programme accÈs innovationknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfan nou siyale kontribisyon...

66
PROGRAMME ACCÈS INNOVATION Konsèy Nasyonal Finansman Popilè GID GID BON ABITID NAN MISO YO MISO YO “MISO se yon kle pou nou granmoun tèt nou nan zafè ekonomi” Se Zafè Mondyal Kanada ki ede pwodui ak gaye gid sila a

Upload: others

Post on 10-Dec-2020

15 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

PROGRAMME ACCÈS INNOVATION

Konsèy Nasyonal

Finansman Popilè

GIDGIDBON ABITID NAN

MISO YOMISO YO“MISO se yon kle pou nou granmoun tèt nou nan zafè ekonomi”

Se Zafè Mondyal Kanada ki ede pwodui ak gaye gid sila a

Page 2: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo2

Pajinasyon ak Kouvèti AlsaGraphics ([email protected])

Desin: Jerry Graffiti

Potoprens - Ayiti

Mas 2020

Tout dwa pwoteje

Se Zafè Mondyal Kanada ki ede pwodui ak gaye gid sila a

Si nou vle, nou ka jwenn yon vèsyon gid la an franse nan fòma PDF sou sit entènèt KNFP a (www.knfp.org). Nou ka ekri KNFP nan adrès [email protected] pou nou mande vèsyon kreyòl la ak franse a nan fòma PDF.

Page 3: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 3

SA KI NAN LIV LA (TAB MATYÈ)

DEDIKAS AK REMÈSIMAN .............................................. 7KÒMAN NOU KA ITILIZE GID SILA A ............................... 9Kòman MISO yo ka itilize gid la .............................................9

Kòman ajan yo oswa animate animatris ka itilize gid la .....10

ENTWODIKSYON ........................................................... 11ANKADRE 1: PREZANTASYON PAI ............................................. 13

ISTORIK AK ENPÒTANS MISO ....................................... 15A- LAVI TÈT ANSANM .................................................... 17

A-1. Kòman chwazi manm MISO yo? ...................................... 17

Nivo ekonomik............................................................................. 17

Aktivite ekonomik ........................................................................ 18

Adrès (Kote ou rete), lokalite ....................................................... 18

MISO fanm ak gason ................................................................... 19

Laj (jenerasyon) ........................................................................... 19

Relijyon ........................................................................................ 20

Nivo edikasyon ............................................................................ 20

A.2- Kòman devlope konpetans manm yo? ............................ 21

Fòmasyon ............................................................................22

Fòmasyon akonpayatè oswa pwomotè MISO .....................22

Fòmasyon manm komite MISO yo oswa gwoup inisyativ pou mete MISO sou pye .................................................23

Page 4: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo4

Fòmasyon manm yo ............................................................23

ANKADRE 2: GARR-OXFAM-FSFK : YON EKSPERYANS FÒ-MASYON NAN BATIS-BELADÈ ................................................... 24

A.3- Kòman ankouraje manm yo vini nan reyinyon? .............. 26

A.4- Kòman ankouraje patisipasyon fanm yo nan MISO yo? .. 26

A-5. Kòman ankouraje patisipasyon jèn yo nan MISO yo?...... 28

ANKADRE 3: ISTWA MISO JÈN SEN MICHEL LATALAY ............. 29

A-6. Kòman devlope bon jan solidarite nan MISO yo? ............ 31

ANKADRE 4: KÈK EGZANP SOLIDARITE NAN MITYÈL .............. 32

B- ZAFÈ LAJAN ............................................................... 33B-1. Kòman ankouraje manm yo kotize nan kès vèt? ............. 33

B-2. Kòman ogmante eksedan kès vèt la? .............................. 35

B-3. Kòman pataje eksedan kès vèt la .................................... 36

B-4. Kòman ankouraje manm yo kotize nan kès wouj? .......... 36

B-5. Relasyon kès wouj ak kès vèt ........................................... 38

B-6. Ki avantaj ak menas kès ble MISO a? .............................. 38

B-7. Kòman MISO a ka ogmante lajan kès ble a ..................... 39

B-8. Kòman MISO yo ka fè envestisman kolektif ..................... 40

C- GOUVÈNANS NAN MISO YO ..................................... 43C-1. Enstans yo ak wòl yo ....................................................... 43

C-2. Kòman devlope bon relasyon ant enstans yo? ................ 44

C-3. Kòman devlope transparans nan MISO yo? .................... 45

D- MISO NAN KOMINOTE A .......................................... 47D-1. Kòman MISO yo ka patisipe nan devlopman kominote yo? .......................................................................... 47

D-2. MISO pou gwoup vilnerab yo tankou refijye ak rapatriye ............................................................................ 48

ANKADRE 5: MISO RAPATRIYE NAN KACHIMAN BELADÈ ....... 49

D-3. Mete MISO yo an rezo (Makònay) .................................. 51

Page 5: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 5

ANKADRE6: MISO MITAN LAKIL GWO MÒN ............................ 52

Pi gwo chanjman MISO a pote selon deklarasyon kèk manm: .... 54

ANÈKS ........................................................................... 55

ANEKS 1- LIS MODIL FÒMASYON POU MANM AK AJAN MISO .... 55

ANEKS 2- LIS KÈK MOVE ABITID NAN MISO YO ........................... 56

ANEKS 3- KÈK KONTAK KI ENPÒTAN POU MISO YO ..................... 57

ANEKS 4- KÈK INOVASYON KNFP JWENN NAN MISO YO ............. 59

ANEKS 5- GRI EVALYASYON YON MISO KAP DEMARE .................. 64

Page 6: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo6

Page 7: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 7

DEDIKAS AK REMÈSIMAN

Gid sa a dedye pou tout misonye1 fanm kou gason ki an Ayiti ak nan peyi letranje. Li fèt pou di “chapo ba” pou pil fanm ak gason nan katye popilè ak peyizan, peizàn ki depi 20 lane ap kreye, jere epi anime mityèl solidarite yo (MISO). Moun sa yo fè MISO a tounen yon kote moun ap viv, yap aji epi reve ansanm. Nou gen anpil rekonesans pou yo pou tout richès yo pote pou devlopman MISO yo an Ayiti. MISO sa yo se yon mouvman sosyal ak ekonomik tout bon vre ki soti nan baz la epi yon se yon zouti pou tout moun ka jwenn plas yo nan sistèm finansye peyi a.

Nou vle remèsye Lionel Fleuristin ki ekri ak kòdone travay la kòm konsiltan. Nou rekonèt kout men Ismène Paul ki ap travay nan Konsèy Nasyonal Finansman Popilè (KNFP) ak Wiskins Pierre nan Gwoup ki ap apiye refijye ak rapatriye (GARR) pou lekti yo fè de dokiman an, sa yo ajoute ak konsèy yo bay. Yon remèsiman espesyal pou Anna Gaspard ak Pascal Pecos Lundy ki se konseye teknik nan Pwogran Aksè Inovasyon (PAI) pou Oxfam an Ayiti. Yo kontribye anpil pou dokiman sa a fèt nan zafè metodoloji, lojistik ak animasyon travay sou teren an.

An nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila a. Ekip PAI ki Monreyal la bay yon gwo kout men, yo anrichi teks la ak bon jan kòmantè, nou ka site pami yo, Francisco Sanchez, Christine Benoît, Christian Trem-blay ak Isabelle de Champlain Bringue. Nou vle remèsye tou kèk kolaboratè nan pwojè Fwontyè San Fòs Kote (FSFK), Rigard Orbe, James Pétion, Jesula Blanc pou sipò yo bay nan rankont teren yo. Nou rekonèt tou gwo kout men Jacky Casséus, Simène Joseph ak Sherlie Louidor nan fè bon kòmantè ak reyalizasyon aktivite teren yo nan Sen Michèl Latalay ak Gwo Mòn.

1 Yon misonye se yon moun oswa yon òganizasyon ki manm MISO oswa ki ap bali jarèt

Page 8: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo8

Pou fini, nou remèsye FSFK pou kolaborasyon l ak otori-zasyon pousèvi ak desen nou wè nan gid la.

PAI-Oxfam, Mas 2020

Page 9: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 9

KÒMAN NOU KA ITILIZE GID SILA A

Gid la fèt pou manm MISO yo ak ajan epi ajant òganizasyon pwomotè mityèl solidarite. Li se yon bon zouti pou animasyon MISO yo lè yo fini fonde. Li gen 4 pati oswa 4 chapit:

A. Lavi tèt ansanm nan MISO yo pou rive fè manm yo toujou fidèl

B. Lajan nan MISO yo pou ogmante revni MISO a ak sèvis fi-nansye li ofri

C. Gouvènans nan MISO yo pou fasilite bon jan relasyon ant di-feran enstan ki nan MISO yo sitou Asanble jeneral la ak Ko-mite jesyon an

D. MISO ak kominote li pou pèmèt MISO a jwe wòl li nan devlop-man kominote a ak teritwa kote lap feraye.

Gid sila fèt sitou pou mityèl ki ap fonksyone. Nou ka kòmanse li l nan patinou vle paske yo chak endepandan de lòt.

Kòman MISO yo ka itilize gid la

Gen 2 okazyon manm MISO yo ka ale nan gid la.

Premye a se lè yon pwoblèm prezante nan MISO a, manm yo ka ale nan gid la pou wè si gen yon pratik ki pèmèt abòde pwo-blèm lan. Gid la ka ede MISO nou gen plis asirans sou yon abitid nou gen deja oswa li ka ede nou mete an kesyon yon abitid pou non ka chanje l.

Dezyèm okazyon an chita sou fonksyonman MISO yo nan tan nòmal. Anpil MISO toujou pran yon 15 minit pandan reyinyon yo pou fè bwase lide sou yon sijè. Pafwa, yo konn manke lide pou fè sa. Manm komite MISO a ka deside li yon pasaj nan gid la epi fè bwase lide sou li. Moun ki ap fè fasilitatè pou bwase lide a dwe avan reyinyon an byen li gid la pou li ka byen prepare. Komite a ka deside li pa ti moso tout yon chapit pandan plizyè reyinyon. Kèlkeswa desi-

Page 10: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo10

zyon ki pran, fòk MISO a chwazi davans moun kap fasilite bwase lide a. Gen de lè nou ka fè lekti a nan sa ki ankadre yo. Egzèsis la dwe dire 15 pou rive 20 minit. Men etap yo:

• Li gid la: Yon manm nan komite a ap jwe wòl fasilitatè epi l’ap chwazi yon moun ki vle nan asanble a pou li yon pasaj oswa yon ti ankadre nan gid la (2-3 minit)

• Bwase lide, deba: Men kèk kesyon nou ka poze: Ki sa ki te frape nou nan pasaj yo sot li a? Eske sa fèt menm jan nan MISO nou an? Eske nou ka fè menm jan nan MISO pa nou an? Ki bon ak ki move kote abitid oswa lide sa a? elatriye. (10-15 minit)

• Konklizyon: Fasilitatè a ap yon konklizyon tou kout, l’ap atire atansyon sou youn oswa 2 pwen ki te pi enpòtan nan bwase lide a (2-5 minit). Nou ka tou chwazi moun ki ap fè lekti nan pwochen reyinyon an.

Kòman ajan yo oswa animate animatris ka itilize gid la

Nou konseye animate ak animatris yo li tout gid la pou yo byen konnen tout sa ki ladan l. Men kòman li ka itilize l:

• Aprann manm MISO yo kòman itilize gid la: Animatè oswa animatris yo ka bay tèt yo misyon pou ede manm MISO yo konnen kòman pou yo itilize gid la.Depi gen tan, li ka fè manm yo fè egzèsis pratik sou sa pandan yon reyinyon. Si se pandan yon fòmasyon yo distribye gid la, ajan ap tou fè patisipan yo fè pratik sou itilizasyon gid la.

• Bay MISO yo konsèy: Souvan depi MISO yo gen yon pwo-blèm, se animate oswa animatris yo yo konsilte pou jwenn kèk lide oswa ede yo pran desizyon. Si ajan an byen metrize gid la li ka konnen si li gen repons lan epi kòman sèvi ak repons la.

• Anime seyans fòmasyon: Pifò sijè ki nan gid lan se menm ak sa ki nan modil fòmasyon pou manm MISO yo. Fòmatè oswa fòmatris yo ka rekòmande patisipan yo kèk lekti oswa li menm li ka li kèk pasaj pou ede moun yo aprann pi byen.

Page 11: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 11

ENTWODIKSYON

Apre OXFAM atravè Pwojè Fwontyè San Fòs Kote (FSFK) te soti an janvye 2019 yon premye liv sou MISO ki rele «Gid pou kreye ak jere MISO2», men yon dezyèm gid ki soti, li rele «Gid Bon abitid nan MISO yo» 3. Premye gid la te fèt pou ede popilasyon an ak ens-titisyon ki vle konnen kòman pou yo kreye ak jere yon MISO. Li plis gen yon dimansyon pedagojik.

Chwa MISO a jistifye paske anpil patnè OXFAM adopte estrikti sa a kòm yon mwayen pou òganize yo ak finanse aktivite ekonomik yo. Apre plis pase 20 lane depi gen MISO an Ayiti epi apre plis 10 lane depi OXFAM ap bay zouti sila a jarèt, nou panse lap itil pou nou ale chèche, ki bon bagay ki fèt defason pou nou gaye yo nan benefis MISO ki egziste deja ak sa ki pral kreye. Konsa, gid sa a fèt sitou pou ede moun ki pa gen gwo mwayen, malere ak malerèzki ap chèche bon eksperyans pou yo vini granmoun tèt yo nan zafè ekonomi. Gid la fèt tou pou manm MISO an Ayiti ak moun ki vle kreye l. Pwomotè MISO yo ka jwenn nan li yon bon sous enspi-rasyon pou pase alaksyon.

Pou nou rive ekri dokiman sila a nou te fè yon seyans pla-nifikasyon ak ajan FSFK ak KNFP. Apre sa, nou vizite 5 zòn soti jiyè pou rive septanm 2019. Zòn yo se Sen Michel Latalay, Gwo Mòn, Wanamint, Beladè-Batis, Gantye. Nou pran enfòmasyon nan men 240 manm MISO pami yo 130 fanm. Moun sa yo te òganize an 12 gwoup bwase lide oswa fokis gwoup. Gid sa a pa vreman yon gid fòmasyon, li plis la pou enspirasyon ak ede pran desizyon ki vize amelyore aksyon ki pran pou devlopman ak jesyon MISO yo.

2 Nou ka konsilte gid sou sit entènèt FSFK : https://oxfam.app.box.com/s/1f0hdp1huouuivs6mycohsznn3s35ry9/folder/80556913072

Oswa sou sit KNFP : http://knfp.org/knfp/ressources/20200206154839.pdf

3 Guide de bonnes pratiques dans les MUSO nan lang franse

Page 12: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo12

Gid la abòde 4 dimansyon ki enpòtan anpil nan lavi ak jan MISO yo fonksyone. Men dimansyon yo:

1. Lavi tèt ansanm nan MISO yo ki konsène manm yo espesyal-man kòman gade MISO a anvi epi kenbe manm yo fidèl. Dimansyon sa a abòde divès sijè tankou kòman chwazi manm yo, ki konpetans ak ladrès yo dwe genyen, kesyon patisi-pasyon fanm ak jèn yo

2. Lajan nan MISO yo ki bay teknik pou ogmante kotizasyon pou kès wouj ak kès vèt. Kòman epi kilè nou ka chèche fon ekstèn oswa lajan deyò

3. Gouvènans nan MISO ki pale kòman li dwe chapante, wòl enstans yo epi kòman gade bon relasyon antre yo

4. MISO a nan kominote l pou nou ka wè MISO a kòm yon zouti pou devlopman kominote a ak teritwa kote lap feraye.

Nou evite fè twòp teyori paske se yon gid ki ap pale de bon abitid nou dekouvri nan MISO yo.Nou sitou pale de bon aksyon yo ki fè prèv yo nan jan MISO yo viv ak fonksyone.

Page 13: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 13

Ankadre 1: Prezantasyon PAI

Prezantasyon Pwogram Aksè Inovasyon (PAI)

Pwogram Aksè Inovasyon (PAI) Oxfam lan ki jwenn finans-man Zafè Mondyal Kanada (AMC), sou 5e ak dènye ane egzekisyon li nan peyi Dayiti. PAI se te yon pwogram sou 5 lane (2015-2020). Li vize kontribiye nan amelyorasyon byennèt ekonomik ak sosyal kominote yo, sitou fanm ak jèn. Pou li fè sa, li itilize konpetans kèk Volontè kanadyen (Pwofesyonèl, teknisyen, jèn ak retrete, manm diaspora yo). Li sèvi tou ak konpetans ki soti nan peyi ki sou wout devlopman yo mele ak divès mwayen finansye. Manda Konseye teknik yo se chèche ogmante kapasite teknik, administratif ak finansye ògani-zasyon patnè yo nan peyi a, pèmèt yo inove epi kontribiye plis nan kwasans ekonomik dirab ak nan sekirite alimantè. Pwogram nan sitou apiye travay patnèl yo nan devlope antreprenarya ak mityèl solidarite (MISO). MISO yo pwouve ke yo se yon bon mwayen pou finanse aktivite rantab patnè nou yo ki mete òganizasyon sila yo anplas.

Plizyè inisyativ ak pwojè Oxfam mennen, chwazi MISO pou rive atenn popilasyon yo epi favorize otonomi ekonomik yo. Pami yo, nou ka site pwojè Fwontyè San Fòs Kote (FSFK) ak Pwogram Aksè Inovasyon (PAI). Nan youn oswa yon lòt, gason ak fanm, ati-zan, ti komèsan, agrikiltè, mete tèt yo ansanm pou kreye yon zouti finansye ak yon kote moun ap viv pou rezoud pwoblèm kominote yo, pou pratike solidarite, pou envesti ak pou devlope aktivite ki ran-tab. Gen jèn ki adopte zouti sa a tou pou pèmèt yo rantre pi byen nan systèm ekonomik ak finansye a.

Lè nou wè espwa ak siksè ki nan MISO PAI bay jarèt yo, nou kwè se yon priyorite pou nou ta valorize, mete devan tout bon abi-tid, tout bon bagay ki fèt nan yo.

Tout ekip PAI la swete gid sa a ap itil tout patnè lokal yo oswa òganizasyon sosyete sivil yo ki vle ale pi lwen ak eksperyans MISO yo nan peyi Dayiti.

Page 14: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo14

Page 15: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 15

ISTORIK AK ENPÒTANS MISO

Yon mityèl solidarite (MISO) se yon gwoup moun (jeneral-man 10 pou rive 50 moun) ki mete tèt yo ansanm pou chanje kon-disyon lavi yo epi jwenn aksè ak sèvis ke li finansye ke li pa finansye. Men kèk aktivite yon mityèl:

1.- Ranmase kotizasyon manm yo

2.- Prete manm yo lajan

3.- Fè bwase lide sou pwoblèm manm yo ak pwoblèm komi-note a

4.- Fè solidarite ak manm yo

5.- Patisipe nan devlopman kominote a

Pou sèvis finansye yo, MISO a genyen 3 kès:

1.- Yon kès vèt (kès biznis) pou manm yo kotize ak prete

2.- Yon kès wouj (Kès sekou) pou fè solidarite ak manm yo

3.- Yon kès ble (Kès lajan deyò) si mityèl la deside prete deyò.

Page 16: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo16

SA KI BON POU NOU KONNEN

2 non moun: Bernard Taillefer et Mamadou Sissoko. Taillefer se yon Fransè epi li se doktè nan zafè ekonomi. Sis-soko se yon Senegalè epi li se yon lidè peyizan.

Yon peyi: Senegal, se nan peyi sa a, nan yon lokalite yo rele Mehe premye MISO yo te kreye nan ane 1995.

Ayiti: Se nan ane 1997 Kolektif Finansman Popilè (KOFIP) kreye premye MISO yo an Ayiti

Kèk estimasyon KNFP fè ane 2018-2019 nan peyi Dayiti:

Kantite MISO: 5000 anviwon

Kantite manm: 150,000 (65% fanm)

Kotizasyon kès vèt: 400 milyon goud

Kotizasyon kès wouj: 24 milyon goud

Page 17: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 17

A- LAVI TÈT ANSANM

A-1. Kòman chwazi manm MISO yo?

Chwazi manm yon MISO se yon pwen kapital pou avni MISO a. Li enpòtan pou nou konnen sou ki baz pou nou chwazi manm yo. Nou pral analize kèk kritè pou lè nap chwazi manm yo:

D Nivo ekonomik

Yon mityèl pi solid lè moun ki ladan l yo, gen apeprè menm fòs ekonomik. Sa pèmèt nou diminye pwoblèm nou ka jwenn nan fikse kotizasyon yo paske tout manm yo gen menm fòs. Montan ki ap pwopoze yo pap twò diferan. Se menm sitiyasyon an pou kredi yo, moun ki gen plis mwayen yo vle prete gwo kòb konsa li ka pa kite pou rès yo.

Page 18: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo18

Nou rekòmande pou yon MISO gen moun ki gen menm fòs ekonomik.

D Aktivite ekonomik

Eske manm MISO yo dwe ap mennen menm aktivite ekono-mik sètadi eske yo dwe gen menm sous revni tankou komès, agrikilti, ebenis, pwofesè lekòl? Sa nou konstate nan MISO yo montre li pa nesesè pou tout manm yo ap fè menm aktivite. Pifò MISO yo gen moun ki mennen aktivite ki diferan men yo fonksyone trè bien.

Si manm yo ap egzèse menm aktivite, sa fasilite envestis-man kolektif yo. Pa egzanp nan Limonad, nou jwenn yon MISO kote tout manm yo se ajan veterinè. MISO sa a pran enpe nan lajan kès vèt la pou li fè yon famasi veterinè kolektif pou manm yo achte medikamen veterinè a meyè mache. Sèl ti pwoblèm, piske se gason ki pi souvan aprann metye sa a, se yon fanm sèlman nou jwenn nan MISO sa a. Mityèl la oswa lòt òganizasyon kafè yon bwase lide pou debat sou kesyon poukisa nou pa gen anpil fanm kòm ajan veterinè epi yo ka chèche kòman yo ka ede medam yo pratike aktivite eko-nomik yo pa abitye fè.

Nan zòn Lakil Gwo Mòn, gen yon MISO ki gen kiltivatè ak kiltivatris epi ki fè estokaj gren ak semans. Pandan peryòd rekòt, MISO a pran enpe lajan nan kès vèt la pou li achte gren nan men manm yo ak moun ki pa manm. Yo pran yon pati nan gren sa yo pou yo fè semans, lòt la pou moun manje. Pandan peryòd danre yo ra ak lè moun ap plante oswa simen, moun ki nan MISO a ak kominote a asire y’ap jwenn yon estòk rezèv kolektif. Sa ki bon, MISO a pataje benefis yo ak tout manm yo ren pou ren. Konsa, pèsòn pa pèdi..

D Adrès (Kote ou rete), lokalite

Rete nan menm zòn ka soude manm yo, lòt avantaj li ka pote se evite moun yo mache twòp oswa depanse twòp kòb transpò. Li posib nou jwenn moun ki pa abite menm zòn men ki gen yon menm pwen rankont. Pa egzanp, moun ki ap travay menm kote ka fè yon

Page 19: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 19

MISO ki reyini nan espas kote y’ap travay la. Pa egzanp pwofesè ka reyini nan lèkòl la, etidyan nan inivèsite a, machann nan mache a depi sa posib,

D MISO fanm ak gason

Eske li pi bon pou gen MISO fanm apa, MISO gason apa oswa MISO miks kote gasaon ak fanm melanje? Nou jwenn tou le 3 kategori yo an Ayiti sètadi MISO FANM sèlman, MISO gason sèlman ak MISO miks men gen plis MISO miks. Nou pa ka di rezilta MISO a depann de si gwoup la miks oswa li pa miks. Men nou dwe veye pou gen plis jistis ant fanm ak gason nan MISO miks yo sitou nan pataj plas ki nan komite yo. Pa egzanp, nou te vizite yon zòn ki gen 14 MISO miks, nou jwenn 14 gason prezidan. Anpil kote, gen plis fanm nan MISO a men gen plis gason nan komite yo. Se poutèt sa, gen de kote yo oblije òganize eleksyon yo yon fason pou medam yo byen reprezante nan komite yo. Nan zòn Batis-Beladè, lè gen eleksyon, medam yo mete ansanm yo voye kandida pa yo epi mesye yo fè menm jan an. Gwoup ki gen plis manm lan voye plis kandida. Pa egzanp, si se 7 moun ki pou nan komite a, gwoup ki majoritè a, ap voye 4, lòt ap voye 3. Konsa nou gen 7 moun yo. Nou ka itilize metòd separasyon fanm ak gason sa a tou lè nou bezwen pran yon desizyon epi nou bezwen konnen ki sa chak gwoup panse.

Pa egzanp lè nou bezwen fè yon envestisman kolektif, nou mande fi yo fè yon gwoup, nou mande gason yo fè yon gwoup, Yo chak fè bwase lide antre yo epi apre yo rankontre pou fè deba epi pran yon desizyon. Omwen, metòd sa a pèmèt nou konnen sa fanm yo panse ak sa gason yo panse.

D Laj (jenerasyon)

Lè nap pale de menm jenerasyon nou vle sitou pale de laj. Si nou base nou sou dokiman Nasyonzini nou ka di gen 4 kategori: Timoun (mwens ke 15 zan), jèn (15-24 an) 4 granmoun adilt (25-65 an) ak moun aje oswa ti granmoun (plis pase 65 an).

4 Yon dokiman ministè lajenès an Ayiti di jiska 35 an yo ka konsidere w kòm jèn.

Page 20: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo20

Se granmoun (adilt) nou plis jwenn nan MISO yo sètadi moun ki gen laj 25 pou rive 65 ane. Pi souvan se moun ki gen res-ponsablite familyal, ki gen youn oswa plizyè timoun. Gen MISO ki asepte adilt yo ouvri yon kanè pou timoun. Jèn moun yo pa twò cho pou rantre nan MISO. Lè yo resi rantre, yo pa tèlman patisipe.

Anplis ouvri kanè pou timoun, gen 2 nouvote nou kòmanse jwenn: MISO timoun ak MISO jèn. Yo fè MISO timoun yo pou yo aprann yo fè ekonomi, sere lajan. Nou jwenn MISO sa yo nan Lati-bonit, se yon inisyativ yon kès popilè ki nan depatman an. MISO jèn yo pa gen lontan nan peyi a. MISO sa yo fasilite patisipasyon jèn yo men li ka nesesè lè y’ap demare pou yo jwenn yon akonpayman moun oswa òganizasyon ki pi eksperimante.

Pa gen laj pou rantre nan MISO. Nou ankou-raje jèn yo fè pwòp MISO pa yo. Konsa y’ap metrize l plis epi y’ap patisipe plis. Yon MISO ka ede timoun yo nan edikasyon finansyè

sitou si MISO sa a tou nan lekòl li. Yon MISO ka gen plizyè jenerasyon moun ladan l men fòk nou veye pou tout moun patisipe kòmsadwa.

D Relijyon

MISO yo pa dwe chwazi moun sou baz relijyon yo. Jeneral-man, nou jwenn nan MISO yo moun tout relijyon men nou jwenn kèk MISO ki nan legliz. Lè sa a moun yo gen menm kwayans. Menm si se moun ki gen menm kwayans, manm yo dwe merite konfyans. Epi yon moun dwe gen libète l pou li rantre nan MISO a. Yo pa dwe fòse l.

D Nivo edikasyon

Ou pa bezwen fè gwo klas pou w manm oswa jere yon MISO. Se moun serye ak onèt yon MISO plis bezwen men li bon pou gen kèk manm ki konn li, ekri ak fè kalkil paske MISO a gen dokiman, fòk gen manm ki ka sèvi ak yo. Si MISO a pa gen moun ki twò konn li ak ekri, gen modèl ki adapte pou sa. Modèl sa yo sèvi ak

Page 21: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 21

desen epi yo plis chita sou memwa kolektif ak konfyans. Yon MISO dwe chita plis sou konfyans olye sispèk moun. Se poutèt sa, fòk nou byen chwazi manm yo.

A.2- Kòman devlope konpetans manm yo?

Konpetans gen pou pipiti 3 dimansyon ki enpòtan. Se konesans (savoir), aplikasyon (savoir-faire) ak pèsonalite (savoir-être).

Kòman devlope konpetans manm MISO yo? Kòman ede enstans MISO yo jwe wòl yo kòmsadwa? Tout enstans yo dwe devlope konpetans yo. Se yon bagay ki enpòtan anpil pou devlopman MISO a. Men enstans yo:

Enstans nan MISO a

Pi gwo travay

Asanble jeneral (Chak manm)

• Patisipenanreyinyonyo• Kotizenankèsyo• Resewaakranbousekredi• ChwazidirijanMISOa• Veyesidirijanyofètravayyo• Fèsolidariteyounpoulòt• Pranoswabaydizonsoutoutdesizyon

kikonsèneMISOa

Komite jesyon MISO a

• Dirijeakfasilitereyinyonyo• SèviakdokimanMISOaepi fèkonta-

blitel• AsiresekiritelajanakbyenMISOa• AsiredevlopmanMISOa• ReprezanteMISOa• Ede MISO gen patnè ak patisipe nan

lavikominotea

Komisyon espesyal yo

• Fètravayyomandekomisyonanfè

Page 22: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo22

Men kèk fason oswa aktivite pou devlope yon konpetans:

ͷ Pran fòmasyon

ͷ Jwenn enfòmasyon

ͷ Fè lekti

ͷ Patisipe nan travay la (Fè pratik)

ͷ Vizite lòt MISO

ͷ Twoke lide, fè bwase lide

ͷ Elatriye

Nou pral bay detay sou fòmasyon

Fòmasyon

Li enpòtan pou manm MISO yo pran fòmasyon avan yo mete MISO a sou pye. Se menm bagay la pou òganizasyon ki vle akonpaye MISO yo. KNFP ak KOFIP ak kèk lòt òganizasyon ofri bon jan fòmasyon. Yon fòmasyon ka dire 5 pou rive 20 jou. Men gwoup moun ki pi bezwen fòmasyon:

ͷ Akonpayatè oswa pwomotè MISO

ͷ Manm komite jesyon MISO a

ͷ Manm òdinè MISO a

Nou pral bay kèk konsèy pou chak gwoup moun sa yo

Fòmasyon akonpayatè oswa pwomotè MISO

Nou rele akonpayatè oswa pwomotè yon moun oswa yon òganizasyon ki deside ede popilasyon yo mete MISO sou pye oswa ranfòse yo. Pou sa rive fèt, moun akonpayatè a mete pou fè tra-vay sa a dwe byen konnen kisa MISO a ye. Pi souvan, moun sa yo pote tit ajan, ajant, animatè, animatris. Fòmasyon ap ede yo fòme manm MISO epi konnen ki wòl MISO yo ka jwe nan chanje lavi moun. Konsa zouti sa a ka rantre nan estrateji òganizasyon an pou apiye kominote yo. Fòmasyon yon ajan ka pran jiska 20 jou.

Page 23: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 23

Fòmasyon manm komite MISO yo oswa gwoup inisyativ pou mete MISO sou pye

Gen dwa se yon manm nan kominote a oswa yon òganis pwomotè ki pran inisyativ oswa aksyon pou kreye yon MISO. Men sa ka rive yo pa gen ase mwayen pou fòme tout manm MISO a. Si sa rive, nou ka fè fòmasyon pou 2 ou 3 moun ki ap reprezante MISO ki pral parn nesans la. Moun sa yo ap rele Gwoup inisyativ (GI) MISO ki pral kreye a. Manm GI ap tou manm MISO ki pral kreye a. Lè yo fini pran fòmasyon, yo pral chwazi lòt moun ki pral manm MISO a epi y’ap fòmè manm sa yo pandan reyinyon MISO a ap fèt.Manm Gwoup inisyativ yo tou manm premye komite jesyon MISO a. Sa ba yo okazyon pou antrene lòt manm ki vini konplete komite a. Si òganis pwomotè a gen mwayen, li ka fè oswa kòmande yon fòmasyon espesyal pou manm komite jesyon an.

Fòmasyon manm yo

Lè pa gen mwayen pou fòme tout manm MISO yo, se Gwoup inisyativ la ki chaje pou fè sa.Gwoup la pa bezwen fè fòmasyon jan li te suiv li a sètadi modil apre modil. Fè estati MISO atik apre atik se li ki fòmasyon manm yo. Li ak esplike chak atik estati a ap pèmèt manm yo konnen MISO a ak jan li fonksyone.Se yon bon fason ki pa koute chè pou nou fòme manm yo pandan reyinyon MISO yo ap tou fèt. Sa evite nou fè depans manje ki se yon gwo chaj lè n’ap fè fòmasyon.

Page 24: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo24

Ankadre 2: GARR-OXFAM-FSFK : Yon ekspe-ryans fòmasyon nan Batis-Beladè

GARR-Oxfam : Yon eksperyans fòmasyon nan Bâtis

Soti jiyè 2018 rive jen 2019, yon pwosesis kòmanse nan Batis pou kreye MISO. Se kès popilè CRESES1 ki pran desizyon pou òganize yon pati nan manm yo an MISO. CRESES soti anndan UCO-CAB2 ki se yon rezo 8 koperativ pwodiktè ak pwodiktris kafe nan komin Batis. Yon rankont te òganize ak tout dirijan 8 koperativ yo plis CRESES pou esplike yo ki sa MISO a ye epi kòman li ka yon fòs pou koperativ yo ak CRESES. Apre konsantman dirijan yo, yon plan mete sou pye pou rive mete MISO yo sou pye. Objektif la se yon MISO pa koperativ. Men rezime plan an:

ͷ Chak koperativ plis CRESES ap voye 2 moun pou suiv fòmasyon an sa fè 18 moun.Se moun sa yo ki Gwoup inisyativ la

ͷ Moun sa yo dwe manm koperativ la epi yo dwe fè pati MISO yo pral kreye a

ͷ Moun yo ap suiv 5 modil fòmasyon

ͷ Apre fòmasyon patisipan yo pral kreye yon MISO pou pipiti nan zòn yo

ͷ Se evalyasyon MISO a ki pral sèvi pou bay patisipan yon sèti-fika (Fèy evalyasyon an nan aneks 5)

ͷ Apre yon tan MISO yo ap enskri nan CRESES kòm manm. Konsa MISO yo ap ka sere kòb epi jwenn kredi pou kès ble nan CRESES

Men rezilta pwosesis la:

ͷ Yon total 27 moun (10 fanm, 17 gason) swiv fòmasyon an men se 16 (6 fi) ki swiv tout modil yo

ͷ Yon total 10 MISO kreye.

1 CRESES: Caisse Régionale pour la Solidarité Économique et Sociale2 UCOCAB : Union des Coopératives Caféière de Baptiste

Page 25: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 25

Sa pou nou sonje nan eksperyans sa a, se kole ansanm fòmasyon ak kreye MISO. Se kreye MISO a ki sèvi kòm egzamen pou patisipan yo.

Foto- Reprezantan koperativ yo resevwa apre fòmasyon an nan men OXFAM-Pwojè Fwontyè san fòs kote (FSFK) yon kit zouti pou

ale kreye MISO nan zòn yo. (Foto Emmanuel Mondésir)

Page 26: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo26

A.3- Kòman ankouraje manm yo vini nan A.3- Kòman ankouraje manm yo vini nan A.3- Kreyinyon?

Patisipe nan reyinyon se souvan yon gwo defi nan MISO yo. Fòk nou fè diferans ant prezans ak patisipasyon. Pezans lan enpò-tan pou patisipe men yon moun ka prezan men li pa patisipe kòm-sadwa.

Pou ankouraje manm yo vini nan reyi-nyon epi patisipe nan aktivite yo sa mande pou komite a gen lidèchip. Men kèk sekrè pou MISO ki gen anpil patisi-pasyon:

- Reyinyon yo fèt nan yon jou ak yon lè ki bon pou tout moun

- Komite a fèm sou prensip yo- Gen konesans ki bay nan reyinyon yo ak ti moman

lwazi- Evite reyinyon yo twò long (2 zèdtan- pou rive 3 zè,

pa plis)- Gen sanksyon tankou penalite pou absans ak reta san

rezon- Si yon moun pa peye penalite, li gen yon dèt ke MISO

a pran lè yap pataje eksedan yo (benefis)

A.4- Kòman ankouraje patisipasyon fanm yoA.4- Kòman ankouraje patisipasyon fanm yoA.4- K nan MISO yo?

Patisipasyon fanm yo chita sou 2 nivo: 1- Gen fanm ki manm MISO 2- Yo manm-dirijan. Lè se fanm sèlman ki manm MISO a, pwoblèm nan poze yon lòt jan, gen de kategori fanm ki ka mal repre-zante epi yo ka mete yo sou kote kèk fanm parèy yo.

Page 27: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 27

Lè MISO a miks men sa pou nou veye:

Relasyon san fòs kote nan kredi: Veye pou se pa yon gwoup ki ap pran gwo kredi epi pa kite ase pou lòt.

Relasyon san fòs kote nan pran desizyon yo: Veye pou se pa yon gwoup ki ap deside pou yon lòt. Pa egzanp lè reyinyon yo ap fèt dwe bon ni pou fanm, ni pou gason. Desizyon sa a pa dwe chita sou vòt majorite a sèlman. MISO a dwe veye pou yon gwoup santi l alèz nan desizyon ki pran yo, menm si li an minorite.

Relasyon san fòs kote nan pòs dirijan yo: Nan komite yo dwe gen reprezantan 2 gwoup yo (fanm kou gason)

Gen 3 aksyon ki enpòtan pou favorize jistis ant fanm ak gason nan jesyon MISO a:

1. Fanm yo reprezante (Gen bon kou fanm ak gason nan MISO a)

2. Mwatye fanm, mwatye gason nan komite a (depi gen kantite moun pou sa)

3. Konpetans fanm yo ranfòse. Fòk nou veye pou se pa gason sèlman ki ale nan fòmasyon yo epi nou pran yon seri mezi pou ankouraje patisipasyon fanm yo.

Men kèk rezon fanm yo rapòte ki fè yo pa rantre nan MISO yo:

ͷ Yo pa gen okenn aktivite ekonomik kidonk yo pap ka kotize nan MISO a

ͷ Travay nan kay la pran tout tan yo

ͷ Fòk yo negosye ak mari yo si yo dwe pran nan kòb kay la pou kotize

ͷ Yo santi yo pa alèz oswa san valè pami gason yo nan MISO a

Men sa medam yo di yo ka benefisye nan yon MISO

ͷ Y’ap aprann fè epay lajan

ͷ Y’ap jwenn kredi

ͷ Y’ap aprann jere lajan yon gwoup

ͷ Y’ap ka pratike solidarite epi patisipe nan lavi kominote a

Page 28: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo28

A-5. Kòman ankouraje patisipasyon jèn yo nan MISO yo?

Jeneralman nou pa jwenn anpil jèn nan MISO yo. Si nou baze sou laj, nou ka di yon jèn se yon moun ki gen 15 pou rive 35 lane selon yon doki-man ministè lajenès an Ayiti. Nou sitou jwenn kèk jèn fi ki gen responsablite tankou pran swen pitit. Pi gwo tranch laj nou jwenn nan MISO yo se 35 pou rive 60 lane.

Men rezon jèn yo bay ki fè yo pa rantre nan MISO yo:

ͷ Yo pap mennen okenn aktivite ekonomik, yo pap jwenn kòb pou kotize

ͷ Yo ale lekòl, yo pa gen tan

ͷ Yo santi yo etranj nan mitan granmoun yo

Men sa jèn yo ka jwenn nan yon MISO:

ͷ Aprann fè ekonomi

ͷ Jwenn lajan prete

ͷ Aprann jere lajan ak yon gwoup

ͷ Fè solidarite epi patisipe nan lavikominote a

ͷ Devlope relasyon ak lòt jèn

Page 29: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 29

Ankadre 3: Istwa MISO Jèn Sen Michel Latalay

Istwa Mityèl Solidarite Platfòm Jèn Sen Michel Latalay (MISO PJSMA)

PAI-Oxfam apiye plizyè patnè nan Sen Michèl Latalay (SOFA, COTRAMENNANMEN, COOPEDSA, COTRAFRUIPLA). Patnè sila yo tande pale de MISO epi yo deside devlope zouti sa a nan Sen Michèl. Pami patnè yo, gen Platfòm jèn Sen Michèl Latay. Platmòm sila a se 15 òganizasyon jèn nan komin lan ki mete ansanm pou fè l.

Nan lide pou mete yon MISO jèn anndan platfòm nan, nan mwa mas 2018, yon delegasyon jèn ale nan Gwo Mòn (Lati-bonit) pou vizite MISO ki egziste deja. Yo vizite 3 MISO men lè yo retounen nan Sen Michèl yo pat santi yo alèz pou kreye MISO a. Youn nan rezon yo bay se paske tout MISO yo vizite yo, se gran-moun ki an majorite ladan yo (35 lane ak plis). Jèn yo sòti ak yon santiman mityèl la se yon zafè granmoun.

Konseye teknik PAI pou otonomizasyon ekonomik pwo-poze jèn yo pou yo ale vizite MISO ki gen jèn sèlman nan komin Limonad3. Se konsa nan mwa dawou 2018, PAI-Oxfam finanse ak òganize yon dezyèm vizit echanj nan Limonad. Jèn yo vizite 2 MISO jèn nan Limonad. Pandan rankont sila a jèn yo jwenn repons nan kesyon ki tap trakase yo tankou: kòman yon jèn ki pap travay ka kotize? Eske yon jèn ki ap etidye ka nan MISO? Ki akti-vite ekonomik jèn yo ka mennen? Ki itilite yon MISO pou yon jèn?

Jèn Sen Michèl tèlman satisfè de vizit la, trant (30) ladan yo swiv apre vizit la, yon fòmasyon PAI finanse pou yo epi nan mwa septanm 2018 yo lanse MISO pa yo a. Men rezilta MISO sila a apre yon lane (1 reyinyon pa mwa):

Page 30: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo30

Kantite manm: 22; Kantite fi: 8 Total kotizasyon kès vèt: 66,000 goud4;

Total kotizasyon kès wouj: 4,981 goud. Kantite ristoun pataje: 13,555 goud (moun ki prete ak sere jwenn 658 goud, moun ki sere sèlman jwenn 554 goud).

Chak manm kotize 250 goud pa mwa nan kès vèt. Pou yo kotize, yo sèvi ak lajan paran yo ba yo, yo pran nan aktivite ekono-mik yo mennen oswa yo fè yon antant ak paran yo.

Fòmatè ak Jèn platfòm jèn Sen Michèl Latalay apre seyans fòmasyon sou MISO (out 2018) PAI-OXFAM òganize. (Se yon patisipan ki fè foto a)

Page 31: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 31

A-6. Kòman devlope bon jan solidarite nan MISO yo?

Nou rele solidarite anndan MISO yo, predispozisyon ak rezolisyon manm yo pran pou yon soutni youn lòt nan diferan moman nan lavi MISO a ak nan lavi manm lan. Se yon relasyon youn ede lòt san espri dominasyon oswa tire avantaj.

Nan MISO, gen solidarite ak lajan oswa byen materyèl epi gen solidarite san lajan. Kès wouj la se zouti MISO a pou solidarite ak lajan. Nan pati sa a nap sitou pale de solidarite san lajan.

Nou jwenn plizyè fòm solidarite san lajan nan MISO yo:

ͷ Toujou pare pou koute pwoblèm manm yo epi gade si MISO a ka ede l

ͷ Vizite yon manm ki ap viv yon moman difisil: maladi, lanmò, elatriye

ͷ Patisipe nan bon evennman yon manm ap viv: maryaj, komin-yon, gradyasyon, elatriye

ͷ Bay kout men nan kèk tach lè gen yon evennman: fè lesiv, fè manje, travay jaden, elatriye

3 Si nou bezwen plis detay sou vizit echanj lan, gade 3 videyo sa yo sou Entènèt : https://www.youtube.com/watch?v=Z6W-Z1DVt_Y ,

https://www.youtube.com/watch?v=asI2AEppGsI ak https://www.youtube.com/watch?v=fgWEZqlXLWg&pbjreload=10

Page 32: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo32

4 Nan mwa out 2019: 1 dola ameriken = 94 goud5 Nou jwenn menm eksperyans sa a nan 3 lòt seksyon nan Gwo Mòn.

Ankadre 4: Kèk egzanp solidarite nan mityèl

Solidarite fè moun panse yon lòt jan sou MISO a

Papa m pat twò cho pou m rantre nan MISO jèn yo.Men li chanje lide konplètman apre li te frape pa yon maladi. Pandan maladi a mete l kouche, se manm mityèl la ki premye rann li vizit. Yo bali kouraj yo menm fè yon ti jès finansye ak nou.

Fèt anyèl nan Lachapèl

Chak ane medam MISO AFASDAH nan Lachapèl pataje eksedan (benefis) MISO a. Se yon okazyon pou yo fè yon bèl fèt kote manje ak mizik gaye. Lè nou konnen anpil nan manm MISO yo nan kategori sosyal ki pa gen lwazi souvan, fèt sa a se yon bagay ki enpòtan anpil.

Mityèl ede m jwenn yon djòb (Limonad)

Yon jèn nan Limonad apre entèvyou jwenn yon djòb kòm kontab. Yo di misye pote diplòm li kòm prèv. Pwoblèm li, li pat gen mwayen pou peye lekòl la pou li pran diplòm lan. Li ale nan MISO a li esplike sa, yo prete li kòb pou li ale peye lekòl la. Konsa misye rantre nan djòb la. Lè li touche li ranbouse MISO a.

Page 33: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 33

B- ZAFÈ LAJAN

B-1. Kòman ankouraje manm yo kotize nan kès vèt?

Kotizasyon kès vèt la se yon aktivite enpòtan pou asire oto-nomi MISO a sètadi pou ede l granmoun tèt li. Men sa kès vèt la pote:

ͷ Li ede manm yo fè ekonomi (sere lajan)

ͷ Li ede manm yo jwenn kòb prete

ͷ Li ede manm yo jwenn ristoun lè gen eksedan (benefis) sètadi lè enterè ki ramase yo pi plis pase depans MISO a.

Sonje se sèl manm MISO a ki ka kotize epi prete kòb nan MISO a.

Page 34: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo34

Tout manm dwe alèz ak montan koti-zasyon yo. Gen MISO ki mete kotizasyon an byen wo sa fè kèk manm mal pou

jwenn li. Sa ka fè yo pa vini nan reyinyon. Pito kotizasyon an ba men tout manm alèz. Manm ki gen plis mwayen yo pa dwe chèche jennen lòt yo epi enfli-yanse desizyon yo.

Nou rekonèt tank gen plis kotizasyon tank manm yo ka jwenn plis kòb prete. Men kèk fason kèk MISO fè pou ogmante lajan kès vèt la:

ͷ Ogmante kotizasyon an lè gen lajan nan zòn nan tankou lè rekòt, lè gen bon lavant. Konsa gen MISO ki gen 2 montan koti-zasyon pa ane.

ͷ Fè yon kotizasyon espesyal youn ou 2 fwa nan lane a

ͷ Fè lòt kotizasyon tankou Kotizasyon edikasyon

Li enpòtan pou MISO yo pa kraze kès vèt chak ane pou remèt tout manm kotizasyon yo jan yon seri de gwoup ap fè sa.Nou pa ankouraje manm yo fè retrè nan kès vèt la. Si gen yon bezwen, manm nan ka prete oswa eseye lòt posiblite.

Si MISO jwenn presyon manm yo pou pataje kotizasyon kès vèt la, fòk sa fèt nan fen ane fiskal MISO a epi fòk li pa distribye tout kòb la. Men sa nou rekòmande si MISO a oblije pataje nan kotizasyon kès vèt la:

ͷ Fòk se yon MISO ki gen pou pipiti 2 lane depi l ap fonksyone

ͷ Fòk pataj la pa depase mwatye lajan manm yo genyen

ͷ Fòk se tout manm ki patisipe nan pataj la epi jwenn menm valè

ͷ Si yon manm gen reta kotizasyon, MISO a dwe tou konble reta a epi bali kotizasyon ki pou pèmet li rete menm kòb ak tout manm. Kidonk lap jwenn mwens kòb nan pataj la.

Page 35: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 35

Kotizasyon edikasyon se yon bon fason pou ogmante lajan kès vèt la epi fè timoun yo kòmanse konnen ki sa MISO a ye. Kòman sa fèt?

MISO a pèmèt paran yo ouvè kanè pou timoun yo. Chak reyinyon yo kotize pou timoun yo. Pafwa yo menm vini ak timoun yo nan reyinyon an men se pa obligatwa. Kanè a fèt sou non timoun yo men timoun nan pa gen dwa prete. Rive mwa dawou, lè lekòl pral louvri, paran an ka retire kotizasyon an si li vle pou li achte oswa peye lekòl pou timoun nan.

B-2. Kòman ogmante eksedan kès vèt la?

Nou rele eksedan sa ki rete nan kès vèt la, lè MISO a retire depans yo nan kòb enterè, amann, lavant, elatriye MISO a fè. Chak MISO ap fikse yon dat chak ane pou li kalkile eksedan yo. Pi sou-van nou rele eksedan yo benefis men selon prensip ekonomi sosyal ak solidè, yon MISO pa fè benefis paske MISO a se pou manm yo, manm yo pa ka fè benefis sou pwòp tèt yo, se poutèt sa nou pale de eksedan. Menm jan ka gen eksedan, ka genyen pèt tou si MISO a fè plis depans pase sa li ramase kòm enterè ak amann oswa penalite.

Mete yon to enterè byen wo pèmèt nou ogmante eksedan yo men sonje nou te monte MISO a pou nou soti anba kout ponya. Nou dwe mete yon enterè ki aseptab pou tout manm yo. Men kòman nou ka ogmante eksedan yo:

ͷ Mete yon to enterè ki akseptab sou kredi yo. To a pa dwe ni twò ba, ni twò wo

ͷ Ankouraje manm yo peye enterè yo ak penalite yo

ͷ Bay plis kredi posib, fè kòb la woule

ͷ Ankouraje manm yo remèt kòb yo prete atan

ͷ Fè mwens depans (zouti jesyon, frè transpò, elatriye). Fè de-pans ki nesesè sèlman.

Page 36: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo36

ͷ Fè yon envestisman kolektif ki rantab epi ki itil (lè MISO a pare pou sa)

B-3. Kòman pataje eksedan kès vèt la

Eksedan yo se pou manm MISO a yoye. MISO a dwe gen yon dat kote li klotire egzèsis fiscal li. Konsa lap fè rapò ane a pou li wè si gen eksedan oswa si gen pèt. Si gen pèt, MISO a dwe konnen kijan la kouvri pèt la. Eske l’ap fè yon kotizasyon espesyal oswa eske l’apkouvri l nan egzèsis ki ap vini yo. Si MISO a deside fè yon koti-zasyon espesyal, sonje yo pap anrejistre li sou kanè manm yo. Ale nan Gid pou kreye ak jere MISO a pou nou wè kòman fè kalkil yo5.

Pou plis jistis, eksedan an dwe separe ak moun ki sere epi ak moun ki bon pretè. Yon bon pretè nòmalman se moun ki prete epi ki remèt nan dat ki fikse a.

Nou ka fè 3 lo ak eksedan yo:

ͷ Yon lo pou pataje ak moun ki kotize. Chak moun ap jwenn menm valè. Si yon moun gen reta kotizasyon, dèt kredi oswa penalite, ristoun nan ap sèvi pou peye reta yo

ͷ Yon lo pou moun ki prete epi ki te remèt alè. Nou ka divize montan lo a pa kantite moun yo epi ba yo chak menm valè. Nou ka fè l selon kantite lajan moun nan te prete. Tank li prete plis, tank lap jwenn plis.

ͷ Yon lot lo pou fon rezèv MISO a.

B-4. Kòman ankouraje manm yo kotize nan kès B-4. Kòman ankouraje manm yo kotize nan kès B-4. Kwouj?

Kès wouj la rele Kès solidarite oswa kès sekou. Se ak li manm MISO a jwenn mwayen pou fè yon jès pou yon manm ki nan

5 Ale sou sit entènèt sa a pou nou jwenn gid la : http://knfp.org/knfp/ressources/20200206154839.pdf

Page 37: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 37

difikilte tankou ka maladi, lanmò, elatriye. Gen mityèl ki ede manm ki ap viv yon bon moman tankou maryaj, gradyasyon.

Li enpòtan pou nou byen esplike moun yo enpòtans kès wouj la. Gen moun ki di yo pa janm jwenn anyen nan kès wouj la paske depi yo manm okazyon an poko janm prezante pou yo. Fè yo konprann sa ka rive poko gen okenn okazyon pou yon moun jwenn men sa ki pi enpòtan se pa sa ou jwenn se sa ou ede yon lòt jwenn: Se sa solidarite a ye.

Li enpòtan pou nou mete espri solidarite devan lè nap ankouraje moun yo kotize nan kès wouj la.Nou dwe byen esplike enpòtans solidarite a. Se yon leson pou nou toujou ap

repete nan MISO a.

Page 38: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo38

B-5. Relasyon kès wouj ak kès vèt

Nòmalman lajan kès wouj la dwe sèvi pou fè solidarite ak manm ki nan pwoblèm oswa ki ap viv yon bon evenman nan lavi li. Gen MISO ki gen abitid pran nan kès wouj pou konplete yon prè yo vle fè nan kès vèt paske manke lajan. San nou pa kalifye pratik sila a, nou konseye evite pran twòp kòb nan kès wouj la pou fè sa, paske nou ka gen bezwen lajan an san zatann. Malè pa gen klaxòn, li ta bon pou nou pa retire plis ke 25 % nan lajan ki nan kes wouj la pou konplete kès vèt la.

Fòk gen anpil transparans ak jistis lè nap sèvi ak kès wouj la. MISO jèn Sen Michèl Latalay fikse ki pousantaj lajan yon manm ka resevwa pou chak ka oswa evènman.

Lanmò 20%; maladi 10% ; maryaj : 5%

B-6. Ki avantaj ak menas kès ble MISO a?

Kès ble a la pou kredi MISO a resevwa nan men yon lòt enstitisyon, yon lòt moun oswa yon òganizasyon. Yo rele li prè deyò.

Page 39: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 39

Kès ble a la pou ranfòse kès vèt la oswa pou MISO a fè yon biznis kolektif tankou yon poulaye, yon boulanje, elatriye.

Avantaj:

ͷ Li pèmèt MISO a gen plis kòb pou li fè kredi,

ͷ li pèmètMISO devlope relasyon ak lòt enstitisyon

Menas :

ͷ Lè kès ble a resevwa lajan (kredi oswa don) twò bonè, li fè manm yo pa pran tan pou konprann ki sa MISO a ye

ͷ Pi souvan manm yo pa remèt ni lajan kotizasyon manm yo ke yo te prete a, ni lajan kès ble a lè lajan sa a vini twò bonè nan lavi MISO a

ͷ MISO ap pase pou pa serye lè li pa remèt lajan prete deyò a. Li ka tou kraze.

Li ta pi bon pou yon MISO tann yon lane pou pi piti avan li resevwa lajan prete deyò oswa don.

B-7. Kòman MISO a ka ogmante lajan kès ble a

Yon MISO pa bezwen kès ble pou li egziste men lè yon MISO vle prete deyò li dwe aplike prensip sila yo:

ͷ MISO a dwe gen matirite avan li prete deyò (yon lane egzistans pou pipiti)

ͷ Asanble jeneral la dwe jwenn enfòmasyon sou prè a epi li dwe dakò

ͷ Prete MISO kòb pa bay pretè a dwa kontwole MISO a ak pase li lòd

ͷ Dwe gen papye ekri ki di: ki kantite kòb prè a ye, ki kantite en-terè, pou konbyen tan. Fòk MISO a ak pretè a gen yon kopi.

ͷ Prè yo pa dwe pou yon tan twò kout defason pou MISO a ka gen

Page 40: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo40

tan prete manm li yo epi ramase ranbousman yo. (Yon lane pou pipiti ta pi bon)

ͷ Kredi deyò a pa dwe pi chè oswa gen menm to enterè ak prè anndan MISO a

ͷ MISO a dwe chèche lajan ki gen to ki pi ba a. Se pou MISO a negosye to enterè a.

Men kèk konsèy ki ka ede yon MISO jwenn oswa ogmante lajan nan kès ble a:

ͷ Yon manm ki gen yon kòb li poko bezwen gen dwa fè MISO a yon prè

ͷ Yon notab oswa yon moun manm nan konnen (fanmi, zanmi) ka prete MISO a. (Nou jwenn sa nan komin Batis)

ͷ Yon MISO ki gen anpil lajan ka deside prete yon MISO parèy li

ͷ Fè MISO mitan6. MISO mitan an la pou prete MISO debaz yo lajan.

ͷ Ale nan yon kès popilè oswa yon enstitisyon finansyè pou chache kredi

B-8. Kòman MISO yo ka fè envestisman kolektif

Gen MISO ki gen kèk lane depi yo egziste (3 lane pou pipiti), ki deside fè yon envestisman kolektif defason pou yo satisfè manm yo oswa pou yo fè benefis.

Nou rele yon envestisman oswa yon biznis kolektif, yon aktivite rantab MISO a deside mennen pou li fè benefisnan non manm yo. Men kèk biznis kolektif nou jwenn MISO yo fè:

ͷ Yon famasi veterinè, Se yon MISO ajan veterinè ki fè l. Yo achte medikaman angwo epi yo revann manm yo ak lòt moun. Sa pèmèt manm yo jwenn medikaman an epi MISO a fè kòb.

ͷ Estokaj semans: MISO a achte semans oswa lòt grenn pandan rekòt epi lè sezon plante li revann manm yo ak lòt moun. Sa

6 Yon MISO mitan se plizyè MISO debaz ki mete ansanm pou kreye yon MISO. N’ap pale pi devan de MISO mitan nan pwen «Mete MISO yo an rezo».

Page 41: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 41

pèmèt manm yo jwenn semans epi MISO a tou fè kòb.

ͷ Achte machandiz angwo: Nan MISO yo nou jwenn anpil detayan men ki oblije ale byen lwen pou achte (Pwodui aliman-tè, kosmetik, atik menaje, …). MISO a deside achte angwo epi revann manm li yo. Sa diminye oswa elimine frè transpò pou manm yo.

Men kèk kondisyon pou yon MISO fè yon biznis kolektif:

● Fòk MISO ta genyen 3 lane pou pipiti depi li egziste

● Envestisman kolektif pa dwe kraze biznis manm yo, li pa dwe fè manm yo konkirans

● Fòk MISO a gen ase lajan paske demann kredi endividyèl yo gen priyorite

● Fòk yo prezante bay asanble jeneral la pwojè pou fè biznis la. Li dwe di aklè konbyen kòb ki ap depanse, konbyen kòb yo espere rantre epi ki benefis yo espere.

● Fòk asanble a dakò ak biznis la. Si li pa dakò, biznis la pa dwe fèt. Paske menm jan si biznis la fè yon benefis lap pou tout manm yo, si li fè yon pèt, pèt la ap pou tout manm yo tou.

● Konsidere kòb MISO a mete nan biznis la kòm yon prè san enterè. Ekriti dwe pase nan kaye kès vèt. Ekri prè pou biznis kolektif epi di ki biznis.

● Benefis biznis la prale nan kès vèt la. Ekriti ap pase pou sa.

● Fòk gen manm MISO a ki gen eksperyans nan aktivite sinon fòk gen fòmasyon pou sa

● Fòk gen yon komite espesyal ki monte pou jere biznis la

● Fòk komite a bay rapò sou jan biznis la ap mache.

● Si Asanble a dakò, moun ki travay pou biznis la ap resevwa yon ristoun espesyal si gen benefis. Se komite jesyon MISO a ki pou fikse montan ristoun la. Yon pousantaj gen dwa tou fikse anvan aktivite a kòmanse. MISO ajan veterinè a bay moun ki ap vann epi veye estòk medikaman an yon montan fiks chak mwa. Se komite jesyon an ki fè acha pou famasi san yo pa touche.

Page 42: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo42

Pa dwe gen biznis kolektif si asanble jeneral la pa dakò. Paske menm jan si biznis la fè yon benefis lap pou tout manm yo, si li fè yon pèt, pèt la ap pou tout manm yo tou. Se komite

jesyon an apre dizon asanble jeneral la ki pou chwazi manm komite biznis la. Si biznis la mande travayè ak tra-vayèz, fòk yo peye yo epi priyorite se pou manm MISO a ki gen konpetans pou sa. Kòm nou wè, tout bagay sa yo se pou yon MISO ki gen matirite.

Page 43: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 43

C- GOUVÈNANS NAN MISO YO

C-1. Enstans yo ak wòl yo

Yon MISO pa gen anpil enstans. Nou jwenn yon asanble jeneral ak yon komite jesyon jan chema sila a montre sa:

CHAPANT MITYÈL SOLIDARITE

Asanble jeneral Asanble jeneral Asanble jeneral Komite jesyonKomite jesyon manm yo Muityèl solidarite

Page 44: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo44

Anplis 2 enstans sila yo, si nesesè ka gen komite espesyal tankou pou yon biznis kolektif, pou òganize yon evennman, elatriye.

Asanble jeneral la se pi gwo otorite nan MISO a. Yon MISO se sa nou rele yon demokrasi dirèk sètadi tout bagay fèt pandan asanble jeneral. Menm si gen komite, tout desizyon yo dwe pase nan asanble jeneral. Chak reyinyon MISO a se yon asanble jeneral. Se poutèt sa li enpòtan pou tout manm MISO a pran fòmasyon pou konnen kisa yon MISO ye epi kòman li fonksyone.

Komite jesyon an se yon gwoup manm Asanble jeneral la konfye jesyon MISO a. Nòmalman se nan eleksyon yo chwazi moun sa yo. Manda yo pi souvan ka pou 1 lane oswa 2 zan.Komite jesyon an ka genyen jiska 7 manm pou pi piti. Kenbè kle yo pa fè pati komite a. Moun sila a kapab chanje chak reyinyon si Asamble jeneral la vle.

C-2. Kòman devlope bon relasyon ant enstans yo?

Pi gwo zouti pou devlope bon relasyon ant enstans yo se TRANSPARANS. Sa vle di anyen pap fèt an sekrè nan MISO a. Asanble jeneral dwe toujou jwenn rapò chak reyinyon sou tout sa ki pase. Menm jan an tou, manm komite yo dwe travay antre yo nan tout transparans. Desizyon yo dwe pran nan tèt ansanm.Epi MISO a dwe genyen bonjan règleman. Tout manm ka mande konsilte doki-man yo.

Tout manm komite jesyon yo egal ego. Desizyon yo dwe pran nan tèt ansanm epi nòmalman pandan asamble general yo.Yon manm oswa yon ti gwoup paka pran

desizyon pou kont li.

Page 45: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 45

C-3. Kòman devlope transparans nan MISO yo?

Pou devlope bon jan transparans nan MISO yo:

● Tout tranzaksyon dwe fèt nan asanble jeneral devan je tout moun

● Avan nou fèmen kès yo, montre ak di konbyen lajan ki ladan yo. Kontwolè oswa kontwolèz a verifye ke lajan ki ekri nan kaye a se menm ki nan kès la

● Li pwosè vèbal reyinyon an pou tout moun tande

● Ouvri kès yo devan tout moun, avan yo kòmanse fè tran-zaksyon, montre lajan ki ladan l se menm kantite lè yo te fèmen l.

● Fè eleksyon regilyèman pou chanje oswa rechwazi dirijan yo

● Enfòme asanble a de tout sa ki pase andeyò reyinyon yo, pa egzanp si yon manm komite a te al patisipe nan yon reyi-nyon, si yon manm te ale nan yon fòmasyon sou non MISO a

● Devlope konfyans, evite mefyans oswa sispèk moun tout tan, fè kontwòl

● Tout moun dwe respekte règleman MISO a

Page 46: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo46

Page 47: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 47

D- MISO NAN KOMINOTE A

D-1. Kòman MISO yo ka patisipe nan devlopman kominote yo?

Yon MISO se yon ti gwoup ki pa depase 50 moun. Pi souvan se 25 a 30 moun. Men, paske kèk moun nan yon lokalite mete tèt yo ansanm pou bay tèt yo sèvis se deja yon pwogrè pou lokalite a paske li òganize tèt li pou li fè sa ki bon.

Men kèk fason pou MISO plis patisipe nan lavi kominote a:

ͷ Etabli relasyon ak lòt òganizasyon ki nan kominote a

ͷ Etabli relasyon ak MISO parèy yo

ͷ Patisipe nan travay kolektif nan zòn nan

ͷ Esponsorize lè nou kapab kèk aktivite tankou yon chanpyona espò, yon evennman atistik, yon kanpay sansibilizasyon.

Page 48: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo48

D-2. MISO pou gwoup vilnerab yo tankou refijye ak rapatriye

MISO se yon bon zouti pou ede kèk gwoup ke sosyete a rann vilnerab oswa frajil. Pa egzanp li ka ede kèk moun sosyete a mete sou kote, òganize tèt yo pou yo jwenn kredi, sere kòb epi fè sosyete a rekonèt valè yo.

Youn nan gwoup vilnerab nou te rankontre se rapatriye ki nan fwontyè ant Ayiti ak Repiblik dominikèn. Jeneralman se moun zafè pa bon yo ye epi Dominiken voye yo tounen nan peyi a 2 bwa pandye, san yo pa gen tan pran zafè yo nan peyi Panyòl.

Gen pwomotè tankou GARR ki ede moun sa yo òganize yo an MISO konsa yo ka sipòte youn lòt, jwenn èd epi pran yon plas nan sosyete a.

Page 49: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 49

Ankadre 5: MISO Rapatriye nan Kachiman Beladè

MISO Rapatriye, Zòn Kachiman, Beladè

Jeneralman, yon MISO fèt ak moun ki te konn lòt deja. Se sou baz sa a, youn ka fè lòt konfyans. MISO Tèt kole nan Kachiman fèt sou yon lòt baz. Moun yo pat konnen lòt avan, sa yo gen an komen, yo tou le 20, mwatye fanm, mwatye gason tap viv san papye nan Repiblik Dominikèn epi Leta voye yo tounen san zatann, san yo pa gen tan pote anyen nan peyi yo. Anpil ladan yo pa moun Beladè, yo soti Savanèt, Batis, Potoprens, elatriye.

GARR ki gen misyon pou apiye ak defann dwa moun sa yo, ankouraje yo mete yo an asosyasyon epi fòme yon MISO defason pou yo ka mennen yon aktivite ekonomik. MISO a gen 2 lane depi li egziste. Yo reyini 2 fwa pa mwa, chak moun kotize 50 goud nan kès vèt, 25 goud nan kès wouj. Anplis ti bourad lajan yo te jwenn nan men GARR, yo jwenn prete nan MISO a pou ranfòse aktivite ekonomik yo ki se agrikilti ak komès.

Yo deklare MISO a plis ke lajan. Lè yo te pimpe yo deyò nan Panyòl, yo te dezespere, yo te santi yo pou kont yo, yo te nan yon zòn yo pat konnen pèsòn. Se MISO a ki vini yon vrè fanmi pou yo. Yon dam di menm lannwit, si mwen gen yon pwoblèm, kèm pa kase paske mwen konnen mwen ka rele manm MISO yo.

MISO Tèt kole nan Kachiman se yon bel egzanp ki montre wòl sosyal ak afektif MISO yo. Òganizasyon ki ap apiye rapatriye yo ta merite jwenn plis mwayen pou ede yo òganize yo epi rantre nan lavi sosyal ak ekonomik peyi a.

Page 50: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo50

Manm MISO rapatriye Kachiman-Beladè, out 2019 (Foto Pascal Lundy)

Page 51: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 51

D-3. Mete MISO yo an rezo (Makònay)

Si MISO yo vle gen plis enpak oswa enpòtans nan kominote yo, li konseye pou yo mete tèt yo an rezo, sètadi makònen tèt yo.

Gen 2 tip makònay. Makònay finansye ak makònay non finansye.

Makònay non finansye oswa rezo non finansye: Plizyè MISO (MISO debaz) mete ansanm nan yon zòn pou yo fè bwase lide, pataje enfòmasyon. Sa ranfòse yo, ba yo plis pouvwa pou yo defann yon kòz, fè pledwaye. Sa ede MISO yo bare wout move peyè k’ap mache prete nan plizyè MISO san yo pa peye.

Makònay finansye oswa rezo finansye: Se lè MISO yo mete ansanm pou kreye yon MISO santral nou rele «MISO Mitan» menm jan ak sa nou jwenn nan Gwo Mòn depatman Latibonit. MISO mitan an se tankou yon MISO debaz li ye, li gen 3 kès yo men manm li se pa moun, se MISO debaz ki ka manm li. MISO mitan an la pou li prete MISO debaz yo (lajan an prale nan Kès ble MISO debaz yo) epi li la pou ranfòse MISO debaz yo epi mete lòd lè sa nesesè. Li ede MISO debaz yo rezoud konfli ki twòp pou yo.Kès wouj MISO debaz la sèvi moun ki manm li men kès wouj MISO mitan an sèvi pou ede kominote a tankou patisipe nan kèk aksyon kolektif, pa egzanp repare yon ponp dlo kominotè, fè yon ti wout, elatriye.

Yon rezo, kit li finansye, kit li pa finansye, ka fè alyans ak yon enstitisyon finansyè tankou yon kes popilè ki egziste deja. Sa ka ede l pi byen negosye pou li jwenn sèvis. Chak manm MISO a ka vini manm kès popilè a epi patisipe nan asanble jeneral ak lavi kès la. Sa ap pèmèt yo patisipe nan oryantasyon sètadi fè kès popilè a pran direksyon yo vle.

Page 52: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo52

Ankadre6: MISO Mitan Lakil Gwo Mòn

Rezotaj, makònay: MISO Mitan Lakil Gwo Mòn

Lakil se yon seksyon kominal komin Gwo Mòn nan Lati-bonit. Plizyè peyizan ak peyizàn nan seksyon sa a ak lòt seksyon te mete ansanm pou fòme yon kès popilè nan vil Gwo Mòn nan ane 80 yo. Depi kès la fini devlope, moun yo di li fè kòm si li pa rekonèt peyizan yo ki poutan te ba li nesans.Kredi ak sèvis li ofri yo pa adapte ak milye riral la. Eksperyans sa a kite yon move gou nan bouch peyizan ak peyizàn yo. Nan kòmansman ane 2000 yo, yo tande pale de MISO. Gras ak yon patenarya yo tabli ak KNFP, yo pran fòmasyon epi yo kòmanse mete MISO sou pye. Koulye a nou jwenn depase 100 MISO nan Gwo Mòn. Nan seksyon Lakil gen yon ventèn.

Pami 20 MISO nan seksyon Lakil la, yon total 14 mete ansanm pou kreye yon rezo MISO pou seksyon an ki rele MISO mitan5. Anvan yo te fè sa, yo mande KNFP fè yon etid fezablite epi fè fòmasyon pou yo. Yo tou bay kritè pou yon MISO rantre nan rezo a. Men kèk ladan yo: Fòk se yon MISO ki gen yon lane egzistans deja, ki fè kotizasyon kès wouj ak kès vèt, ki fonksyone demokratikman epi ki genyen ak aplike zouti jesyon yo.

MISO mitan an fonksyone tankou yon MISO debaz, li gen:

ͷ Yon kès vèt: Se chak MISO manm yo ki kotize ladan l. Lajan sa ap sèvi pou prete kès ble MISO debaz yo

ͷ Yon kès wouj: Lajan sa a la pou ede MISO mitan fè don pou patisipe nan aksyon kominotè tankou repare yon ponp dlo piblik, kòve pou netwaye kanal dlo, esponsorize yon akti-vite kominotè…

ͷ Yon kès ble: Se lè MISO mitan an ale prete nan men yon enstitisyon deyò. Li konn jwenn sibvansyon tou. Kòb sila a sèvi pou ranfòse kès vèt MISO debaz yo.

Page 53: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 53

MISO mitan an reyini yon fwa pa mwa. Li gen yon komite jesyon ki gen 9 manm. Chak MISO debaz delege 3 manm (2 manm komite + yon manm òdinè ki chanje chak 3 mwa). Anplis kesyon lajan, MISO mitan an veye pou MISO debaz yo byen mache, li ede yo rezoud kèk konfli.

Apre 3 lane depi l’ap fonksyone, men sa nou ka di sou MISO mitan Lakil la:

● Metod anba-monte a fè prèv li. Nou soti depi moun ki manm lan, nou ale nan MISO a pou nou rive nan MISO mitan seksyon kominal la.

● Bon rezilta ki jwenn fè 4 MISO mitan ki soti nan 4 seksyon kominal yo anvizaje mete sou pye yon rezo ko-minal ki ap kouvri tout komin Gwo Mòn lan.

● MISO mitan an gen tan rive negosye avèk plis fasilite yon prè nan men yon enstitisyon finansyè.

● Gwo defi ki konsène jistis ant fanm ak gason, patisi-pasyon medam yo ak jèn yo toujou la epi sa merite jwenn repons. MISO yo manke zouti pou ataque defi sa yo.

● Nou dwe konsidere tou pwoblèm kad legal (lalwa) pou inisyativ tankou MISO debaz ak MISO mitan yo. Pou koulye a, se kòm asosyasyon, yo fè rekonèt yo. Si MISO mitan an vini devlope, sèl chwa l’ap genyen se vini yon kès popilè.

Page 54: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo54

D Pi gwo chanjman MISO a pote selon deklarasyon kèk manm:

● MISO a aprann mwen jere lajan

● MISO a ede m jwenn kredi rapidman

● MISO a aprann mwen byen konpòte m nan sosyete

● MISO a ede m konbat timidite

● MISO a ede m devlope lidèchip mwen kòm fanm

● MISO a ede m achte yon moso tè pou m bati yon ti kay (Rapatriye)

● MISO a ede m soti anba ponya

● MISO a ede m gen premye kanè lajan sere

● MISO a ede m kontribye nan depans kay la

● MISO a pèmèt mwen jwenn solidarite si m gen yon bezwen (lanmò, aksidan, maryaj…)

Page 55: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 55

ANÈKS

ANEKS 1- LIS MODIL FÒMASYON POU MANM AK AJAN MISO

Non modil la Kantite jouKi sa finansman popilè ye? 2-3

Ki sa yon mityèl solidarite ye? 2-3

Vizit yon MISO 1

Relasyon ant MISO ak fanmi ak kominote 2-3

Kominikasyon 2-3

Negosyasyon ak jesyon konfli 1-2

Analiz kaye (dokiman) MISO 2-3

Kontwòl yon MISO 2-3

Total 14-21

Nou bay kantite jou yo konsa konsa. Se selon chak ka n’ap konnen kantite egzat la.

Nòmalman fòmasyon yo pa fèt yon sèl kou. Yo fè nan ale-vini. Apre chak 2 ou 3 jou, pi plis jou se 5. Lè se enstitisyon ki voye ajan yo, sesyon yo ka pran plis tan men se pa fasil pou tout fòmasyon an fèt yon sèl kou. Depi se pou manm yo, se 3 jou mak-simòm nou ka mobilize yo. Medam ki responsab fanmi, prefere fòmasyon yo fèt pandan peryòd grand vakans yo paske yo gen mwens travay nan kay la (prepare timoun pou ale lekòl). Fòk nou toujou panse ak kalandriye agrikòl la ak jou mache zòn nan lè n’ap planifye fòmasyon.

Page 56: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo56

ANEKS 2- LIS KÈK MOVE ABITID NAN MISO YO

Nan lavi tèt ansanm ak solidarite

● MISO pase yon mwa san li pa reyini

● MISO a neglije kès wouj la

● Manm komite yo mande touche pou travay yo

● Komite a pa ankouraje tout moun patisipe, pran lapawòl

Nan zafè lajan

● MISO a deside prete moun ki pa manm lajan

● MISO a kòmanse byen bonè ak envestisman oswa biznis kolektif

● MISO a pa mete yon komite espesyal pou jere biznis kolek-tif yo

Nan gouvènans ak jesyon

● Yon moun oswa yon gwoup moun konpòte yo kòm si MISO a se pou yo

● Se menm moun yo ki toujou nan komite a

● Fonksyone kòm si se gason sèlman ki ka prezidan MISO a

● Pran desizyon san manm yo pa konnen

● Komite a pa bay rapò pandan reyinyon an paske yo prese

● Komite a pa fè eleksyon, yo pran preteks se manm yo ki vle sa.

Relasyon ak kominote ak lòt òganizasyon

● MISO a monte nan sèl objektif pou prete lajan deyò ak pou jwenn èd

● MISO a fonksyone kòm si li pou kont li. Li pa chèche konnen pwoblèm kominote a ak lòt òganizasyon ki te ka ede l de-vlope

Page 57: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 57

ANEKS 3- KÈK KONTAK KI ENPÒTAN POU MISO YO

Non enstis-tisyon

Sa li ofri Adrès Telefòn ak imel

KNFP-Pòto-prens

-Zouti jesyon tan-kou kaye konta-blite, kaye pwosè vèbal, kanè, kès,

- Fòmasyon

Frè 12, No 4, Wout Frè, Petyon Vil

3408-8328

[email protected]

KNFP-Li-monad

-Zouti jesyon tankou kaye kontablite, kaye pwosè vèbal, kanè, kès,

- Fòmasyon

Lokal CASEC, 3e seksyon kominal

Rele madam Anette Guerrier nan4720 4930 oswa 4230 0499

KNFP-Gwo Mòn

-Zouti jesyon tankou kaye kontablite, kaye pwosè vèbal, kanè, kès,

- Fòmasyon

Vil Gwomòn

Rele Mme Sher-lie Louidor nan

3803 4260

KOFIP - Zouti jesyon

-Fòmasyon

-Rezotaj

-Kredi

2817 0088

FRICS Kredi Frè 12, No 4, Wout Frè, Petyon Vil

3408 8328

Page 58: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo58

Non enstis-tisyon

Sa li ofri Adrès Telefòn ak imel

GARR Akèy refijye ak rapatriye, fòmasyon, akon-payman

2244-4965

37223833

Gwoup teyat IMPACT

Sansibilizasyon 4426 0418

Page 59: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 59

ANEKS 4- KÈK INOVASYON KNFP JWENN NAN MISO YO

# Zòn inovasyon Solisyon li pote

Jesyon - apli-kasyon

Sekirite alimantè ak nitrisyon1 Gwomòn

Lakil

Estokaj kolek-tif semans

Disponiblite semans yo nan zòn nan

-Kotizasyon espesyal ak yon lè

-1 komite jesyon

-Pataj benefis ant manm ak MISO a

2 Gwomòn

Lakil

Kotizasyon an nati (semans)

Ristoun apre yo revant semans yo

Disponiblite semans yo nan zòn nan

- 1 Komite jesyon

-Pataj benefis ant manm ak MISO a

3 Forèdèpen Jaden kolektif Ogmante revni ak disponiblite pwodui agrikòl yo

-1 komite jesyon

-yon teren ki diponib pou MISO a

-Pataj benefis yo

Page 60: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo60

# Zòn inovasyon Solisyon li pote

Jesyon - apli-kasyon

4 Forèdèpen Depo fimye Apiye pwo-diksyon ak ogmante revni MISO a

-1 komite jesyon

-Sipò finansye ak teknik de yon òganis kap apiye

5 Forèdèpen Boutik entran agrikòl

Apiye pwo-diksyon ak ogmante revni MISO a

-1 komite jesyon

-Sipò finansye ak teknik de yon òganis kap apiye

6 Senmak Asyèt balanse -Asire nitrisyon timoun manm yo

-Edikasyon paran yo

-Kotizasyon nan kès wouj

-Fè manje, repa pou manm ak timoun yo

Jenès ak larelèv7 Lèpalm,

Tigwav

Lakil-Gwomòn

Timoun sere lajan

-Montan disponib pou finanse lajan lekòl

-Inisyativ pou timoun yo

-Chak timoun gen yon kanè pou sere lajan

-Posiblite pou retire lajan pou peye lajan lekòl

8 Sen-Mi-chèl Latalay, Limonad

MISO Jèn Asire larelèv, entegrasyon jèn yo, aksè ak finansman

-Manm yo se jèn

Page 61: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 61

# Zòn inovasyon Solisyon li pote

Jesyon - apli-kasyon

9 Gwomòn Enskripsyon timoun ak jèn yo

-Inisyativ, larelèv

-Timoun ak jèn yo enskri nan MISO a epi yo ka asiste rankont yo si yo vle

-Yo pa gen aksè ak kredi

Kominote/ devlopman10 Gwomòn Kès wouj

MISO mitan an

Entèvansyon nan pwojè kominotè yo

Kotizasyon MISO ki manm yo nan kès wouj

11 Tòbèk Kanperen

Komite pwoteksyon sivil lokal òganize tèt li an MISO

Gade yon kon-tak pèmanan ant manm komite a pou yo pa reyini lè kriz sèlman

-Planifikasyon ak suivi fèt pi fasil

-Kolekte enfò-masyon sou kominote yo ak sansibilizasyon lè gen kriz ak katastròf.

Detant ak amizman12 Limonad Jounen

rekreyativ

chak ane

Moman ak mwayen pou lwazi

-Yon pousantay nan benefis MISO yo ak kotizasyon espesyal

Page 62: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo62

# Zòn inovasyon Solisyon li pote

Jesyon - apli-kasyon

Jesyon kotizasyon13 Forè-

dèpenRetrè sou kotizasyon

Posiblite pou retire lajan

-Retire yon kantite ke gwoup la fikse lè gen malè (kalamite, sechrès, inon-dasyon…)

14 Kotizasyon espesyal

Ogmante kantite kotizasyon yo pandan peryòd rekòt oswa lè gen opòtinite pou jwen lajan

-Gwoup la deside ogmante kotizasyon yo pandan yon ti bout tan

15 Jèn Sen Michèl Latalay

Fikse yon pousantaj pou ede moun ak kès wouj la

Lanmò : 10%

Maladi : 10%

Maryaj : 5%

Jesyon kredi16 Tout kote Kredi ki ka

chanjeKredi a reponn ak tip bezwen yo (konso-masyon, komès,..)

Manm lan deside de aktivite a ak sa lap fè ak kredi a. konfyans se sèl kritè

Page 63: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 63

# Zòn inovasyon Solisyon li pote

Jesyon - apli-kasyon

Lòt 17 Beladè MISO rapa-

triyeEntegrasyon sosyal ak ekonomik

-Youn yo pat konn lòt anvan MISO a

18 Tigwav,

Lèpalm

Konstui lekòl Plizyè MISO ini yo epi konstui yon lekòl ak lajan yo epi sibvansyon patenarya ak Leta

19 Wana-ment

Sansibilize MISO ak teyat

Yon lòt metòd kominikasyon pou touche popilasyon an

-Yon gwoup teyat bati sou sijè ki pou trete

-Jwe teyat lè gen yon even-nman popilè

-Teyat nan lari

Page 64: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo64

ANEKS 5- GRI EVALYASYON YON MISO KAP DEMARE

Ajan__________________________________________________

Non MISO a____________________________________________

Lokalite_______________Komin____________Seksyon_________

Dat 1e reyinyon_________________________________________

Kantite manm____________Gason______ Fi______ Total_______

Evalyatè-tris____________________________________________

Dat evalyasyon an_______________________________________

Pa sifi

1

Mwayen

2

Byen

3

Trè byen 4

Kòmantè

A.- LAVI TÈT ANSANM AK APWOPRIYASYONKantite reyinyon ki fèt deja (4 ak plis : trè byen)

Manm yo konn pou kiyès MISO a ye

Estati a ranpli epi manm yo konnen yo (gade espas vid yo)

Kotizasyon yo byen fikse, tout moun alèz ak montan yo

Page 65: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Gid bon abitid nan MISO yo 65

B.- GOUVÈNASNKomite jesyon an ekziste epi li fonksyone

Se eleksyon ki mete Komite jesyon an

Konpozisyon komite a res-pekteekilib fanm ak gason (MISO miks)

C.- FINANSTout manm ajou nan kotizasyon kès vèt

Tout manm ajou nan kotizasyon kès wouj

Premye kredi yo bay epi tout moun konnen kondisyon yo

D.- JESYON ENFÒ-MASYONEkriti yo pase epi gen kaye yo byen itilize

TOTAL

ENPRESYON JENERAL____________ sou 6

GRAN TOTAL___________________SUR 50

KÒMANTÈ NAN DO FÈY LA

Page 66: PROGRAMME ACCÈS INNOVATIONknfp.org/knfp/ressources/20200523183145.pdfAn nou siyale kontribisyon Julie Mc Hugh, kòdonatris PAI an Ayiti, pou jan li fasilite akonplisman travay sila

Konsèy Nasyonal

Finansman Popilè

Se Zafè Mondyal Kanada ki ede pwodui ak gaye gid sila a