jounal jenn migran adolesan yo - migrant worker outreach...jounal jenn migran adolesan yo "pou...

20
Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" N ou distribiye jounal sa a GRATIS nan kan migran Noujèze yo. Ou kapab li jounal sa a tou an angle. Edisyon Anyèl Ete 2015 Reubenson Charles, 17, FL Klas Angle kòm Dezyèm Lang Yon jenn travayè migran bay kout men nan ansèyman Angle Kòm Dezyèm Lang sou yon labitasyon agrikòl Yon volontè pou Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo , Reubenson Charles, ou va jwenn foto li nan tèt paj sa a, te rive travay nan chan yo tout lajounen anvan l te vin pran mayèt li pou asiste nan ansèyman yon klas Angle Kòm Dezyèm Lang. Menm jan ak lòt elèv adilt yo, li te oblije debat pou l jwenn tan pou benyen, chanje rad enpi manje, anvan l te parèt tèt li nan klas la. Li te bay kout men nan deplwaye e plwaye chèz ak tab pliyant yo. Se li menm ki te sèvi kòm mannken pou fè demonstrasyon kèk aksyon ak dyalòg pandan klas la, e se li tou ki te distribiye materyèl kou a bay elèv yo. Lè nou te mande Ruebenson pou pale n de eksperyans li fè kòm yon moun ki ap asiste yon klas Angle Kòm Dezyèm Lang, li te di, “Elèv yo nan klas la te trè enterese pou aprann tout sa yo te kapab. Si youn nan yo ta fè yon lekti an angle enpi pwononse yon mo mal lòt elèv nan klas la te toujou la pou korije yo. Youn ede lòt e sa bay tout moun gran plezi” Se bèl jantiyès Reubenson ak zefò enfatigab li ki te ede mete elèv adilt yo alèz kon blèz. Konpetans misye te montre lè l ap tradui ni nan klas la ni nan konvèsasyon andeyò klas la, se sa nou te bezwen. Pwofesè klas la, Kathy Vermeeren ak elèv yo pa te manke montre apresyasyon yo pou patisipasyon Reubenson nan klas Angle Kòm Dezyèm Lang lan ki te fèt nan aswè. Reubenson ap viv nan Florida, kote l ap fè klas segondè li. Endèks Do a: Jenn yo bay kout men Paj 2: Enfòmasyon editè a Paj 3: Anons Paj 4: Mwen se yon ekriven (powèm) Paj 5: Sa se pasyon mwen Paj 6: Klas angle Paj 7: “Mwen reve” & Liv franse yo Paj 8: Homestead-Miami Speedway Paj 9: Mize otomobil Paj 10: Ralph Gilles, yon desinatè otomobil Paj 14: Eritaj mwen & Nouvo videyo Paj 15: Revi yon liv, Claire of the Sea Light Paj 16: Teyat nan kan migran yo Paj 17: Nan bibliyotèk la Paj 18: Nòt mizik Paj 20: Foto kan migran yo

Upload: others

Post on 10-Aug-2020

7 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS nan kan migran Noujèze yo. Ou kapab li jounal sa a tou an angle. Edisyon Anyèl Ete 2015

Reubenson Charles, 17, FL Klas Angle kòm Dezyèm Lang

Yon jenn travayè migran bay kout men nan ansèyman Angle Kòm Dezyèm Lang sou yon labitasyon agrikòl Yon volontè pou Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo, Reubenson Charles, ou va jwenn foto li nan tèt paj sa a, te rive travay nan chan yo tout lajounen anvan l te vin pran mayèt li pou asiste nan ansèyman yon klas Angle Kòm Dezyèm Lang. Menm jan ak lòt elèv adilt yo, li te oblije debat pou l jwenn tan pou benyen, chanje rad enpi manje, anvan l te parèt tèt li nan klas la. Li te bay kout men nan deplwaye e plwaye chèz ak tab pliyant yo. Se li menm ki te sèvi kòm mannken pou fè demonstrasyon kèk aksyon ak dyalòg pandan klas la, e se li tou ki te distribiye materyèl kou a bay elèv yo. Lè nou te mande Ruebenson pou pale n de eksperyans li fè kòm yon moun ki ap asiste yon klas Angle Kòm Dezyèm Lang, li te di, “Elèv yo nan klas la te trè enterese pou aprann tout sa yo te kapab. Si youn nan yo ta fè yon lekti an angle enpi pwononse yon mo mal lòt elèv nan klas la te toujou la pou korije yo. Youn ede lòt e sa bay tout moun gran plezi” Se bèl jantiyès Reubenson ak zefò enfatigab li ki te ede mete elèv adilt yo alèz kon blèz. Konpetans misye te montre lè l ap tradui ni nan klas la ni nan konvèsasyon andeyò klas la, se sa nou te bezwen. Pwofesè klas la, Kathy Vermeeren ak elèv yo pa te manke montre apresyasyon yo pou patisipasyon Reubenson nan klas Angle Kòm Dezyèm Lang lan ki te fèt nan aswè. Reubenson ap viv nan Florida, kote l ap fè klas segondè li.

EndèksDo a: Jenn yo bay kout men Paj 2: Enfòmasyon editè a Paj 3: Anons Paj 4: Mwen se yon ekriven (powèm) Paj 5: Sa se pasyon mwen Paj 6: Klas angle Paj 7: “Mwen reve” & Liv franse yo Paj 8: Homestead-Miami Speedway

Paj 9: Mize otomobilPaj 10: Ralph Gilles, yon desinatè otomobilPaj 14: Eritaj mwen & Nouvo videyo Paj 15: Revi yon liv, Claire of the Sea LightPaj 16: Teyat nan kan migran yoPaj 17: Nan bibliyotèk laPaj 18: Nòt mizikPaj 20: Foto kan migran yo

Page 2: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

2.

Enfòmasyon ki soti nan ofis administrasyon Jounal la Ou kapab jwenn Jounal Jenn Migran Adolesan Yo, ke Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo (MWO) pibliye, yon sèl fwa chak ane, nan lang angle ak kreyòl Ayisyen. Nou distribiye li GRATIS nan kan migran Noujèze (New Jersey) yo. Kòmanse nan ane 2016 nou va ajoute edisyon Jounal Jenn Migran Adolesan Panyòl la tou ke nou va pibliye nan lang angle ak panyòl.

Kontakte nou nan adrès sa a: CopyRight Migrant Worker Outreach & Migrant Teen Journal Haitian Migrant Worker Outreach, 2015 (Jounal Jenn Migran Adolesan Yo) Pou otorizasyon pou w reyenprime oswa itilize P.O. Box 123, Medford, NJ 08055 imaj ak tèks, imèl:Editè: Mandaly Louis-Charles (Li pale kreyòl ak angle.) [email protected] Imèl Editè a: [email protected] oswa rele Dory Dickson nan (609) 969-2480.Editè Adolesan yo: Johanna Piard, Paradyce Betts ak Kinou Charles Tradiksyon kreyòl ayisyen pa: Mandaly Louis-Charles Sit entènèt: www.MigrantTeenJournal.Org

Deklarasyon misyon nou:Misyon Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo se akeyi travayè migran ak fanmi yo nan Noujèze (New Jersey). Nou pibliye Jounal Jenn Migran Adolesan Yo pou ofri yon lekti ki enfòmatif e anmizan, enpi pou sèvi kòm yon platfòm pou vwa jenn yo, patikilyèman nan kominote Ayisyen Ameriken nan peyi Etazini.

Afilyasyon nan Jounal Jenn Migran Adolesan YoNou lanse yon envitasyon pou patisipe kòm manm nan Jounal Jenn Migran Adolesan Yo bay tout moun nan laj 12 a 21 lane, e nou lanse envitasyon an tou bay moun ki vwayaje ak fanmi yo pou fè travay sezon an. Nou lanse envitasyon sa a bay tout moun nan gwoup laj 12 a 21 lane ki ap viv pandan tout ane a nan Noujèze (New Jersey) onswa lòt kote. Nou ofri patisipasyon pou vini manm bay jenn moun tout orijin etnik, afilyasyon relijye, ak preferans seksyèl. Pou enfòmasyon sou kijan ou kapab vini manm Jounal Jenn Migran Adolesan Yo, ale nan sit entènèt nou an, ki nan lis pi wo a, oswa pale ak Dory Dickson.

Pou Soumèt yon atik Nou envite manm Jounal Jenn Migran Adolesan Yo, ak lòt jènn yo, ki gen laj 12 a 21 ane, pou soumèt atik nan bwat postalnou oswa voye yon imèl bay editè a; ou va jwenn adrès postal nou ak imèl nou nan lis pi wo paj la. Ou va jwenn tou, enstriksyon pou soumèt yon materyèl, sou sit entènèt Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo. Adrès entènèt la nan lis ki pi wo paj sa a. Ou ka kontakte editè a pou fè yon ti brase lide sou istwa oswa pwopozisyon pou yon atik anvan ou deside soumèt li, si ou vle. Pafwa nou gen dwa pibliye atik ke yon kontribitè ki gen plis pase 21 ane ekri.

Biznis, òganizasyon, ak moun ki nan zòn nan di yon bèl Byenveni! bay travayè migran Noujèze (NJ) yo: Nan ane 2015 lan, anpil biznis, lekòl, ak òganizasyon te voye donasyon pou MWO. Yo te mete ti kontenè devan pòt yo pou akeyi donasyon nan men lòt moun tou. Moun yo te pote tou kalite donasyon: rad, kabann, ak anpil lòt bagay toujou. …................................................................................................................................................................................................Hammonton Rotary Club Richard Stockton University, & Kramer Hall Swarthmore College, PennsylvaniaMedford Association of American University WomenTemple Beth El, HammontonMedford Friends Meeting (Quaker)Red Lion Faith Chapel, SouthamptonHaitian Baptist Church of Willingboro United Methodist Church, Hammonton Reformation Lutheran Church, AbseconParish of St. Maximilian Kolbe:Church of the Resurrection & St. Casimir Church. Jewish Community Center, Cherry HillBethel Christian Center, BlackwoodHabitat for Humanity, Burlington CountyBacharach Institute for RehabilitationZanmi MWO ki abite nan NJ, PA & FL

St. Augustine Preparatory School: * Se elèv Brendan Honick ki te òganize pwojè espesyal yo.Assumption Regional Catholic SchoolBishop McHugh Regional Catholic SchoolSwarthmore Public Library, Pennsylvania Cherry Hill Library Atlantic County Library & Ventnor BranchMoorestown Public Library,Burlington County Library & branches in: Bordentown, Mt. Laurel, Pinelands,Evesham, and Pemberton/Browns Mills. Casciano Coffee Bar & SweeteryHammonton Art CenterSweet Creations, Hammonton GoodMouth.Com (bwòs dan ak swen oral) PG.Com (Crest dantifris)

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 3: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

3. ANONS

Kathy Vermeeren (dezyèm soti nan bò gòch) Brittany Lare ak Karl Pietrzak

Kathy Vermeeren retounen pou sezon ete a pou anseye angle sou labitasyon agrikòl nan Noujèze Volontè pou Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo, Kathy Vermeeren, te anseye Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL) nan ete 2014 la, e li retounen pou anseye ankò ane sa a. Kathy, kounye a, ap sèvi kòm Asistan Direktè pou MWO, e kòm Kowòdinatè Jenn Volontè yo. Nan sezon ete dènye a Kathy te toujou rive byen bonè pou chak klas. Li te fè sa jis pou li te kapab gen yon ti tan anplis pou fè ti koze ak elèv adilt li yo. Pandan li ap debake tout founiti klasik li pote nan machin li, lòt volontè bay kout men nan depliye chèz ak tab pliyant ak tablo li. Depi klas koumanse li mete tout elèv sou de pye yo pou pifò nan tan an, enpi se avèk anpil antouzyas dèfwa li itilize kèk dekorasyon ak enstriman li pote dekwa pou elèv yo kapab pratike dyalòg nan ti pyès teyat. Kathy te di Jounal Jenn Migran Yo, “ Mwen kontan aprann ti kreyòl pandan m ap anseye klas ESL la, e menm jan elèv yo jwenn ti plezi lè yo ap aprann se konsa mwen anmize m tou. Yo ban m bon akèy! Kè m toujoukontan lè m ap woule machin mwen nan mitan pye bwa labitasyon an pou m ka rive nan kan migran yo.” Paske li gen anpil eksperyans kòm yon pwofesè franse, e kòm yon elèv ki toujou kontinye ap aprann franse, Kathy kapab dyaloge alèz alèz ak elèv nan klas ESL la, ki fè yon ti konprann franse tou. Volontè Reubenson Charles te sèvi kòm yon asistan pwofesè pou entèprète lang kreyòl la. Enstriksyon ak aktivite kontinye jouk apre solèy fin kouche, souvan yo itilize menm flach pou ba yo yon ti limyè. Apre klas la, lè tout tab, chèz, ak founiti fin rasanble, elèv toujou antoure Kathy. Se nan ti tan apre-klas saa, byen ta nan aswè, li konn reponn kesyon sou lang angle a, enpitou diskite sijè sou koze imigrasyon ak bezwenlafanmi. Tout moun apresye senserite Kathy genyen nan sousi li pou elèv yo. Nou trè kontan Kathy tounen ak yon kapasite ki ogmante. Volontè ki te bay kout men nan ete 2015 la Volontè Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo ki va asiste avèk ansèyman Angle Kòm Dezyèm Lang pou elèv Panyòl yo se: Karl Pietrzak, Brittany Lare, Jeanne Hoffner, Ken Hoffner, Hammonton Rotarians, ak plizyè lòt ankò. Genyen lòt volontè adisyonèl ki ap bay kout men ane sa a. Yo se: Kim Gollub, Jeff Ordner, Mariam Majd, Kinou Charles, ak Brendan Honick. Enpi nou pa ka bliye tout sa yo ki te ede nou fè preparasyon anvan sezon a te rive.Stockton University of New Jersey, Asosye kominotè nou Elèv nan Stockton University te travay san rete pou mete ajou enpi devlope anyè kiltivatè nan zòn Hammonton. Anyè a ki ekri nan de (2) lang te pibliye tou premyèman an 2011 nan lang angle ak kreyol. Anplis de travay yo ap fè pou amelyore premye anyè a, elèv Stockton yo ap mete ansanm yon anyè de (2) lang pou travayè Panyòl yo tou. Yo va fè l nan lang panyòl ak angle. Nou va pare yo pou distribye gratis pou sezon rekòt blouberi a nan ane 2016 la.Repoze nan lapè: N ap pran yon ti tan pou nou sonje sa yo ki te pase a letènite nan mwa mas 2015 lan. Yo te peri nan yon aksidan. Te gen kèk lòt moun, nan akisdan an, ki abite Fort Pierce, Fl: Volsaint Marsaille, Jude Petit-Frère, Obernise Petit-Frère, Lifaite Lochard, Madelaine William, Wanie Larose, Dazilla Joseph, ak Servillus Dieudonne. Plizyè nan gwoup moun sa yo te travay nan bitasyon Noujèze yo. Te gen yon ansyen elèv angle nou, yon granmè, Dazilla Joseph ki te genyen swasanndiznèf (79) ane.

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 4: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

4.

Yon powèm

Mwen se yon ekrivenParadyce Betts Mwen pa ekri pou fè moun wè m.Mwen ekri pou fè moun santi ke mwen la; mwen ekri pou edifye nanm. Mwen ekri pou demanti tout moun.Mwen ekri pou atenn yon koneksyon; mwen ekri pou fè moun reflechi. Mwen ekri paske gen pawòl k ap koule sot nan lespri m; mwen va ekri toutotan san ak koule nan venn mwen.Mwen ekri pou tabli yon koneksyon; mwen ekri pou m lakòz yon reyaksyon! Mwen ekri lè m santi yo rejte m pou mwen kaba lasolitid.Mwen ekri, pou tout moun yo zonbifye, pou tout moun yo fwase.Mwen ekri pou sa yo ki delala. Mwen ekri paske moun poko pare pou koute m,Yon mesaj ki ekri kapab gen plis klarifikasyon. Yon jou mwen espere sa mwen ekri va gen enfliyans, chanje lide, bay lajwa, kenbe w.

Mwen se yon ekriven. ----------Paradyce Betts se Editè Adolesan pou Jounal Jenn Migran Adolesan yo. Li ap etidye Literati Angle nan Miami-Dade College ki nan Homestead, Florida. Li te fè MTJ konnen ke, “Ekri se youn nan pasyon mwen, e mwen espere pou mwen vin yon editè yon jou. Mwen te kreye powèm sa a pandan mwen t ap reflechi sou pasyon mwen. Mwen te ap etidye lamedsin men mwen pa twò kontan avèk chwa a, se pou sa mwen te chanje matyè ke mwen vle etidye. Se lè mwen te chita pou mande tèt mwen, 'Poukisa mwen ekri?’ powèm sa a te pran nesans.

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 5: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

5.

Sa se pasyon mwen:

Mwen renmen desinen paske flè se senbòl lanmou, lavi, ak Pawòl la.Mwen apresye penti ak kreyon ke mwen genyen yo. Kounye a mwen genyen Yon ti biwo pòtab pou m pratike fè desen. Jose, 17, FL

Mwen renmen jwe foutbòl. Si ou antrene anpil pou w kapab vini yon bon jwè foutbòl, ou kapab fè anpil lajan. Don Edmond, 20, FL

Mwen renmen travay avèk timoun. Mwen pral koumanse ale nan Palm Beach State College nan mwa out la. Mwen va etidye metye Edikasyon.Mwen te pase dezan kòm volontè pou Teen Trend- setters. Teen Trendsetters se yon klib ki tabli nan yon lekòl elemantè. Nou li pou timoun piti enpi ede yo fè devwa yo.Nòt editè a: Pandan dènye ane High School li, Nancy te prezidan Òganizasyon Florida Future Educators of America Club nan Glades Central High. Nancy Piercin, 17, FL

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 6: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

6.

Klas angle

Se Caroline Carey ki pran foto sa yo. Anlè a: Klas Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL), ke Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo ak Hammonton Rotary Club la sipòte. Nan foto ki anba a de goch a dwat: Kat elèv ESL, manm Rotary Tevis Wernicoff, ak Prezidan Rotary a Jim Ammann. Yon total de diznèf elèv te resevwa diksyonè Kreyòl Ayisyen – Angle ke Rotary Club nan Hammonton lan te fè kado. (Ete 2014)

7.

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 7: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

7.

Mwen reve yon lavi miyò

Ralson La Plant

Mwen te fèt nan yon ti vil ki rele Benè, tou pre Jakmèl, Ayiti. Moun nan peyi mwen gen gran bezwen pou yon sistèm edikasyon. Dè milye de timoun nan zòn sa a pa ale lekòl paske fanmi yo pa gen okenn lajan pou peye ekolaj yo. Youn nan rèv mwen se pou tout timoun Ayiti ta ale lekòl gratis. Alèkile mwen nan yon sitiyasyon favorab paske mwen se yon elèv nan Toussaint L'Ouverture High School for Arts and Social Justice nan Delray Beach,

Florida. Pwofesè angle mwen se Madam Newton, li seyon bon pwofesè. Lè m pran twòp plezi nan klas la, li fè m sonje pou m sispann jwe. Kounye a mwen konprann mwen dwe konsantre e aprann lang angle pou m kapab gen yon bon lavni nan peyi Etazini. Lè mwen pa lekòl, mwen ale chèche travay pou ede granpapa m ak kouzen m k ap viv Ayiti. Mwen espesyalman vle ede manman m paske li kwè nan mwen e li renmen m anpil. Manman m, se bagay pozitif sèlman li vle pou lavi m e mwen dwe li plis pase lajan. Mwen gen venteyen ane. Mwen vle diplòme enpi jwenn yon bon travay. Pafwa, mwen kriye. Mwen regrèt mwen pa t pase plis tan lekòl pandan m te Benè.Fanmi mwen pa te gen okenn lajan pou peye pwofesè yo. Tan mwen pase nan lekòl, koulye a, a laj venteyen ane, se yon bagay ki gen anpil valè. Mwen gen konfyans tout rèv mwen genyen pou ede timoun Ayiti, pou ede fanmi mwen ak pran diplòmmwen va reyalize. Mwen pral travay di enpi avèk èd manman m, pwofesè m yo, ak Bondye, m ap vin yon adilt efikas k ap viv nan Lamerik la. Mwen pral kapab twouve yon fason pou ede timoun Ayiti jwenn edikasyon gratis ke yo merite. Not editè a: Ralson te soumèt atik sa a an angle. Angle se dezyèm lang pou Ralson.

....................................................................................................................................................................................

Pwojè Liv Franse K ap Vwayaje Yo Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo ap mennen yon kanpay pou ranmase kèk liv franse pou lekòl ak bibliyotèk Ayiti. Nou te envite touris Kanadyen ki ape vwayaje nan Noujèze pou yo pote kèk liv Franse avèk yo. Kèk nan liv yo prale nan bibliyotek piblik ki nan Noujèze pou siplemante koleksyon yo. Enpe nan liv yo se Ayisyen Ameriken k ap vwayaje soti Etazini ak Kanada ki va pote yo ale Ayiti. E rès liv yo nou va distribiye nan kan migran yonan Noujèze. Pou plis enfòmasyon sou Pwojè Liv Franse K ap Vwayaje Yo ale nan sit sa a: LivresFrancaisVoyageurs.Org

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 8: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

8.

Foto sit entènèt Homestead-Miami Speedway William (9) ak Ethan (11) toude se moun Florida

Homestead-Miami Speedway, Yon Bon Plas Pou Timoun MTJ te fè yon ti chita koze avèk kèk elèv nan yon pwogram apre lekòl ke Coalition of Florida Farm Worker Organizations opere. Nou te mande yo kisa ki te fè yo plis plezi lè yo te vizite Homestead-Miami Speedway. Darnelle ki gen trèz lane te di nou, “Pandan kous yo, fanmi m chwazi yon grenn machin pou aplodi. Nou te kontinye bat men pou machin sa a jouk tan kous la fini. Si machin nou an te genyen nou te fè kont dyòlè nou. Tegen lòt aktivite tou tankou tiwolyèn, enpi te gen tout kalite manje tradisyonèl.” Ti sè Darnelle la, Josephine, ki genyen nevan te ajoute, “Mwen renmen gade machin k ap fè kous. Yo fè gwo bri! E te gen moun ki te la pou pentire figi timoun. Mwen te pentire figi m e mwen te al sote ponpe nan gwo kayplastik balonnen yo. Ethan, ki genyen onzan, ak frè li, William, ki genyen nevan, nan foto anlè a te byen anmize yo pandan vizit Speedway la. Ethan te di, “Nou te al gade kèk machin kous deprè e yo te kite nou manyen yo. Nou te rive wè machin yo sou pis la e nou te wè chofè yo tou. Nou te wè yon Koenigsegg ki se yon machin Swedwa.” William te kontinye, “Mwen te renmen bèl desen ki te pentire sou machin yo. Enpi nan machin yo te gen gwo nimewo ekri sou yo. E nimewo sa yo te gen onswa yon sèl oubyen de koulè. Gen yon seri machin ki te gen motè devan enpi gen lòt ki te gen motè yo dèyè. Machin yo ki t’ap fè kous sou pis la ka kouri vit. Nou te wè yonLamborghini ak yon Ferrari!”

Enfòmasyon sou Homestead-Miami Speedway Bòs mason te fin bati Homestead-Miami Speedway nan koumansman ane 1993 la, enpi an 1995 yo te fè premye kous machin yo. Dis ane apre, an 2005, Speedway la te ajoute ekleraj pou yo te kapab fè kous lannuit tou. Gen plis pase 45,000 plas pou chita nan estad la; e MTJ asire lektè nou yo, plas yo konfòtab enpi genyen kont espas pou lonje pye w, enpitou nenpòt kote ou chita ou wè tout pis la trè byen. Pis oval pou kous machin sou teren an mezire 2.41 km nan longè e 55 pye nan lajè. Tout sifas pis la asfalte. Anndan oval sa a, wout ki trase pou fè kous la mezire aktyèlman 3.55 km nan longè. Pit Road, kote yo fè kous distans kout nan vandredi ke yo rele Fast Lane Fridays mezire 1,900 pye nan longè ak 50 pye nan lajè. Speedway la te bati sou 650 kawo tè kote jodi a ou ka jwenn 1005 pye palmis nan kenz diferan varyete. Nan lane 2003, Speedway te acheve yon pwojè baraj. Pou yo te kreye yon santye ki mezire 18-20 degre lè yon machin ap vire, yo te itilize tè ki soti nan pwopriyete Speedway la, andeyò pis kous oval la. Pwojè sa a te vin kreye kat gwo lak byen fon sou pwopriyete a. Anplwaye ki ap travay nan Speedway pafwa vin travay byen bonè dekwa pou yo ka peche pwason nan lak yo. Genyen tou, de(2) tinèl ki rive anba nivo lanmè a, ki mennen w jouk anba estad kote plas yo ye a, pou rive sou palisad pis la. * Si ou ta renmen li plis sou evènman k ap fèt, oswa travay byenfezans Speedway yo, oswa si w ta renmen gen plis enfòmasyon sou parennaj Ford ap fè, oubyen anpil lòt bagay toujou, ale nan: http://www.homesteadmiamispeedway.com/?homepage=true

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 9: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

9.

Donavon Dugard ak Markita Vertilus ki abite NJ (toude gen 15 ane) ap admire yon Bizzarrini Phantom 1967 P538, nan yon ekspozisyon nan Simeone Automotive Museum nan.

Simeone Automotive Museum nan Philadelphia, Pennsylvania Simeone Automotive Museum, ke ou va twouve apre w fin kondui yon distans 45 minit si w ap soti Hammonton, NJ, te louvri pòt yo nan ane 2008. Yo genyen yon etalaj kalite machin kous espòtif fabrike pandan yon peryòd de 60 ane. Ou va jwenn koleksyon 65 a 70 machin sa yo nan yon bilding ki mezire 7432 mèt kare. Nan koleksyon sa a ou va jwenn anpil machin nan kondisyon orijinèl yo avèk ni tapisri kuiv ni penti orijinèl yo. Tout machin yo nan bon eta, yo mache byen san okenn pàn. Gen de samdi nan mwa a yo woule enpe nan machin yo deyò nan paking deyè mize a pou demontre jan yo kapab kouri byen. Plizyè machin nan koleksyon sa a te patisipe nan kous ki te popilè nan peyi Lafrans, Angletè, Almay, Itali ak Etazini, nan New York, Utah ak Laflorid. Nan pami koleksyon sa a ou va jwenn Jaguar 1953 ak 1956 ki te fè kous nan Sebring International Raceway, yon kous douz è de tan. Yo te premye itilize pis Sebring International Raceway ki nan pati santral Laflorid (Florida) la nan ane 1950 e yo toujou ap kontinye itilize pis sa a jouk jounen jodi pou fè kous douz èd de tan ladan l. National Association for Stock Car Auto Racing (NASCAR), ki te fonde an 1947, nan Daytona Beach, FL se youn nan seleksyon ki ekspoze nan mize sa a tou. Jèn moun ki gen laj 12 a 21 ane, k ap viv nan kan migran Sid Noujèze (New Jersey) kote Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo konn met pye, kalifye pou patisipe nan yon pwomnad ke Simeone Automotive Museum ap pistonnen avèk akomodasyon Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo. Bò zòn 10 jiyè 2015, yonraf gratis ap fèt pou manm Jounal Jenn Migran Adolesan Yo, pou yo ka chwazi kilès patisipan yo pral mennen nan pwomnad mize sa a. Doktè Frederick Simeone, bay koleksyon prive machin ni pou fòme baz mize a, ki se yon fondasyon charitab. Doktè Simeone kolabore avèk fotograf Michael Furman pou pwodui yon liv ki detaye istwa ak akizisyon machin sa yo. Tit liv la ak tèm mize a se The Spirit of Competition. “Isi nan Simeone Museum lan lesansyèl la se konpetisyon. Mize sa a prezante avansman ki fèt nan konstriksyon machin kous espòtif yo de yon ane a yon lòt, de yon deseni a yon lòt. Ou kapab wè pwogresyon enpresyonan nan teknoloji estrikti, fren, motè ak po kò a. E tout sa fèt akoz de konpetisyon” Mario Andretti, nan prefas liv Doktè Frederick Simeone nan, The Simeone Automotive Museum, The Spirit of Competition

*Pou apran plis sou mize a, istwa l, evèman espesyal, orè ak pri tikè ale nan sit sa a: www.simeonemuseum.org

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 10: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

10.

Ralph Gilles, yon enjenyè ki desinen modèl otomobil, e ki resevwa anpil merit

….........................................................................................................................................................................................................

Tit li: (Nan Konpani Chrysler a) tèt nan konsepsyon, Fiat Chrysler Automobiles N.V. Travay li fè: Sipèvize depatman ki desinen modèl machin pou Chrysler, Dodge, Jeep®, Ram Trucks, ak lòt machin espesyal, ansanm ak Fiat, Alfa Romeo ak Maserati Edikasyon: Diplome (Bachelor of Science) nan matyè moun ki ap desinen modèl machin (Transportation Design), nan lekòl Kolèj pou Creative Studies; Diplome (Masters) nan matyè Business Administration nan lekòl Michigan State University *Nòt editè a: Si ou ta renmen genyen plis enfòmasyon sou pwogram konpani Chrysler ofri pou elèv, ansanm ak kouman yon elèv kapab fè estaj nan Chrysler, ale nan sit sa a: http://www.chryslercareers.com/Students/Pages/home.aspx….........................................................................................................................................................................................................

Apre li te fin diplome nan matyè Transportation Design, konpani Chrysler te anplwaye Ralph Gilles, pou li te travay nan depatman ki ap desinen modèl machin yo. Pandan vennkat (24) ane, Gilles te pwogrese nan travay li, ti pa ti pa, jouk li te rive kote l ye a. Si w ta chache yon moun ki gen lespri tèt ansanm, ou ta mèt chwazi Gilles san kè kase. Misye te kanpe solid pou li te anseye ak gide anpil jenn enjenyè gras a yon pwogram ke Chrysler ofri. Ane sila a, se Gilles ki te resevwa gwo meday ke Free Press Automotive Leadership te bay pou moun ki te desine pi bon modèl machin.Gilles, ki genyen karantsenk (45) ane, te fèt nan Bwouklin, Nouyòk (Brooklyn, New York), men paran li, ki se Aysisen natif natal, teelve li Monreyal, Kanada (Montreal, Canada) *Lè Jounal Jenn Migran Adolesan Yo te ratrape Gilles pou poze li kèk kesyon, misye te fè de twa kout plim pou li te ekri pawòl sa yo ke nou pral li la a.

Enspirasyon ki pouse mwen desinen machin: Lè mwen t ap grandi, m te konn gade emisyon nan televizyon (Dukes of Hazzard, Magnum P.I., Knight Rider, eks.) avèk fim ki konn genyen bèl machin byen kanpe, ak machin egzotik Ewopeyen ladan yo. Se sa ki te enspire m pou m te koumanse trase desen machin. Se lakòz sa tou mwen te fè koleksyon tout kalite modèl machin pandan jenès mwen. Sipò lafanmi Fanmi mwen te sipòte anbisyon mwen te genyen pou matyè atistik. Matant mwen Josette Rousseau (foto nan paj 12) te peye pou m te ka pran kou desen lè mwen te nan lekòl segondè (High School), pandan m t ap grandi Monreyal, Kanada. Granfrè mwen, Max, pa t manke ankouraje pasyon ki t ap grandi nan kè m pou machin; se tout tan li konn ap teste mwen, pou wè si m ava nonmen non diferan machin k ap pase, selon fòm grantlimyè yo leswa, ouswa selon son motè yo te fè. Mwen te pi pito machin VW Beetle. Son motè machin sila a te diferan nan pami tout lòt yo. Nanpwen pyès machin ki te pi popilè pase li nan Monreyal (Montreal) nan epòk sa a. Lè m te gen katòz an, matant mwen Gisèle Mouscardy te voye yon lèt bay Lee Lacocca, ki te direktè Chrysler nan

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 11: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

11.

Matant Gilles Josette Rousseau Monnonk Gilles, Jean ak matant li, Gisele Mouscardy

epòk la, pou montre li kèk desen machin mwen te trase; Mantant Mouscardy te wè pi lwen pase Antwán Nan Gomye, paske li te predi ke Chrysler va anplwaye m nan lavni. Nou te resevwa repons lèt la. Se Neil Walling, mesye ki te alatèt moun ki t ap desinen machin nan Chrysler ki te reponn lèt la, li te konseye fanmi m pou yo ta mete m nan lekòl desen, e sesa mwen te fè evantyèlman. Matant mwen Gisèle (foto nan paj 12), se yon fanm tout bon ki te kwè nan rèv pwosperite Ameriken an. Mwen te pase de (2) ete nan Syosset, New York. Li menm ak mari li, Jean (granfrè manman m), te sèvi kòm bon egzanp pou mwen. Yo te anseye m anpil leson lavi a, leson ke sèl moun ki fè eksperyans ka anseye w. Yo te ankouraje m pou vize lwen. Sa ki te pi bon an, yo te toujou ap achte pwodui Chrysler te fè depi dizan lè sa a. E kounye a yo ape kondi yon Chrysler 300C.*Nòt editè a: Chrysler 300C a, te resevwa anpil meday. Se ekip anplwaye Gilles menm ki desinen modèl machin sa a. Eritaj Ayisyen mwen: Fanmi mwen laj anpil. Yo epapiye tout patou nan kote lès ak nan mitan lwès peyi Etazini. Tout disèt (17) ane laj lekòl mwen se Monreyal, Kanada mwen te pase yo. Pi fò Ayisyen se Monreyal y al lage kò yo, gras a lang Franse a ki se lang moun biznis itilize. Sa penmèt Ayisyen jwenn plizyè opòtinite nan travay ki anplwaye lang Franse a. Yon dal fanmi mwen, monnonk mwen, Yvon Mouscardy se youn nan yo, abite Monreyal. Mwen gen anpil souvni fèt ak selebrasyon lakay zanmi m ak fanmi m. Ayisyen renmen fete ak manje konsa! M ap sonje papa m avèk zanmi li te renmen diskite zafè politik ak lòt koze sosyal avèk envite li yo. Mwen pa te janm enterese patisipe nan konvèsasyon sa yo. Mwen toujou apresye mizik Konpa, Soka, Kalipso, Rege e anpil lòt varyete mizik Kiben ki genyen orijin Afriken. Papam ak monnonk mwen te renmen kalite mizik sa yo, e jouk jounen jodi monnonk mwen toujou ap fè lis mizik pou mwen. Pou manje Ayisyen menm, mwen renmen tout: pwason fri, krab, bannann, pate, lanbi, dyondyon, enpi diri kole ak pwa wouj. Men pa genyen anyen ki pi bon pase makawoni o graten manman m. Se koupe dwèt! Mwen konpare eksperyans mwen etidye, k ap travay epi n ap viv nan Kanada vs nan peyi Etazini an: Mwen kontan m te gen opòtinite viv nan de (2) gran peyi, espesyalman yon kote modèn tankou Monreyal (Montreal). Peyi Kanada se kote tout kalite nasyon abite; se te yon privilèj pou m te benyen nan tout kilti sa yo toutotan m te kapab. Nan lekòl elemantè kon nan lekòl segondè (High School) mwen te kwaze ak moun tout kilti ki soti nan tout monn nan. Nan lekòl segondè, mwen te sibi diskriminasyon men mwen te vire mal sa a pou yon byen, mwen te pran l e fè l tounen yon leson pou m anseye lòt. Monreyal se yon kapital ki rekonèt paske se la ou jwenn tout estil ki alamòd, donk m te byen familyarize m ak tout bagay ki alamòd depi m lè m te tou piti. Mezanmi pyès moun pa ka di ke peyi Etazini pa bay opòtinite; se la mwen te fè kolèj mwen. Se la m te abite depi lane 1988. Ke m te nan kolèj, ke m te anplwaye nan Chrysler, mwen pa ka di m te jwennpwoblèm diskriminasyon. Mwen te gen chans fwote zepòl ak moun ki ekstrèmman pozitif, e konsa mwen te deside frekante yon seri moun ki pa gen lespri fèmen enpi ki ap pwogrese sèlman. Zanmitay mwen genyen avèk lòt kondisip, ki desinen modèl otomobil e ki renmen machin tou, se pa bagay mwen kite trennen atè. Mwen apresye lefè ke li pa koute twò chè pou abite Michigan, kote mwen abite kounye a. Mwen apresye tou bann kalite moun ki maton nan zafè atistik ki abite enpi k ap travay bò isit la. Sèl yon ti panyen moun ase ki konnen gen plis atis endistriyèl ki abite nan Sidès Michigan pase tou lòt vil devlope nan monn nan.

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 12: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

12. Kanada ak Etazini: Toude peyi yo se preske menm bagay la. Men sa toujou fè m ri lè m ap panse ke nan peyi Etazini ou kapab achte yon galon lèt oubyen yon batri machin a twazè nan maten. Kolèj: Lè m te antre nan kolèj Creative Studies (CCS) la, plizyè jou pa t pase anvan m te gentan konprann mwen tonbe nan yon bon lekòl. Okoumansman mwen te yon ti jan kraponnen paske se ak elèv ki pi maton nan monn nan m te annafè. Men ou vin reyalize byen vit konpetisyon bon pou ou paske sa vin soulve anbisyon w, enpi sa ede lespri ou devlope konplètman. Mwen te gen anpil bon pwofesè. Youn nan pwofesè m te pi renmen,se li menm ki te kritike m plis tou, se te Diane Voss, pwofesè listwa . Li te kritike fason mwen ekri e kouman mwen pa t devlope pewn santral mwen lè m ap trase desen modèl machin; li te anseye mwen kouman pou devlope panse m pi lwen nan matyè atistik. Men te gen plizyè lòt pwofesè ki te fòme mwen: Bill Robinson, Sun Paik, Carl Olsen, Clyde Foles ak John Kaloustian. Klas mwen te pi renmen se te Visual Communication, Figure Drawing ak Design Theory. Anplwaman: Premye travay mwen te jwenn se te nan yon makèt ki rele Foodtown Grocery nan Syosset, nan Long Island, New York. Mwen t ap travay avèk danre. Dyòb mwen se te pou m dechaje machin ki pote melon pou m te mete anndan makèt la. Mwen te aprann anpil sou ale vini ki genyen lè w ap travay ak moun. M te wè kouman ou ka aprann nanmen yo. Mwen te reyalize byen vit ke chak travay se yon eksperyans, e genyen moun ki ka ouswa detwi ouswa reviv anviwònman travay la. Kòm se te premye travay mwen, te gen anpil bagay mwen pa te konnen enpi yo te montre sa pou m fè. Mwen te renmen fè ti koze ak kliyan yo enpi ede yo ak sa yo te bezwen. Lekòl kote mwen te etidye, College for Creative Studies: Mwen te genyen privilèj pou anseye pwogram transpòtasyon siperyè nan College of Creative Studies pou dezan. Sa pa te fasil paske mwen te toujou ap travay nan Chrysler, ki vle di m te kenbe de (2) dyòb. CCS te yon bon plas pou travay. Yo te fè dizon avèk mwen pou m te anseye nanapre midi oubyen aswè dekwa pou m te kapab kenbe dyòb lajounen mwen an. Mwen santi li te enpòtan pou anseye elèv mwen yo pou yo tounen desinatè ki djanm. Mwen te pase yon bon pòsyon nan tan mwen ap montre yo kouman pou yo travay sou prezantasyon yo enpi ede yo devlope yon bon ipotèz pou pwojè yo. Enfliyans paran mwen te genyen sou mwen: Paran mwen te anseye m kouman sa enpòtan pou toujou kenbe dizon m ak moun. Yo te di m ke li bon anpil lè moun santi yo ka konte sou mwen. Yo te anseye mwen tou, ke pa gen anyen mwen pa ka fè depi m genyen talan enpi mete m a sa, enpi travay di pou reyalize anbisyon m. Se pawòl ki repete chak jou, se vre,men mwen twouve ke li se yon verite nan anpil aspè nan lavi ak nan travay mwen. Yo te anseye mwen tolerans tou, endirèkteman, nan fason yo te sipòte m nan tan ladvèsite. Yo anseye m pou m panse anvan m aji. Se chak jou mwen itilize leson yo te mete nan lespri m. Mwen fè tout sa m kapab pou m pataje santiman tout moun pandan m ap dirije yo avèk konviksyon.

Max Gilles, Mesye Gilles e Madanm Gilles, Ralph Gilles (1992)

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 13: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

13.

Konsèy pou jenn moun: Mwen toujou konseye jenn moun pou ranseye yo byen anvan yo pran yon pozisyon nan zafèbiznis oubyen nan konfli pèsonèl yo. Mwen toujou fè tout sa m kapab pou m pwomote yon apwòch balanse nan biznis ak nan lavi pesonèl mwen paske se sa ki elimine tèt chaje nan byennèt yon moun. Pou mwen, se yon priyorite pou anplwaye mwen yo (nan Chrysler) pa gonfle lestomak yo men pou yo gen lespri tèt ansanm. Objektif mwen nan lavi a: Nan kalite travay m ap fè a, mwen toujou ap vize de (2) oubyen senk (5) lane a lavans, pafwa jouk kenz (15) lane menm. Natirèlman, sa toujou ban m espwa enpi sa fè anplwaye m yo toujou konsantre sou yon objektif. Mwen renmen nati konpetitif ki egziste nan endistri otomobil la. Lasyans otomobil yo ap pwogrese, e chak kou wbat je w konpetisyon an vin pi rèd. Mwen renmen tout defi ki prezante devan m ak anplwaye m yo, anmenmtan mwen apresye rezilta travay ke nou mete sou pye dènye senk ane sa yo. Anmizman: Mwen renmen kondi machin ki gen bon motè sou yo, tankou nouvo Dodge Challenger SRT Hellcat la. Se tout tan mwen al kondi machin mwen sou pis la. Bondyefè mwen abite tou pre twa pis ke yo toujou itilize pou fè kous machin: Mid-Ohio, MoSport in Ontario, Canada ak Gingerman nan Michigan. Sa fè dezan depi mwen menm ak madanm mwen ap pran kou dans panyòl. N ap prepare pou nou fè yon vwayaj Kiba. Vwayaj sa a se youn nan lis bagay nou dwe fè anvan n kite tè a! Peyi paran mwen: Mwe te vizite Ayiti nan mwa Novanm, 2014. Mwen ak madanm mwen sipòte yon ti lekòl, Seeds for the Future, ke fanmi mwen opere. Mwen planifye pou retounen Ayiti yon jou ankò dekwa pou m kapab konprann lavi laba a ak defi li prezante.

Lekòl Seeds for the Future, Port-au-Prince, Haiti (2014)

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 14: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

14.Fè konesans ak editè Jounal Jenn Adolesan Migran Yo, Mandaly Louis-Charles Nouvo editè nou, Mandaly Louis-charles, se otè Haitian Creole for English Speakers. Anplis dyòb editè Jounal Jenn Adolesan Migran Yo, Mandaly fè tradiksyon edisyon kreyòl jounal la. Li ekri yon blòg popilè pou moun ki ap etidye kreyòl. Adrès blòg li a se: http://sweetcoconuts.blogspot.com Mandaly avèk mari li gen yon pitit fi nan kolèj e yonpitit gason ak yon lòt pitit fi nan lekòl elemantè.Se Mandaly ki te ekri atik suivan an. Li te ekri l pou edisyon Jounal Travayè Migran Ayisyen 2013.

Eritaj Mwen Mwen fyè anpil de Eritaj Ayisyen mwen. Se yon gran privilèj pou m fè pati yon peyi ki gen yon istwa ki si tèlman rich. Nou menm, kòm yon pèp Ayisyen, sibi anpil peripesi e nou andire anpil zeprèv ki te soti pou kaba nou, men advèsite sa yo fè nou vin brav, yo fè n vin yon pèp vanyan. Zansèt nou yo te kite pou nou, kòm byen, yon anbisyon pou nou chanje e devni yon pèp ki ini. Mwen se yon rezilta chanjman sa a. Se eritaj mwen. Plis m’ap rantre nan laj, mwen remake se plis mwen ta renmen rapwoche tout sa ki te pase m nan tan lontan. E sa toujou kannale m tounen nan kilti ak tradisyon ki te fòme anfans mwen Ayiti. Mwen admire kilti ak tradisyon nou, e dezi mwen se pou timoun pa’m yo ki te fèt nan peyi Etazini ta respekte e venere tradisyon sa yo. Mwen itilize tout opòtinite pou anseye pitit mwen pou apresye diferans ak similarite ant peyi pa’m ak peyi pa yo. Yo aprann ke yo se yon pwodui toulede kilti yo. Se sa yo ye. Lakay mwen, nou kuit anpil manje ki soti Ayiti. Mwen kontan paske pitit mwen yo pa sèlman manje manje sa yo, men yo patisipe nan preparasyon yo tou. Timoun mwen yo, kounye a, kapab rekonèt diferan epis ke ou kapab jwenn nan yon kuizin Ayisyen, enpi yo konprann ki wòl manje jwe nan yon peyi kote k’ gen anpil grangou ak famin. Jou fèt Endepandans Ayisyen, lepremye janvye, nou toujou manje soup tradisyonèl la, soup joumou. Jou sa a,mwen toujou leve byen bonè pou fè preparasyon repa tradisyonèl sa a, enpi sant soup la reveye tout moun ki nankay la. Konsa ou wè tout moun leve pran wout kuizin nan pou yo kapab ede prepare tab la ak chofe pen Ayisyen ke mari mwen te gentan achte depi Miami. Nou atable nou enpi nou manje ansanm. Nou pale sou istwa soup la, ak poukisa nou manje li nan jou sila a. Se jou soup joumou pou nou. Se preske tankou yon selebrasyon. Pi gran reyalizasyon mwen nan lavi a se ti moun mwen yo ak fanmi mwen. Yo ban mwen anpil lajwa. Mwen kontan ke mwen kapab makònen ti fanmi mwen nan gran fanmi ras Ayisyen mwen. Chak jou nou youn aprann anpil nan men lòt. Lè m ap elve ti moun mwen yo, se vrèman yon lame dezyèm ak twazyèm jenerasyon Ayisyen m ap elve, ki benefisye anpil nan sajès ak konesans paran, granparan, matant ak monnonk, eks ki se Ayisyen natif natal.

Premye Chante Alfabè Kreyòl la Nan mwa jen 2015 ki sot pase a yon sipòtè lang kreyòl Ayisyen an, Mandaly Louis-Charles avèk yon pwofesè nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), pwofesè Michel DeGraff te mete tèt ansanm pou fè soti premye videyo chante alfabè kreyòl la . Yo te kolabore ansanm pou te ekri pawòl mizik la ki anseye alfabè a. Ou kapab jwenn videyo sa a sou YouTube pou gratis. Louis-Charles te konpoze melodi chante a, enpi li te chante vwa ak amoni yo tou. Mizisyen Bémol Telfort te jwe tanbou yo . Li te bat kata nan chante a tou. Robert Capria te kreye animasyon pou videyo a ki entwodui chante sa a. Oukapab gade oubyen telechaje videyo a nan sit sa a:www.youtube.com/watch?v=6F6yK1HOhWI

*Oukapab achte DVD a tou, ki genyen yon dezyèm videyo ladan li, nan EducaVision, Inc. FL.

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 15: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

15.

Analiz sou Yon Liv

Se Nancy Crampton ki pran foto sa a. Johanna Piard, Jounalis & MTJ Editè Adolesan Edwidge Danticat, Otè

Claire of the Sea Light, pa Edwidge DanticatSe Johanna Martine Piard ki fè analiz sa a Edwidge Danticat, yon fwa ankò, atire lektè yo avèk yon istwa ki byen ekri, pi nouvo woman li, Claire of theSea Light. Istwa sa a pran nesans nan Ville Rose, yon ti vil bò lanmè kote jenn pitit fi yon pechè pwason, Claire,te disparèt. Pandan istwa a ap dewoule sou paj yo pou fè w konnen dekiprevyen chak abitan nan ti vil la, konsa ou vin wè lavni Claire, papa l, ak sitwayen tout ti vil la antye parèt aklè devan je w. Woman sa a gen ladan l yon seri dekaraktè enteresan kòmanse sou Claire ki dosil e ki gen bon kè, ale sou papa l, Nozias, yon pòv pechè pwason deprimen, rive sou yon fanm djanm, Madam Gaelle, machann twal vil la. Chak chapit entwodui yon karaktè nouvo ki jwe yon wòl prensipal nan deplòtonay mistè dezaparisyon Clairea. Antan istwa sitwayen nan Ville Rose la ak makònen ak parantay Claire li menm, lektè a vin twouve l nan yonsitiyasyon kote vag emosyon li chanje direksyon nan chak istwa ki rakonte. Reyalite lavi karaktè yo nan istwa sa a trè diferan ak avantaj moun k ap viv lavi modèn nan peyi devlope yoeksperyanse. Istwa Danticat a plen ak peripesi ke ou pa ta janm imajinen yon moun ap pase nan lavi l chak jou. Ekriti Danticat te mete li devan zye piblik la nan Lamerik depi lè li te fè sòti best-seller li a, Breath, Eyes, Memory (yon seleksyon nan Book Club Oprah a) ak The Dew Breaker. Li se yon ekriven enkwayab. Fraz powetik li, sèn li chwazi ak karaktè li yo ede lektè a konnekte avèk kilti Ayisyen an. Se travay li ki te fè m fè konesans avèk kèk aspè nan eritaj Ayisyen mwen ke m pat janm eksperyanse anvan. *Johanna Martine Piard se yon elèv ki ap etidye English/Communications nan Miami-Dade College nanFlorida.

Otè Edwidge Danticat, sipòte Ayisyen lòt bòt dlo e lakay *Edwidge Danticat te ekri prefas yon rapò resan ki te sipòte rediksyon nan depòtasyon Ayisyen: Aftershocks: The Human Impact of U.S. Deportations to Post-Earthquake Haiti, ke ou va jwenn nan sit sa a: http://www.law.miami.edu/clinics/pdf/2015/haiti-report.pdf

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 16: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

16.

Timoun dekore pwòp kostim yo pou yo ka jwe yon ti pyesèt

Jènn moun nan yon kan migran nan Noujèze abiye an kostim ki te fèt ak sache papye pou jwe pyesèt istwa Tig ki Grangou a ak Timoun Lekòl yo. Jenn aktè yo te byen anmize yo, yo tout te boukante wòl nan pyesèt la lè yo te jwe li yon dezyèm fwa. Adolesan nan kan an te ede timoun yo dekore kostim yo. Apre pèfòmans lan, volontè MWO yo te sèvi yon ti rafrechisman enpi yo te fè timoun yo kado liv ki gen foto ladan yo. (ete 2014)

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 17: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

17.

Nan Bibliyotèk la

Mackenson Jean-Baptiste (24) FL Franky Riche (22) FL

Mackenson te di Jounal Jenn Adolesan Yo, “Lè mwen ale nan bibliyotèk la, mwen gen dwa pase inèdtan sou konpitè a. Se yon lajwa pou jwenn chans pou tcheke imèl mwen e pou monte sou FaceBook ak YouTube.” Franky te ajoute, “Lè mwen itilize konpitè nan bibliyotèk la mwen ale sou FaceBook. Sa ban m kè kontan pou m anmize m ap koze avèk zanmi m pa tande lontan.” Ou pa bezwen yon kat bibliyotèk pou anrejistre pou sèvis konpitè nan bibliyotèk Atlantic County Library Hammonton nan. Si ou ta renmen prete yon liv, senpleman pote yon souchèk pou konfimen ke ou se yon travayènan zòn isit la. Se konsa ou kapab pwokire yon kat bibliyotèk. Menm si ou pa ta gen kat bibliyotèk ou kapab vizite bibliyotèk la kanmenm pou mete w konfòtab nan bon ti èkondisyone ak lòt sèvis ke yo ofri.

Yon ti kal maji, yon ti kal lasyans

Tout pandan sezon ete a gen aktivite anmizan ak edikasyonèl nan Bibliyotèk Hammonton nan. Travayè migran yo ki vin travay pou sezon an mèt mennen timoun yo pou patisipe nan nenpòt aktivite ke bibliyotèk la patwone. Òganizasyon Pou Akèy Travayè Migran Yo bay transpòtasyon pou kèk nan timoun sa yo. (ete 2014) Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 18: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

18.

NÒT MIZIK

Mizisyen Jorim Morainvil (20), Carly Lacroix (18) ak Jonathan Morainvil (22) (gran frè Jorim). Yo tout abite Noujèze. (2015)

MTJ te fè yon ti koze ak twa (3) jenn moun sa yo nan Haitian Baptist Church ki nan Willingboro. Mesye yo tereponn kèk kesyon pou nou. Nou pataje repons yo anba nan paj sa a. Jorim: Mwen te fèt nan New Jersey. Mwen se yon elèv nan lekòl Burlington County College. Se la m ap etidye Teknoloji Jeni Elektrik. Pou lemoman, mwen ap travay a tan pasyèl. Nan ansyen legliz kote m te konn mache, te toujou gen tambourinè k ap jwe tanbou. Mwen te konn renmen gade ak tande yo k ap jwe. Se sa ki te fè m vin enterese jwe tanbou. Mwen te gen senk (5) ou sis (6) ane konsa. Sa mwen pi apresye nan jwe tanbou se libète mwen genyen pou kreye mizik ak rit ki orijinèl. Mwen kapab manipile tanbou an pou vire yon chante jan mwen vle. Pou m te aprann jwe tanbou, sa te mande anpil pasyans . Li te yon jan difisil pou te aprann kenbe yon rit. Anplis de sa, li te difisil pou te aprann nouvo rapèl ak bagèt la nan men mwen. Yon sèl bagay mwen te konnen, mwen te maton nan kopye nenpòt rit mwen tande. Mwen te kapab jwe rit sa yo ezakteman jan m te tande yo. Mwen gen bon zòrèy pou jwe tanbou. Lè m t ap grandi, se mizisyen ki te konn jwe nan ansyen legliz mwen ki te modèl mwen. Mwen pa t 'gen aksèa YouTube, e paran mwen pa te gen mwayen pou peye leson prive pou mwen. Mizisyen nan legliz sa a te tankouYouTube modèl pou mwen, menm si yo pa t' konnen sa. Pou moun ki ap aprann jwe yon enstriman, mwen ta ka di, "Kenbe la.” Aprann mizik mande anpil pasyans paske fòk ou pratike tout tan. Enpitou, si w pral sèvi ak YouTube kòm yon zouti pou fòmasyon w nan mizik, ou dwe fè atansyon. Gen bon ak move metòd ansèyman deyò a. Pou mwen , li pa enpòtan ki moun ki va tande m jwe. Osi lontan ke mwen nan yon legliz kote m ap jwe pou Bondye, nan pi bon kapasite mwen, m’anfòm. Mwen kapab di ke sa ki enteresan nan jwe tanbou, sè ke nenpòt ti kras chanjman ou fè kapab pote yon gwo diferans. Pa egzanp, si mwen ta sèvi ak materyèl nilon olye de yon materyèl anbwa sou pwent bagèt tanbou a, kalite son an va chanje. Si li posib, mwen ta ankouraje tout moun aprann jwe yon enstriman mizik. Kèlkeswa enstriman ou chwazi a va ede w devlope apresyasyon pou mizisyen ak pwodiktè mizik. Anplis de sa, ou ka itilize mizik pou rekonfòte w selon si ou kontan oubyen atriste. Aprann jwe mizik se kòm si w ap pran yon wout ki genyen anpil koub ladanl. Genyen anpil chanjman. E pi bèl bagay la, si ou kenbe la e ou pa lage, kapasite w pou jwe enstriman ou chwazi a va amelyore, e ou va aprann plis nouvo bagay chak jou paske yon moun pa janm fin aprann!

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 19: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

19.

Carly: Mwen te fèt nan vil Pòtoprens, Ayiti. M te vin nan peyi Etazini an 2014. Mwen te gen disèt (17) ane lè sa a. Kounye a se nan High School mwen ye. Petèt mwen kapab etidye metye enfimyè lè m fini High School. E lè m va gen mwayen, mwen ta renmen etidye pou m kapab devni yon mizisyen pwofesyonèl. An Ayiti mwen te konn jwe pyano nan legliz mwen. Dabitid, pastè a ak pitit gason li te jwe pyano a. Men kòm yo te abite yon ti jan lwen legliz la, mwen te kapab jwe anvan yo te rive. Mwen te aprann pou kont mwen. Mwen te achte yon ti pyano e m te pote l lakay mwen. Tout lajounen tout lannuit mwen te pratike! Lè m nan legliz enpi m ap adore ak pyano a, se tankou mwen te nan syèl ak Bondye. Se yon eksperyans ekstraòdinè. Mizik mwen pi renmen se mizik Gospel apre sa mwen renmen mizik Jazz anpil. Mwen poko rive nan nivo mwen ta vle rive kòm yon mizisyen. Mwen ta renmen jwe mizik kon yon pwofesyonèl. Si mwen pratike chak jou oswa si mwen etidye mizik nan lekòl, sa va ede m atenn objektif mwen. M 'ale sou YouTube pou aprann chante mwen renmen, ki pi nouvo yo. Se fason sa a mwen aprann tout mizik mwen. Chak maten mwen pran bis la byen bonè pou m ka gen chans pratike mizik nan lekòl la. Le wikenn, mwen pratike lakay mwen avèk yon ti pyano elektrik ke legliz mwen prete m. Lè w fèk koumanse ap aprann jwe li yon ti jan difisil. Ou pa ka jwe twò byen. Ou vin dekouraje. Ou gade tout lòt moun k ap jwe. Ou wè jan yo jwen byen e ou mande tèt ou si w ap janm kapab rive jwe nan nivo pwofesyonèl sa a. Mwen te aprann jwe pa woutin. Mwen te ale legliz. Mwen byen koute chante y ap jwe yo. Enpi mwen ale lakay mwen, mwen pratike chante a sou pyano jouk mwen metrize li. Li fasil pou mwen aprann melodi yo, enpi apre sa mwen ajoute kòd yo sou pyano a. Lè m te Ayiti mwen te jwe nan yon maryaj. Li te vrèman bèl. Se te premye eksperyans mwen te fè kote m te kite legliz pa m pou m al jwe nan yon lòt. Mizisyen nan lòt legliz la te yon pèsonaj. Mwen te yon jenn timoun. Tout moun te sezi; yo pa t konnen yon jenn ti moun te kapab jwe mizik byen konsa. Mwen renmen fè enpwovizasyon avèk lòt mizisyen, sitou lè y ap jwe Jazz. Objektif mwen se pou m jwe pyano nan BET.com avèk mizisyen ki popilè! Jonathan: Mwen te fèt Noujèze. Mwen ale nan kolèj Burlington County College. Metye mwen ap aprann se Enjenyè Mekanik. M ape travay a tan pasyèl. Mwen te aprann jwe pyano pou kont mwen. Jwe pyano an pa t difisil pou mwen, men sa te pran yon ti tan anvan m te vin maton. Se te yon gran eksperyans. …................................................................................................................................................................................

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015

Page 20: Jounal Jenn Migran Adolesan Yo - Migrant Worker Outreach...Jounal Jenn Migran Adolesan Yo "Pou akeyi travayè migran yo nan NouJèze (New Jersey)" Nou distribiye jounal sa a GRATIS

20.

Verlandieu Marcellus (ete 2014) Yon zanmi nou tout konnen vizite kan migran nan Noujèze yo: Verlandieu Marcellus te vizite anpilnan kan yo pandan plizyè sware suivi suivi. Li debale chèz pliyant ki te nan machin ni, li distribiye fèy chante yo. Travayè yo patisipe nan etid biblik, adorasyon ak chante, pandan y ap gade solèy la k ap kouche.

Claude Vernet (ete 2014)

Claude Vnet, ki soti nan South Jersey Family Medical Center, rive nan yon kan migran, pou mennen moun nan randevou doktè.

Se Tymon Butts ki pran foto sa a.

Moun ap ranmase liv ke nou resevwa nan donasyon kon pate cho nan plizyè kan migran nan Noujèze (ete 2014)

Jounal Jenn Migran Adolesan Yo <><><> Dezyèm Edisyon Anyèl, Ete 2015