yon gid pou for posib manm florida healthy kids · 2019-01-29 · 3 enfÒmasyon sou gid sa la pou...

76
YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS

Upload: others

Post on 14-Jan-2020

7 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS

Page 2: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

2

LÈT BYENVENI

Byenveni! Mèsi pou enterè ou nan Florida Healthy Kids!

Florida Healthy Kids, youn nan kat pwogram ki fòme Florida KidCare, se pou timoun ki gen laj pou lekòl ki gen laj 5 kan jiska laj 18 tan. Florida Healthy Kids ofri de diferan chwa pou plan:

1. Yon plan sibvansyone pou fanmi ki gen revni moun lakay yo ki tonbe ant 133 pousan ak 200 pousan nivo federal povrete, ak.

2. Yon plan peman konplè pou fanmi ki gen revni moun lakay yo ki depase kritè kalifikasyon yo.

Gid sa a se pou fanmi ki ka enterese nan plan Florida Healthy Kids yo.Pifò manm Florida Healthy Kids yo kalifye pou pwoteksyon sibvansyone epi yo peye sèlman $15 oswa $20 pa mwa pou pwoteksyon sante ak dan.

Si ou anvizaje aplike pou pwoteksyon an, si ou te aplike pou li pa twò lontan oswa si ou te enskri pa twò lontan nan pwogram Florida Healthy Kids, gid sa a pou moun ki ka vin manm yo ap ba ou tout eksplikasyon sou fason pwogram nan fonksyone.

Pou jwenn plis enfòmasyon souFlorida Healthy Kids, ale sou sitwèb healthykids.org oswa rele nimewo 1-888-540-KIDS (5437), oswa 1-800-955-8771 for TTY. Sant Apèl Florida KidCare louvri ant 7:30 Ak 7:30 p.m. Lè Zòn Lès, lendi jiska vandredi.

Nou pa tann pou sèvi ou ak fanmi ou nan misyon nou pou asire plan sante ki konsantre sou timoun ki bay bon kalite sèvis swen sante jeneral.

AVI: Enfòmasyon ki nan gid sa a la pou ede ou konprann pwoteksyon asirans Florida Healthy Kids avèk yon langaj ki fasil pou li. Lè gen diferans ant enfòmasyon ki nan gid sa a ak manyèl enskripsyon ki espesyal pou plan an, se enfòmasyon ki nan manyèl manm yo k ap gen enpòtans.

Page 3: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

3

ENFÒMASYON SOU

Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids. Li ka itil tou pou fanmi ki enskri nan pwoteksyon Florida Healthy Kids pa twò lontan.

Nou ekri gid sa a pou paran(yo) oswa responsab legal (yo timoun ki kalifye yo. Tanpri pale sou enfòmasyon sa yo avèk pitit ou jan yo apwopriye pou laj li.

Gid sa a ap fè ou konnen:• Eleman debaz Florida

KidCare ak Florida Healthy Kids;

• Chwa plan ki disponib yo;

• Pifò avantaj ki disponib yo, tankou sa ou pral peye ak fason pou resevwa sèvis yo;

• Responsablite plan an nan bay swen sante pou pitit ou;

• Dwa ak responsablite manm yo;

• Sa pou fè si ou pa dakò avèk aksyon plan an;

• Fason nou kontwole kalite; ak plis.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• MANM• PLANIFYE• ASIRANS SANTE • ASIRANS DAN

Timoun ki pi jèn yo ka jwenn avantaj nan aprann fason doktè yo kapab ede yo rete an sante. Timoun ki pi gran yo ak adolesan yo ap jwenn avantaj nan aprann eleman debaz fason asirans sante fonksyone, tankou, kondisyon pou kotize nan depans yo, epi dwa yo ak responsablite yo kòm yon manm. Si pitit ou aprann bagay sa yo kounye a sa kapab prepare li pou pi byen konprann ak kontwole sante li ak chwa asirans li lè li vin yon adilt adult.

Page 4: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

4

EDE OSWA KESYON SOU RELE NIMEWO ALE SOU SITWÈB

• Sitiyasyon aplikasyon ou

• Kalifikasyon pou Florida Healthy Kids

• Fason pou fè peman yo

• Lè pwoteksyon an kòmanse

• Florida KidCare lèt oswa imèl ou resevwa

1-888-540-KIDS (5437)

Jou lasemèn:7:30 a.m. – 7:30 p.m. ET

TTY 1-800-955-8771

healthykids.org

• Kit se yon sèvis me-dikal, yon preskripsyon medikaman, oswa aparèy medikal ga-ranti

• Depans pou yon sèvis medikal, yon preskripsyon-medikaman oswa aparèy medikal

Sitwèb Konpayi asirans sante espesyal ou:

Aetna Better Health of Florida1-844-528-5815

Simply Healthcare Plans1-844-405-4298

Sitwèb konpayi asirans sante ou:

aetnabetterhealth.com/florida

simplyhealthcareplans.com/florida-home/ simply.html

Lè ou bezwen èd oswa plis enfòmasyon, itilize kontra sa yo ak sitwèb sa yo:

ENFÒMASYON POU PRAN

Page 5: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

5

• Rezo Pwofesyonèl swen sante Network

• Health Sèvis prevantif

• Peman yon bòdwo medikal

• Fason pou konteste refi pou yon sèvis oswa pou yon reklamasyon

Staywell Kids1-866-698-5437

United Healthcare Community Plan1-888-216-0015

wellcare.com/ StaywellKids

uhccommunityplan.com/fl/chip/healthy-kids.html

• Si yon sèvis swen dan garanti

• Depans pou yon swen dan sèvis

• Networkdental Pwofesyonèl swen dan

• Fason pou konteste service refi pou yon sèvis oswa pou yon reklamasyon

Konpayi asirans dan espesyal ou:

Argus Dental Plan1-888-978-9513

DentaQuest, Inc.1-800-964-7811

MCNA Dental Plan1-855-858-6262

Sitwèb konpayi asirans dan ou:

argusdental.com/healthykids

dentaquest.com/state-plans/regions/florida

mcna.net/en/ florida-healthy-kids

Page 6: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

6

Si ou bezwen prezante dokiman revni, idantite sitwayènte oswa kondisyon imigran ou ba Florida KidCare, tanpri prezante yo nan youn nan fason sa yo:

Telechajman Sekirize: Eskane dokiman ou yo tankou kalite fichye sa yo .pdf, .jpeg, .jpg, .png, .tif, .tiff or gif. Chak fichye dwe gen mwens pase 10MB. Konekte nan kont ou sou sitwèb floridakidcare.org epi klike sou bouton vèt telechajman dokiman pou telechaje dokiman yo nan kont ou.

Imèl: Scan your documents as one of these file types: .pdf, .doc, .ppt, .jpeg, .jpg, .tif, .tiff,.txt, .rtf, .bmp or .gif. Chak fichye dwe gen 10MB, oswa pètèt pi piti, selon sèvis imèl ou Imèl dokiman ou yo ba [email protected].

Voye yo pa lapòs ba: Florida KidCareP.O. Box 591Tallahassee, FL 32302-0591

Fakse doleyans ou nan nimewo: 1-866-867-0054

FASON POU VOYE

ENPÒTAN: Tanpri pa voye okenn bòdwo medikal oswa

reklamasyon ba Florida Healthy Kids Corporation. Si ou bezwen voye yon bòdwo

medikal oswa yon plan’s reklamasyon, rele depatman

sèvis manm plan ou. Lè w ap voye nenpòt dokiman,

ekri nimewo kont fanmi ou anlè chak paj. Ou kapab

jwenn nimewo kont fanmi ou nan nenpòt lèt Florida KidCare voye ba ou oswa depi ou konekte nan kont

Florida ou sou entènèt.

Page 7: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

7

FASON POU FÈ PEMAN

Lè ou bezwen fè yon peman asirans lan pa mwa, chwazi youn nan senk fason sa:

Peman otomatik pa mwa san enkyetid:

Peman Otomatik 1. Ale sou sitwèb

healthykids.org epi konekte nan kont pwoteje ou oswa kreye yon kont si ou poko gen youn.

2. Antre enfòmasyon kat debi ou oswa enfòmasyon kont labank ou.

3. Sere enfòmasyon peman ou. Apre premye peman Autopay ou, frè pou tranzaksyon an ap kouvri pou apeprè yon ane nèt, sa k ap pèmèt ou ekonomize $14!

Peman yon sèl fwa pou yon sèl mwa oswa pou anpil mwa pwoteksyon an:

Sou entènèt 1. Ale sou sitwèb

healthykids.org epi klike sou bouton Pay Premium (peye mwa asirans lan).

2. Fè yon chwa peman yon sèl fwa.

3. Antre enfòmasyon kat debi ou, kat kredi ou oswa enfòmasyon kont labank ou. (gen frè pou peye pou tranzaksyon an).

Telefòn Rele nimewo 1-888-540-KIDS (5437) pou fè yon peman avèk kat debi ou oswa kat kredi ou (gen frè pou peye pou.

Pa Lapòs 1. Ekri nimewo kont

fanmi sou chèk ou oswa sou chèk postal (money order) ou.

2. Ekri li sou non “Florida KidCare.”

3. Voye peman ou ba: Florida KidCare | P.O. Box 31105 | Tampa, FL 33631-3105

Fas-a-Fas Ale sou sitwèb fidelityexpress.com pou jwenn yon kote ou kapab fè yon peman avèk lajan kach.

Page 8: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

8

Enfòmasyon Sou . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 3

Enfòmasyon Pou Pran . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 4

Fason Pou Voye . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 6

Fason Pou Fè Peman . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 7

Komansman: Eleman debaz Pwogram . . . . . . . . . . . . . . . . . 9

Kisa Florida Healthy Kids Garanti Epi Konbyen Lajan Li Koute . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 22

Avantaj Medikal Yo Ak Garanti Pou Medikaman Sou Preskripsyon . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 26

Avantaj Swen Dan . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 30

Rezopwofesyonel Swen Sante . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 32

Evalyasyon Risk Pou Sante . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 43

Planifikasyon Ak Tranzisyon Swen Sante . . . . . . . . . . . . . . . . 44

Doleyans Ak Kontestasyon . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 47

Konfli Ant Kalifikasyon Ak . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 50

Fwod Ak Abi . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 52

Kalite Ak Pèfòmans . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 55

Dwa Ak Responsablite Manm Yo . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 57

Definisyon . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 61

Avi Sou Pratik Konfidansyalite . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 66

San Diskriminasyon Avi – Lalwa Entedi Diskriminasyon . . 73

SA KI NAN LIV LA

Page 9: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

9

KÒMANSMAN: ELEMAN DEBAZ PWOGRAM

Kisa Florida KidCare ye?Florida KidCare se pwogram asirans sante ak dan pou - timoun. Li gen kalite siperyè epi li pa koute chè. Gen kat patnè Florida KidCare. Chak patnè bay asirans pou diferan gwoup timoun:

• Florida Healthy Kids Corporation ap dirije Florida Healthy Kids pou timoun ki gen laj 5 kan jiska fen laj 18 tan.

• Ajans pou Administrasyon Swen Sante ap dirije Medicaid pou timoun depi lè yo fèt jouk nan lè yo gen laj 1 ane ak MediKids pou timoun ki gen laj 1 ane jiska 4 tran.

• Depatman Sante (Department of Health) ap dirije Plan Swen Kontwole Children’s Medical Services pou timoun ki gen laj 19 ane epi ki gen bezwen swen sante espesyal.

• Depatman Timoun ak Fanmi (Department of Children and Families) ap dirije Rezo Sante Konpòtmantal (Behavioral Health Network) pou timoun ki gen laj 5 kan jiska 19 ane.

Gid sa se sitou pou Florida Healthy Kids.

Kisa Florida Healthy Kids ye?Florida Healthy Kids se asirans sante ak asirans dantè pou timoun ki gen fanmi yo ki satisfè sèten kritè kalifikasyon dapre revni ak lòt kritè kalifikasyon. Konpayi asirans yo bay avantaj asirans sante ak asirans dantè avèk yon modèl swen kontwole.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• MAMN• PLAN• ASIRANS SANT• ASIRANS DAN• PRI ASIRANS LAN

PA MWA• REZO PWOFESYONEL• SWEN SANTE

Page 10: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

10

Kisa swen kontwole ye?Objektif swen kontwole a se pou bay swen sante ki gen kalite siperyè epi ki pa koute chè. Konpayi asirans Florida Healthy Kids yo itilize anpil apwòch pou fè sa, men de nan apwòch yo:

• Kreye yon rezo pwofesyonèl swen sante. Doktè yo ak lòt pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a dakò avèk sèten règ, tankou rapidite doktè a dwe bay manm yo yon randevou oswa, si yon espesyalis nesesè, doktè a dwe bay manm lan referans pou li wè yon espesyalis ki nan rezo a. Sof pou ijans yo, manm yo dwe wè yon pwofesyonèl swen sante ki nan rezo a.

• Gen règ sou kilè ak ki kalite sèvis, materyèl, aparèy medikal, ak lòt pwodui ki garanti yo. Konpayi asirans Florida Healthy Kids yo peye sèlman pou sèvis ki nesesè yo pou rezon medikal.

Kimoun ki kalifye pou Florida Healthy Kids?Florida Healthy Kids ofri pwoteksyon sibvansyone ak yon chwa peman konplè.

Pwoteksyon sibvansyone a disponib pou timoun ki gen laj 5 kan jouk nan fen laj 18 tan ki nan fanmi ki gen revni ki tonbe ant 133 pousan ak 200 pousan nivo povrete federal. Nivo povrete federal la chanje chak ane epi li baze sou revni ak kantite moun ki nan fanmi an (kantite moun ki konte kòm manm ki enskri nan fanmi yon moun). Ou kapab jwenn yon tablo gid jeneral revni anyèl sou sitwèb healthykids.org/cost/subsidized. Timoun yo dwe se sitwayen Etazini oswa rezidan legal nan Etazini, ak rezidan nan Florida pou yo kalifye pou pwoteksyon an.

Si revni fanmi ou twò wo pou pwoteksyon sibvansyone a, Florida Healthy Kids gen yon chwa peman konplè tou. Ale sou sitwèb Healthy Kids nan healthykids.org pou jwenn plis enfòmasyon sou chwa peman konplè a. Enfòmasyon ki nan manyèl sa a aplike pou pwoteksyon sibvansyone.

Konbyen lajan pwoteksyon sibvansyone a koute? Fanmi ki kalifye yo ap peye $15 oswa $20 pa mwa pou pwoteksyon an! Kantite lajan ou peye pa mwa a, ki rele

Page 11: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

11

peman asirans lan pa mwa, depannde kantite moun ki nan fanmi ou ak nivo revni ou. Yon rezon kantite lajan sa a ba se paske gouvènman federal ak gouvènman leta peye pifò nan peman asirans lan pa mwa. Se rezon sa a ki fè nou rele li pwoteksyon sibvansyone.

Kijan pou mwen aplike? Florida KidCare, tankou Florida Healthy Kids, tou gen enskripsyon ki louvri pandan tout ane a. Sa vle di ou kapab aplike nenpòt lè avèk youn nan fason sa yo:

Sou entènèt 1. Ale sou sitwèb floridakidcare.org epi klike sou

APPLY NOW (APLIKE KOUNYE A).

2. Kòmanse yon nouvo aplikasyon. Ou ka pran 45 minit oswa plis pou ranpli yon aplikasyon, selon kantite moun k ap viv lakay ou.

• W ap bezwen nimewo Sekirite Sosyal (oswa nimewo dokiman pou imigran legal yo ki bezwen asirans) ak enfòmasyon sou patwon ak revni pou tout moun k ap viv lakay ou.

• Si ou bezwen kanpe, sovgade aplikasyon ou epi ekri nimewo konfimasyon aplikasyon ou. Ou kapab kite aplikasyon an epi fini li pita si ou gen nimewo sa a. Si ou te bay adrès ou, n ap imèl nimewo konfimasyon aplikasyon ou ba ou.

3. Prezante aplikasyon an nèt sou entènèt epitou telechaje dokiman yo.

• Nou ka mande ou pou chaje dokiman revni ou dokiman ki asosye avèk kondisyon sitwayènte ou, epi si ou te reponn ou se yon Ameriken Natifnatal oswa Ameriken Alaska, nou ka mande ou pou bay dokiman yo.

Papye 1. Ou kapab telechaje aplikasyon an sou sitwèb

FloridaKidCare.org oswa rele Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437) epi mande yon kopi enprime ki gratis. N ap voye li ba ou pa lapòs.

• Voye aplikasyon ou ranpli a ak kopi dokiman

Page 12: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

12

ou yo pa lapòs nan adrès ki nan aplikasyon an, oswa.

• Imèl kopi eskane aplikasyon ou ak dokiman ou yo ba [email protected] kòm youn nan kalite fichye sa yo: .pdf, .doc, .ppt, .jpeg, .jpg, .tif, .tiff, .txt, .rtf, .bmp oswa .gif. Chak fichye dwe gen mwens pase 10MB, oswa pètèt pi piti, selon sèvis imèl ou, oswa.

• Fakse aplikasyon ou ranpli yo ak dokiman sipò ou yo nan nimewo 1-866-867-0054.

Konbyen tan l ap pran pou jwenn yon repons lè mwen ranpli yon aplikasyon?L ap pran apeprè sis semèn pou nou travay sou yon aplikasyon. L ap pran plis tan si nou bezwen enfòmasyon siplemantè nan men ou. Tanpri bay tout enfòmasyon nou mande yo pou nou kapab gen tout sa nou bezwen pou travay kòrèkteman sou aplikasyon ou. Si pitit ou kalifye pou Florida Healthy Kids, pwoteksyon an ap kòmanse premye jou mwa ki vini apre Florida KidCare apwouve aplikasyon ou Ak lè ou fè peman mwa asirans lan.

Kijan pou mwen louvri yon kont sou entènèt?W ap bezwen nimewo kont ou fanmi ou. Ou kapab jwenn nimewo kont ou nan lèt Florida KidCare voye ba ou yo oswa li endike nan yon imèl Florida KidCare si ou te chwazi pou resevwa enfòmasyon yo sou fòm elektwonik. Nimewo kont fanmi ou diferan avèk nimewo aplikasyon ou.

Ale sou sitwèb FloridaKidCare.org epi klike sou “Your Account” (Kont Ou). Antre nimewo kont fanmi ou epi swa nimewo Sekirite Sosyal oswa dat nesans pou paran yo ki endike sou kont lan. Apre ou klike sou bouton “ Register” (Enskri), w ap kapab wè sitiyasyon kont ou, li lèt Florida voye ba ou si ou te chwazi pou resevwa enfòmasyon yo sou fòm elektwonik, epitou si ou te chwazi metòd pratik pou fè peman yo sou entènèt.

Page 13: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

13

Èske konpayi asirans pitit mwen se Florida Healthy Kids?Non. Florida Healthy Kids Corporation gen kontra avèk anpil konpayi asirans pou ofri pitit ou pwoteksyon pou swen sante ak swen dan avèk Florida Healthy Kids. Chwa konpayi asirans ou yo p ap menm dapre kote w ap viv nan Florida, men ou gen omwen. De diferan konpayi asirans sante ak asirans dan pou chwazi ladan yo pandan pwosesis aplikasyon an. Konpayi asirans ou chwazi a ap vin sous prensipal enfòmasyon ou konsènan avantaj ak sèvis garanti yo ki disponib pou pitit ou.

Kisa mwen dwe fè pou enskri pitit mwen nan yon plan sante oswa yon plan pou swen? Anyen. Pitit ou (oswa pitit ou yo ) ap enskri otomatikman nan yon plan sante ak yon plan pou swen dan lè nou apwouve aplikasyon ou. W ap resevwa yon lèt oswa yon imèl k ap fè ou konnen nan ki plan pitit ou enskri. Lèt la ap endike lòt chwa plan yo tou. Ou gen 90 jou pou deside si ou vle chanje pou pran yon plan diferan oswa yon plan pou swen dan ki nan zòn ou. Swiv enstriksyon ki nan lèt la oswa imèl la pou chanje plan yo. Nenpòt chanjman ou fè ap kòmanse premye jou mwa ki vini apre ou mande chanjman an.

Gade paj 15 pou jwenn konsèy sou fason pou chwazi pi bon plan yo pou pitit ou.

Page 14: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

14

Èske mwen kapab chwazi konpayi asirans sante oswa konpayi asirans dantè? Ou kapab chwazi youn nan konpayi asirans sante yo ki disponib kote w ap viv la. Ou kapab chèche konnen ki konpayi asirans ki disponib nan zòn ou depi ou itilize kat jewografik konvèsasyonèl sou sitwèb healthykids.org/benefits/providers/map.php, oswa depi ou jwenn konte kote w ap viv la nan lis pwochen paj la.

Konpayi asirans dantè yo disponib tout kote nan eta a, poutèt sa, ou kapab chwazi nenpòt ladan yo:

• Argus Dental Plan

• DentaQuest, Inc.

• MCNA Dental Plan

Page 15: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

15

KONTE YO: ALACHUA - DIXIEAlachuaAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

BakerStaywell KidsUnited Healthcare Community Plan

BayAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

BradfordAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

BrevardAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

BrowardSimply Healthcare PlansStaywell Kids

CalhounAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

CharlotteAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

CitrusAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

ClayStaywell KidsUnited Healthcare Community Plan

CollierAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

ColumbiaAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

DesotoAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

DixieAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

KONTE YO: DUVAL - HILLSBOROUGHDuvalStaywell KidsUnited Healthcare Community Plan

EscambiaAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

FlaglerStaywell KidsUnited Healthcare Community Plan

FranklinAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

GadsdenAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

GilchristAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

GladesAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

GulfAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

HamiltonAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

HardeeAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

Plan yo Konte

Page 16: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

16

HendryAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

HernandoAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

HighlandsAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

HillsboroughAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

KONTE YO: HOLMES - MARTINHolmesAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

Indian RiverAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

JacksonAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

JeffersonAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

LafayetteAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

LakeAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

LeeAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

LeonAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

LevyAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

LibertyAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

MadisonAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

ManateeAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

MarionAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

MartinAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

KONTE YO: MIAMI DADE - PALM BEACHMiami DadeAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare PlansStaywell Kids

MonroeAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare PlansStaywell Kids

Nassau Staywell Kids United Healthcare Community Plan

OkaloosaAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

OkeechobeeAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

OrangeAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

Page 17: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

17

OsceolaAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

Palm BeachAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

KONTE YO: PASCO - SARASOTAPascoAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

PinellasAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

PolkAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

PutnamAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

St. JohnsStaywell KidsUnited Healthcare Community Plan

St. LucieAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

Santa RosaAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

Sarasota Aetna Better Health of Florida Staywell Kids

KONTE YO: SEMINOLE - WASHINGTONSeminoleAetna Better Health of FloridaSimply Healthcare Plans

SumterAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

SuwanneeAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

TaylorAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

UnionAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

VolusiaStaywell KidsUnited Healthcare Community Plan

WakullaAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

WaltonAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

WashingtonAetna Better Health of FloridaStaywell Kids

Page 18: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

18

Kijan pou mwen konnen ki plan ki bon pou pitit mwen? Èske avantaj yo diferan? Tout plan Florida Healthy Kids yo garanti menm avantaj yo, men gen kèk lòt diferans ant plan yo. Itilize resous nan tablo ki endike nan paj 15 lan pou ede ou konpare plan yo epi pou fè pi bon chwa a pou pitit ou yo. Pou ede ou kòmanse, gen kèk kesyon ou ka vle poze tèt ou ki vini apre chak resous.

Kilè ak kijan mwen kapab chanje plan yo?Ou kapab chanje konpayi asirans yo sèlman nan sèten moman epi pou sèten rezon.

Konekte nan kont ou sou entènèt pou chanje konpayi asirans ou yo pandan premye 90 jou enskripsyon pitit ou oswa pandan peryòd renouvèlman anyèl pitit ou.

Rele Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437) pou chanje konpayi yo si pitit ou ap viv nan zòn Sèvis la.

Ou ka rele Florida KidCare tou pou chanje konpayi yo pou youn nan rezon sa yo:

• Akòz objeksyon moral oswa relijye, doktè pitit ou pa bay yon sèvis pitit ou bezwen.

• Pitit ou bezwen sèvis asosye ki dwe fèt anmenmtan epi pwofesyonèl swen sante prensipal pitit ou detèmine si pitit ou resevwa sèvis yo apa sa ta mete li arisk ki pa nesesè, men se pa tout sèvis yo ki disponib nan rezo plan an.

• Pitit ou gen yon relasyon aktif avèk yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo plan an, men ki nan rezo yon lòt plan sibvansyone ki nan zòn nan.

• Plan an pa disponib ankò nan zòn kote pitit ou ap vi la.

• Florida Healthy Kids Corporation egzije konpayi asirans lan pou fè aksyon pou amelyore kalite swen sante a.

• Lòt rezon Florida Healthy Kids Corporation detèmine yo tankou, men pa sèlman, mank fason pou jwenn sèvis yo oswa pwofesyonèl swen sante ki gen eksperyans apwopriye pou bay swen sante pou pitit ou.

Page 19: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

19

Èske plan an kapab anile enskripsyon pitit mwen? Plan an pa kapab anile enskripsyon pitit ou dirèkteman.

Si plan pitit ou kwè pitit ou pa kalifye pou Florida Healthy Kids, plan an ka mande Florida Healthy Kids Corporation pou revize ak verifye kalifikasyon pitit ou. Lè gen yon demann revizyon kalifikasyon ki fèt, plan an dwe mete rezon ki fè timoun nan ka pa kalifye ak fason li te jwenn enfòmasyon yo.

Florida Healthy Kids Corporation ap detèmine si yon timoun kapab rete enskri.

Kijan pou mwen anile enskripsyon pitit mwen nan Florida Healthy Kids? Rele Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437) pou fè yo konnen ou vle anile enskripsyon pitit ou. Pwoteksyon an ap fini a 11.59 pm nan dènye jou pandan lè ou rele pou anile pwoteksyon an. Sa vle di, si ou rele 15 janvye pou anile pwoteksyon pitit ou, pitit ou ap gen pwoteksyon an jiska 31 janvye.

Si mwen anile pwoteksyon pitit mwen, èske mwen kapab enskri li nan Florida Healthy Kids pita ankò? Èske mwen gen pou re-aplike? Ou ka re-enskri pitit ou nan Florida Healthy Kids toutotan ou satisfè kondisyon yo pou pitit ou kalifye. Rele Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437) pou chèche konnen si ou bezwen pase nan pwosesis aplikasyon an ankò ak kilè pwoteksyon pitit ou kapab kòmanse.

Page 20: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

20

SOUS SA LI YE KOTE POU JWENN LI IT

BAGAY POU REFLECHI SOU

Pwofesyonèl swen sante yo anyè

Yon zouti oswa dokiman rechèch zouti rechèch oswaEpi chèche, ki montreRechèch ki doktè lopital ak yon lòt Jwenn swen sante swen sante rezo a. rezo a. Ou kapab rele Gen ladan tou enfòmasyon ki rezo Pwofesyonèl swen sante yo tankou orè. Operasyon an ak Kit li se yon nouvo Yo aksepte pasyan yo

Ale sou sit-wèb plan an Sitwèb espe-syal dokiman “find a provider” (jwenn yon pwofesyonèl swen sante) Oswa pwof-esyonèl swen sante oswa fason pou chèche yon pwofesyonèl ki nan Li Plan an pou mande sou ki pwofesyonèl swen sante nan rezo a.

Epi pou Mande on kopi sou papye kopi Pwofesyonèl swen sante anyè.

• Èske doktè oswa dantis regilye pitit mwen fè pati nan rezo plan an?

• Si pitit mwen pa gen yon doktè, konbyen premye swen sante rezo a ki apwopriye? Èske yo aksepte nouvo pasyan?

• Si pitit mwen wè yon espesyalis, èske espesyalis la fè pati nan rezo a? Si repons lan se non, konbyen yo ye? Èske yo fasil pou mwen kontakte yo? Èske yo aksepte nouvo pasyan?

• Si mwen pa kapab mennen pitit mwen nan klinik doktè a pandan lè nòmal biwo louvri, èske gen doktè rezo a oswa sant swen sante ijan toupre mwen ki gen lè pwolonje biwo louvri?

Page 21: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

21

Dokiman pou manm Manyèl

Dokiman an ki eksplike ki la Sou sitwèb la ak sa pou chèche limit yo, Esklizyon yo, ak dwa ak respons-ablite ou

Ale sou sitwèb plan an avantaj pou pitit ou Ki garanti yo avantaj manm “Manyèl en-fòmasyon” oswa “Manyèl en-fòmasyon”.Ou kapab rele plan an tou pou Mande yon kopi sou papye lokatè a.

• Èske plan an ofri avantaj siplemantè?

• Nan ki orè mwen kapab rele sèvis manm?

• Èske gen yon liy enfimyè mwen kapab rele si mwen ta dwe mennen pitit mwen nan Saldijans (Emergency Room, ER), oswa si mwen ta dwe rete tann yon randevou avèk pwofesyonèl swen sante pitit mwen?

Disponib-lite ak estanda pèfòmans respons-ablite ou

Enfòmasyon nou itilize pou detèmine fason yon plan ak pwofesyonèl swen sante rezo li yo bay pèfòmans.

Ale sou sitwèbhealthy-kids.org

• Èske plan sante oswa plan pou swen dan an gen akreditasyon?

o Si yon plan gen, akreditasyon, sa vle di yon òganizasyon endepandan te revize plan an Epi plan an satisfè estanda kalite òganizasyon endepandan an

• Ki enfòmasyon ki disponib sou kalite plan an?

Page 22: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

22

KISA FLORIDA HEALTHY KIDS GARANTI EPI KONBYEN LAJAN LI KOUTE

Ki sant medikal lwa a konsène?Florida Healthy Kids garanti avantaj enpòtan tankou:

• Vizit pou timoun ki an sante

• Sèvis swen dan

• Vizit nan klinik pou wè PCP ou (pwofesyonèl sen sante prensip

• Vizit nan klinik pou wè espesyalis (doktè ki konsantre sou yon domèn sante)

• Iminizasyon (piki pitit ou resevwa pou li evite maladi tankou grip oswa lawoujòl)

• Medikaman sou preskripsyon

• Ak plis lòt!

Tablo ki nan paj 27 an bay lis tout sèvis ki garanti yo.

Nou fèk ale nan yon diferan eta kote plan pitit mwen pa t garanti kèk nan sèvis yoAkòz objeksyon moral oswa relijye. Kijan pou mwen jwenn sèvis yo nan Florida?Plan Florida Healthy Kids yo bay tout avantaj ki garanti yo epi yo pa retire okenn nan avantaj yo (gade paj 21) akòz objeksyon moral oswa relijye. Si doktè pitit ou p ap bay sèvis yo akòz objeksyon moral oswa relijye, rele plan pitit ou. Y ap ede ou jwenn sèvis yo.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• MANM• PLAN• VIZIT POU TIMOUN KI

AN SANTE• PWOFESYONÈL SWEN

SANTE PRENSIPAL (PCP)

• ESPESYALIS• MEDIKAMAN SOU

PRESKRIPSYON• REZO• REZO PWOFESYONÈL• KOPEMAN

Page 23: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

23

KISA FLORIDA HEALTHY KIDS GARANTI EPI KONBYEN LAJAN LI KOUTE

Èske mwen dwe wè sèten doktè?Sof pou sitiyasyon ijans, pitit ou dwe wè yon pwofesyonèl swen sante rezo a pou sèvis yo garanti. Ou ka bezwen jwenn yon referans PCP pitit ou pou li wè yon espesyalis. Gade paj 27- 28 pou jwenn plis enfòmasyon sou egzijans sa a.

Èske mwen dwe peye doktè a lajan?Sa depan. Kèk sèvis bezwen yon kopeman, yon sèten kantite lajan ou peye pwofesyonèl swen sante a lè pitit ou ap resevwa sèvis yo. Yon kopeman rele pafwa yon kotizasyon. Se pa tout sèvis yo k ap lakòz ou peye yon kopeman. sèvis prevantif, tankou vizit timoun ki an sante ak egzamen woutin, se sèvis ki gratis! Amerendyen ak Natifnatal Alaska ki satisfè sè ten kondisyon pa peye kopeman.

Sèvis ki Garanti avèk plan pou swen dan pitit ou nan Florida Healthy Kids se sèvis ki gratis.

Tablo ki nan paj 27 an bay lis kopeman ki obligatwa pou peye pou sèvis komen ki garanti yo.

Èske gen limit nan kantite lajan mwen gen pou peye?Wi! Depans avèk lajan pòch ou se sèlman5 pousan revni brit anyèl fanmi ou anvan dediksyon (revni anvan taks ak lòt dediksyon) chak ane-plan. Depans avèk lajan pòch ou pou yon plan sante Florida Healthy Kids gen ladan peman plan an pa mwa ak nenpòt kopeman ou peye.

Kisa pou mwen fè si mwen panse mwen peye 5 pousan nan revni fanmi mwen?Rele Florida KidCare nan nimewo 1-888-540-KIDS (5437). Konpayi asirans pitit ou ak Florida Healthy Kids Corporation ap verifye si ou peye 5 pousan nan revni anyèl fanmi ou. Ou ka bezwen bay resi oswa lòt dokiman pou kopeman ou te peye yo.

Page 24: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

24

Lè nou verifye lòt enfòmasyon yo, w ap resevwa yon lèt k ap endike ou pa dwe okenn kopeman pou rès ane-plan an. Ou kapab montre lèt sa a ba pwofesyonèl swen sante yo. Plan pitit ou ap fè pwofesyonèl swen sante ou yo konnen ou pa dwe okenn kopeman. Ou kapab sispann peye pri asirans lan pa mwa pou rès ane-plan an.

Sonje, w ap bezwen kòmanse peye pri asirans lan pa mwa ak kopeman yo ankò lè nouvo ane- plan an kòmanse. Ane-plan an kòmanse nan dat 1ye Oktòb. Sonje pou peye asirans mwa Oktòb ou nan mwa Septanm.

Èske gen limit nan kantite lajan plan an ap peye?Wi. Avantaj maksimòm avi Florida Healthy Kids peye se $1 milyon. Sa vle di plan yo ki bay pwoteksyon Florida Healthy Kids ap peye jiska $1 milyon nan reklamasyon yo pou pitit ou.

Kisa k ap pase si pitit mwen gen $1 milyon nan reklamasyon?Lè pitit ou akimile $1 milyon nan reklamasyon nou peye, pitit ou p ap kalifye ankò pou Florida Healthy Kids epi plan sante pitit ou ap sispann peye reklamasyon yo.

Si sa rive, w ap bezwen jwenn yon lòt asirans pou pitit ou. Pou paran ak responsab legal k ap travay yo, asirans pou pitit ou ka disponib avèk djòb ou. Satisfaksyon maksimòm $1 milyon ka se yon evènman admisib k ap pèmèt ou enskri. Sinon, Ou kapab enskri pandan peryòd enskripsyon lib djòb ou. Ou ta ka vle rele yon ajan asirans lisansye konsènan lòt chwa asirans sante prive. Depatman sante konte kote w ap viv la ka ofri sèvis swen sante pou pri ki ba pou pitit ou epi yo kapab ba ou referans pou wè lòt pwofesyonèl sèvis swen sante ki nan kominote lokal ou.

Èske mwen kapab chanje plan Healthy Kids lè yon plan peye $1 milyon nan reklamasyon?Non, $1milyon se kantite lajan total nou kapab peye pou reklamasyon medikal yon timoun avèk Florida Healthy Kids.

Page 25: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

25

Mwen te soti nan yon rejyon pou ale nan yon lòt epi mwen te chanje konpayi asirans mwen yo. Plan Healthy Kids pitit mwen ki nan ansyen rejyon kote mwen soti a te peye$800,000 nan reklamasyon. Èske plan Healthy Kids pitit mwen ki nan nouvo rejyon mwen pral peye?Nouvo plan pitit ou pral peye jiska yon $200,00 siplemantè nan reklamasyon. Florida Healthy Kids ap fini lè kantite total lajan yo peye nan reklamasyon yo rive a $1 milyon.

Page 26: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

26

AVANTAJ MEDIKAL YO AK GARANTI POU MEDIKAMAN SOU PRESKRIPSYON

Plan asirans sante Florida Healthy Kids yo garanti avantaj medikal ak pwoteksyon preskripsyon medikaman ki endike nan tablo ki nan paj 27.

Sèvis ki garanti yo dwe se sèvis ki nesesè pou rezon medikal. Plan pitit ou ka egzije pitit ou pou li satisfè sèten kritè nesesite medikal pou kèk avantaj. Plan pitit ou ka egzije doktè ou pou li jwenn otorizasyon anvan pitit ou resevwa sèten sèvis oswa pou li kontinye sèten sèvis. Tanpri rele plan pitit ou ye a oswa plan ou anvizaje a si ou gen kesyon konsènan garanti avantaj pitit ou.

BAGAY KI ENPÒTAN POU SONJE

• Nou reklame kopeman yo pou chak vizit oswa chak preskripsyon.

• Plan asirans sante a kòmanse 1ye Oktòb epi li fini 30 septanm.

• Sof pou sèvis pou ijans yo, pitit ou dwe wè yon pwofesyonèl swen sante rezo a pou li gen pwoteksyon asirans lan pou sèvis yo.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• MANM • PLAN• KOPEMAN• REZO• REZO PWOFESYONÈL• ASIRANS SANTE• AVANTAJ KI GARANTI YO• PWOFESYONÈL SWEN

SANTE PRENSIPAL (PCP)• ESPESYALIS• SWEN POU PREKOSYON• SWEN NAN SALDIJANS• EKIPMAN MEDIKAL DIRAB• SÈVIS SWEN SANTE NAN

KAY• SÈVIS NAN LOSPIS• MEDIKAMAN SOU

PRESKRIPSYON• KI NESESÈ POU REZON

Page 27: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

27

AVANTAJ MEDIKAL YO AK GARANTI POU MEDIKAMAN SOU PRESKRIPSYON KOPEMAN

Sèvis pou pasyan ki entène nan lopital $0

Vizit nan pwofesyonèl swen sante prensipal $5

Swen prevantif $0

Vizit nan klinik espesyalis $5

Sèvis pou reyabilitasyon pou tan kout • Nou garanti terapi fizik, ègoterapi, terapi

respiratwa ak òtofoni.

• Sèlman 24 sesyon nan yon peryòd 60 jou pou chak epizòd oswa chòk.

$5

Sèvis Kiwopraksi• Pou sèlman 24 vizit chak ane. $5

Sèvis Podyat• Sèlman 1 vizit pa jou ak 2 vizit total

pa mwa. $5

Vizit nan saldijans $10

Sèvis anbilans pou Ijans $10

Sèvis sante konpòtmantal Vizit nan klinik:$5Sèvis pou pasyan ki entène: $0

Sèvis pou Twoub Itilizasyon Alkòl/Dwòg Vizit nan klinik:$5Sèvis pou pasyan ki entène: $0

Lantiy koreksyon ak monti $10

Grèf ògàn $0

Ekipman medikal dirab $0

Mezon Retrèt Espesyalize $0

Sèvis swen sante nan kay $5

Sèvis nan lospis $5

Medikaman sou preskripsyon $5

Page 28: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

28

Lòt AvantajKèk plan sante Florida Healthy Kids bay lòt avantaj yo pou gratis. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou chak avantaj siplemantè plan an nan manyèl manm ki espesyal pou plan an oswa depi ou rele sèvis manm plan an.

Avantaj Medikaman sou PreskripsyonAvantaj medikaman sou preskripsyon an garanti sèten medikaman sou preskripsyon, ki rele tou medikaman doktè preskri, pwofesyonèl swen sante pitit ou preskri pou li. Chak plan gen yon sèten lis medikaman sou preskripsyon ki garanti. Sa rele yon lis medikaman nou rekòmande. Lis medikaman nou rekòmande na dekri nenpòt kondisyon pitit ou dwe satisfè pou li jwenn yon preskripsyon ki garanti. Pafwa nou rele sa yon fòmilè medikaman sou preskripsyon.

Èske lis medikaman ki rekòmande a chanje?Lis medikaman nou rekòmande a ka chanje tanzantan. Lis medikaman nou rekòmande pou kounye a disponib sou sitwèb plan an. N ap voye yon avi ba ou pou fè ou konnen si plan pitit ou fè yon chanjman nan lis medikaman nou rekòmande a ap gen konsekans sou preskripsyon pitit ou nan moman an.

Èske tout plan Florida Healthy Kids yo gen menm lis medikaman ki rekòmande?Tout plan Florida Healthy Kids yo garanti menm kalite medikaman sou preskripsyon tankou Medicaid Florida, men chak lis medikaman nou rekòmande ka diferan. Chak plan pran desizyon ki diferan sou bagay tankou egzijans yon manm dwe satisfè pou li kalifye pou yon sèten medikaman oswa pou ki kalite medikaman ki rekòmande.

Ou kapab jwenn yon lis medikaman nou rekòmande sou sitwèb plan an.

Page 29: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

29

Kijan yo pran desizyon yo sou lis medikaman ki rekòmande a?Chak plan gen yon komite famasyen oswa pwofesyonèl medikal ki deside ki medikaman ki ale sou lis medikaman ki rekòmande a. Komite a ap konsidere kesyon tankou:

• Fason medikaman an travay pou pifò moun;

• Reyaksyon negatif oswa move reyaksyon posib; epi

• Pri yon medikaman patikilye parapò avèk medikaman ki kapab konpare yo.

Doktè pitit mwen di pitit mwen bezwen pran yon medikaman ki gen non komèsyal alaplas yon medikaman jenerik. Èske plan pitit mwen ap garanti medikaman ki gen non komèsyal la?Plan pitit ou ap garanti medikaman ki gen non komèsyal la si pwofesyonèl swen sante pitit ou endike ”dispense as written” (bay li jan mwen ekri a) sou preskripsyon an. Ekspresyon “dispense as written” ap fè famasyen an konnen pou pa fè okenn ranplasman. Si doktè pitit ou pa endike “dispense as written” epi ou mande famasyen pou li ba ou medikaman ki gen non komèsyal la ou ka gen pou peye tout pri medikaman an.

Page 30: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

30

Avantaj swen dan Florida Healthy Kids se menm avèk avantaj swen dan timoun Florida Medicaid jan yo endike nan rezime ki endike anba la a. Pou jwen plis enfòmasyon sou avantaj ki garanti yo yon plan, tanpri gade manyèl manm Florida Healthy Kids plan an.

Sèvis ki garanti yo dwe se sèvis ki nesesè pou rezon medikal. Plan pitit ou ka egzije pou pitit ou satisfè sèten kritè nesesite medikal pou kèk avantaj. Plan pitit ou ka egzije dantis pitit ou pou li jwenn otorizasyon anvan pitit ou resevwa sèten sèvis oswa pou li kontinye sèten sèvis. Tanpri rele plan pitit ou ye a oswa plan ou anvizaje a si ou gen kesyon konsènan garanti avantaj pitit ou.

BAGAY KI ENPÒTAN POU SONJE• Pa gen kopeman pou peye pou sèvis swen dan yo!

• Sof pou sèvis pou ijans yo, pitit ou dwe wè yon pwofesyonèl swen sante rezo a pou li gen pwoteksyon asirans lan pou swen dan.

AVANTAJ SWEN DAN

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• MANM• PLAN• ASIRANS DAN• SÈVIS KI GARANTI YO• KOPEMAN• SÈVIS ANNIJANS• SWEN PREVANTIF• PWOFESYONÈL SWEN

SANTE• REZO A• KI NESESÈ POU REZON

MEDIKAL

Page 31: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

31

Men kèk nan sèvis ki garanti yo, men se pa sèlman sa:• Sèvis prevantif

• Egzamen dan

o Egzamen bouch yo se sèlman youn chak sis mwa

• Radyografi

• Sèvis Operasyon nan Bouch

• Tretman pou soulajman (sèvis pou ijans ki nesesè pou soulaje doulè epi pou bay konfò)

• Sèvis Andodonti (tankou kanal radikilè)

• Sèvis Pawodonti (pou trete pwoblèm avèk jansiv yo)

• Sèvis reparasyon (tankou plonbaj)

• Sèvis òtodonti (tankou aparèy dantè)

Page 32: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

32

Pou asire Avantaj Pitit ou GarantiTout plan Florida Healthy Kids yo peye pou sèvis ki garanti yo sèlman lè pitit ou wè yon pwofesyonèl swen sante rezo a Pitit ou gen yon PCP (pwofesyonèl swen ante prensipal) k ap planifye swen medikal pitit ou ak yon dantis swen prensipal k ap planifye swen dan pitit ou. Si pitit ou bezwen wè yon espesyalis (yon doktè oswa yon dantis ki konsantre sou yon kalite lamedsin) PCP oswa dantis prensipal pitit ou ap bay yon referans.

Sèvis pou Ijans yo se yon eksepsyon nan règ sa yo. Pitit ou ka wè nenpòt pwofesyonèl swen sante pou sèvis pou Ijans epi yon referans oswa yon otorizasyon davans pa nesesè.

Kisa yon pwofesyonèl swen sante rezo?Yon pwofesyonèl swen sante rezo a se yon doktè, yon dantis, yon lòt pwofesyonèl swen yon sant swen sante, famasi oswa sant ekipman medikal ki gen yon kontra avèk yon plan pou wè manm Healthy Kids yo.

REZOPWOFESYONÈL SWEN SANTE

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• MANM• PLAN• REZO• REZO A• PWOFESYONÈL SWEN

SANTE KI PA NAN REZO A• PWOFESYONÈL SWEN

SANTE PRENSIPAL (PCP)• ESPESYALIS• REFERANS• SWEN IJAN• SWEN NAN SALDIJANS

Page 33: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

33

Kijan pou mwen konnen si doktè mwen se yon pwofesyonèl swen sante rezo a?Chak plan gen yon anyè Pwofesyonèl Swen Sante sou sitwèb li pou ou kapab chèche pwofesyonèl Swen Sante yo ki nan rezo a dapre non ak kalite pwofesyonèl Swen Sante a. Nou fè mizajou nan anyè Pwofesyonèl Swen Sante yo regilyèman lè plan an resevwa nouvo enfòmasyon pwofesyonèl Swen Sante yo.

Chak plan genyen tou yon kopi anyè Pwofesyonèl Swen Sante ki kapab enprime epi ki disponib. Ou kapab jwenn dokiman sa a sou sitwèb chak plan oswa ou kapab rele sèvis m1anm plan an pou mande yon kopi. Plan an ap voye yon kopi pa lapòs ba ou gratis. Yo fè mizajou nan kopi a chak mwa. Men li pa ajou menm jan avèk anyè Pwofesyonèl Swen Sante ki sou entènèt la.

Sonje pou mande klinik doktè ou si yo toujou aksepte plan an. Sonje pou di non plan asirans sante a ak asirans pou swen dan an ki pa Florida Healthy Kids sèlman.

Mwen te gade anyè Pwofesyonèl Swen Sante a, men mwen toujou bezwen èd. Rele depatman sèvis manm plan ou enterese ladan an. Y ap kontan pou ede ou. Ou kapab jwenn nimewo telefòn y pou chak plan nan paj 4-5.

Pitit mwen te ale nan klinik yon doktè men doktè a pa nan rezo a pou okenn nan plan yo. Kisa mwen kapab fè?Tcheke manyèl manm lan oswa rele sèvis manm pou plan ou te chwazi a epi mande kijan ou kapab refere doktè a ba plan an. Si plan an vle fè yon kontra avèk doktè a, doktè a dwe vle aksepte pwoteksyon Florida Healthy Kids plan an epitou transmèt pwosesis akreditasyon plan an ba doktè a. Yon doktè kapab vle antre nan rezo yon plan pou anpil rezon. Referans yon doktè ba plan an se yon etap nan bon direksyon an, men sa pa garanti doktè a ap antre nan rezo a.

Page 34: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

34

Kijan pou mwen chwazi yon PCP pou pitit mwen?Lè ou chwazi yon plan, li manyèl manm plan an pou aprann kijan pou chwazi yon PCP pou pitit ou, oswa rele sèvis manm plan an.

Èske mwen kapab chanje PCP pitit mwen?Wi. Lè ou chwazi yon plan, li manyèl manm plan an pou jwenn enstriksyon sou fason pou chanje PCP pitit ou, oswa rele sèvis manm plan an.

Èske mwen kapab chwazi nenpòt PCP?Ou ka chwazi nenpòt PCP rezo a ki aksepte nouvo pasyan. Si pitit ou deja ap wè yon PCP rezo a ki aksepte nouvo pasyan avèk plan an, doktè pitit ou ka. Vle kontinye wè pitit ou. Rele klinik doktè pou mande yo. Si doktè a dakò, rele plan an pou plan an kapab. Konfime avèk doktè pitit ou epi pou chwazi kòm PCP pitit ou. Se pa tout doktè ki kapab satisfè demann sa a. Si doktè pitit ou pa kapab kontinye wè pitit ou, ou dwe chwazi yon nouvo PCP.

Kijan pou mwen pran yon randevou?Apre pitit ou enskri, rele klinik doktè a pou fè yo konnen:

• Ou vle pran yon randevou;

• Si pitit ou se yon nouvo pasyan;

• Pou kisa ou vle wè doktè a; epi

• Non plan pitit ou ki se

• “Florida Healthy Kids” ak non konpayi asirans pitit ou.

Poze kesyon sa yo: • Èske mwen bezwen ale avèk nenpòt bagay nan

randevou a?

• Èske gen fòm mwen kapab ranpli anvan lè a?

• Kisa pou mwen fè si mwen bezwen chanje oswa anile?

• Èske gen yon frè pou mwen peye si mwen anile yon randevou?

Page 35: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

35

Fè yo pwograme randevou ou devan ou lè ou rele pou ou kapab konnen nan ki jou ak kilè l ap bon pou ou.

Sonje pou ale avèk kay ID manm pitit ou nan randevou a. Doktè pitit ou ap bezwen kat sa epi li pa ka wè pitit si ou pa gen kat la nan men ou.

Pitit mwen bezwen wè yon espesyalis. Kisa pou mwen fè?Anjeneral, pitit ou ap bezwen yon referans nan PCP li. Ou dwe kontakte PCP ou pou li kapab voye pitit ou wè yon espesyalis pou swen an.

Pou kisa pitit mwen bezwen yon referans?PCP oswa dantis prensipal pitit ou kapab bay pifò nan sèvis medikal pitit ou. Li se moun ki kapab ede ou pran pi bon desizyon yo sou swen sante pitit ou, tankou lè pitit ou ta dwe wè yon espesyalis. Florida Healthy Kids egzije yon referans pou pifò sèvis PCPO oswa dantis prensipal ou bay paske sa ap ede asire pitit ou resevwa pifò swen ki apwopriye a. Answit, PCP ou ak dantis prensipal ou se dènye moun ki konnen swen medikal ak swen sante pitit ou.

Kijan pou mwen jwenn yon referans?1. Rele PCP pitit ou. Pafwa w ap bezwen pran yon

randevou pou wè PCP a. Selon kalite espesyalis pitit ou bezwen ak fason PCP ou abitye avèk pwoblèm pitit ou, PCP a pa ka wè pitit ou anvan.

2. Si PVCP pitit ou panse pitit ou ta dwe wè yon espesyalis, l ap bay referans pou pitit ou wè yon espesyalis rezo a. Kèk klinik PCP bay referans pou ou ale avèk li nan randevou espesyalis la. Lòt yo voye referans lan ba espesyalis la pou ou. Sonje pou konfime si klinik espesyalis la ap resevwa referans lan.

ENPÒTAN: Sonje pou ale avèk kay ID

pitit ou nan randevou a.

Page 36: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

36

3. Rele espesyalis la pou pran yon randevou. Sonje pou fè sa nan yon mannyè apwopriye oswa ou ka bezwen yon lòt randevou avèk PCP pitit ou. Kèk klinik PCP ap fè sa pou ou, men ou bezwen fè yo konnen jou ak lè ou kapab vini nan randevou a.

4. Si PCP a te ba ou yon referans, sonje pou ale avèk li nan randevou pitit ou.

Èske pitit mwen ap toujou bezwen jwenn yon referans?Pitit pou ap bezwen yon referans pou pifò sèvis PCP pitit ou bay yo. Si pitit ou wè yon espesyalis san li pa gen yon referans, ou ka gen pou peye tout pri vizit sa a ki pi gwo pase kopeman ou. Pitit ou ka wè kèk espesyalis san yon referans. Tanpri ale nan manyèl ki espesyal pou plan an pou jwenn plis enfòmasyon.

Èske gen lòt kondisyon mwen bezwen konnen?PCP pitit ou ka bezwen jwenn otorizasyon davans nan plan an anvan plan an peye pou yon sèten sèvis. Pwofesyonèl swen sante pitit ou responsab pou mande otorizasyon davans yo yon fason pou ou pa bezwen fè anyen. Si plan an pa apwouve oswa pa garanti yon sèvis, pitit ou kapab toujou bezwen sèvis yo, men w ap responsab pou peye pou sèvis yo.

Chak plan gen diferan règleman konsènan lè ou dwe satisfè kondisyon pou referans yo oswa lòt kondisyon ki sanble. Revize manyèl manm lan pou jwenn plan yo ki nan zòn ou. Ou kapab rele sèvis manm plan an si ou kesyon oswa enkyetid.

Page 37: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

37

Pitit mwen bezwen sèvis nan klinik yon espesyalis men pa gen espesyalis rezo a nan zòn mwen.Rele plan pitit ou epi mande yo pou ede ou jwenn yon pwofesyonèl swen sante. Plan Florida Healthy Kids to gen obligasyon pou asire pitit ou resevwa sèvis li bezwen yo. Si pa gen okenn pwofesyonèl swen sante rezo a, plan pitit ou ap fè lòt aranjman pou pitit ou resevwa sèvis garanti yo ki nesesè pou rezon medikal.

Kisa pou mwen fè si mwen gen enkyetid konsènan tretman oswa plan tretman pitit mwen? Ou kapab mande yon dezyèm pwendvi. Yon dezyèm pwendvi se lè ou mennen pitit ou nan klinik yon lòt doktè konsènan menm pwoblèm pitit ou te wè yon doktè deja pou li. Rele plan ou enterese ladan an pou jwenn enstriksyon espesyal sou fason pou itilize avantaj sa a.

Ou ta dwe santi ou alèz pou diskite sou sante ak chwa tretman pitit ou avèk doktè pitit ou. Poze kesyon lè ou pa konprann yon bagay epi mande sa pou fè ak sa pou pa fè nan yon chwa tretman. Anvizaje chwazi yon nouvo doktè pou pitit ou si ou pa santi ou alè z souvan pou poze kesyon oswa si ou pa jwenn enfòmasyon ou bezwen yo.

Page 38: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

38

Ki règ rezo plan yo dwe satisfè? Plan Florida Healthy Kids yo gen obligasyon pou gen yon rezo ki gen ase pwofesyonèl swen sante pou asire manm yo jwenn sèvis ki garanti yo yon fason apwopriye.

Pafwa li pa posib pou yon plan satisfè kondisyon sa yo. Souvan, se paske pa gen ase pwofesyonèl swen sante yo ki travay nan zòn nan. Pafwa pa gen ase pwofesyonèl swen sante k ap wè timoun oswa k ap aksepte plan nou ofri yo nan Florida Healthy Kids.

Si pitit ou bezwen sèvis nan klinik yon kalite pwofesyonèl swen sante, plan pitit ou kapab ede ou jwenn youn nan zòn ou. Si pa gen pwofesyonèl swen sante rezo a toupre ou, plan an ap fè aranjman pou pitit ou wè yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a. Ou dwe ale nan plan an pou wè yon pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo a sof si pitit ou bezwen sèvis yo pou ijans.

Plan Florida Healthy Kids yo ap asire pifò manm yo kapab jwenn pwofesyonèl swen sante yo nan yon sèten kantite tan oswa sou yon sèten distans avèk lakay yo. Pa egzanp, si w ap viv nan yon vil (iben), ou ta dwe kapab ale nan klinik yon dantis swen prensipal nan rezo a nan apeprè 20 minit oswa sou yon distans 20 mil avèk lakay ou. Tan sa a ak distans sa a mezire sa ki rele estanda aksè nan rezo a.

Men estanda aksè nan rezo Florida Healthy Kids:

Swen dantè - swen prensipal

Espesyalis

Riral

30

40

Riral

30

30

Iben

20

20

Iben

20

20

Estanda tan - nan minit

Estanda distans - nan mil

PLAN POU SWEN DAN:

Page 39: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

39

PLAN SANTE YO:

Estanda tan - nan minit

Estanda distans - nan mil

Riral Iben Riral Iben

PCP – pedyat yo 30 20 30 20

PCP – doktè Fanmi 20 20 20 20

Sante konpòtmantal – pedyat 60 30 45 30

Sante konpòtmantal – lòt 60 30 45 30

OBSTETRISYEN / JINEKOLÒ G 30 30 30 30

Espesyalis – timoun 40 20 30 20

Espesyalis – lòt 20 20 20 20

Lopital yo 30 30 30 20

Famasi yo 15 15 10 10

Page 40: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

40

Mwen toujou dwe rete tann tan ki long pou jwenn yon randevou nan klinik doktè pitit ou. Kisa mwen kapab fè?Pwofesyonèl swen sante yo ki nan rezo a dakò pou bay manm Florida Healthy Kids randevou yo nan peryòd tan ki endike anba la yo. Si yon pwofesyonèl swen sante rezo a di ou dwe tan n plis tan pase peryòd tan sa yo, tanpri rele depatman sèvis manm.

• Si pitit ou gen yon ijans ki menase lavi li epi li bezwen swen imedyat tanpri ale nan saldijans ki pi pre ou oswa rele 911.

• Swen woutin– swen ki ka jwenn reta san ou pa espere pwoblèm sante pitit ou ap vin grav san swen sante nan yon semèn– doktè a dwe bay pitit ou swen sa a nan sèt jou apre demann ou pou sèvis yo.

• Egzamen fizik woutin– egzamen yon timoun ki an sante – dwe fèt nan kat semèn apre demann sèvis yo.

• Swen siplemantè– swen doktè bay apre tretman yon maladi – doktè a dwe bay li selon enstriksyon pwofesyonèl swen sante pitit ou.

• Swen ijan – swen sante ki nesesè nan 24 èdtan pou evite yon pwoblèm sante vin yon ijans. – doktè a dwe bay pitit ou swen sa a nan 24 èdtan apre demann lan. Konnen kote sant swen ijan ki pi pre ou a ye pou jwenn kalite swen sa a. Sant swen ijan yo louvri byen ta Souvan ak nan jou wikenn yo.

Page 41: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

41

Kijan pitit mwen kapab resevwa swen sante apre lè biwo fèmen? Gen kèk fason pou jwenn swen sante apre lè nòmal biwo, selon bezwen pitit ou:

• Pwofesyonèl swen sante ki gen orè ki long

o Kèk pwofesyonèl swen sante ofri orè klinik ki long nan aswè ak nan jou wikenn.

o Rele klinik pwofesyonèl swen sante a oswa ale sou sitwèb klinik li pou konnen si li louvri.

• Sant swen ijan

o Sant swen ijan yo wè pasyan ki bezwen swen imedyat, men pa pou ijans epi PCP yo pa disponib.

o Kèk sant swen ijan egzije ou pou pran yon randevou alòske lòt yo aksepte pou wè pasyan yo san yo pa gen randevou. Sonje pou rele davans pou mande.

• Kèk plan gen enfimyè ou kapab rele. Enfimyè yo kapab ba ou enfòmasyon debaz, tankou si sentòm pitit ou kapab tann jouk lè klinik doktè a louvri oswa si ou ta dwe nan saldijans. Chèche jwenn plis enfòmasyon nan manyèl manm plan an.

• Saldijans

o Si pitit ou gen yon ijans ki menase lavi li, rele 911 oswa ale nan saldijans ki pi pre ou.

Page 42: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

42

Kilè mwen ta dwe mennen pitit mwen nan saldijans?Rele 911 oswa mennen pitit ou nan saldijans si li gen yon pwoblèm medikal pou ijans. Sa vle di yon chòk oswa yon maladi, tankou doulè grav, ki bezwen swen touswit pou evite danje grav pou lavi pitit ou, oswa pou lavi tibebe pitit ou ki poko fèt, oswa pou evite domaj grav nan sante pitit ou.

Evite mennen pitit ou nan saldijans pou maladi komen yo, tankou grip oswa zòrèy fèmal ki vini avèk yon lafyèv ba. PCP pitit ou kapab trete pifò maladi timoun . Answit, PCP ou konnen pifò enfòmasyon sou istwa sante pitit ou, poutèt sa li kapab ede ou pran pi bon desizyon medikal yo. Itilizasyon istwa sante pitit ou, ak rezilta evalyasyon woutin yo ap fasilite pi bon tretman pou pitit ou, epi PCP a ka detekte ak trete lòt pwoblèm sante anvan yo vin yon pwoblèm pou pitit ou.

Page 43: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

43

EVALYASYON RISK POU SANTE

Li enpòtan pou pitit ou resevwa swen sante li bezwen an nan yon mannyè apwopriye. Lè ou enskri pitit ou nan pwoteksyon Healthy Kids nouvo plan pitit ou ap mande ou pou fè yon evalyasyon risk sante. Evalyasyon risk sante a ap ede plan pitit ou pi byen konprann bezwen pitit ou epi bay pi bon sèvis pou satisfè bezwen pitit ou.

Pitit mwen gen yon pwoblèm medikal kwonik. Kijan evalyasyon risk sante a pral afekte swen sante pitit mwen si mwen fè li? Sa depannde timoun nan. Kèk timoun tankou sa ki gen yon pwoblèm medikal kwonik ki sou bon kontwòl, ka pa bezwen èd siplemantè. Pou lòt timoun yo, plan an ka itilize evalyasyon risk sante a pou fasilite yo jwenn yon pwogram jesyon maladi oswa pou fè yo jwenn swen ki nesesè a, tankou sèten terapi, pi fasil.

Plan Florida Healthy Kids yo p ap janm pratike diskriminasyon kont pitit ou akòz istwa medikal li, pwoblèm medikal: li oswa sèvis li itilize yo.

Pitit mwen se yon timoun ki an sante pou kisa mwen ta dwe pran evalyasyon risk sante? Li bon anpil pou pitit ou an sante! Lè ou pran evalyasyon risk sante a sa kapab ede ou ak PCP pitit ou detekte nenpòt siy avètisman pwoblèm pidevan yo.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• PLAN• PWOFESYONÈL

SWEN SANTE PRENSIPAL (PCP)

Page 44: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

44

PLANIFIKASYON AK TRANZISYON SWEN SANTE

Kisa k ap pase nan sèvis ak randevou yo ki pwograme pou pitit mwen lè pitit mwen chanje plan yo? Si pitit ou soti nan yon plan sibvansyone Florida Healthy Kids pou ale nan yon lòt plan sibvansyone Florida Healthy Kids san yon peryòd sispansyon nan pwoteksyon an (sa vle di

pitit ou pa t pase yon mwa oswa plis san pwoteksyon Florida Healthy Kids nan mitan moman chanjman konpayi asirans yo), plan yo ap swiv yon tranzisyon estanda règleman swen sante pou asire pitit ou resevwa swen sante li bezwen an.

Nouvo plan pitit ou ap garanti nenpòt pwosesis swen sante k ap kontinye nan tretman plan anvan an ki otorize pou 60 jou. Sa vle di pitit ou kapab:

• Resevwa sèvis oswa tretman ki planifye;

• Kontinye wè menm pwofesyonèl swen sante a, menmsi pwofesyonèl swen sante a pa nan rezo plan an; epi

• Kontinye pran menm medikaman sou preskripsyon an. Ou ka gen obligasyon pou itilize yon famasi rezo a.

Pi bon fason pou asire tranzisyon sa a fèt san pwoblèm se pou rele nouvo plan pitit ou pou fè yo konnen kalite swen sante kontinye pitit ou bezwen.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• PLAN• REZO A• PWOFESYONÈL SWEN

SANTE• PWOFESYONÈL SWEN

SANTE KI PA NAN REZO A• ESPESYALIS

Page 45: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

45

Mwen te pran yon randevou avèk espesyalis pitit mwen anvan mwen te chanje plan yo, men randevou a se pou plis pase 60 jou. Èske mwen bezwen pran yon nou vo randevou?Sa depannde timoun nan. Nouvo plan pitit ou ap mande PCP pitit ou oswa yon lòt doktè apwopriye pou revize plan tretman pitit ou pandan premye 60 jou apre ou chanje plan an. Revizyon sa a ap asire sèvis ki nesesè yo kontinye jwenn otorizasyon. Pitit ou ka gen obligasyon pou wè yon pwofesyonèl swen sante rezo a.

Èske gen nenpòt eksepsyon nan tranzisyon peryòd swen sante 60 jou a?Wi. Men eksepsyon nan 60 jou estanda yo:

• Swen nan matènite: tankou swen anvan ak apre akouchman jouk nan finisman swen apre akouchman (6 semèn apre akouchman);

• Sèvis grèf: jouk nan premye jou ki vini apre ane grèf la;

• Radyasyon ak monoterapi: jouk nan dènye seri tretman an;

• Òtodonti: sèvis yo ap kontinye san sispansyon jouk lè yo fini (oswa jouk lè ou itilize tout avantaj la, kèlkeswa sa ki vini anvan an), men pitit ou ka gen obligasyon pou wè òtodontis rezo a apre premye 60 jou yo;

• Preskripsyon sibstans kontwole: si yo nouvo preskripsyon ki enprime sou papye obligatwa dapre lwa Florida, nouvo plan an ap ede ou pran yon randevou avèk pwofesyonèl swen sante orijinal ki te ekri preskripsyon an, oswa yon nouvo pwofesyonèl swen sante si sa nesesè, poutèt sa pitit ou kapab resevwa yon nouvo preskripsyon san li pa manke medikaman.

Page 46: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

46

Èske mwen gen pou planifye pou voye dosye medikal pitit mwen epi pou mwen peye bòdwo yo poukont mwen? Non. Plan pitit ou te gen anvan an ak nouvo plan an responsab pou planifye transfè dosye medikal yo ak lòt enfòmasyon ki nesesè ant yomenm epitou yo kapab ede pwofesyonèl swen sante yo jwenn dosye medikal ki nesesè yo. Nan kèk sitiyasyon, ou ka bezwen made Pwofesyonèl swen sante pitit ou te genyen anvan an pou voye dosye medikal yo ba nouvo pwofesyonèl swen sante yo senpleman tankou ou te ka fè sa si pitit ou t ap chanje pwofesyonèl swen sante yo pou nenpòt lòt rezon.

Nouvo plan pitit ou ap garanti swen sante li resevwa nan klinik sèten pwofesyonèl ski pa nan rezo a pandan tranzisyon peryòd swen sante a, jan sa dekri nan seksyon sa a. Si yon resevwa yon bòdwo youn nan pwofesyonèl swen sante sa yo voye ba ou, rele nouvo plan pitit ou epi prepare ou pou voye yon kopi bòdwo ba yo.

Page 47: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

47

DOLEYANS AK KONTESTASYON

Ou gen dwa pou depoze yon doleyans oswa yon kontestasyon si ou gen yon pwoblèm avèk swen oswa pwoteksyon pitit ou. Menmsi ou gen dwa sa a, ou ka vle rele depatman sèvis manm plan an anvan. Yo souvan kapab ede ou rezoud pwoblèm yo.

Kisa doleyans yo ak kontestasyon yo ye?Yon doleyans se yon plent fòmèl ou fè ba konpayi asirans pitit ou konsènan yon aspè sèvis swen sante pitit ou.

Yon kontestasyon se yon demann alekri ou fè ba konpayi.

Asirans pitit ou pou yo revize desizyon yo pran pou refize bay yon sèvis oswa yon peman.

Kilè mwen kapab depoze yon doleyans? Ou ka depoze yon doleyans lè ou pa satisfè pou yon bagay ki pa avantaj pitit ou, tankou:

• Konpòtman yon doktè;

• Kalite swen sante oswa sèvis pitit ou resevwa; oswa

• Anpil tan ou rete nan tann nan klinik lan.

Kijan pou mwen depoze yon doleyans?Ou ka depoze yon doleyans nan telefòn oswa alekri. Sa vle di ou kapab rele sèvis manm nan plan pitit ou oswa yon kapab voye yon lèt ba yo. Ou kapab depoze yon doleyans nenpòt lè.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 44 la pou li tèm enpòtan yo:

• PLAN• DOLEYANS• KONTESTASYON

Page 48: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

48

Konbyen tan pwosesis doleyans lan pran?Plan an ap voye yon lèt rekonesans ba ou nan 5 jou ouvrab apre yo resevwa doleyans aloral oswa alekri ou. Apati dat sa a, plan an ap revize epi y ap pran yon desizyon final sou doleyans ou nan 90 jou ouvrab.

Kilè mwen kapab depoze yon kontestasyon? Ou ka depoze yon kontestasyon lè ou resevwa yon detèminasyon negatif pou avantaj yo, tankou lè:

• Gen limit oswa ou jwenn refi pou yon demann sèvis;

• Yo diminye oswa sispann yon sèvis ki la deja; oswa

• Yon plan ba ou refi pou yon peman.

Kijan pou mwen depoze yon kontestasyon? Ou ka depoze yon kontestasyon nan telefòn oswa alekri. Apre ou fè yon kontestasyon nan telefòn ou dwe voye youn alekri ki siyen nan 10 jou ouvrab apre koutfil ou sof si kontestasyon an akselere. Ou dwe depoze kontestasyon an nan 60 jou almannak apre dat ou resevwa yon detèminasyon negatif pou avantaj yo (yon lèt ki detaye desizyon plan an pou refize oswa pou redui avantaj yo).

Pou konnen kijan pou depoze yon kontestasyon avèk yon sèten plan, li manyèl manm lan pou plan sa a oswa rele depatman sèvis manm lan.

Konbyen tan pwosesis kontestasyon an pran? Plan an ap pran yon desizyon epi y ap fè ou konnen nan 30 jou almannak apre yo resevwa demann kontestasyon ou.

Si plan an pa gen ase enfòmasyon pou yo travay sou kontestasyon an epi reta a Ap nan pi bon enterè ou, yo ka mande 14 lòt jou almannak. Si ou bezwen bay plis enfòmasyon, ou ka mande yon pwolongasyon 14 lòt jou almannak.

Page 49: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

49

Kisa pou mwen fè si mwen bezwen èd pou depoze yon doleyans oswa yon kontestasyon? Ou ka chwazi yon reprezantan otorize oswa yon pwofesyonèl swen sante pou pran desizyon sou non ou.

Plan an kapab ede ou ranpli fòm yo tou ak reponn kesyon ki asosye avèk pwosesis doleyans yo ak kontestasyon yo.

Kisa pou mwen fè si se yon ijans?Ou kapab mande yon kontestasyon akselere(rapid) si oumenm oswa pwofesyonèl swen sante a panse si ou rete tann 30 jou almannak estanda pou yon kontestasyon desizyon an ta mete lavi pitit ou oswa sante li arisk.

Si plan an dakò pou kontestasyon bezwen akselere, y ap pran yon desizyon epi y ap fè ou konnen desizyon an nan 72 èdtan apre yo resevwa kontestasyon an. Si plan an pa dakò avèk demann pou yon kontestasyon akselere, y ap fè konnen sa epi peryòd tan an ap retounen vin peryòd tan kontestasyon estanda 30 jou almannak la.

Kontrèman ak yon kontestasyon estanda, si ou fè demann ou pou yon kontestasyon akselere aloral, epi si plan an dakò kontestasyon an bezwen akselere, ou pa bezwen kontinye avèk yon demann kontestasyon alekri.

Kisa pou mwen fè si mwen pa satisfè avèk rezilta kontestasyon an?Lè ou resevwa desizyon final yon plan epi si ou pa kontan avèk desizyon an, ou ka mande yon, revizyon endepandan deyò. Plan an ap voye enfòmasyon. Espesyal ba ou sou fason pou mande revizyon sa.

Page 50: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

50

KONFLI ANT KALIFIKASYON AK

Florida KidCare ap fè ou konnen nenpòt desizyon konsènan si pitit ou kalifye pwoteksyon an epi si pou enskri li ladan. Si ou panse Florida KidCare te fè yon erè, ou kapab konteste desizyon an. Règ Eta Florida pèmèt ou konteste desizyon an pou youn nan rezon sa yo:

• Florida KidCare di pitit ou pa satisfè kondisyon yo pou li kalifye (pa egzanp, revni fanmi an, rezidans nan Florida, oswa kondisyon imigrasyon legal), men ou panse li kalifye;

• Florida KidCare sispann enskripsyon an pou yon ti tan(anjeneral paske ou pa peye pou yon mwa), men ou panse enskripsyon an ta dwe kontinye paske ou te peye alè;

• Florida KidCare fini enskripsyon an (anjeneral paske ou pa peye oswa paske ou pa bay dokiman yo pou renouvèlman), men ou panse enskripsyon ta dwe kontinye paske ou te fè peman an oswa ou te bay dokiman yo alè; epi

• Peman asirans ou pa mwa ogmante paske revni fanmi ou oswa kantite moun k ap viv lakay ou te chanje, men ou panse enfòmasyon yo pa kòrèk oswa yo ta dwe re-kalkile pri asirans lan.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• PRI ASIRANS LAN PA MWA

Page 51: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

51

Kijan pou mwen konteste yon desizyon?Voye yon lèt oswa yon imèl ba Florida Healthy Kids Corporation avèk rezon ki fè ou panse desizyon an pa kòrèk. Nou dwe resevwa kontestasyon ou nan 90 jou almannak apre dat ki nan avi pou desizyon an (lèt oswa imèl Florida KidCare voye ba ou). Ou kapab:

• Imèl lèt la ba [email protected]; or

• Voye lèt la pa lapòs ba, P.O. Box 591, Tallahassee, Florida 32301-0591.

Sonje pou mete nimewo kont fanmi ou nan lèt la.

Sa k ap pase answit? Florida Healthy Kids Corporation ap bay yon repons pou kontestasyon ou alekri. Si desizyon an pa anfavè ou, ou kapab voye yon dezyèm kontestasyon ba direksyon prensipal la nan Florida Healthy Kids Corporation. Si desizyon an pa anfavè ou, ou kapab voye kontestasyon nou ba Administrasyon Ajans pou Swen Sante (Agency for Health Care Administration) Chak nan etap sa yo ap dekri an detay nenpòt lèt nou voye ba ou.

Page 52: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

52

Pwogram sibvansyone Florida Healthy Kids finanse avèk lajan gouvènman leta ak lajan gouvènman federal anplis peman asirans lan fanmi yo fè pa mwa ak kopeman yo peye. Florida Healthy Kids te fè yon kontra avèk kèk plan sante epi nou angaje pou sispann fwod ak abi.

Kisa fwod ak abi ye?“Fwod” ak “abi” gen sèten siyifikasyon pou Florida Healthy Kids.

Men sa fwod vle di:• Yon desepsyon yon moun fè oswa fo enfòmasyon li

bay avèk entansyon li lè moun nan konnen desepsyon an kapab fasilite li oswa yon lòt moun resevwa kèk avantaj ki pa otorize.

• Nenpòt zak ki reprezante fwod dapre lwa eta a oswa lwa federal.

Men sa abi vle di: • Pratik pwofesyonèl swen sante ki pa annakò avèk

pratik fiskal, pratik biznis oswa pratik medikal; epio Lakòz plan an fè depans ki pa nesesè; oswao Fasilite ranbousman pou sèvis ki pa nesesè ou

rezon medikal oswa ki pa satisfè estanda yo rekonèt sou plan pwofesyonèl pou swen sante.

• Pratik manm ki lakòz Florida Healthy Kids oswa plan yo fè depans ki pa nesesè.

FWOD AK ABI

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• PLAN• REZO A• PRI ASIRANS LAN

PA MWA

Page 53: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

53

Kisa yon egzanp fwod ye?Anna remake dokiman ki soti nan konpayi asirans pitit gason li montre li pitit gason an te resevwa yon MRI depi de semèn. Anna sèten pitit li pa t resevwa yon MRI. Si doktè a te fè espre pou voye bòdwo ba plan an pou yon MRI pitit li pa t resevwa, doktè a te fè fwod.

Kisa yon egzanp abi ye?Pitit gason Anna te fè tchekòp timoun an sante anyèl li, ki te gen ladan yon pano metabolik debaz (yon tès san ki evalye meziraj enpòtan tankou nivo sik ak nivo kalsyòm). Rezilta yo te retounen bon anpil.

Jodi a pitit gason Anna gen yon gòj irite epi Anna mennen nan klinik doktè a pou yo teste li pou enfeksyon estreptokoksik gòj. Doktè a rekòmande tès depistaj estrèptokòk epi li rekòmande yon lòt pano metabolik tou. Doktè a ta ka fè fwod paske pitit gason Anna te gen bon rezilta pa twò lontan epi tès sa a p ap ede doktè a konnen sa ki lakòz yon gòj irite.

Pou kisa ou dwe konnen fwod ak abi enpòtan?Pifò fanmi ki pitit yo peye $15 a $20 op a mwa, men depans total pou pwoteksyon an pi gwo! Rès peman pou pwoteksyon pou pwoteksyon timoun yo nan Florida Healthy Kids fèt avèk lajan tak gouvènman leta ak gouvènman federal. Lè pwofesyonèl swen sante yo oswa lòt moun resevwa peman yo oswa avantaj yo pa ta dwe resevwa, yo gaspiye lajan an olye ki ale pou timoun ki bezwen sèvis yo.

Page 54: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

54

Kisa mwen ta dwe fè si mwen panse yon moun te fè fwod oswa abi? Si ou panse yon doktè oswa y on lòt moun ki travay nan yon klinik medikal oswa nan yon sant medikal, tankou yon lopital oswa yon sant chirijikal, te ka fè fwod oswa abi, ou kapab denonse sa ba plan pitit ou.

Si ou panse plan Florida Healthy Kids te fè fwod oswa abi, tanpri rapòte detay yo ba Florida Healthy Kids Corporation depi ou rele nimewo 50-224-5437 oswa depi ou voye yon imèl ba [email protected].

Page 55: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

55

KALITE AK PÈFÒMANS

Fasilite pou resevwa swen sante enpòtan anpil pou fanmi Florida yo. Misyon Florida Healthy Kids Corporation se pou asire disponiblite plan sante yo ki konsantre sou timoun epi ki bay sèvis swen sante konplè ak bon kalite. Sosyete a analize diferan kalite endikatè pèfòmans pou asire manm Florida Healthy Kids yo resevwa bon kalite swen sante.

Mezi Pèfòmans Florida Healthy KidsChak ane, yo kalkile yon seri mezi pèfòmans, anpil ladan yo fasilite gen konparezon nasyonal. Ou kapab jwenn dènye rapò a sou sitwèb healthykids.org.

Mezi Pèfòmans Florida KidCare Chak ane yo kalkile yon seri mezi pèfòmans pou Florida Kids Care. rapò sa a gen ladan Evalyasyon Kliyan yo sou Pwofesyonèl Swen Sante ak Sistèm yo (CAHPS®) pou Florida KidCare. CAHPS mezire satisfaksyon manm yo nan yon fason estanda. Ou kapab jwenn dènye rapò a sou sitwèb ahca.myflorida.com/medicaid/Policy_and_Quality/Policy/program_policy/FLKidCare/index.shtml.

AkreditasyonTout plan Florida Healthy Kids yo jwenn akreditasyon òganizasyon endepandan ki responsab pou bay akreditasyon. Akreditasyon vle di yon òganizasyon endepandan ki responsab pou bay akreditasyon evalye okonplè mwayen plan an pou satisfè sèten kritè. Ou kapab jwenn yon tablo ki endike lis lwa jeneral sou akreditasyon plan Florida Healthy Kids yo sou sitwèb healthykids.org.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• PLAN• PWOFESYONÈL

SWEN SANTE

Page 56: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

56

Pwojè Amelyorasyon Pèfòmans Plan Florida Healthy Kids yo fè ak rapòte pwojè amelyorasyon pèfòmans anyèl (PIP), epi yon òganizasyon revizyon kalite deyò valide rapò a tou. Pwojè amelyorasyon pèfòmans sa yo la pou amelyore mezi pèfòmans ki endike nan yon vrè fason pwolonje. Ou kapab jwenn dènye rapò PIP sou healthykids.org.

Network Adequacy Paj 29 ak paj 30 dekri prensip konfòmite rezo Florida Healthy Kids. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou fason chak plan satisfè kritè yo sou sitwèb healthykids.org. Tanpri toujou sonje nou pa fè mizajou nan rezilta konfòmite rezo a nan tan reyèl. Vrè rezilta yo ka pa menm.

Page 57: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

57

DWA AK RESPONSABLITE MANM YO

Manm yo ak nenpòt moun ki gen otorite legal pou pran desizyon sou swen sante pou manm yo, gen dwa pou plan Florida Healthy Kids yo ak pwofesyonèl swen sante plan yo dwe sipòte. Manm yo libelibè pou egzèse dwa yo epi lè yo fè sa, sa p ap gen konsekans negatif nan fason Florida Healthy Kids Corporation, Florida Healthy Kids oswa pwofesyonèl swen sante rezo plan an trete yo.

Chak plan Florida Healthy Kids gen règleman pa li sou Dwa ak Responsablite Manm yo ki gen menm dwa ak responsablite debaz. Anpil nan dwa ak responsablite sa yo annamoni avèk Rezime Deklarasyon Dwa ak Responsablite Pasyan Florida. Si ou ta renmen li yon sèten vèsyon plan an tanpri gade manyèl manm lan pou plan sa a.

REZIME deklarasyon dwa ak responsablite pasyan Florida Lwa Florida egzije pou pwofesyonèl swen sante ou oswa sant swen sante ou rekonèt dwa ou pandan w ap resevwa swen medikal, epitou pou ou respekte dwa pwofesyonèl swen sante a ak dwa sant swen sante a pou mande ou pou yo gen yon sèten konpòtman. Ou ka mande pwofesyonèl swen sante ou oswa sant swen sante ou pou ba ou yon kopi tèks konplè lwa sa a. Men yon rezime dwa ak responsablite ou yo:

Yon pasyan gen dwa pou yo trete li avèk koutwazi ak respè, avèk apresyasyon diyite pèsonèl li, epitou avèk pwoteksyon bezwen li pou entimite.

Yon pasyan gen dwa pou konnen kimoun k ap ba li sèvis medikal yo, ak kimoun ki responsab pou swen sante li.

TÈM ENPÒTAN YOTcheke Seksyon Definisyon yo ki nan paj 61 la pou li tèm enpòtan yo:

• MANM• REZO A

Page 58: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

58

Yon pasyan gen dwa pou konnen ki sèvis sipò ki disponib pou pasyan yo, tankou si gen yon entèprèt ki disponib si pasyan an pa pale lang Anglè.

Yon pasyan gen dwa pou vini avèk nenpòt moun li chwazi nan zòn ki gen aksè fasil pou pasyan yo nan sant swen sante a oswa nan klinik pwofesyonèl swen sante a pou akonpaye pasyan an pandan l ap resevwa tretman kòm pasyan ki entène oswa kòm pasyan ki pa entène oswa pandan li nan konsiltasyon avèk pwofesyonèl swen sante li, sof si lè li fè sa , sa ta riske sekirite ak sante pasyan an, lòt pasyan yo, oswa ekip sant sante a oswa klinik oswa si li pa kapab jwenn aranjman rezonab sant sante a oswa pwofesyonèl swen sante a.

Yon pasyan gen dwa pou konnen ki règ ak règleman ki aplike pou konduit li.

Yon pasyan gen dwa pou pwofesyonèl swen sante li bay li enfòmasyon konsènan dyagnostik, pwosesis tretman ki planifye a, lòt chwa tretman, risk ak sa ki ka rive.

Yon pasyan gen dwa pou refize nenpòt tretman, sof si lalwa bay otorizasyon pou yo fè tretman an pou l.

Yon pasyan gen dwa pou resevwa tout enfòmasyon ak konsèy ki nesesè sou disponiblite resous finansye ki la pou swen sante li, si li fè demann pou sa.

Yon pasyan ki kalifye pou Medicare gen dwa pou konnen anvan tretman an ak sou demann si pwofesyonèl swen sante a oswa si sant swen sante a aksepte tarif afektasyon Medicare.

Yon pasyan gen dwa pou resevwa, anvan tretman, yon estimasyon rezonab frè pou li peye pou swen medikal li, si li fè demann lan.

Yon pasyan gen dwa pou resevwa yon kopi bòdwo detaye ki aklè yon ak fasil pou konprann yon fason rezonab epitou, si li fè demann lan, epitou pou li jwenn eksplikasyon pou frè yo.

Yon pasyan gen dwa pou jwenn tretman medikal oswa nan aranjman medikal san paspouki, kèlkeswa ras li, peyi kote li fèt, relijyon li, andikap li, oswa kote l ap jwenn lajan pou peye.

Yon pasyan gen dwa pou jwenn tretman pou nenpòt pwoblèm medikal ijan k ap vin pi grav si li pa resevwa tretman an.

Page 59: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

59

Yon pasyan gen dwa pou konnen si tretman medikal la se pou yo fè rechèch pou eksperyans epi pou li bay konsantman li oswa pou li refize patisipe nan rechèch pou eksperyans lan.

Yon pasyan gen dwa pou fè doleyans konsènan nenpòt vyolasyon dwa li, jan sa endike nan lwa Florida, dapre pwosedi pwofesyonèl swen sante a oswa sant swen sante kote li jwenn sèvis pou fè doleyans lan, epitou nan ajans leta apwopriye ki bay lisans.

Page 60: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

60

Yon pasyan responsab pou bay pwofesyonèl swen sante a enfòmasyon dapre tout sa li konnen, enfòmasyon ki egzat ak konplè konsènan doleyans li fè yo, maladi li te genyen, lè li te entène nan lopital, medikaman l ap pran, ak lòt afè ki asosye avèk sante li.

Yon pasyan gen responsablite pou fè pwofesyonèl swen sante li konnen nenpòt chanjman li remake sanzatann nan pwoblèm medikal li.

Yon pasyan responsab pou rapòte ba pwofesyonèl swen sante a si li konprann yon pwosesis aksyon ki anvizaje ak sa yo mande li pou fè.

Yon pasyan gen responsablite pou swiv plan tretman founisè swen sante a rekòmande pou li.

Yon pasyan gen responsablite pou ale nan randevou li yo epi, lè li pa kapab fè sa pou nenpòt rezon, li gen responsablite pou fè pwofesyonèl swen sante a oswa sant swen sante a konnen sa.

Yon pasyan responsab pou desizyon li si li refize tretman an, oswa si li pa swiv enstriksyon pwofesyonèl swen sante a.

Yon pasyan responsab pou asire li satisfè obligasyon li genyen pou peye lajan pou swen sante li san pèdi tan.

Yon pasyan gen responsablite pou swiv règ ak règleman sant swen sante a, ki afekte swen ak konduit pasyan yo.

Page 61: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

61

DEFINISYON

Konpayi asirans yo ak pwofesyonèl swen sante yo, tankou doktè yo ak enfimyè yo pafwa itilize mo ki pa komen. Pafwa yo itilize mo ki komen nan fason diferan pase ou ta nòmalman tande nan yon konvèsasyon chak jou.

Seksyon sa a eksplike kèk mo ak ekspresyon ou ka jwenn pandan:

• W ap li manyèl sa a;

• Rele sèvis plan sante pitit ou oswa sèvis plan pou swen dan li; oswa

• Mennen pitit ou nan klinik doktè a.

KONTESTASYON vle di yon demann alekri ou fè ba konpayi asirans oswa konpayi asirans pou swen dan pitit ou pou revize desizyon konpayi asirans lan pou refize yon sèvis oswa yon peman.

KOPEMAN oswa PATISIPASYON vle di yon sèten kantite lajan ou peye ba yon pwofesyonèl swen sante, tankou yon doktè lè pitit ou ap esevwa sèvis yo.

AVANTAJ KI GARANTI oswa SÈVIS KI GARANTI vle di sèvis ak materyèl aparèy ak lòt pwodui yon plan sante oswa yon plan pou swen dan peye nan pwoteksyon Florida Healthy Kids.

DASIRANS DAN vle di pwoteksyon ki peye pou kèk pou tout sèvis swen dan yon manm ki peye yon pri pou asirans lan chak mwa.

EKIPMAN MEDIKAL DIRAB [(DME)] Vle di materyèl ak aparèy ki la pou itilizasyon repete epi k ap kontinye sou yon peryòd tan long yon doktè preskri pou ede trete yon pwoblèm medikal.

PWOBLÈM MEDIKAL POU IJANS vle di yon chòk oswa yon maladi, tankou doulè grav, ki bezwen swen touswit pou evite danje grav pou lavi pitit ou oswa pou gwosès la, oswa pou evite domaj grav nan sante pitit ou.

Page 62: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

62

TRANSPÒ MEDIKAL POU IJANS vle di woulib pou ale nan yon lopital oswa yon sant medikal toupre pou trete yon pwoblèm medikal pou ijans.

SWEN NAN SALDIJANS oswa SWEN NAN DEPATMAN IJANS vle di sèvis ou resevwa nan saldijans yon lopital oswa nan yon sant endepandan ki bay swen sante pou ijans.

SÈVIS POU IJANS vle di swen medikal pitit ou resevwa pou trete yon pwoblèm medikal pou ijans.

MANM vle di yon timoun enskri nan yon plan oswa yon plan pou swen dan avèk Florida Healthy Kids.

SÈVIS KI ESKLI vle di swen sante, materyèl, aparèy, ak lòt pwodui yon plan sante oswa yon plan pou swen dan pa peye paske yo pa yon avantaj ki garanti.

DOLEYANS vle die yon plent fòmèl ou fè ba konpayi asirans oswa konpayi asirans dan pitit ou konsènan yon aspè sèvis swen sante pitit ou ki pa desizyon konpayi asirans lan Pou bay refi pou yon sèvis oswa yon peman.

SÈVIS AK APARÈY ADAPTASYON vle di sèvis ak aparèy pou ede yon pasyan aprann, amelyore oswa kenbe ladrès oswa fonksyon li itilize pou li viv chak jou.

ASIRANS SANTE vle di pwoteksyon ki peye pou kèk oswa tout depans sèvis swen sante pou yon manm epi manm lan peye asirans lan chak mwa.

SWEN SANTE NAN KAY vle di vizit yon enfimyè fè nan kay pou bay swen enfimyè kalifye yon doktè preskri.

SÈVIS LOSPIS vle di sèvis swen sante pou kontwole yon maladi ki nan faz final.

OSPITALIZASYON vle di swen sante yo bay pou yon pasyan apre admisyon li kòm yon pasyan ki entène nan yon lopital. Anjeneral ospitalizasyon vle di yon pasyan ap rete nan lopital la pandan lannwit.

HSWEN SANTE PASYAN KI PA ENTÈNE NAN LOPITAL vle di swen sante yo bay nan yon lopital ki pa egzije pou pasyan an rete oswa nan lopital la oswa ki pa egzije admisyon li kòm yon pasyan ki entène.

Page 63: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

63

KI NESESÈ POU REZON MEDIKAL vle di tretman, sèvis, ekipman oswa materyèl ki nesesè pou dekouvri, evite oswa trete yon chòk oswa yon maladi epi ki:

• Konsistan avèk sentòm yo, dyagnostik ak tretman maladi yon manm;

• Depi dapre kritè pwofesyonèl yo aksepte anjeneral ak gid pwoteksyon medikal plan sante a oswa plan pou swen dan an;

• Nivo materyèl oswa sèvis ki pi apwopriye pou dyagnostik ak tretman maladi manm lan;

• Pa la sitou pou avantaj manm lan, fanmi manm lan, oswa pwofesyonèl swen sante a; epi

• Ki jwenn apwobasyon enstitisyon medikal konpetan, oswa espesyalite swen sante ki konsène kòm efikas, apwopriye ak enpòtan pou swen sante ak tretman maladi yon manm.

REZO vle di doktè lòt pwofesyonèl swen sante, lopital, lòt sant swen sante famasi, ak konpayi materyèl medikal oswa plan pou swen dan gen kontra avèk pou bay avantaj ki garanti yo pou manm yo.

PWOFESYONÈL SWEN SANTE KI PA NAN REZO A OSWA PWOFESYONÈL SWEN SANTE PATNÈ vle di yon doktè, lòt pwofesyonèl swen sante, lopital, lòt sant swen sante, famasi, oswa konpayi materyèl medikal yon plan sante oswa yon plan pou swen dan pa gen kontra avèk yo pou bay avantaj ki garanti yo pou manm yo. Swen pwofesyonèl swen sante ki pa nan rezo yo bay garanti sèlman pou tretman pwoblèm medikal yo pou ijans.

SÈVIS DOKTÈ vle di sèvis yon doktè bay.

PLAN vle di kontra asirans sante oswa asirans dan yon konpayi asirans ofri pou manm yo pou bay pwoteksyon avèk Florida Healthy Kids.

PRE-OTORIZASYON oswa POTORIZASYON DAVANS OTORIZASYON vle di apwobasyon konpayi asirans sante oswa asirans danje obligasyon pou bay anvan yo apwouve sèvis yo.

Page 64: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

64

PWOFESYONÈL SWEN SANTE PATNÈ oswa REZO PWOFESYONÈL SWEN SANTE vle di yon doktè, lòt pwofesyonèl swen sante, lopital, lòt sant swen sante, famasi oswa konpayi materyèl medikal ki gen yon kontra avèk plan sante a oswa plan pou swen dan an pou bay avantaj ki garanti yo pou manm yo.

PEMAN ASIRANS PA MWA vle di kantite lajan ou peye chak mwa pou kenbe pitit pou enskri nan pwoteksyon Florida Healthy Kids.

GARANTI POU MEDIKAMAN SOU PRESKRIPSYON vle di sèvis medikaman sou preskripsyon, materyèl ak pwodui yon plan peye nan avantaj ki garanti yo nan Florida Healthy Kids.

MEDIKAMAN SOU PRESKRIPSYON vle di Medikaman lalwa egzije pou gen yon preskripsyon anvan ou achte oswa itilize li.

SWEN PREVANTIF vle di swen sante woutin ki gen ladan depistaj, ak tchekòp pou evite oswa detekte enfeksyon oswa maladi anvan pasyan an gen sentòm yo.

PWOFESYONÈL SWEN SANTE PRENSIPAL oswa DOKTÈ SWEN PRENSIPAL oswa vle di pwofesyonèl swen sante pitit wè pou swen sante debaz ak pou pifò pwoblèm sante li yo. PCP bay pitit ou referans (voye li) ba lòt doktè lè swen sante espesyal nesesè epitou li planifye tretman pitit ou.

PROFESYONÈL SWEN SANTE vle di yon moun oswa yon ajans ki gen lisans apwopriye pou bay sèvis swen sante.

REFERANS vle di apwobasyon pwofesyonèl swen sante pitit ou bay pou pitit ou wè yon espesyalis oswa pou li resevwa yon sèten sèvis. Plan sante, plan pou swen dan, oswa espesyalis la ka egzije yon referans pou pitit ou wè.

SÈVIS AK APARÈY ADAPTASYON vle di sèvis ak aparèy medikal ki ede yon pasyan retounen nan ladrès ak fonksyon li yo, amelyore yo oswa pou kenbe pou viv chak jou paske li te pèdi oswa domaje yo akòz yon maladi oswa yon chòk.

SWEN NAN MEZON RETRÈT ESPESYALIZE vle di sèvis swen sante yon enfimyè lisansye sèlman kapab bay san pwoblèm epi kòrèkteman.

Page 65: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

65

SESPESYALIS vle di yon doktè ki gen fòmasyon siplemantè ki trete sèlman sèten pwoblèm sante, sèten pati nan kò a oswa sèten tranch laj epitou ki pa aji kòm yon pwofesyonèl Swen Sante Prensipal.

USWEN IJAN vle di tretman pou yon chòk oswa maladi ki nesesè nan 24 èdtan pou evite li vin yon ijans.

VIZIT TIMOUN KI AN SANTE vle di yo tchekòp PCP pitit ou pou swen prevantif anyèl.

Page 66: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

66

FLORIDA HEALTHY KIDS CORPORATIONAVI SOU PRATIK KONFIDANSYALITE

Avi sa a dekri fason nou ka itilize ak divilge enfòmasyon medikal sou ou ak sou pitit ou nan Kont KidCare ou ak fason nou kapab jwenn enfòmasyon sa yo.

Tanpri revize avi a avèk anpil atansyon.

Rezon ki fè ou resevwa avi sa a:The Florida Healthy Kids Corporation (“Healthy Kids”) enfòmasyon prive ou ak enfòmasyon prive pitit “ou” ki nan Florida Healthy KidCare. Avi sa a eksplike pratik konfidansyalite Healthy Kids pou enfòmasyon prive, li dekri fason Florida Kids ka divilge ak itilize enfòmasyon sou sante ou, ak fason ou ka jwenn enfòmasyon sou sante ou. Lwa federal ak lwa leta egzije Health Kids pou pwoteje sèten enfòmasyon sou sante ou. Healthy Kids travay sou enfòmasyon sou sante ou epi li konsève yo pou twa rezon prensipal:

• Pou detèmine posib kalifikasyon pou KidCare Medicaid pou lòt pwogram Florida KidCare Medicaid, epi

• Pou detèmine kalifikasyon pou lòt pwogram (Healthy Kids, MediKids ak Plan Swen Kontwole Sèvis Medikal) epitou pou bay antretyen kont pou fanmi ki gen timoun yo jwenn ki kalifye, epi

• Pou administre pwogram Healthy Kids.

Moun ki resevwa avi sa a: Omwen chak twazan, Healthy Kids ap bay avi sa a pou chak fanmi ki prezante yon aplikasyon nan Florida KidCare.

Kisa Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ye?Anjeneral, Enfòmasyon Pwoteje sou Sante se enfòmasyon ki kapab idantifye ou epi konsène kalifikasyon pase, kalifikasyon prezan oswa kalifikasyon pidevan pitit ou ak enskripsyon li nan yon plan Florida KidCare peman pri Florida KidCare chak mwa epi tretman medikal, tretman dan ak tretman pwoblèm sante konpòtmantal.

Page 67: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

67

Fason Florida Kids Itilize ak Divilge Enfòmasyon Medikal Pwoteje:Healthy Kids ak biznis asosye li yo itilize Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou pou tretman, peman oswa fonksyònman swen sante. Kèk nan aktivite sa yo se enskripsyon pitit ou yo nan pwogram Florida KidCare yon rekouvreman ak peman pri asirans lan chak mwa, administrasyon pwogram Healthy Kids, asire plan sante Healthy Kids yo bay pi bon kalite swen sante ki obligatwa a, epitou fè rechèch sou pwogram asirans sante timoun yo.

Men kèk egzanp fason Healthy Kids itilize enfòmasyon sou sante ou:

• Nou itilize repons ki nan aplikasyon ou pou Florida KidCare konsènan pwoblèm medikal pitit ou yo ak laj yo pou detèmine pwogram KidCare ki apwopriye pou pitit ou.

• Nou ka divilge repons yo ki nan aplikasyon ou ba lòt pwogram KidCare pou yo kapab detèmine kalifikasyon pitit ou avèk presizyon pou pwogram swen sante espesyal yo.

• Nou ka divilge enfòmasyon finansye ou ba Depatman timoun ak FANMI (Department of Children and Families) pou yo kapab detèmine avèk presizyon kalifikasyon finansye ou pou Florida KidCare Medicaid.

• Nou ka divilge enfòmasyon ou yo ba plan sante Healthy Kids yo ak lòt pwogram Florida KidCare pou objektif enskripsyon ak anilasyon enskripsyon.

• Nou ka divilge dosye medikal, dosye sante konpòtmantal ak dosye dantè pitit pou revize kalite swen sante nou bay la.

• Nou ka voye avi ba ou pou fè ou sonje Tchekòp Timoun an Sante epi pou bay enfòmasyon yon yo pou yon konpayi pou rele ou ak fè ou konnen fason pou jwenn sèvis yo.

• Nou ka itilize enfòmasyon medikal, enfòmasyon dantè ak enfòmasyon sante konpòtmantal pitit ou pou nou travay sou doleyans yo ak plent yo.

Page 68: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

68

• Nou ka revize bòdwo swen medikal, swen dan ak swen sante konpòtmantal pitit ou pou detèmine si ou kalifye pou rediksyon nan peman asirans lan pa mwa.

• Nou ka revize enfòmasyon sou enskripsyon ou nan asirans sante ak enfòmasyon sou pwoteksyon ou nan lòt founisè pwogram Florida KidCare oswa lòt konpayi asirans pou konfime si pitit ou yo kalifye pou pwoteksyon an epitou pou planifikasyon avantaj yo.

• Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou pou rasanble estatistik ak done pou itilize nan fòmasyon politik piblik ak amelyorasyon fonksyon pwogram yo (tankou detèminasyon kalifikasyon ak pwosesis enskripsyon).

• Nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou ba konsèy direktè nou ak ajans endepandan asosye ki gen rapò avèk rezolisyon kontestasyon plent ak analiz aktyè.

• Nou ka divilge enfòmasyon yo ba patnè finansye ki ka responsab pou peman asirans lan chak mwa pou pitit ou yo anba Healthy Kids ak lòt pwogram Florida KidCare.

Chak konpayi ak ajans ki revize enfòmasyon yo gen obligasyon dapre lalwa pou kenbe yo konfidansyèl.

Healthy Kids ka itilize ak divilge Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou jan lalwa bay pèmisyon pou sa, ki ka gen ladan divilgasyon ki endike anba la yo:

• Ba lòt pwogram Florida KidCare oswa ajans gouvènman ki bay avantaj piblik oswa ki detèmine kalifikasyon ak konfòmite pou Florida KidCare.

• Pou sipèvizyon sante tankou enspeksyon, odit, revizyon, ankèt ak rapòtaj pou yo kapab asire konfòmite avèk lwa federal, lwa leta ak lwa lokal.

• Pou sante piblik tankou soulajman nan katastwòf oswa kontwòl maladi.

• Lè yon lwa egzije pou nou rapòte enfòmasyon sou abi, neglijans ak vyolans nan kay.

Page 69: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

69

• Pou detounen yon menas grav pou sante oswa sekirite yon moun oswa piblik la.

• Kote divilgasyon an obligatwa dapre lwa federal, lwa leta oswa lwa lokal, oswa pwosedi jidisyè. Pa egzanp, pou bay repons pou yon lòd tribinal, oswa lò pwosesis legal, oswa anrapò avèk yon ankèt sou fwod oswa nan yon enstitisyon koreksyonèl oswa sant Jistis Jivenil ki gen responsablite pou pitit ou yo.

• Pou fè rechèch ak sèvis epi pou bay rapò pou amelyorasyon pwogram Healthy Kids ak pwogram Florida KidCare yo.

• Pou gouvènman federal pou sekirite nasyonal, sèvis pwoteksyon, aktivite militè oswa aktivite veteran.

• Pou doktè lejis egzaminatè medikal ak direktè ponp finèb; epi pou don ògàn.

• Pou fanmi ou ak lòt moun ki patisipe nan swen medikal pitit ou yo. Ou gen dwa pou pa dakò pou nou divilge enfòmasyon sa yo.

Divilgasyon Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou ki nan Healthy Kids ak Florida KidCare ba lòt moun endepandan oswa pou lòt rezon:Kòm yon règ jeneral, divilgasyon Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ki pa pou tretman, peman oswa itilizasyon operasyonèl ki dekri anwo a bezwen konsantman ou alekri. Pou otorize Healthy Kids pou bay divilgasyon sa a, kontakte Healthy Kids depi ou rele gratis nimewo 1-888-540-KIDS (5437), epi mande yon fòm otorizasyon pou divilge Enfòmasyon Pwoteje sou Sante. Biwo Konfidansyalite Enfòmasyon Prive ap ede ou avèk enfòmasyon ki nesesè yo pou otorize divilgasyon an. Si ou pa kapab bay otorizasyon ou akòz yon ijans, nou ka divilge enfòmasyon sou sante ou si li sanble nan pi bon enterè ou. Ou ka anile otorizasyon ou nenpòt lè. Pou fè sa, ou dwe voye yon avi alekri ba Biwo Konfidansyalite Enfòmasyon Prive nan adrès ki endike nan paj apre a.

Page 70: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

70

Dwa ou Konsènan Enfòmasyon Medikal Pwoteje sou Sante ou:Oumenm ak pitit ou gen dwa sa yo anrapò avèk Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou:

• Pou enspekte Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou yo konsève nan Healthy Kids oswa pou jwenn yon kopi ladan. Tanpri sonje Healthy Kids ka pa kapab bay Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ki fè pati yon konfli k ap kontinye, tankou nòt sikoterapi oswa nou retire enfòmasyon yo nan divilgasyon dapre lalwa. Healthy Kids ka fè ou peye yon frè pou tretman dosye. Ou gen dwa tou pou jwenn yon kopi dosye sante pitit ou nan klinik pwofesyonèl swen medikal pitit ou (doktè swen prensipal, plan sante oswa famasi, elatriye.).

• Pou mande pou Healthy Kids modifye enfòmasyon sou sante ki pa kòrèk oswa ki pa konplè.

• Pou chanje adrès ou oswa nimewo telefòn ou si lè yo kontakte ou nan adrès ou ye kounye a, sa ta mete lavi ou oswa lavi pitit ou yo an danje.

• Pou mande yon kopi avi sa a. (Nou mete avi sa a tou sou sitwèb Healthy nan healthykids.org).

• Pou mande pou nou limite itilizasyon ak divilgasyon Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou. (Dapre gid obligatwa yo, Healthy Kids ka pa gen obligasyon pou dakò avèk demann ou.)

• Pou mande yon dosye kote Healthy Kids te divilge Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou. Dosye sa ka pa gen ladan divilgasyon pou tretman, peman ak fonksyònman swen sante; divilgasyon ou te otorize yo; oswa lòt divilgasyon si lalwa bay pèmisyon. Pa gen frè pou peye pou yon demann konsa chak ane. Ka gen yon frè pou peye pou plis demann ou fè souvan. Demann ou ka gen ladan divilgasyon k ap retounen sou apeprè uit ane.

Page 71: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

71

Fason pou egzèse dwa ou konsènan Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou: Si ou gen kesyon oswa si ou vle fè yon demann konsènan Enfòmasyon Pwoteje sou Sante ou Healthy Kids konsève sou pitit ou yo nan moman an, oswa si ou ta renmen resevwa yon lòt kopi avi sa a, tanpri rele Biwo Konfidansyalite Enfòmasyon Prive Healthy Kids gratis nan nimewo 1-850-224- 5437. Healthy Kids ka mande ou pou voye demann ou alekri nan adrès Biwo Konfidansyalite Enfòmasyon Prive ki endike anba la a.

Fason pou depoze yon plent: Si ou kwè nou vyole dwa ou pou enfòmasyon prive, ou ka voye yon plent alekri ba Biwo Konfidansyalite Enfòmasyon Prive MCH ki nan adrès: Florida Healthy Kids Corporation, Attention: Privacy Office, P.O. Box 980, Tallahassee, FL 32302-0980; telefòn 1-850-224-5437. Pa gen konduit vanjans k ap fèt kont ou poutèt ou depoze yon plent.

Ou ka depoze yon plent tou ba Sekretè Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (Department of Health and Human Services). Ki nan adrès 200 Independence Avenue, SW, Washington D.C., 20201, toll-free telefòn pou rele gratis 1-800-368-1019.

Page 72: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

72

Règleman nou yo sou konfidansyalite enfòmasyon prive ka chanje: Lalwa federal egzije Healthy Kids tou pou ba ou, kòm chèf fanmi, avi sa a, epi pou Healthy Kids respekte kondisyon yo ki nan avi sa a. Avi sa a anvigè apati 14 avril 2003. Men, Healthy Kids gen dwa pou chanje kondisyon Avi sa a ak Règleman ak Pwosedi nou yo sou Pratik Pwoteksyon Enfòmasyon Prive nenpòt lè. Nenpòt chanjman nou fè nan règleman ak pwosedi nou yo ap aplike nan tout Enfòmasyon Pwoteje sou Sante Healthy Kids posede nan moman chanjman an. Si Healthy Kids fè yon chanjman enpòtan nan règleman ak pratik nou sou konfidansyalite enfòmasyon prive, n ap voye yon kopi revize avi a ba ou nan 60 jou apre chanjman an. Healthy Kids ap mete yon nouvo avi sou sitwèb nou tou nan healthykids.org.

BIWO KONFIDANSYALITE ENFÒMASYON PRIVE

Florida Healthy Kids Corporation Attention: Privacy OfficeP.O. Box 980Tallahassee, FL 32302-0980

Si usted prefiere recibir su correspondencia en español, por favor llámenos al 1-888-540-KIDS (5437).

Si w prefere resevwa enfômasyon sa an kréyol, tanpri rélé nou nan 1-888-540-KIDS (5437).

Page 73: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

73

SAN DISKRIMINASYON AVILALWA ENTÈDI DISKRIMINASYON

Florida Healthy Kids respekte lwa federal yo ki anvigè sou dwa sivil epi nou pa pratike diskriminasyon akòz ras, koulè, peyi kote ou soti, laj, andikap, oswa sèks. Florida Healthy Kids pa eskli moun oswa pa trete yo yon fason diferan akòz ras yo, koulè yo, peyi kote yo soti, laj yo, andikap yo, oswa sèks yo.

Florida Healthy Kids bay:• Nou bay èd ak sèvis gratis pou moun andikape pou

yo kominike yon fason efikas avèk nou, tankou: o Entèprèt langaj siy kalifyeo Enfòmasyon alekri nan lòt fòma (gwo lèt), odyo,

fòma ki elektwonik ki fasil pou jwenn, lòt fòma)

• Sèvis lang gratis pou moun ki gen lang natifnatal yo ki pa Anglè, tankou:

o Entèprèt kalifyeo Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang

Si ou bezwen sèvis sa yo, kontakte Florida Healthy Kids Corporation.

Si ou kwè Florida Healthy Kids pa t ba ou sèvis sa yo oswa te pratike diskriminasyon kont ou nan yon lòt fason akòz ras ou, koulè ou peyi kote ou soti, laj ou, andikap ou, oswa sèks ou, ou kapab depoze yon doleyans nan:

Florida Healthy Kids Corporation PO Box 980Tallahassee, FL 32302Main Line: 850-224-5437 | Fax: 850-701-6174Email: [email protected]

Ou kapab depoze yon doleyans pa lapòs, nan faks oswa nan imèl si nou bezwen èd pou depoze yon doleyans , Florida Healthy Kids Corporation kapab ede ou.

Page 74: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

74

Ou kapab depoze yon p[lent sou dwa sivil tou nan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal Etazini, sou entènèt nan pòtay Biwo pou Dwa Sivil ki disponib sou sitwèb https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf, oswa pa lapòs oswa nan telefòn nan nimewo

U.S. Department of Health and Human Services200 Independence Avenue, SW | Room 509F, HHH Building Washington, D.C. 202011-800-368-1019, 800-537-7697 (TDD)Fòm plent yo disponib sou sitwèb hhs.gov/ocr/office/file/index.html.

Page 75: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

75

Page 76: YON GID POU FOR POSIB MANM FLORIDA HEALTHY KIDS · 2019-01-29 · 3 ENFÒMASYON SOU Gid sa la pou ede fanmi yo reflechi sou fason pou yo aplike pou pwoteksyon Florida Healthy Kids

healthykids.org