ekite jan an ayiti/equite de genre en haïti.krÒs/kÒdinasyon rejyonal Òganizasyon sides, jacmel,...
DESCRIPTION
Introduction a la thématique d’équité de genre et développement organisationnel dans le contexte d’Haïti (présentation en créole). 1.Inégalité de genre dans le monde et en en Haïti 2.Origine de l’inégalité : différence entre sexe et genre 3.Egalite genre, équité de genre, transversalité de genre 4.Cadre légal 5.Approche genre et développement 6.Genre et développement organisationnel [email protected] Coordination Régionale des Organisations du Sud-Est/CROSE Route des Orangers, Jacmel, Haïti. [email protected] : Formation en équité de genreTRANSCRIPT
EKITE JAN
3zyèm anivèsè SOJJA/Solidarite Jenn Jakmèl, Jakmèl 29 mas 2009
EKITE JAN
1. INEGALITE JAN NAN LEMONN
2. ANN KONPRANN KOTE INEGALITE JAN YO SÒTI: DIFERANS ANT JAN AK SÈKS
6. JAN & DEVLÒPMAN ÒGANIZASYONÈL
5. APWÒCH JAN & DEVLÒPMAN
3. EGALITE JAN, EKITE JAN, TRANSVÈSALITE EKITE JAN… KISA SA YE?
4. KAD LEGAL LA
7. EKITE JAN… SA NOU PANSE? KI KOTE NOU YE NOU MENM?
1. INEGALITE JAN
NAN LEMONN
AN AYITI
EKITE JAN
6 7 % , F a n m y o r e y a liz e lè t r a v a y y o m a lg r e y o
1 0 % s è lm a n p o s e d e r e v n i m o n d y a l la
P w o d ik s y o n t r a v a y p w o d ik t if e n v iz ib f a n m y o
1 1 0 0 0 , g e n v a lè m ily a U S $ p a a n e li k o r e s p o n n a
4 8 % P IB m o n d y a l la
2 /3 ; 2 /3 F a n m y o k o n s t it y e a n a lf a b è t y o t im o u n
y o k i p a a le le k o l s e f i
1% F a n m y o p o s e d e m w e n s k e p w o p r iy e t e y o
1 ,3 , P a m i m ilja m o u n k a p v iv n a n p o v r e t e a b s o li
7 0 % s e f a n m
1 3 , f a n m s o u p o u p i p it i r e s e v w a k o u s ib i
v y o la n s s e k s y è l o u b y e n lò t f ò m v y o la n s
2 0 0 0 0 0 P lis p a s e f a n m m o u r i c h a k a n e a n b a
a v ò t m a n ile g a l
Statistik Nasyonzini montre ke onivo lemonn antye:
EKITE JAN
Sous: Caroline Côté, Le gendre dans le développement. Formation sur l’approche genre et développement, Développement et Paix, avril 2003.
Le Monde selon les femmes, Les essentiels du genre. 01 Concepts de base, Bruxelles, 2004.
EKITE JAN
Kèk chif sou inegalite jan an Ayiti:
To mòtalite matènel reprezante 475/100 000;
80% fanm yo oblije akouche nan kondisyon difisil san yo pa gen aksè pèsonel
medikal kalifye
Revni mwayen fanm yo reprezante mwatye revni gason yo (PIB pa abitan),
poutan to okipasyon fanm aktif yo se youn nan pi wo nan rejyon an
Èndis analfabetis pou adilt yo nan milye riral egal 31% pou gason yo; 65%
pou fanm yo
→
10% fi yo ant 5 - 9 ane gen stati travayè, pou sa ki ant 10 - 14 ane, li monte jisk
33%
To VIH ki anrejistre pami popilasyon feminen pi wo pase sa nan popilasyon
maskilen ak yon fòt to transmisyon manman sou pitit
60% - 80% fanm se chèf fanmi monoparantal
Nan eleksyon 2006 yo, pousantaj fanm ala prezidans te 3,1%; 7,9% pou
eleksyon senatoryèl yo; 5,5% onivo ladepitasyon
MCFDF, Elements de la condition et des situations des femmes en Haïti, juillet 2006
MSPP, Profil des femmes en Haïti. Résultats de l’enquête EMMUS-III 2000, novembre 2002
EKITE JAN
GRAP, Valorisation des expériences de développement local en Haïti. Annexe 10 Femmes, septembre 2003
Sous :
EKITE JAN
Inegalite jan an Ayiti nan domèn ekonomi:
Ba estimasyon ak ba valorizasyon kontribisyon travay fanm yo
Nan travay la fanm ak gason pa resevwa menm tretman
Inegalite onivo salè yo
Inegalite nan repatisyon travay la
Fanm ak gason pa gen menm aksè nan byen yo, resous pwodiktif yo oubyen
yon fòmasyon apwopiye pou mete yo an valè
Yon pousantaj enpòtan nan fanm yo asime pou kont yo reskonsabilite
pwodiktif ak repwodiktif yo
Fanm yo pa jwi pouvwa ekonomik la yo ta sipoze jwi lè nou konsidere wòl
enpòtan yo jwe nan kontribisyon ekonomik la
Yon reskonsabilite ekonomik inegal anndan kay la
Inegalite jan an Ayiti nan domèn edikasyon:
EKITE JAN
Aksè egal onivo lekol primè. To eskolarizasyon timoun yo egal 65,4% nan vil
yo epi 39,3% nan zòn riral yo
Ti fi yo rantre pi ta nan sektè edikatif la pase gason yo
To depèdisyon eskolè pi wo pou fi yo
Trètman diskriminatwa pou fi yo pou kòz yon gwosès twòp bonè
Yon gwo eka ant fi ak gason ki fin pi gwo onivo sekondè kote fi yo reprezante
sèlman 43% efektif eskolè la nan moman bakaloreya
Fòmasyon teknik yo diskriminatwa
Kontni pedagojik yo repwodwi stereyotip jan yo
Yon pi gran to analfabetis kote fanm yo, ki depase nan zòn riral yo 65%
Inegalite jan an Ayiti nan domèn lasante:
EKITE JAN
Fanm yo pa gen sifizaman aksè pou jwenn enfòmasyon ak fòmasyon sou dwa
repwodiktif yo
Yon fèb to itilizasyon kontraseptif yo (13,2%)
Yon politik piblik an matyè repwodiksyon ki pa ekitab
Yon rekonesans trè limite dwa repwodiksyon yo, pa egzanp dwa avòtman
To mòtalite matènel reprezante 475/100 000
Fanm yo pa gen sifizan aksè nan sèvis matènite yo
Feminizasyon ak rajènisman SIDA
Yon fòt ensidans vyolans ki fèt sou fanm yo; yon politik piblik trè fèb
Inegalite jan an Ayiti nan domèn politik la:
EKITE JAN
Yon fèb patisipasyon fanm yo nan eleksyon yo
Yon diskriminasyon fanm yo anndan fonksyon piblik la; fanm yo sitou nan pòs
administratif yo, mwens de 1/3 pòs desizyon yo okipe pa fanm
Yon prezans minoritè fanm yo nan pòs nòminatif yo
Yon trè fèb reprezantasyon fanm yo anndan pati politik yo
Yon fèb priz an chaj tematik jan nan pwogram ak diskou politik yo
MCFDF, Elements de la condition et des situations des femmes en Haïti, juillet 2006Sous:
POUTAN, fanm yo reprezante 52% popilasyon peyi a!
Povrete ak diskriminasyon fanm yo gen yon enfliyans sou
kapasite develòpman yon peyi.
Si mwatye peyi a pa patisipe nan tout sa k ap fèt ladann,
peyi a ap toujou mache yon bò epi li p ap janm devlòpe
tout bon!
2. ANN KONPRANN KOTE INEGALITE JAN YO SÒTI:
DIFERANS ANT JAN AK SÈKS
JAN
SÈKS
INEGALITE JAN
EKITE JAN
Jan =
EKITE JAN
Sèks =
Sèks pa egal jan. Jan pa egal fanm.
Karakteristik ke sosyete a detèmine Karakteristik ki detèmine biyolojikman
Mal la Femèl la
Pwodiktif + Bouboun
Natirèl, nou fèt ak li
Diferans fizik
Li pa chanje
Feminen (fi)
Maskilen (gason)
PijonRepwodiktif -
Sosyokiltirèl, ou aprann li
Relasyon inegal
Li ka chanje
Jan:
Fason yon sosyete defini wòl, rèskonsabilite, dwa, opòtinite, mòd konpòtman,
atitid, kwayans ak valè ki asosye ak gason osnon fanm yo.
Karakteristik sa yo chanje atravè letan epi yo varye selon diferan kontèks
sosyokiltirèl yo. Nou jwenn yo atravè yon pwosesis konstriksyon sosyal nan
diferan nivo: leta, travay, lekòl, medya, lalwa, lafanmi ak relasyon ant moun
yo.
EKITE JAN
Diferans ak inegalite onivo wòl fi ak wòl gason yo - an fonksyon konteks
sosyoekonomik, istorik, politik, kiltirèl oubyen relijye a - chita sou baz diferans
biyolojik yo ant fi ak gason.
Poutan diferans seksyèl la pa konstitye epi pa jistifye inegalite ant fi ak gason
yo. Lè konteks sosyokiltirèl la kreye yon idantite pou chak sèks, se konsa yon
sistèm jan konstwi ki transfòme diferans yo an inegalite.
Inegalite jan yo se pa yon diferans objektif ki sòti nan diferans biyolojik yo ant
fi ak gason, li sòti nan yon konstriksyon sosyal epi olye li baze sou kapasite
reyèl yon moun.
Inegalite jan:
EKITE JAN
3. EGALITE JAN, EKITE JAN, TRANSVÈSALITE EKITE JAN…
KISA SA YE?
EGALITE JAN
EKITE JAN
TRANSVÈSALITE EKITE JAN
EKITE JAN
Egalite jan =
Gason ak fi gen kondisyon egal pou reyalize tout dwa ak potansyèl yo genyen
pou kontribye nan evolisyon politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi a.
Egalite jan pa vle pou fi ak gason yo vin idantik men pou yo gen menm chans
ak opòtinite nan lavi.
Adopte mezi pou rekonpanse dezavantaj istorik ak sosyal ki te anpeche fi ak
gason benifisye chans egal.
Ekite jan se chimen ki mennen nan egalite jan.
Egzanp: Fè fòmasyon lidèchip ak fanm yo se yon mezi ekite jan.
Ekite jan =
EKITE JAN
EKITE JAN
Transvèsalite ekite jan =
Ekite jan prezan nan tout domèn dentèvansyon (transvèsalite owizontal)
epi tou nan tout nivo òganizasyonèl ak ènstitisyonèl (transvèsalite vètikal)
Li èmplike ke nan chak aksyon nou mennen epi nan chak estrikti
òganizasyonel nou mete sou pye, nou toujou gade kijan nou ka favorize plis
ekite ak egalite ant fanm ak gason yo.
EKITE JAN
EKITE JAN
4. KAD LEGAL LA KONSTITISYON AYISYEN 1987
DEKLARASYON INIVÈSÈL DWA MOUN
KONVANSYON SOU ELIMINASYON TOUT FÒM DISKRIMINASYON SOU FANM YO (CEDEF)
KONVANSYON ENTÈAMERIKEN POU PREVANSYON, SANKSYON AK ELIMINASYON VYOLANS FÈT SOU FANM YO/BELEM DO PARA
DEKRÈ 6 JIYÈ 2005 KI MODIFYE REJIM VYÒL AK ELIMINE DISKRIMINASYON KONT FANM YO
EKITE JAN
Konstitisyon ayisyen 1987:
Atik 17 “Tout Ayisyen, fi kou gason, moun marye ak moun ki pa marye, kapab sèvi ak dwa sivil yo oubyen dwa politik yo, depi yo deja gen dizwit lane, e depi yo swiv tout kondisyon ki nan konstitisyon ak nan lwa peyi a.”
Atik 18:“Tout Ayisyen egal ego devan lalwa, an wetan yon seri avantaj, Ayisyen natif natal yo genyen, depi yo pa te janm tounen sitwayen yon lòt peyi.”
Atik 19:“Leta dwe degaje l, tout jan, tout mannyè, pou tout Ayisyen jwenn lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, jan sa pale nan Deklarasyon Nasyonzini te fè sou dwa tout kretyen vivan.”
Atik 28:“Tout Ayisyen gen dwa di sa yo panse, lib, jan yo pito.” →
Atik 32-1:“Lekol gratis pou tout sitwayen, se reskonsablite leta ak kolektivite teritoryal yo ki dwe veye tou pou tout pwofesè yo kit se nan leta, kit se nan lekòl prive yo ye byen prepare.”
Atik 32-6:“Tout moun ki kapab gen dwa rive fè gwo etid, aprè etid segondè, selon sa li merite san pa gen okenn moun pa.”
…
EKITE JAN
EKITE JAN
Deklarasyon inivèsèl dwa moun:
Atik 1 :“ Tout moun sou tè a fèt lib, egalego an diyite, an dwa. Yo genyen bonjan rezon ak bonjan konsyans epitou yo dwe viv youn ak lòt tankou frè ak sè.”
Atik 2“ Chak moun sou tè a kapab jwi dwa ak libète Deklarasyon sa a, san ankenn diferans, ni sou ras, ni sou koulè po, ni si moun nan se fanm oubyen gason, ni sou lang moun pale, ni sou relijyon, ni sou opinyon politik oubyen tout lòt fason pou moun panse, ni nan ki nasyon oubyen nan ki klas sosyal yo sòti, ni sou riches yo genyen, ni nan ki kondisyon paran yo te fè yo, epitou nenpòt ki lòt sitiyasyon.”
…
EKITE JAN
Konvansyon sou eliminasyon tout fòm diskriminasyon
sou fanm yo (CEDEF)
Se premye dokiman entènasyonal ki pale sou dwa fanm yo onivo politik,
ekonomik, sosyal ak kiltirèl. Li konsidere kòm Deklarasyon Inivèsèl Dwa Fanm
yo
Konvansyon siyen pa Ayiti 18 jiyè 1980, li ratifye jou 7 avril 1981
Definisyon diskriminasyon kont fanm yo:
“Tout aksyon ak pwatik, tout konpòtman baze sou sèks ak objektif ekskli fanm
nan - kit li se jèn fi, fanm selibatè, fanm marye, fanm divòse, oubyen vèv. Fanm
yo dwe jwi menm dwa ak gason yo nan domèn politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl
ak sivil.”
EKITE JAN
Konvansyon entèameriken pou prevansyon, sanksyon ak
eliminasyon vyolans fèt sou fanm yo/ Belem Do Para :
Objektif li se anpeche vyolans fèt sou fanm, pini moun ki komèt zak sa yo.
Ayiti siyen konvansyon sa a nan dat 3 avril 1996.
Atik 1 “Vyolans kont fanm se: tout zak vyolans oubyen move konpòtman ki fèt kont fanm nan poutèt li se fanm , kit se nan lavi prive, kit se nan kad lòt aktivite l ak ki lakòz fanm nan mouri , li domaje, li soufri nan kò li oubyen nan lespri l.”
Atik 2“Vyolans kont fanm lan gen ladan l : vyolans fizik, vyolans seksyèl, vyolans sikolojik, vyolans ekonomik.”
EKITE JAN
Dekrè 6 jiyè 2005 ki modifye rejim vyòl ak elimine diskriminasyon kont fanm yo:
Vyòl la vin tounen yon krim
« Tout kadejak oubyen tout agresyon seksyèl, ki te gen tan reyalize ou
selman eseye fèt ak vyolans, anba menas, ak sipriz oubyen anba presyon
kont yon fanm oubyen yon gason, li pini ak 10 ane prizon. »
Genre et Développement / GED
KONTEKS: analiz chanjman sosyal
5. APWÒCH JAN & DEVLÒPMAN
YON ESTRATEJI ki pèmèt entegre preyokipasyon jan yo nan
analiz yo
planifikasyon ak fòmilasyon mezi politik yo
pwogram ak pwojè devlòpman yo
EKITE JAN
c h è c h e f è p w o m o s y o n p o u y o n e g a lit e a n t
s è k s y o n a n a k t iv it e d e v lò p m a n y o
Jan ak devlòpman, yon apwòch ki:
fè pwomosyon sou valè egalite jan nan tout domèn kote gen gwo diferans
ant fi ak gason:
- divizyon travay la
- aksè nan resous ak sèvis yo
- kontwòl resous ak benefis yo
- pouvwa desizyonèl la
pa fokis sèlman sou fanm ak gason yo men ki chèche transfòmasyon rapò
ant fi ak gason yo yon fason ki pi egal
→EKITE JAN
pa vle majinalize gason yo men ki vle elaji patisipasyon fanm yo nan tout nivo
pa vle transfòme fi yo an gason men ki vle asire ke aksè nan resous yo
endepandan sèks yon moun genyen
Jan ak devlòpman, yon apwòch ki:
EKITE JAN
Devlòpman sosyete a pa ka fèt nan kondisyon inegalite ki vin chak jou pi gran
ant fi ak gason, li p ap ka fèt si pa gen plis ekite ant fanm ak gason ak yon pi
gran patisipasyon pou fanm yo
DAWN, Development Alternatives for Women in a New Area
Egalite ant fanm ak gason se yon kesyon dwa moun ak yon kondisyon pou jistis
sosyal; li yon faktè endispansab ak fondamantal pou etabli egalite, devlòpman
ak lapè. Yon nouvo patnaya ki baze sou egalite ant fanm ak gason se yon
kondisyon pou yon devlòpman dirab.
Katryèm konferans mondyal sou fanm yo, 1995
EKITE JAN
Eleman pou n konsidere:
6. JAN & DEVLÒPMAN ÒGANIZASYONÈL
divizyon travay la
3 diferan fòm travay: pwodiktif, repwodiktif ak kominotè
aksè ak kontwòl resous yo
faktè ènflyans
kondisyon ak sitiyasyon yo
bezwen pratik ak bezwen estratejik yo
nivo patisipasyon
posibilite pou transfòme reyalite a
konsèp empowerment - ranfòse kapasite yoEKITE JAN
Kondisyon : aspè materyèl yon moun: travay l ap fè, bezwen li genyen pou li ak fanmi li
Entère èstratejik yo: fè referans ak pozisyon enferyè nan sosyete a, enterè a lon tèm ki gen pou objektif amelyore sityasyon medam yo
pwojè ki vize bezwen estratejik yo enkli aktivite konsyantizasyon, edikasyon, konsolidasyon òganizasyon fanm yo, mobilizasyon politik …
Sitiyasyon:pozisyon sosyal ak ekonomik fanm yo pa rapò a gason yo (aksè pou jwenn travay, patisipasyon nan lavi politik, vilnerabilite pa rapò a povrete ak vyolans)
Bezwen pwatik yo: fè referans ak kondisyon lavi, nesesite imedya yo nan yon kònteks detèmine : dlo, lojman, alimantasyon, revni ak swen lasante, …
pwojè yo ki vize bezwen pwatik yo: pwogram kredi, ponp dlo, klinik, fòmasyon teknik, ekipman, ...
EKITE JAN
Endikatè seksospesifik yo :
% gason % fi
Patisipasyon nan aktivite yo
Patisipasyon nan fòmasyon yo
Patisipasyon nan aktivite sansibilizasyon sou ekite jan
Jesyon enfòmasyon anndan òganizasyon an
Patisipasyon nan pran desizyon yo
Patisipasyon nan fè swivi ak kontwòl aktivite yo
Jesyon resous ekonomik yo
…
…
EKITE JAN
Kèk eleman pou yon analiz jan onivo òganizasyonèl:
Ki opòtinite òganizasyon a bay fanm yo - gason yo?
Ki pousantaj fi ak gason ki manm? Ki pousantaj nan yo fè pati komite a? Ki
jan wòl yo distribye ant fi ak gason anndan òganizasyon an jeneral, anndan
komite a (kòdònatè/tris, sekretè, trezorye/è, pòt pawòl elatriye) ?
Ki faktè sosyal oubyen kiltir è l kap frennen patisipasyon fanm yo - gason yo?
Kijan nou ankouraje patisipasyon fanm yo - gason yo malgre obstak sa yo?
K ija n n o u k o n s id e r e r e la s y o n a n t f a n m a k
? g a s o n y o E s k e p a w ò l y o n f a n m g e n m e n m v a lè
? a k p a w ò l y o n g a s o n K i m o u n k a p p r a n
, ?in is y a t if p w o p o z e a k t iv it e y o EKITE JAN
…
7. EKITE JAN…
SA NOU PANSE?KI KOTE NOU YE NOU MENM?
EKITE JAN
MÈSI !
Kontak: KRÒS/Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sides
Wout Zoranje, Jakmèl, Ayiti
Fòmasyon an ekite jan:
Ilse Roels
EKITE JAN