mesaj minis edikasyon nasyonal ak fÒmasyon pwofesyonÈl , nesmy manigat, nan okazyon jounen mondyal...

1
MENFP MESAJ MINIS EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL , NESMY MANIGAT, NAN OKAZYON JOUNEN MONDYAL ANSEYAN, 5 OKTÒB MENFP MESAJ MINIS EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL , NESMY MANIGAT, NAN OKAZYON JOUNEN MONDYAL ANSEYAN, 5 OKTÒB Ochan pou Manman m ak Papa m, 2 pwofesè lekòl nasyonal, ki bay plis pase 25 lane ap sèvi jèn yo . Se travay yo ki pèmèt jounen jodi a mwen ka sèvi peyi m. Onè respè, pou tout lòt milye pwofesè tou ki bay plis pase 25 lane nan lavi yo, souvan nan move kondisyon travay, anba solèy tankou anba lapli pou yo sèvi jèn yo. Chapo ba pou sa yo ki tonbe malad, pou sa yo ki menm mouri, pandan yo t ap sèvi kominote a ak timoun yo ; Ochan, pou plis pase 100 000 pwofesè ki jounen jodi a, kontinye ap travay nan bon tankou move tan pou jèn yo kapab gen yon pi bon avni. Nou konnen chay la lou anpil, men tipa tipa n ap vanse pou pi devan. Konsa, menm jan an avril 2014, salè anseyan sektè piblik la te ogmante de 40 %, nou kwè fòk salè de baz anseyan nan sektè prive a ta ogmante tou. Nan okazyon Jounen mondyal anseyan ane sa a k ap selebre sou tèm “ Yon pèsonèl anseyan djam e konpetan, pou sosyete ka rive lwen ”, mwen menm ak tout anplwaye Ministè Edikasyon Nasyonal koube n byen ba pou di nou : “ KENBE FÈM, ANKOURAJE ”; Nan Jounen espesyal 5 oktòb 2015 sa a, pèmèt mwen pwofite pale avèk nou sou yon pwojè ki pral pèmèt nou tout ansanm mete men pou kore sistèm edikatif la, pou kore peyi a. M ap pale de Pwojè ANTANT NASYONAL SOU LEDIKASYON ki pote non ANTANT POU YON LEKÒL TOU NÈF. Se yon ANTANT ministè a te komanse diskite ak sendika anseyan yo ak lòt moun nan sosyete a tankou ansyen Minis edikasyon ki te pase anvan m yo. . Nou dwe antann nou sou 6 pwen sou kesyon Edikasyon an k ap pèmèt nou fè bon jan pwogrè, menm lè nou pako rive antann nou sou lòt bagay enpòtan yo ki ka mande plis tan diskisyon. Men 6 pwen ki nan ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF la : 1. Pou tout responsab yo dakò double bidjè Ministè Edikasyon Nasyonal nan 5 pwochen lane yo, pou li ka ranfòse epi amelyore tout pwogram ki pou voye tout pitit peyi d Ayiti lekòl, san manke yonn ; 2. Pou tout responsab yo dakò double bidjè Ministè Edikasyon Nasyonal nan 5 pwochen lane yo, pou li ka amelyore kondisyon travay epi pou li ede ranfòse konpetans tout anseyan nan peyi a, nan sektè piblik tankou sektè prive. Se pou sa nou kòmanse mete “KAT AVANTAJ EDIKASYON” an sou pye; 3. Pou respè total kapital dwa Ministè Edikasyon Nasyonal genyen pou li fè nominasyon, epi pou li bay pwomosyon nan sektè piblik edikasyon an san entèvansyon ak presyon lòt moun ki pa konsènen nan zafè edikasyon, nan respè lwa sou fonksyon piblik la ; 4. Pou pwochen Palman an vote nouvo griy salaryal pou anseyan nan sektè piblik la prese prese, yon griy salaryal Ministè Edikasyon Nasyonal te siyen an 2014 avèk sendika yo 5. Pou pwochen Palman an fè deba epipou li vote lwa pou modènize fòmasyon teknik ak pwofesyonèl; 6. Pou pwochen Palman an fè deba epi pou li vote lwa pou modènize ansèyman siperyè ak inivèsitè an jeneral Nan jou k ap vini la yo, diskisyon yo ap kontinye avèk sendika ak lòt aktè ki nan sistèm nan yon fason pou “ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF” sa a tounen yon reyalite. “ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF” sa a ap pèmèt nou sispann voye plis pase 70 % Jèn nan peyi a jete, 70 % jèn ki pa janm jwenn chans pou yo rive frekante yon lekòl segondè nan vi yo. Sa se yon veritab goudougoudou nasyonal ki rive paske move sistèm lekòl jodi a dekouraje yoepi li voye pi fò elèv yo jete. Peyi a pa dwe kontinye gaspiye tout talan sa yo, epi li pa dwe pase fòs kouraj paran yoanba pye. “ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF” sa a pral pèmèt plis jèn nan peyi ka rete lekòl plis tan, tan ki nesesè pou yo ka aprann yon metye ki fè yo kalifye pou yo jwenn travay oswa pou yo kreye pwòp travay yo. Konsa y ap kapab itil tèt yo, fanmi yo, ak peyi a nan tout domèn, tankou lasyans, teknoloji, mizik, teyat, eks. Nan Jounen mondyal anseyan yo, m ap mande tout kolèg anseyan parèy mwen yo pou nou tout ansanm pran angajman pou nou rebati yon lòt peyi lè nou : Kontinye aprann, epi fòme tèt nou, pou nou kapab sèvi jenès la pi byen ; Kontinye sèvi modèl pou jèn yo kanpe lwen move egzanp tankou alkòl ak dwòg ; Kontinye sèvi modèl pou elèv yo kanpe lwen vyolans vèbal, vyolans fizik, vyolans sikolojik, ak abi seksyèl ; Kontinye sèvi modèl sitwayen ki renmen Ayiti, pou nou enspire elèv yo viv nan tèt ansanm, epi pou yo aprann reyisi ansanm. Jodi a mwen fyè pou m di nou tout, nou tout ansanm, malgre move moman, se nou pwofesè k ap bati Ayiti tou nèf sa a. Kidonk, ANN KONTINYE METE MEN ! Nesmy MANIGAT Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl 5 oktòb 2015 minimòm suivez-nous sur : @MEducationHaiti : MENFP HAITI Officiel : @menfphaiti1804 : www.menfp.gouv.ht

Upload: le-national

Post on 21-Jan-2018

212 views

Category:

Education


5 download

TRANSCRIPT

Page 1: MESAJ MINIS EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL , NESMY MANIGAT, NAN OKAZYON JOUNEN MONDYAL ANSEYAN, 5 OKTÒB

MENFP

MESAJ MINIS EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL , NESMY MANIGAT, NAN OKAZYON JOUNEN MONDYAL ANSEYAN, 5 OKTÒB

MENFP

MESAJ MINIS EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL , NESMY MANIGAT, NAN OKAZYON JOUNEN MONDYAL ANSEYAN, 5 OKTÒB

Ochan pou Manman m ak Papa m, 2 pwofesè lekòl nasyonal, ki bay plis pase 25 lane ap sèvi jèn yo . Se travay yo ki pèmèt jounen jodi a mwen ka sèvi peyi m.

Onè respè, pou tout lòt milye pwofesè tou ki bay plis pase 25 lane nan lavi yo, souvan nan move kondisyon travay, anba solèy tankou anba lapli pou yo sèvi jèn yo.

Chapo ba pou sa yo ki tonbe malad, pou sa yo ki menm mouri, pandan yo t ap sèvi kominote a ak timoun yo ;

Ochan, pou plis pase 100 000 pwofesè ki jounen jodi a, kontinye ap travay nan bon tankou move tan pou jèn yo kapab gen yon pi bon avni.

Nou konnen chay la lou anpil, men tipa tipa n ap vanse pou pi devan. Konsa, menm jan an avril 2014, salè anseyan sektè piblik la te ogmante de 40 %, nou kwè fòk salè de baz anseyan nan sektè prive a ta ogmante tou.

Nan okazyon Jounen mondyal anseyan ane sa a k ap selebre sou tèm “ Yon pèsonèl anseyan djam e konpetan, pou sosyete ka rive lwen ”, mwen menm ak tout anplwaye Ministè Edikasyon Nasyonal koube n byen ba pou di nou : “ KENBE FÈM, ANKOURAJE ”;

Nan Jounen espesyal 5 oktòb 2015 sa a, pèmèt mwen pwofite pale avèk nou sou yon pwojè ki pral pèmèt nou tout ansanm mete men pou kore sistèm edikatif la, pou kore peyi a. M ap pale de Pwojè ANTANT NASYONAL SOU LEDIKASYON ki pote non ANTANT POU YON LEKÒL TOU NÈF. Se yon ANTANT ministè a te komanse diskite ak sendika anseyan yo ak lòt moun nan sosyete a tankou ansyen Minis edikasyon ki te pase anvan m yo..Nou dwe antann nou sou 6 pwen sou kesyon Edikasyon an k ap pèmèt nou fè bon jan pwogrè, menm lè nou pako rive antann nou sou lòt bagay enpòtan yo ki ka mande plis tan diskisyon.

Men 6 pwen ki nan ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF la :

1. Pou tout responsab yo dakò double bidjè Ministè Edikasyon Nasyonal nan 5 pwochen lane yo, pou li ka ranfòse epi amelyore tout pwogram ki pou voye tout pitit peyi d Ayiti lekòl, san manke yonn ;

2. Pou tout responsab yo dakò double bidjè Ministè Edikasyon Nasyonal nan 5 pwochen lane yo, pou li ka amelyore kondisyon travay epi pou li ede ranfòse konpetans tout anseyan nan peyi a, nan sektè piblik tankou sektè prive. Se pou sa nou kòmanse mete “KAT AVANTAJ EDIKASYON” an sou pye;

3. Pou respè total kapital dwa Ministè Edikasyon Nasyonal genyen pou li fè nominasyon, epi pou li bay pwomosyon nan sektè piblik edikasyon an san entèvansyon ak presyon lòt moun ki pa konsènen nan zafè edikasyon, nan respè lwa sou fonksyon piblik la ;

4. Pou pwochen Palman an vote nouvo griy salaryal pou anseyan nan sektè piblik la prese prese, yon griy salaryal Ministè Edikasyon Nasyonal te siyen an 2014 avèk sendika yo

5. Pou pwochen Palman an fè deba epi pou li vote lwa pou modènize fòmasyon teknik ak pwofesyonèl;6. Pou pwochen Palman an fè deba epi pou li vote lwa pou modènize ansèyman siperyè ak inivèsitè an jeneral

Nan jou k ap vini la yo, diskisyon yo ap kontinye avèk sendika ak lòt aktè ki nan sistèm nan yon fason pou “ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF” sa a tounen yon reyalite.

“ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF” sa a ap pèmèt nou sispann voye plis pase 70 % Jèn nan peyi a jete, 70 % jèn ki pa janm jwenn chans pou yo rive frekante yon lekòl segondè nan vi yo. Sa se yon veritab goudougoudou nasyonal ki rive paske move sistèm lekòl jodi a dekouraje yo epi livoye pi fò elèv yo jete. Peyi a pa dwe kontinye gaspiye tout talan sa yo, epi li pa dwe pase fòs kouraj paran yo anba pye.

“ANTANT POU LEKÒL TOU NÈF” sa a pral pèmèt plis jèn nan peyi ka rete lekòl plis tan, tan ki nesesè pou yo ka aprann yon metye ki fè yo kalifye pou yo jwenn travay oswa pou yo kreye pwòp travay yo. Konsa y ap kapab itil tèt yo, fanmi yo, ak peyi a nan tout domèn, tankou lasyans, teknoloji, mizik, teyat, eks.

Nan Jounen mondyal anseyan yo, m ap mande tout kolèg anseyan parèy mwen yo pou nou tout ansanm pran angajman pou nou rebati yon lòt peyi lè nou :

·Kontinye aprann, epi fòme tèt nou, pou nou kapab sèvi jenès la pi byen ;·Kontinye sèvi modèl pou jèn yo kanpe lwen move egzanp tankou alkòl ak dwòg ; ·Kontinye sèvi modèl pou elèv yo kanpe lwen vyolans vèbal, vyolans fizik, vyolans sikolojik, ak abi seksyèl ;·Kontinye sèvi modèl sitwayen ki renmen Ayiti, pou nou enspire elèv yo viv nan tèt ansanm, epi pou yo aprann reyisi ansanm.

Jodi a mwen fyè pou m di nou tout, nou tout ansanm, malgre move moman, se nou pwofesè k ap bati Ayiti tou nèf sa a. Kidonk, ANN KONTINYE METE MEN !

Nesmy MANIGATMinis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl

5 oktòb 2015

minimòm

suivez-nous sur : @MEducationHaiti : MENFP HAITI Officiel : @menfphaiti1804

: www.menfp.gouv.ht