Education -Spanish (6-8)International Studies -French* (6-8)International Studies -German* (6-8)International Studies -Italian* (6-8)International Studies -Spanish* (6-8)

Hammocks Middle9889 HAMMOCKS BOULEVARD, MIAMI, FL 33196

Pre-Law (6-8)

Herbert A. Ammons Middle17990 SW 142 AVENUE, MIAMI, FL 33177

International Baccalaureate -French (6-8)International Baccalaureate -Spanish (6-8)

Hialeah Middle6027 E 7 AVENUE, HIALEAH, FL 33013

Dance* (6-8) Music* (6-8)Theatre* (6-8) Visual Arts* (6-8)

Homestead Middle650 NW 2 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33030

International Baccalaureate -French (6-8)International Baccalaureate -Spanish (6-8)

Horace Mann Middle8950 NW 2 AVENUE, EL PORTAL, FL 33150

Medical Health Sciences (6-8)Music/Entertainment Technology (6-8)STEM: Coding (6-8)

Howard D. McMillan Middle13100 SW 59 STREET, MIAMI, FL 33183

Cambridge International/Robotics Engineering (6-8)

Medical Health Sciences (6-8)

John F. Kennedy Middle1075 NE 167 STREET, NORTH MIAMI BEACH, FL 33162

BEAT (Bio-Medical/Environmental Agriscience/Technology) (6-8)

Jorge Mas Canosa Middle15735 SW 144 STREET, MIAMI, FL 33196

Cambridge International (6-8)

Jose De Diego Middle3100 NW 5 AVENUE, MIAMI, FL 33127

Engineering & Robotics (6-8)Visual Arts* (6-8)

Lamar Louise Curry Middle15750 SW 47 STREET, MIAMI, FL 33185

International Baccalaureate -French (6-8)International Baccalaureate -Spanish (6-8)

Lawton Chiles Middle8190 NW 197 STREET, MIAMI, FL 33015

Cambridge International (6-8)

Miami Lakes Middle6425 MIAMI LAKEWAY N., MIAMI LAKES, 33014

Legal Studies/Cambridge (6-8)

Miami Springs Middle150 S. ROYAL POINCIANA, MIAMI SPRINGS, FL 33166

STEM: Coding (6-8)

Norland Middle1235 NW 192 TERRACE, MIAMI, FL 33169

Art* (6-8) Music (Band/Jazz)* (6-8)Dance* (6-8) Theatre* (6-8)

North Dade Middle1840 NW 157 STREET, MIAMI GARDENS, FL 33054

International Baccalaureate -French (6-8)International Baccalaureate -Spanish (6-8)

North Miami Middle700 NE 137 STREET, NORTH MIAMI, FL 33161

Communications (6-8)International Baccalaureate -French (6-8)International Baccalaureate -Spanish (6-8)Museums (6-8)

Palm Springs Middle1025 W 56 STREET, HIALEAH, FL 33012

Multimedia Entertainment Technology (6-8)

Paul W. Bell Middle11800 NW 2 STREET, MIAMI, FL 33182

Cambridge International (6-8)

Ponce de Leon Middle5801 AUGUSTO STREET, CORAL GABLES, FL 33146

International Baccalaureate -French (6-8)International Baccalaureate -Italian (6-8)International Baccalaureate -Spanish (6-8)

Redland Middle16001 SW 248 STREET, HOMESTEAD, FL 33031

Agriscience (6-8)Robotics (6-8)

Richmond Heights Middle15015 SW 103 AVENUE, MIAMI, FL 33176

STEM: Botany & Zoology (6-8)

Riviera Middle10301 SW 48 STREET, MIAMI, FL 33165

MIX (Multimedia Industry Xperience) (6-8)STIR (Science Technology and

Investigative Research) (6-8)

Rockway Middle9393 SW 29 TERRACE, MIAMI, FL 33165

Engineering & Robotics (6-8)Legal Studies (6-8)

Ruben Dario Middle350 NW 97 AVENUE, MIAMI, FL 33175

Medical Health Sciences (6-8)

Shenandoah Middle1950 SW 19 STREET, MIAMI, FL 33145

Museums (6-8)

Page 7: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

STEND LEGEND Pogram Entènasyonal

EtidJeneral STEM A Vizyèl ak

A DramatikAprantisaj a

Distans

Remak: Yo asepte aplikasyon pou kèk klas dapre jan yo make sa la a *Yo mande odisyon osw yon egzamen (Timoun ki nan kindègadenn pa ladan) Kab gen chanjman nan tout pogram yo

South Dade Middle (4-8)29100 SW 194 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33030

Medical Health Sciences (4-8)

South Miami Middle6750 SW 60 STREET, SOUTH MIAMI, FL 33143

Art* (6-8) Band* (6-8)Broadcast* (6-8) Chorus* (6-8)Dance* (6-8) Orchestra* (6-8)Photography* (6-8) Theatre* (6-8)

Southwood Middle16301 SW 80 AVENUE, MIAMI, FL 33157

Art* (6-8) Band* (6-8)Chorus* (6-8) Dance* (6-8) Orchestra* (6-8) Photography* (6-8)Theatre* (6-8)

W.R. Thomas Middle13001 SW 26 STREET, MIAMI, FL 33175

Cambridge International (6-8)

West Miami Middle7525 SW 24 STREET, MIAMI, FL 33155

STEM: Marine & Environmental Sciences (6-8)

SANT 6YÈM-12YÈM ANE

Arthur & Polly Mays Conservatory of the Arts11700 SW 216 STREET, MIAMI, FL 33170

Art* (6-10) Band* (6-10)Chorus* (6-10) Dance* (6-10)Fashion Design* (6-7, 9-10) iWrite* (6-10)Orchestra/Guitar* (6-10) Theatre* (6-10)Entertainment Technology* (6-10)

Jose Marti MAST- 6-12 Academy (Math and Science Technology)5701 WEST 24 AVENUE, HIALEAH, FL 33016

Math & Science Technology (6-8)Life Science (9-10)Natural Sciences (9-10)Mathematics/Computer Science (9-10)

MAST Academy3979 RICKENBACKER CAUSEWAY, MIAMI, FL 33149

Cambridge International (6-8)Cambridge Int’l Global Studies (9-10)Cambridge International STEM (9-10)Maritime & Science Technology (9-10)

Miami Arts Studio 6-12 @ Zelda Glazer15015 SW 24 STREET, MIAMI, FL 33185

Band* (6-10) Broadcasting* (6-10)Chorus* (6-10) Dance* (6-10)Orchestra* (6-10) Theatre* (6-10)Visual Arts* (6-10)

Technical Production (6-10)Entertainment Law (6-10)

Young Men’s Preparatory 6-12 Academy3001 NW 2 AVENUE, MIAMI, FL 33127

Leadership (6-10)

Young Women’s Preparatory 6-12 Academy1150 SW 1 STREET, MIAMI, FL 33130

Leadership (6-10)

LEKÒL SEGONDÈ

American Senior High18350 NW 67 AVENUE, HIALEAH, FL 33015

Biomedical Careers (9-10)

Barbara Goleman Senior High14100 NW 89 AVENUE, MIAMI, FL 33018

AP Capstone (9-10)Cybersecurity (9-10)Digital Marketing (9-10)Financial Technologies (9-10)Forensic Science (9-10)Information Systems Technology (9-10)Law Enforcement/Intelligence Studies (9-10)STEM: AP Capstone (9-10)

BioTECH @ Richmond Heights 9-1215015 SW 103 AVENUE, MIAMI, FL 33176

Conservation Biology (9-10)

Booker T. Washington Senior High1200 NW 6 AVENUE, MIAMI, FL 33136

Astronomy (9-10)Engineering (9-10)

Center for International Education: A Cambridge International Associate School900 NE 23 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33033

Cambridge International (9-10)

Coral Gables Senior High450 BIRD ROAD, CORAL GABLES, FL 33146

International Baccalaureate -French (9-10)International Baccalaureate -German (9-10)International Baccalaureate -Italian (9-10)International Baccalaureate -Spanish (9-10)International Finance (9-10)

Coral Reef Senior High10101 SW 152 STREET, MIAMI, FL 33157

Agriscience (9-10)Business & Finance (9-10)Engineering (9-10)International Baccalaureate -French (9-10)International Baccalaureate -German (9-10)International Baccalaureate -Spanish (9-10)Legal (9-10)Medicine (9-10)Art* (9-10) Chorus* (9-10)Dance* (9-10) Instrumental* (9-10)Strings* (9-10) Theatre* (9-10)

Cutler Bay Senior High8601 SW 212 STREET, MIAMI, FL 33189

(COAST) Ocean Academy of Science & Technology (9-10)

Design and Architecture Senior High (DASH)4001 NE 2 AVENUE, MIAMI, FL 33137

Architecture/Interior Design* (9-10)Entertainment Technology/Film* (9-10)Fashion Design* (9-10)Industrial Design/Product

& Transportation* (9-10)Visual Communication/Graphic Design* (9-10)

Dr. Michael M. Krop Senior High1410 NE 215 STREET, MIAMI, FL 33179

Art* (9-10) Chorus* (9-10)Dance* (9-10) Instrumental* (9-10)Strings* (9-10) Theatre* (9-10)

Felix Varela Senior High15255 SW 96 STREET, MIAMI, FL 33196

Global Studies (9-10)iPREP Academy (9-10)Veterinary Science (9-10)

G. Holmes Braddock Senior High3601 SW 147 AVENUE, MIAMI, FL 33185

Cambridge International (9-10)Information Technology (9-10)iPREP Academy (9-10)

Page 8: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

STEND LEGEND Pogram Entènasyonal

EtidJeneral STEM A Vizyèl ak

A DramatikAprantisaj a

Distans

Remak: Yo asepte aplikasyon pou kèk klas dapre jan yo make sa la a *Yo mande odisyon osw yon egzamen (Timoun ki nan kindègadenn pa ladan) Kab gen chanjman nan tout pogram yo

Hialeah Senior High251 E 47 STREET, HIALEAH, FL 33013

Dance* (9-10) Music* (9-10)Theatre* (9-10) Visual Arts* (9-10)

Hialeah-Miami Lakes Senior High7977 W 12 AVENUE, HIALEAH, FL 33014

Digital Media Technology & Entrepreneurship (9-10)

iPREP Academy (9-10)Legal Studies (9-10)

Homestead Senior High2351 SE 12 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33034

Hospitality & Tourism (9-10)Practical Nursing (9-10)

ISPA @ Gables (International Studies Preparatory Academy)1570 MADRUGA AVENUE, CORAL GABLES, FL 33134

International Education -Italian (9-10)International Studies -French* (9-10)International Studies -Italian* (9-10)International Studies -Spanish* (9-10)

iTech @ Thomas A. Edison Educational Center6101 NW 2 AVENUE, MIAMI, FL 33127

ERP (Enterprise Resource Planning) (9-10)GIS (Geospatial Information Systems) (9-10)iCode (Microsoft Software Solutions) (9-10)

John A. Ferguson Senior High15900 SW 56 STREET, MIAMI, FL 33185

Culinary Arts (9-10)DASH/Visual Arts - Architecture/Interior

Design* (9-10)DASH/Visual Arts - Entertainment

Technology/Broadcast/Film* (9-10)DASH/Visual Arts - Fine Arts & Design* (9-10)DASH/Visual Arts - Photography* (9-10)International Baccalaureate -French (9-10)International Baccalaureate -Italian (9-10)International Baccalaureate -Spanish (9-10)International Business & Finance (9-10)iTech - Information Technology (9-10)Medical Skills/Biomedical (9-10)

Law Enforcement Officers’ Memorial High300 NW 2 AVENUE, MIAMI, FL 33128

Forensic Science (9-10)Homeland Security (9-10)Law Studies (9-10)

MAST @ FIU Biscayne Bay Campus3000 NE 151 STREET, AC-1, ROOM 395, MIAMI, FL 33181

Marine & Environmental Science (9-10)

MAST @ Homestead (Medical Academy for Science and Technology)1220 NW 1 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33030

BioMedical Sciences (9-10)iMed (9-10)Pharmaceutical Sciences (9-10)Physical Therapy (9-10)

Miami Senior High2450 SW 1 STREET, MIAMI, FL 33135

Legal & Public Affairs (9-10)Teaching Profession (9-10)

Miami Carol City Senior High3301 MIAMI GARDENS DR., MIAMI GARDENS, FL 33056

Legal & Public Affairs-Criminal Justice (9-10)

Legal & Public Affairs-Law (9-10)

Miami Central Senior High1781 NW 95 STREET, MIAMI, FL 33147

Engineering & Robotics (9-10)Global Trade & Logistics (9-10)Information Technology (9-10)

Miami Coral Park Senior High8865 SW 16 STREET, MIAMI, FL 33165

Architecture (9-10)Biomedical (9-10)Construction (9-10)Engineering & Robotics (9-10)

Miami Edison Senior High6161 NW 5 COURT, MIAMI, FL 33127

Business & Finance (9-10)Cambridge International (9-10)Culinary Arts (9-10)Entrepreneurship (9-10)Medical Health Sciences (First Responder/

EMT) (9-10)

Miami Jackson Senior High1751 NW 36 STREET, MIAMI, FL 33142

International Business & Finance (9-10)

Miami Killian Senior High10655 SW 97 AVENUE, MIAMI, FL 33176

Cambridge International (9-10)International Law (9-10)iPREP Academy (9-10)

Miami Lakes Educational Center5780 NW 158 STREET, MIAMI LAKES, FL 33014

Air Conditioning & Refrigeration (9-10)Allied Health/Medical Assisting (9-10)Automotive Collision Repair (9-10)Automotive Service Technology (9-10)Building Automation Systems (9-10)Cambridge Int’l -Engineering (9-10)Cambridge Int’l -Global Studies (9-10)Cambridge International -Journalism (9-10)Commercial Art Technology (9-10)Computer Systems Technology (CISCO

Networking) (9-10)Computer Science and Programming (9-10)Culinary Arts (9-10)Dental Aide (9-10)Early Childhood Education (9-10)Electronic Technology (9-10)EMR/First Responder (9-10)Financial Services (9-10)Introduction to Practical Nursing (9-10)Nursing Assistant (9-10)Pharmacy Technician (9-10)Technical Theatre (9-10)Television Production (9-10)Web Design Technology (9-10)

Miami Norland Senior High1050 NW 195 STREET, MIAMI, FL 33169

Bio-Tech & Forensic Science (9-10)Hospitality & Tourism (9-10)iPREP Academy (9-10)Sports Management (9-10)Sports Medicine (9-10)

Miami Northwestern Senior High1100 NW 71 STREET, MIAMI, FL 33150

Medical & Allied Health Professions (9-10)Art* (9-10) Chorus* (9-10)Dance* (9-10) Instrumental* (9-10)Theatre* (9-10)

Miami Palmetto Senior High7460 SW 118 STREET, PINECREST, FL 33156

AP Capstone (9-10)AP Capstone: Forensic Investigative Academy

(FIA) (9-10)iPREP Academy (9-10)

Page 9: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

STEND LEGEND Pogram Entènasyonal

EtidJeneral STEM A Vizyèl ak

A DramatikAprantisaj a

Distans

Remak: Yo asepte aplikasyon pou kèk klas dapre jan yo make sa la a *Yo mande odisyon osw yon egzamen (Timoun ki nan kindègadenn pa ladan) Kab gen chanjman nan tout pogram yo

Miami Southridge Senior High19355 SW 114 AVENUE, MIAMI, FL 33157

AP Capstone (9-10)Business Innovation & Management (9-10)Coding and Application Development (9-10)Criminal Justice (9-10)Gaming Design & Animation (9-10)

Miami Springs Senior High751 DOVE AVENUE, MIAMI SPRINGS, FL 33166

Hospitality & Tourism (9-10)iTECH Academy (9-10)

Miami Sunset Senior High13125 SW 72 STREET, MIAMI, FL 33183

Allied Medical Sciences (Allied Health, EMR & EKG) (9-10)

Communications: Digital Media/Multimedia Design (9-10)

Cybersecurity (9-10)Engineering (9-10)Pre-Medicine (9-10)Sports Medicine (9-10)

New World School of the Arts25 NE 2 STREET, MIAMI, FL 33132

Art* (9-10) Chorus* (9-10)Dance* (9-10) Instrumental* (9-10)Strings* (9-10) Theatre* (9-10)

North Miami Beach Senior High1247 NE 167 STREET, NORTH MIAMI BEACH, FL 33162

AP Capstone (9-10)(BEAT) Biomedical/Environmental/

Agriscience/Technology (9-10)iPREP Academy (9-10)

North Miami Senior High13110 NE 8 AVENUE, NORTH MIAMI, FL 33161

Business & Finance (9-10)Engineering (9-10)Health Sciences (Nursing/First Responder) (9-10)International Baccalaureate -French (9-10)International Baccalaureate -Spanish (9-10)

Robert Morgan Educational Center18180 SW 122 AVENUE, MIAMI, FL 33177

Automotive (AYES) (9-10)CISCO/Networking (9-10)Cosmetology (9-10)Culinary Arts (9-10)Dental Aide (9-10)Early Childhood (9-10)Engineering (Engineering Technology) (9-10)Hospitality & Tourism (9-10)International Business (9-10)Medical Assisting (9-10)Nursing (9-10)Physical Therapy (9-10)Refrigeration & Major Appliances (9-10)Sports Medicine (9-10)Veterinary Assisting (9-10)Band/Strings* (9-10) Chorus (9-10)Dance* (9-10) Theatre* (9-10)Visual Arts* (9-10)

Digital Arts Technology (9-10)Graphic Animation (9-10)TV Production (9-10)

South Dade Senior High8401 SW 167 AVENUE, HOMESTEAD, FL 33030

Agritechnology (9-10)Automotive Service Technology (9-10)Building Trades & Construction Design

Technology (9-10)Culinary Arts (9-10)Early Childcare Education (9-10)Health Sciences (Medical Assisting, Sports

Medicine) (9-10)International Baccalaureate -French (9-10)International Baccalaureate -Spanish (9-10)International Finance, Business & Technology

(Information Technology, Business Supervision, Finance & Virtual Reality) (9-10)

Legal Studies (9-10)Chorus* (9-10) Dance (9-10)Theatre (9-10) Visual Arts* (9-10)Instrumental/Band/Orchestra* (9-10)

South Miami Senior High6856 SW 53 STREET, MIAMI, FL 33155

Band* (9-10)Fine Arts* (9-10)Graphic Design & Illustration* (9-10)Multimedia Broadcasting* (9-10)Orchestra* (9-10)Photography* (9-10)

Southwest Miami Senior High8855 SW 50 TERRACE, MIAMI, FL 33165

Banking & Finance (9-10)

TERRA Environmental Research Institute11005 SW 84 STREET, MIAMI, FL 33173

Biomedical Research (9-10)Environmental Research & Field Studies (9-10)Robotics & Engineering Technology (9-10)

Westland Hialeah Senior High4000 WEST 18 AVENUE, HIALEAH, FL 33012

Early College and Career Pathways (9-10)International Business & Finance (9-10)Health Science/Allied Health Science (9-10)

William H. Turner Technical Arts High10151 NW 19 AVENUE, MIAMI, FL 33147

Agriscience & Environmental Sciences (9-10)Business & Finance (9-10)Criminal Justice (9-10)Entertainment Technology (Music/Sound

Design,Engineering and Television Production) (9-10)

Information Technology (Digital Design/Multimedia Web Design & Technology Support Services) (9-10)

Medical Sciences (Nursing Asst., Vision Asst., Emergency Medical Responder, Medical Lab Asst.,EKG/Home Health Aid, Intro Practical Nursing) (9-10)

Veterinary Science & Environmental Resources (9-10)

LEKÒL SOU ENTÈNÈT

Miami-Dade Online Academy1501 NE 2 AVENUE, MIAMI, FL 33132 MDO.DADESCHOOLS.NET

Virtual K-12 online (K-12)

Page 10: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

PA BLIYE: PERYÒD APLIKASYON AN SE 1YE OKTÒB – 15 JANVYEFASON POU APLIKE

PERYÒD APLIKASYON: PREMYE OKTÒB – 15 JANVYE

JOU DELÈ POU APLIKASYON: 15 JANVYE

PERYÒD AVÈTISMAN: 15 MAS OSWA AVAN SA

REPONS POU AVÈTISMAN: DE (2) SEMÈN APRE PERYÒD AVÈTISMAN AN

DAT ENPOTAN:

Tout aplikasyon pou pogram Magnèt yo disponib sou entènèt nan adrès sa a MIAMIMAGNETS.ORG. Ou kab pran aplikasyon an sou entènèt, enprime li tou epi ranpli li. Ou kab jwenn aplikasyon yo nan lekòl Magnèt yo, oswa nan lekòl Chwa yo epi nan Biwo Opsyon pou Paran an.

Yo ankouraje paran ki deja gen pitit yo nan M-DCPS pou yo aplike sou entène nan seksyon ki fèt pou paran an.

15 janvye se dènye jou pou aplikasyon Magnèt yo rive swa nan Lekòl Chwa yo, swa nan Biwo Opsyon pou Paran an.

Fò paran mande ransèyman nan chak pogram Magnèt yo aplike pou yo konn si yo dwe gen kèk fòm, kèk lèt, kèk done, si yo dwe pase entèvyou, oubyen si piti yo dwe al fè odisyon.

ISTORIK: Yo asepte aplikasyon pou pogram Magnèt yo chak ane depi premye oktòb rive 15 janvye. Yo gade aplikasyon yo resevwa nan peryòd pou pwochen ane lekòl la. Aplikasyon ki rive apre peryòd sa a yo gade yo sèlman si gen plas ki disponib nan pogram elèv la chwazi yo.

KALIFIKASYON:Tout timoun ki nan Lekòl Leta Miami-Dade oubyen ki nan laj pou yo al lekòl oswa ki kalifye pou yo antre nan Lekòl Leta nan Miami-Dade epi ki ta enterese kapab ranpli aplikasyon pou yo al nan yon lekòl Magnèt oswa nan yon pogram Magnèt. Dabitid, yo pran elèv ki enterese nan youn nan 5 tèm etid yo.

Chak pogram Magnèt kab gen egzijans anplis nan demach aplikasyon an. Se responsablite paran an pou l kontakte lekòl la pou mande si gen lòt egzijans pou lekòl la menm (paregzanp, egzamen pou wè kapasite elèv la, odisyon, eksetera) epi 15 janvye se dènye delè pou para voye tout dokiman yo egzije.

Pogram A Vizyèl ak A Dramatik: 15 janvye se dènye jou pou paran pran randevou ki nesesè pou pitit yo fè odisyon.

15 janve se dènye jou pou pote aplikasyon yo nan lekòl la oswa pou al lage yo lapòs pou yo rive nan adrès sa a:

School Choice & Parental Options 1450 NE 2nd Avenue, Suite 352 Miami, FL 33132

REGLEMAN KOMISYON LEKOL LETA YO: 2370, Magnet Programs/Schools

Page 11: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

POSESIS APLIKASYON AN

APLIKE SOU ENTÈNÈT:

15 janvye se dènye jou pou w voye aplikasyon an ale.

• Kreye yon kont nan miamimagnets.org• Konplete aplikasyon an• Telechaje dokiman yo mande yo• Remèt Aplikasyon an

OUBYENPOSTE APLIKASYON AN: 15 janvye se dènye jou pou w voye aplikasyon sou papye a ale.

• Ranpli aplikasyon an• Poste aplikasyon ou fin ranpli a• Voye dokiman yo mande yo dirèkteman

nan lekòl ou chwazi yo

Chwazi jiska 5 pogram Magnèt pou aplike (yon (1) pogram sèlman pa lekòl)

PRAN RANDEVOU:

(Pou Pogram A Vizyèl ak A Dramatik ki baze sou Odisyon Sèlman oubyen Pogram Etid Entènasyonal ki Mande Egzamen) Pou aplikasyon sou Entènèt, pran yon randevou sou Entènèt. Pou aplikasyon pa lapòs, pran randevou a dirèkteman avèk lekòl la apre w fin voye aplikasyon an ale:

15 janvye, dènye jou pou DEPOZE aplikasyon an

PWOSEDI TIRAJ OSÒ A:KALIFIKASYON: Apre jou delè 15 janvye a, y ap kòmanse tcheke aplikasyon ki konplè pou wè si elèv la kalifye pou yo mete l nan tiraj osò a.

TIRAJ OSÒ A: Tout aplikasyon ki elijib yo ap pase atravè yon seleksyon ki fèt an sekrè nan yon sistèm enfòmatik endepandan.

LIS ELÈV: Sistèm nan jenere lis elèv ki seleksyone pou plas ki disponib nan pogram nan ansanm ak lis rezèv pou chak pogram.

PERYÒD AVÈTISMAN:AVÈTISMAN: Y ap kòmanse voye avètisman bay paran sou imel apre yo fin chwazi elèv yo o aza le 15 mas.

ASEPTE: Elèv ki kalifye ki jwenn plas disponib nan kèk pogram Magnèt ap resevwa lèt nan men chak pogram ki asepte yo. Paran yo dwe suiv etap ak dat limit ki nan lèt ki di yo Asepte elèv la nan tèl Pogram, fò yo ranpli tout fòmalite epi kenbe plas yo nan pogram yo vle a.LIS REZÈV: Y ap pran elèv ki nan lis rezèv la nan lòd tiraj osò a plase elèv la, lè gen plas disponib. Ou ka chanje kote ou asepte ale sèl si yo ta wete non pitit ou sou Lis Rezèv pou yo mete l sou lis Asepte. Lis Rezèv lekòl yo kab chanje jiska kòmansman pwochen ane lekòl la.YO PA ASEPTE W: Elèv la pa t satisfè kondisyon kalifikasyon yo. Al nan lekòl la si w ta gen kèk kesyon. Elèv A Vizyèl ak A Dramatik ki pa t pograme oswa ale nan odisyon ap resevwa yon lèt ki make “YO PA ASEPTE W” nan pogram sa yo. Se paran ki dwe plase randevou pou odisyon pitit yo.

APLIKE POU YON POGRAM MAGNÈT:ANT PREMYE OKTÒB AK 15 JANVYE

DEKLARASYON KI FÈ KONNEN YO ASEPTE W:DEKLARASYON: Fò w ranpli tout fòmalite avan dat limit la pase jan yo di sa nan anons yo voye sou imel la.

• Reponn lekòl ki asepte w la sou sit sa a YourChoiceMiami.org la EPI al dirèkteman sou sit lekòl ou chwazi a: • Ranpli fòm “Declaration of Program Acceptance” nan, epi• Konplete posesis enskripsyon an.

RECHÈCH:

Chèche pogram Magnèt nan miamimagnets.org at oubyen nan katalog pogram Lekòl Magnèt yo.

• Kontakte lekòl yo si w gen kesyon• Mande pou kondisyon elijibilite espesifik

pou pogram nan

PRAN RANSÈYMAN SOU CHWA OU YO: MIAMIMAGNETS.ORG

Page 12: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

KESYON YO POZE SOUVANPOU KI SA PITIT MWEN TA DWE ALE NAN YON POGRAM MAGNÈT? Pogram Magnèt yo ofri elèv yon meyè opòtinite edikasyonèl pou tout elèv Klas Matenèl-12yèm ane ki enterese, atravè pogram espesyalize ki enteresan anpil. Diferan tèm Magnèt yo ofri plizyè opsyon pou elèv ki enterese nan tout kalite sijè. Bi Pogram Magnèt yo se ofri bon jan opòtinite pou elèv aprann atravè yon kourikoulòm entèraktif ki ankouraje epi ki motive elèv, epi pou fasilite kolaborasyon ak koperasyon ant divès kilti.

LEKÒL MAGNÈT MWEN CHWAZI A NAN ZÒN KOTE M RETE A; ÈSKE MWEN DWE APLIKE? Wi. Tout pogram Magnèt mande pou tout elèv aplike pou yo ka jwenn yon plas. Pogram/lekòl Magnèt yo pran elèv menm si yo pa ret nan zòn nan.

YON FWA PITIT MWEN AN NAN YON LEKÒL MAGNÈT, ÈSKE MWEN DWE APLIKE CHAK ANE? Elèv ki deja enskri nan yon lekòl Magnèt pa oblije re-aplike, esepte si yo vle chanje lekòl oubyen pogram.

Enskripsyon nan yon pogram A Vizyèl ak A Dramatik ki Baze sou Odisyon egzije elèv yo vin fè yon odisyon pou pogram nan anplis konplete pwosesis aplikasyon an.

KI DIFERANS KI GENYEN ANT POGRAM MAGNÈT AK POGRAM CHWA? Pogram Magnèt ofri opòtinite edikasyonèl esepsyonèl, san elèv la pa oblije ret nan zòn kote lekòl la ye a tankou nan lòt lekòl leta yo, pou yo jwenn bon jan ansèyman nan kèk pogram edikasyon espesyalize ki konsantre sou sa ki enterese elèv, sou talan yo, epi sou ladrès yo. Pou enskri nan yon pogram Magnèt, elèv yo dwe ranpli yon aplikasyon ant premye oktòb jiska 15 janvye. Pogram chwa yo diferan de Pogram Magnèt yo paske Pogram Chwa yo fèt pou elèv ki nan zòn kote yo dwe al lekòl la, epi se yo yo pran an premye. Lè yo fin pran elèv ki nan zòn lekòl la, yo mete rès plas ki disponib yo a dispozisyon elèv ki pa rete nan zòn lekòl la atravè pwosesis transfè Rejyon an.

ÈSKE SA POSIB POU PITIT MWEN TRANSFERE SOT NAN YON POGRAM MAGNÈT ALE NAN YON LÒT POGRAM MAGNÈT? Non. Elèv pa ka transfere soti nan yon pogram Magnèt pou ale nan yon lòt. Elèv ki vle chanje pogram oubyen lekòl Magnèt dwe re-aplike, kalifye, epi resevwa yon òf pou plasman pandan nouvo peryòd aplikasyon regilye nan pogram Magnèt la.

ÈSKE YO SELEKSYONE ELÈV YO SOU BAZ MOUN KI VINI AVAN AN SE LI Y AP ENSKRI ANVAN? Non. Posesis seleksyon an se yon posesis ki fèt sou òdinatè epi sa fèt apre dènye jou pou soumèt aplikasyon yo. Esepte pou pogram A vizyèl ak A Dramatik yo ki mande pou elèv fè yon odisyon.

KI JAN NOU DEFINI RELASYON FRÈ AK SÈ? Yon relasyon fratènèl se yon frè/sè menm san, yo adopte, ki nan fanmi akèy, demi frè/sè ki gen menm paran/responsab legal e ki ap viv nan menm adrès kòm yon elèv ki aktyèlman nan menm lekòl Magnèt kote w ap aplike a, e ki ap kontinye ale nan menm lekòl Magnèt la pou pwochen ane lekòl la.

KI JAN YO CHWAZI ELÈV POU YON POGRAM MAGNÈT? Elèv ki enterese antre nan yon pogram Magnèt dwe ranpli yon aplikasyon Magnèt epi voye l ale. Lè kantite aplikasyon elèv ki kalifye yo depase kantite plas ki disponib nan yon pogram lekòl Magnèt, yo sèvi ak yon òdinatè pou fè yon tiraj osò pou pran elèv yo. Elèv ki kalifye ki voye yon aplikasyon ale avan jou delè a ap kalifye pou yo pran pa nan tiraj osò a.

ÈSKE YO BAY TRANSPÒ NAN POGRAM MAGNÈT YO? Selon machasuiv Komisyon Konsèy Lekòl la, disponiblite transpò limite epi li ka pa disponib pou tout elèv. Pwofesè ki responsab Magnèt la oubyen sekretè Magnèt nan chak lekòl ka ede w nan dètèmine si pitit ou a/yo elijib pou sèvis transpò.

NAN KONBYEN POGRAM MAGNÈT PITIT MWEN AN KA APLIKE? Nou ankouraje chak timoun aplike pou jiska senk pogram Magnèt nan senk diferan lekòl. Chak timoun ka sèlman aplike nan yon (1) sèl pogram Magnèt nan chak lekòl sa yo.

PRAN RANSÈYMAN SOU CHWA OU YO: MIAMIMAGNETS.ORG

Page 13: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

YON ERITAJ CHWADepi plis pase 60 an, “Lekòl Leta Miami Dade yo (M-DCPS)” antèt nan mouvman chwa nan Edikasyon. Nou te etabli Lekòl Laboratwa Henry S. West la an 1954 kòm yon lekòl chwa esperimantal ki asosye avèk Depatman Edikasyon nan ‘University of Miami’. Apre inisyativ sa a, an 1963, te vin gen devlopman ak aplikasyon yon pogram lekòl an 2 lang nan Lekòl Elemantè Coral Way. Pogram Magnèt yo te kòmanse nan Lekòl Leta Miami-Dade County an 1973 avèk ouvèti yon sant pou Espresyon Atistik nan mitan zòn defavorize anba lavil la nan lekòl elemantè Chrales R. Drew. Depi lè sa a, M-DCPS met ann aplikasyon tout yon seri pogram chwa ki gen ladan premye Sant Aprantisaj Satelit ki fonksyone tankou yon biznis an 1987; premye lekòl kote yo fè enskripsyon san restriksyon ki kontwole an 1995; ak premye lekòl

“charter” Eta a an 1996. Pou ane lekòl 2018 – 2019 la, plis pase 68.8% (240,487 elèv) klas Pre-eskolè jiska 12yèm ane eskolè nan M-DCPS te fè yon chwa aktif nan lekòl oubyen nan pogram yo enskri ladan an.

Seri pogram edikasyon yo ofri bon jan envestisman pou avni elèv nou yo epi pou demann mendèv biznis yo pi devan. Jodi a, tout kominote nou an benefisye de plis pase 1000 opsyon Magnèt ak Chwa nou ofri nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

POGRAM LEKÒL CHWA (ki pa lekòl Magnèt) Anplis pogram Magnèt yo, Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye ap fè efò pou ofri plis fleksibilite ak varyete nan chwa lekòl, nan ofri pogram espesyal ki pa pogram Magnèt men ki bay paran ak elèv lòt bon jan opsyon nan chwa edikasyon yo. Pogram Chwa yo ofri yon gran varyete pogram espesyal nan klas Matènèl-12yèm ane nan majorite lekòl toupatou nan distri a.

Pogram chwa yo diferan ak Pogram Magnèt yo paske Pogram Chwa yo fèt pou elèv ki nan tèl zòn epi se elèv zòn sa a ki gen priyorite pou yo enskri an premye. Yon fwa yo fin plase elèv ki nan zòn nan, yo mete kèlkeswa plas ki disponib a dispozisyon elèv ki pa rete nan zòn nan atravè pwosesis transfè nan Rejyon an.

Pogram Chwa yo se pogram ki baze sou tèm ak kourikoulòm yo ofri nan tout nivo ane lekòl la epi yo enplemante yo pandan jounen regilye lekòl la; yo pa mete pogram apre lekòl yo pami opsyon Chwa yo. Nou va remake dabitid yo pa ofri transpò pou pogram Chwa yo, poutèt sa paran yo kab oblije fè aranjman pou transpò pitit yo nan lekòl sa yo si Rejyon pa yo a ta ba yo yon transfè.

Atravè nouvo resous sou entènèt pou pogram Chwa yo ki nan schoolchoicemiami.com, paran jwenn aksè fasil a yon lis konplè pou tout Pogram Chwa ki pa Magnèt ki disponib yo. Sit sa a ofri tou machasuiv etap-pa-etap pou transfere al nan yon lekòl Pogram Chwa.

Enfòmasyon epi lis konplè Pogram Chwa yo: SCHOOLCHOICEMIAMI.COM

CHWA ADISYONEL

PI FO CHWA YO NAN TOUT FLORIDA

Page 14: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

Lekòl Segondè Nou yo Pami Meyè yo nan Peyi a Nou gen sèt nan 100 Meyè Lekòl Magnèt nan peyi a epi nou gen mwatye nan 20 Meyè lekòl nan Florid, selon klasman U.S. News & World Report.

Fim ki Ranpòte Prim ‘Oscar’Ansyen elèv Magnèt Barry Jenkins ak Tarell Alvin McCraney ranpòte Prim Akademi 2017 pou Meyè Adaptasyon Senaryo pou fim ‘Moonlight.’ Fim sa ki genyen prim Meyè Fim nan te prezante tou talan ki soti nan pogram Magnèt lekòl entèmedyè ak lekòl segondè yo. Lidè Nasyonal pou Dirabilite

nan Magnèt Yo te onore M-DCPS ak Prim MSA Donna Grady- Creer poutèt yo trase ezanp nan angajman yo pou sa ki egal, sa ki ekselan epi kote tout kalite moun patisipe, pou kore epi pou fè pwomosyon pou Pogram Magnèt yo nan tout Distri a.

Pogram Cambridge EkstrawòdinèM-DCPS resevwa prim Cambridge 2018 “Distrik Ane a” Cambridge International bay poutèt yo montre yo pran gran angajman pou yo ogmante valè elèv ki enskri pogram nan epi pou yo bay bon jan ansèyman Cambridge la. Yo gen 71% elèv ki pase nan pogram nan sa se yon gwo rezilta enpresyonan. M-DCPS resevwa prim tou poutèt yo amelyore pèfòmans etidyan nan egzamen enènasyonal Cambridge yo.

Lekòl Leta Miami-Dade County Resevwa Prim Prestijye ‘Broad Prize’Lekòl Leta Miami-Dade County, apre senk final, te resevwa $550,000 bousdetid kolèj pou lekòl segondè li yo. Fondasyon ‘Eli and Edythe Broad’ rekonèt Lekòl Leta Miami-Dade County dèske l te fè pi gwo pwogrè nan ogmante akonplisman elèv pami gran distri lekòl yo.

Akademi NAF yo Rekoni NasyonalmanAkademi M-DCPS NAF yo resevwa plis Gwo meday epi plis Tit kòm bon Modèl nan men Fondasyon Akademi Nasyonal pase nenpòt lòt distri lekòl nan tout peyi a.

Pogram Magnèt nou yo ap briye nan peyi a Pou sizyèm ane youn apre lòt, M-DCPS resevwa plis Prim Merit ‘Magnèt Schools of America (MSA)’ pase tout lòt distri lekòl nan peyi a! Yo genyen 58 prim an 2019, ki mete total Prim MSA yo a 304 nan 8 ane!

Diplòm Bakaloreya EntènasyonalPousantaj elèv k ap pase examen IB a toujou nan 80 santil oswa plis pase sa epi pousantaj total ki resevwa diplòm Bakaloreya Entènasyonal prestijye sa a toujou depase 70 santil.

Lekòl Magnèt Nasyonal ki Sètifye M-DCPS se sèl distri lekòl nan tout peyi a ki gen 28 Lekòl Magnèt Nasyonal ki Sètifye. Met sou sa, 14 nan lekòl sa yo rekoni nan nivo ki pi wo epi yo bay lekòl sa yo sètifikasyon ki pi wo – Lekòl Egzebisyon Magnèt ki Sètifye Nasyonalman.

PRAN RANSÈYMAN SOU CHWA OU YO: MIAMIMAGNETS.ORG

PRIM MAGNET

Page 15: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

REMAK:

Al sou sit MIAMIMAGNETS.ORG epi fè kèk rechèch sou Pogram Magnèt yo

Vizite Lekòl yo

Tcheke tout sa yo mande pou yon elèv kalifye

Ale sou MIAMIMAGNETS.ORG epi kreye yon Kont aplikasyon Magnèt

Ranpli aplikasyon Magnèt la epi verifye enfòmasyon ki ladan

Rasanble TOUT dokiman yo mande yo epi telechaje yo sou kont aplikasyon Magnèt ou a

Tcheke aplikasyon an pou wè si l konplè: verifye enfòmasyon elèv la ak pa paran an (ak pa frè li/sè li si l geyen), tcheke si yo telechaje bon relve nòt yo, si yo telechaje dosye lekòl a distans lan (si w genyen) si yo telechaje dosye espesifik pou sa yo egzije nan chak pogram ou chwazi yo (si ou bezwen sa)

Remèt aplikasyon Magnèt ou ranpli a avan del`de 15 janvye a

Pran randevou pou w al pran yon egzamen, swa sou entènèt oubyen kontakte lekòl la anvan 15 janvye (pou Pogram A Vizyèl ak A dramatik, epi pou Pogram Lang Entènasyonal yo sèlman)

Ale nan randevou ou genyen an (si sa nesesè)

Tcheke kont aplikasyon Magnèt la (oswa voye imel) nan dat yo ba w la oswa voye l le 15 mas oubyen avan sa

Antre sou kont aplikasyon Magnèt la pou w aksepte yon plas nan pogram ou prefere a avan delè yo ba w pou asepte a pase

Ale nan lekòl ki asepte piti ou a avan jou delè yo bay pou asepte a pase epi ranpli tou fòm ki nesesè pou w enskri nan lekòl la

Tcheke lekòl la pou nenpòt lòt kondisyon epi/oubyen dat delè yo bay

PRAN RANSÈYMAN SOU CHWA OU YO: MIAMIMAGNETS.ORG

SA W DWE TCHEKE LE W AP APLIKE

Anti-Discrimination/Harassment (Students) – Règleman Komisyon Konsèy Lekòl yo 1362, 3362, 4362 e 5517

Entèdi fawouchman e/ oubyen diskriminasyon kont elèv, anplwaye, oubyen aplikan sou baz sèks, ras, koulè, etnik oubyen orijin nasyonal, relijyon, sitiyasyon marital, andikap, enfòmasyon jenetik, laj, kwayans politik, oryantasyon seksyèl, sèks fi/gason, idantifikasyon ak sèks fi/gason, ran sosyal ak fanmi, preferans lengwistik, gwosès, sitwayènte, e nenpòt lòt baz, yo entèdi legalman. Yo entèdi tou revanj kont moun ki angaje li nan yon aktivite ki pwoteje. Pou plis enfòmasyon kontakte: Office of Civil Rights Compliance (CRC), Executive Director/Title IX Coordinator, 155 N.E. 15th Street, Suite P104E, Miami, Florida 33132, Phone: (305) 995-1580 TDD: (305) 995-2400, Email: [email protected] Website: http://crc.dadeschools.net

Boy Scouts of America Equal Access Act of 2002- (Akò 2002 sou Aksè Egal-Ego Eskout Ameriken) – Okenn lekòl leta pa ka enpeche aksè egal-ego, oubyen yon opòtinite pou rankont an gwoup sou teren lekòl oubyen andwa lekòl anvan oubyen apre lè lekòl, oubyen fè diskriminasyon kont nenpòt gwoup ki afilye ofisyèlman avèk Eskout Ameriken oubyen nenpòt lòt gwoup jèn oubyen kominotè ki site nan “Title 36” (kòm yon sosyete patriyotik)

Page 16: KATALÒG PWOGRAM NAN...Pogram LEKÒL ‘MAGNÈT’ se pogram lekòl leta ki espesyalize ki ofri domèn etid tematik san parèy ki santre plis sou enterè espesyal, talan ak kapasite

BIWO:Miami-Dade County Public SchoolsSchool Choice & Parental Options

1450 NE 2 Avenue, Suite 352 – Miami, FL 33132Lendi – Vandredi 8:00 A.M. – 4:30 P.M. EST

(Fèmen nan jou konje legal yo)

(305) 995-1922MiamiMagnets.org

Perla Tabares Hantman, Chair

Dr. Steve Gallon III, Vice-Chair

Dr. Dorothy Bendross-Mindingall

Susie V. Castillo

Dr. Lawrence S. Feldman

Dr. Martin Karp

Dr. Lubby Navarro

Dr. Marta Pérez

Mari Tere Rojas

Alberto M. Carvalho Superintendent of Schools

MAM KOMISYON LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY