restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

25
Restavèk chapit 1 Poukisa Kadè te ekri liv sa a? Èske l ap rann Ayiti ak ayisyen yo yon sèvis? Èske chak peyi gen moun kouwè Kadè? Bay kèk egzanp. Esplike sitasyon sa a: “Paran yo ankouraje yo pale bon jan franse angiz yo pale kreyòl, lang moun lamas” (3) Kote manman Jan-Wobè te travay? Sa k rive li? Kote papa l sòti? Ki moun papa li ye? “Ti restavèk, sa vle di timoun ki esklav.” Poukisa se iwonik/trajik pou Kadè? Ki jan vwazen yo trete restavèk yo? Ki konpòtman restavèk bezwen genyen? Ki obzèvasyon rasyal/sosyo-ekonomik yo Kadè fè? Dekri Florans. Ki moun li ye? Kote li jwenn lajan pou viv? Ki jan Kadè antre nan detay lavi malere? Ki kalite abi restavèk yo konn resevwa Vokabilè anvan m te gen kont lespri bèl nègès po mawon fonse kay chanmòt radiyès pèmèt m kouche kouche m anba tab kizin nan espès pitit bouzen yon wozèt wouj poul pentle Sitasyon pou konsidere “Li rele m vini pou m grate anba pye l. Yon lè m te tande sa se travay fi esklav yo te konn fè pou metrès yo” (7)

Upload: others

Post on 30-Oct-2021

7 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk chapit 1

Poukisa Kadè te ekri liv sa a?

Èske l ap rann Ayiti ak ayisyen yo yon sèvis?

Èske chak peyi gen moun kouwè Kadè? Bay kèk egzanp.

Esplike sitasyon sa a: “Paran yo ankouraje yo pale bon jan

franse angiz yo pale kreyòl, lang moun lamas” (3)

Kote manman Jan-Wobè te travay? Sa k rive li?

Kote papa l sòti? Ki moun papa li ye?

“Ti restavèk, sa vle di timoun ki esklav.” Poukisa se

iwonik/trajik pou Kadè?

Ki jan vwazen yo trete restavèk yo?

Ki konpòtman restavèk bezwen genyen?

Ki obzèvasyon rasyal/sosyo-ekonomik yo Kadè fè?

Dekri Florans. Ki moun li ye? Kote li jwenn lajan pou viv?

Ki jan Kadè antre nan detay lavi malere?

Ki kalite abi restavèk yo konn resevwa

Vokabilè

anvan m te gen kont lespri

bèl nègès po mawon fonse

kay chanmòt

radiyès pèmèt

m kouche kouche m anba tab kizin nan

espès pitit bouzen

yon wozèt wouj

poul pentle

Sitasyon pou konsidere

“Li rele m vini pou m grate anba pye l. Yon lè m te tande sa se travay fi

esklav yo te konn fè pou metrès yo” (7)

Page 2: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

“Sèl timoun ki al nan premye kominyon, ki jwenn kado nan men tonton

Nwèl epi ki nan fete fèt yo, se timoun ki gen manman ak papa toutbon”

(11)

1. Poukisa Premye Kominyon li ba l anpil lapenn?

2. Dekri ki jan Florans reyaji ak kominyon li.

3. Kijan paran timoun ki t ap kominye t ap prepare Kominyon

an?

4. Sa sa ye, yon katechis?

5. Poukisa Bòbi pa pale ak Florans?

6. Ak ki mo Florans rele Bòbi?

7. Kisa Florans te achte lè l te soti?

8. Poukisa Bòbi asepte sitiyasyon li?

Tèm prensipal yo

Temwayaj istorik

Mizè òflen yo

Fen inosans lan

Reyalite klas ki pi malere ann Ayiti

Tantativ pou esplike fòs sosyal ak istorik ki alabaz fenomèn

restavèk la

Literati otobiyografik ayisyen

Note: Restavèk an kreyòl se yon tradiksyon Pwofesè Iv

Dejan (PhD Indiana Univeristy)

A

À = pàn vs. pan vs. pan

Page 3: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

An = manman

B = bebe

Ch = chita, chadap, bouchit

D = dispanse

E = pale

È = djolè

En = enhen

F = fal

G = gade

H = hey! Hache hounk

I = pipi

J = ji

K = kay

L = li

M = manman

Page 4: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

N = nan

O = bo

Ò = bò

On = bon

Ou = labou

P = papa

R = rara

S = estil; seksi

T = taye

Ui = kuit; uit; uitè; nui/nuit

V = vare

W = wa

Y = „igrèk/igrèg‟

Z = zonbi mannmannan

Page 5: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Aktivite sosyal

Ekri detwa mo sou lide sa yo sou yon papye.

1. Yon valè ou genyen.

2. Yon lide kreyatif.

3. Yon keksyon sou klas la.

4. Yon opinyon.

Yon detay sou ou menm.

Konnya nou pral echanje papye yo ak manm klas la yo

pou jwenn lòt lide yo nou vle posede nou menm. Si yon

elèv gen yon lide, yon valè, yon keksyon, yon detay ou

vle genyen, echanje sa ou genyen avèk li pou ou jwenn sa

li genyen!

Page 6: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk, chapit 2

1. Ki relijyon Florans te suiv? Katolik ak Vodou

2. Kisa l t ap vann?

3. Ki kalite pwoblèm Kadè ap ekspoze?

4. Kisa Mari ka fè pou li?

5. Nonmen yon lwa li sèvi? Danmbala, Sen Jak Majè

6. Ki deskripsyon Kadè bay sou jan Florans sèvi lwa l yo?

7. Ki jan li gen dwa manke lekòl?

8. Nan ki lekòl li ale?

Chanje patnè – Ou dwe kanpe epi mache jwenn li! Lekòl kana

9. Kisa l fè devan ma drapo a?

10. Ki moun ki vizite?

11. Sa yo bay timoun yo?

12. Kisa timoun yo fè ak bagay sa yo?

13. Kote l kenbe imaj Mari a?

Ki moun ki ede Kadè?Matilda, èz

14. Poukisa Misye Bochan bezwen yon restavèk? kolontaksi

15. Rakonte istwa Rene a vòlò kòb la

16. Èske abi egal esklavaj?

Vokabilè

dodin

Florans te meprize po lanvè yo

milatrès

metrès

l ap tann pratik li

Se pa ti anvi li ta anvi Se pa de bèl li bèl

Se pa ti fou ou fou

Ti krik, ti krak se kout pwen...

Matematik se te boulpik mwen

limen mèch koton nan ti bòl pòslèn

devenn

boukante imaj yo

o dènye rezime

Page 7: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

reve je klè

Sitasyon

“Èske [blan] yo sèvi ak twalèt tankou kretyen vivan tou senp” (13-14)

“Mwen toujou santi m kòm yon moun yo kondane amò k ap mache sou

chèz elektrik la” (14)

“...yo vin konprann se restavèk mwen ye, sèl bagay, yo kite m al lekòl”

Page 8: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk, chapit 3

1. Sa k rive Kadè?

2. Ki moun ki swen? Kizinyè a

3. Kijan sa te pase?

4. Kijan Florans trete pwòp pitit li lè l malad?

5. Kisa Kadè wè nan chanm “manman” l la?

6. Ki moun ki pral vin wè Florans?

7. Kadè t ap renmen tire kouwè ki moun?

8. Kisa l fè vre?

Restavèk, chapit 4

1. Ki moun ki bon zanmi Florans? Klodèttime

2. Kijan zanmi l la menm jan avè l? Plizyè enaj

3. Kisa Jan-Wobè fè? Sa k pase l? Li pè kisa? Kase yon...

4. Ki jan Florans trete l apre zanmi l soti? frape lulye

5. Ki moun ki ede Jan-Wobè?

6. Ki jan otè a reprezante krisyanis ak vodou nan F. rele lwa

sèn nan? Matilda: Jezi,

7. Sa k te pase nan lakou a? Poul kouri

8. Sa k rive Matilda kòm rezilta? F. prèske flank

9. Ki manje Klodèt prepare lakay li?

10. Ki moun ki vini lakay li? Kijan J.-W. dekri yo? “po fonse”

Poukisa?

11. Sa k pase lakay Klodèt? Kisa JW dwe fè?

Devine mo a!

lakoutim

yon chany

kwak li kite m repoze...

li swen jistan m geri

te vèvèn

sire soulye

bouyi fèy zoranj, fèy sitwon ak fèy gwayav

Page 9: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

pisannit

konsilte

lepèp ta wè yon moun grant famiy...

preskripsyon

pe dyòl ou!

m chache pwaye a

m koupi nan yon kwen

nan reve je klè...

Devwa: ekri yon ti paragraf (tape oubyen alamen) sou Restavèk. Sa ou

renmen? Sa ou pa renmen? Ki solisyon?

Restavèk, chapit 4

Ki moun ki bon zanmi Florans? Klodèt Estime

Kijan zanmi l la menm jan avè l? Plizyè menaj

Kisa Jan-Wobè fè? Sa k pase l? Li pè kisa? Kase yon vè...

Chita ajenou...

Rene... lapolis

Ki jan Florans trete l apre zanmi l soti? frape l ak soulye

l

Ki moun ki ede Jan-Wobè?

Ki jan otè a reprezante krisyanis ak vodou nan F. rele lwa

sèn nan? Matilda: Jezi,

Mari, Jozèf o

Sa k te pase nan lakou a? Poul kouri

Sa k rive Matilda kòm rezilta? F. prèske flank

li deyò

Ki manje Klodèt prepare lakay li?

Ki moun ki vini lakay li? Kijan J.-W. dekri yo? “po fonse”

Poukisa?

Page 10: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Sa k pase lakay Klodèt? Kisa JW dwe fè?

-------------------------------------------------------------------------------

li te konn prete

machin yo ralanti

kontinye apye

fè yon piwèt

tèt etajè bifèt la

bouzen Kontinye.... M bege... kwi divès

etan m ap di sa... = pandan gwo nat

lakranp mozayik

san nanm santinèl

machwa bagay raz

manje mo yo m chonje

lansan sou resò

pèpèt mayi

Yo te chita sou chèz olon panno a

Page 11: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk, chapit 5: Annou li keksyon yo ansanm anvan nou travay

avèk yon patnè...

1. Ki de (2) rezon manman Liz la pa t twò kontan ak maryaj pitit li

ak Deni?

2. Ki moun JW wè nan fèt la?

3. Ki ti fi JW rankontre?

4. Kijan ti fi a parèy ak JW?

5. Poukisa JW fè jalouzi avè l?

6. Kisa JW fè ak fi a? Fi a menase l ak kisa?

Ki kalite relasyon yo devlope ansanm?

7. Poukisa yo pito manje mango yo nan fènwa?

8. Ki kalite istwa Anita bay JW?

Eske toujou gen yon lyen ant entelijans ak alfabetizasyon?

9. Ki pwoblèm Anita genyen?

10. Sa k rive JW apre l vòlò krèm alaglas la?

11. Kisa JW pèdi nan chapit sa a?

12. Ki jan chapit la fini?

VOKABILÈ

I. Sèvi ak mo a nan yon fraz ou kreye

1. kès koka kola = case

2. yon mòp = mop

3. depi nan fouk jis nan bouk sentiwon an = crotch

4. bwè kichòy = something

5. Mwen foure yo tout boulin nan bouch mwen = at full speed

6. an kachèt = secretly

7. zorèy pèse = pierced

8. san zanno = earing

9. lindemyèl = honeymoon

10. Li koupe m yon kout je =

11. plètil =

Page 12: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

II. Tradui mo oswa fraz angle a an kreyòl

underwear = souvetman

he turned the handle of the icecream freezer = Li vire manivèl sòbtyè

krèm nan

1. an enormous umbrella = yon papa parapli

2. stand on a tree trunk = kanpe sou yon chouk bwa

3. when his arms/wrists were tired = lè ponyèt li bouke

4. to run an errand = fè konmisyon

5. I have blisters = m gen zanpoud

6. he threw me to the ground = li fese m atè

7. he blew up because... = li debòde akòz...

8. extension cord = fil estansyon

Page 13: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk chapit 6

1. Kisa ki pral rive Liz?

2. Ki fason yo disipline JW?

3. Sa k pase lè Deni prepare pou l bat li?

4. Ki lè li retounen lakay la?

5. Ki jan Liz trete JW apre l fin akouche?

6. Ki jan pitit la chanje jan bagay yo fonksyone nan kay la?

7. Ki politik lengwistik parèt tèt li?

8. Dekri tout sèn lè yo batize pitit la?

9. Ki moun yo chwazi kòm parenn?

10. Sa k rive JW nan fèt sa a?

Kwiz vokabilè: sèvi ak mo ki an gra nan yon ti fraz orijinal

M pati yon kous tout boulin.

(a) rapid (b) lan

M t ap gade nan fant fenèt ki gen pèsyèn yo.

(a) yon gwo kote (b) yon ti kote

Chita nan galeri sonm nan.

(a) anpil limyè (b) fènwa

Se klakson machin ki reveye m.

(a) son an (b) limyè a

Limyè a klere fènwa a.

(a) etenn limyè a (b) bay limyè

Limyè a vegle m.

(a) M pa fouti tande (b) M pa fouti wè

Kenbe pwaye pòt la.

(a) ak pye ou (b) ak men ou

Chode bibon pou bebe a.

(a) mayi moulen (b) boutèy

Lave kouchèt bebe a.

(a) lave kabann li (b) lave rad li.

Kò m egzante tout mechanste ak bebe a.

(a) pa fè (b) fè

Page 14: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk chapit 7

Eseye jwenn/dekouvri mo ki kache a.

1. Se yon bagay ou pran ak nen ou. Sant

2. Se yon nouvo ane. Joudlan

3. Li pipi nan kabann ni. pisannit

4. Si m di ou, al sakle jaden mwen pandan dizè ditan,

travay sa a ap pete kisa? fyèl ou

5. Se yon kado pou Nwèl oswa Joudlan an zetrenn

6. Yo grese l, ou oblije monte l. ma swife

7. Pou monte ou bezwen fè sa. grenpe

8. Pou ou pa glise, sa ou ap fè? priz sou li

9. Yon seri moun enpòtan fòme sa lè y ap mache/kondi

ansanm (souvan pou yon antèman) kòtèj

10. Li kwè leta ta dwe re-distribye richès nan yon peyi kominis

11. Se yon rad dezyèm men, pèpè kenedi

12. Yon gwo gason. Yon papa gason. potorik...

13. Lè ou kite peyi ou, ou al ___________ aletranje

14. Se yon dyab. Se yon move bagay baka

15. Ou pa kontan, ou move, ou kontrarye akaryat

16. Ou ap tranpe zouti sa a nan soup la louch

17. Sinonim ak “Nenpòt sa k ap pase kèlkanswa

18. Se yon bagay maji pou kontwole yon moun wanga

19. Se yon pen ou te kite nan lè twòp pen rasi

20. Ou fache ak yon moun, ou ap ___ ___________ tire revanj

21. Yo pral mete l deyò kay la, yo ba l yon _________ manda

---------------------------------------------------

Dekri sèn ma swife a

Dekri Divalye, Tonton Makout yo, kamoken ak kominis

Dekri Pòl ak Wolan

Dekri sa k rive Florans nan fen chapit sa a

Ki malè tonbe sou JW?

Ki kalite lavi Florans ap mennen?

Kote Florans ale pou l jwenn sekou?

Page 15: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk chapit 8

1. Ki kote Bobi ale nan chapit sa a?

2. Ki jan Olivye trete Bobi?

3. Ki bò Olivye di Bobi pou l dòmi?

4. Ki jan moun nan kay la reyaji?

5. Olivye montre Bobi ki bagay nan chanm ni?

6. Kisa ki fè Bobi anpil lapenn (emosyonèl)?

7. Ki bò timoun sa yo konn jwe?

8. Ki moun ki ansent nan chapit la?

9. Ki kriz tonbe sou moun kay la?

10. Ki jan Olivye diferan konpare ak lòt moun ki fèt nan fanmi rich

yo?

11. Dekri kèk bagay moun yo te fè pou sòti anba kriz kay la...

marasa lwa oubyen jimo/jimèl

Okonmansman derape oubyen kaba

gouvènant kay la chèf oubyen sèvant

lesivyè fè manje oubyen lave

pa sitire mesye Olivye gate oubyen tolere

degoutans bèl bagay oubyen vye bagay

asyèt aliminyòm tou kòlboso pliye oubyen plat

frakanste / frekansite bon jan oubyen move jan

lezapremidi yon jou oubyen chak jou

prestij wo oubyen ba

ran nivo oubyen djòb

ekri sou adwaz papye fen oubyen tablo pòtab

chaloska madigra oubyen dyab

kichòy chèz oubyen bagay

li rèdi zòrèy mwen pichkannen oubyen mase

Odènye rezime dènye analiz oubyen dènye fwa

vaniy pen oubyen krèm

fè yon kout dan nan... rache oubyen manje

l ap chatiyèt mwen manyen oubyen bay blag

delage pitit ki poko fèt la libere oubyen kenbe

langay pale serye oubyen pale mistik

li t ap bougonnen manje mo oubyen pale rapid

manton l figi oubyen bounda

Page 16: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

perik zwazo oubyen fo cheve

kase lèzo vide dlo oubyen fè yon bebe

Page 17: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk chapit 9 ~ Tirivyè Latibonit

1. Kote Florans ale nan chapit sa a?

(a) Miyami (b) Pari (c) Nouyòk C

2. Ki moun Bobi wè anvan Florans ale?

(a) Monnonk li (b) Papa li B

3. Sa k rive Bobi lè Florans ale?

(a) Yo voye l andeyò. (b) Yo voye l nan yon lòt kay Pòtoprens. A

4. Èske moun kay Ivèt yo vle okipe Bobi.

(a) Non, yo vle l pati. (b) Wi, yo vle l rete. A

5. Ki jan Bobi rive kote kay sè Florans?

(a) nan yon bis piblik (b) nan machin blan Filip A

6. Ki jan Bobi jwenn bis pa l la?

(a) Li wè nimewo a. (b) Li wè non an. Bn BB

7. Kisa ki rive sou wout ale kay sè Florans la?

(a) Bòbi chante (b) Bòbi vonmi B

8. Esplike pwoblèm Bobi gen ak Simon?

(a) Simon te abize li ak seks. (b) Simon te bat li. A

9. Ki relijyon grann?

(a) Pwotestan (b) Vodwizan B

10. Kisa grann fè ak sansi yo?

(a) Li fè yo souse san li (b) Li sèvi ak yo avèk lòt moun. A

11. Kisa yo fè ak mè vant lan?

(a) Jete li. (b) Plante li anba yon pye bannann. B

12. Kisa Simon vle fè ak wanga negès yo?

(a) Touye yo pou manje yo. (b) Touye yo pou fè posyon majik. B

13. Nan ki kalite tou [twou] Simon dwe desann?

(a) yon tou kaka (b) yon gwo tou A

Kisa Simon dwe chache nan tou a?

(a) Yon lajan (b) Yon kabrit (c) Yon timoun B

Nonmen kèk bagay Bobi wè oswa ki pase

Page 18: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Ou kwè Simon pral kapab fè sa ankò?

Kisa Bobi fè ki byen dwòl lè l rive?

rete je klè ki lè ou je klè, poukisa?

dezagreman sinonim

ata orevwa yo pa di yo sinonim ata

m mande l an gras kisa ou mande an gras?

wout la bay sakad... sèvi ak sakad nan yon fraz

panche ki lè w panche?

y ap mate sou ban an ki lòt bagay mate?

jennjan

gwo kochon kalsitran

ponya long ki file ki lè yo te sèvi ak yon ponya nan istwa

Ayiti?

bouden li fèt ak kisa?

de bòl fayans ou gen fayans lakay ou? bay egzanp.

chita sou rebò pi a ou ka chita sou rebò ki lòt bagay yo?

m pè amò ou te janm pè amò?

Page 19: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk chapit 10

1. Chelèn mande Bobi ekri ki moun yon lèt?

2. Lè l rive kay Chelèn, ki kote Bobi vle ale?

3. Èske bòs Antwàn kite Bobi enskri nan lekòl li?

4. Kisa Bobi bezwen montre l pou l ka antre?

5. Kijan Jan Chal mete lòd ak disiplin nan lekòl la?

6. Eske ou dakò ak fason l fè l la?

7. Ki moun ap fè konkirans ak Bobi pou premye klasman nan

lekòl la?

8. Ki estrikti rasyal manifeste nan fason Antwàn konplimante

elèv yo?

9. Eske Bobi ak Almajip chape anba kou mèt la?

10. Ki bò Bobi prale apre l kite kay Chelèn?

11. Poukisa l ale la?

12. Sa l dekouvri sou pwòp istwa pa l la?

13. Ki avantaj Bobi jwenn nan kay sa a?

Page 20: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Vokabilè nan chapit 10

------------------------------------------------------------------------

senmenn nan bout

tire revanj

yon ekrito

lajè pou m antre

pantalon abako ble fonse

sa fè l pete ri

pòt la grense

------------------------------------------------------------------------

tab ak ankriye

m ponpe kou moun fou

m sere bougon yo

ti nosan an

m boure soulye m ak ti retay

li twaze m

yon dezagreman

avivwa

------------------------------------------------------------------------

anvan labrin rive

poul k ap kodase

ou se blan Filip tou krache

m ponpe toutolon chemen lekòl la

kòm lakoutim

bonèt lakansyèl

pepinyè

Granm maten (gran m maten)

Page 21: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Belo: Istwa Dwòl, Référence

Istwa 5 jenn gason ki pran lanmè

K ale chache ki bò lavi fè kwen

Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè

Yo blije pati kite fanmi lwen

Yo pa t menm gen yon destinasyon

Yo sou dlo, sou kont vag, sou kont van

Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon

Kite Ayiti, fè kap yo pran van pou y ale

Y ale Yo fin ale, jou ap pase nèg yo sou dlo

Dezespwa anvayi kè yo

Pa gen manje, pa menm gen dlo

Kè sote anpare nèg yo

Gen youn ki di pase pou l ta tounen

Li ta pito lage kò l bay reken

Li jenn, li nan peyi l, li gen de men

Chak jou solèy la leve li jwenn li p ap fè anyen

Timoun ap plenyen

Nèg sa yo menm jan avè n

Yo te renmen Ayiti Toma anpil

Yo te toujou nan lapenn

Lavi pou nèg sa yo pa t fasil

Yo te oblije ale, lavi chè, lamizè pouse do yo

Y ale, peyizan ale, y ale

Kòmesan ale y ale

Etidyan ale y ale

Krèm peyi a fin ale

Page 22: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Nèg geto y ale

Nèg anwo y ale

Machann dlo y ale

Ata ti zwazo

Poletè ale y ale [proletariat]

Pwofesè ale y ale

Sitaden ale y ale

Mizisyen n yo fin ale vre

Se Istwa 5 jenn gason ki pran kanntè k al chache ki bò lavi fè

kwen

Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè

Yo blije pati kite nou lwen

Yo pa t menm gen yon destinasyon

Yo sou dlo, sou kont vag, sou kont van

Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon

Kite Ayiti, fè kap yo pran van pou y ale [kap = kite]

Page 23: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

Restavèk 11

1. Poukisa Bobi blije kite kay Mod ak Lwi?

2. Kote Bobi ale?

3. Madan Lawòch te mande Bobi swiv ki moun epi poukisa?

4. Bobi dwe pare pou ki gwo vwayaj?

5. Kisa l dwe fè pou pare vwayaj sa a?

6. Nonmen kèk kote Bobi ale pou pare vwayaj li.

7. Èske Bobi vin rekonsilye ak papa l? Dekri relasyon yo

genyen.

8. Ki moun nan fanmi Bobi kontre l nan chapit sa a?

METE NAN NOUVO FRAZ! KREYATIVITE A BON!!!

li bimen m ak tab la

fènwa a te pwès

Nanpwen mwayen

Florans t ap vwazinen

yon ti koulèv t ap glise èsès...

Mod vin met ola

tounen yon ti sitirè ki gen yon sèl pratik

m lonje l ba li

Restavèk, Chapit 12

Page 24: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

1. Sa k rive Bobi nan avyon an?

2. Ki moun ki akeyi l nan èpòt la?

3. Ki moun ki pa t vle Bobi Ozetazini? Ki moun ki di l sa?

4. Ki jan Florans trete Bobi kounyeya?

5. Kisa Bobi fè kòm si l toujou Ayiti?

6. Ki travay Deni ak Liz te konn fè?

7. Ki jan Bobi wè lekòl la? Dekri lekòl la.

8. Ki diferans lekòl la genyen ak sa l konnen Ayiti a?

9. Ki jan Bobi twouve lang angle a?

10. Ki diferans ki genyen ant jan yo vann poul ant de peyi yo?

11. Ki bagay sou ras Bobi aprann nan lekòl la?

12. Lè Bobi ale nan Ayskoul, pouki l pa vle pale ak lòt ayisyen yo?

13. Ki pwoblèm rasyal Bobi remake nan lekòl la?

14. Sa k enpoze Bobi pale ak fi blanch la?

15. Ki pwoblèm grann Teri te genyen ak Bobi?

16. Sa k rive ant Bobi ak manadjè l la?

Vokabilè

yon blan ant dezaj

pànye woulèt

yon ti briz tyèd

li ranje yo sou touch yo

nan angle wòwòt mwen

li t ap tann yon woulib

yo mare min yo...

m pa jwenn anyen, ata yon penich wouj

sal datant lan

yon ti desann sibit

ivè

yon ti bonjou raz

m ap mache swiv koulwa long...

Page 25: Restavèk chapit 1 - users.clas.ufl.edu

HAI 2201, Exam I, study guide, Restavèk, Chapit 12 1. Sa k rive Bobi nan avyon an?

2. Ki moun ki akeyi l nan èpòt la?

3. Ki moun ki pa t vle Bobi Ozetazini? Ki moun ki di l sa?

4. Ki jan Florans trete Bobi kounyeya?

5. Kisa Bobi fè kòm si l toujou Ayiti?

6. Ki travay Deni ak Liz te konn fè?

7. Ki jan Bobi wè lekòl la? Dekri lekòl la.

8. Ki diferans lekòl la genyen ak sa l konnen Ayiti a?

9. Ki jan Bobi twouve lang angle a?

10. Ki diferans ki genyen avèk fason yo vann poul nan de peyi yo?

11. Ki bagay sou ras Bobi aprann nan lekòl la?

12. Lè Bobi ale nan ayskoul, poukisa l pa vle pale ak lòt ayisyen yo?

13. Ki pwoblèm grann Teri te genyen ak Bobi?

14. Sa k rive ant Bobi ak manadjè l la?

Bobi malad nan avyon an. Florans ak Deni akeyi li nan ayewopò a.

Bobi pa jwenn lajan atè Ozetazini!

Bobi aprann li dwe gen yon lòt konpòtman Ozetazini. Florans pa trete l menm jan an.

Kounye a, Bobi jwenn bon manje.

Madan Deni (Liz) pa kontan Bobi rive Ozetazini

Bobi lave machin Deni nan mwa fevriye a. Bobi pa alèz.

Deni travay nan yon bank ; Liz nan yon faktori ; Florans nan yon pansyon pou moun ki

pa byen nan tèt yo

Bobi ale lekòl: se lalwa Ozetazini

Bobi wè yo pa sèvi ak fwèt nan lekòl Ozetazini.

Bobi gen pwoblèm nan lekòl la : anglè... lòt timoun pa janti ak li...

Bobi resevwa leson anglè ak yon bèl fi...

Bobi pa santi li alèz ak lòt ayisyen nan lekòl li...

Lekòl Bobi a chaje ak divizyon rasyal.

Teri, yon ti fi blan, envite Bobi lakay li. Grann Teri voye Bobi ale poutèt atitid rasis li.

Bobi dwe peye pou manje li nan kay Deni an.

Bobi jwenn travay nan makèt. L ap chache pànye woulèt nan pakin nan.

Manadjè a vle fè pedofil ak Bobi. Bobi kite djòb la. Bobi revoke.

Vokabilè

yon blan ant dezaj anglè mawon

pànye woulèt dwèt mwen tounen kalmason k ap kite tras gonm dèyè l

yon ti briz tyèd vanse men l rive nan fouk mwen

li ranje yo sou touch yo sal datant lan

nan angle wòwòt mwen yon ti desann sibit

li t ap tann yon woulib ivè

yo mare min yo... yon ti bonjou raz

m pa jwenn anyen, ata yon penich wouj m ap mache swiv koulwa long...