jounal bon nouvèl

20
Jounal pou moun ki renmen lang manman yo 46º ane * nº 512 * Desanm 2013 Pri jounal la : 15 goud Jèn yo merite plis atansyon! 46 lane nan batay pou lang pèp ayisyen an

Upload: bel-ayiti

Post on 22-Mar-2016

309 views

Category:

Documents


9 download

DESCRIPTION

Edisyion desanm 2013

TRANSCRIPT

Page 1: Jounal Bon Nouvèl

Jounal pou moun ki renmen lang manman yo46º ane * nº 512 * Desanm 2013 Pri jounal la : 15 goud

Jèn yo merite plis atansyon!

46 lane nan batay pou lang pèp ayisyen an

Page 2: Jounal Bon Nouvèl

2 • Desanm 2013

Bon Nouvèl

Jounal

Desanm 2013 # 512

119, Ri Simon wout AyewopòB.P. 19252HT-6112Pòtoprens, Ayiti

Tel:22 27 06 89/ 38 59 50 39Imel : [email protected] wèb : www.bonnouvel.org

ISSN 1606-660X

Depo legalBibliyotèk Nasyonal

85-02-0038

Pwojè “Bon Nouvèl”

Bon Nouvèl

Jounal

Editoryal : Nwèl 2013.....................................................................3

Koze mande chèz : Arestasyon, liberasyon : Yon espektak ki bay kè plen.................................................................................................................4

Pwovèv lakay : Pawòl anpil, machwè gonfle ! Manman pitit se mare vant........................................................................................6

Dosye : Jèn yo merite plis atansyon !..............................................7

Paj fanatik: Yon lèt pou Dirèk la .....................................................9

Sa nou dwe konnen : Goumen sou lang nan Istwa d Ayiti ak lòt kote sou latè beni depi byen lontan..............................................12

Lavi Legliz : Ayisyen, renmen tèt ou menm jan Bondye renmen ou...........14

Kwen jèn yo : Rantre lekòl, yon bèl tèt chaje...................................................17

Kizin lakay : Ze Bouye....................................................................18

Page 3: Jounal Bon Nouvèl

Avangou

Fanatik Bon Nouvèl yo!

Bonjou !

Desanm 2013 • 3

NWEL 2013

Pè Jan Pyè Nzemba Wayi, CICMDirèk 5

Sa fè plis pase 2 mil ane konsa. Te gen yon jou tankou jou mèkredi 25 desanm 2013, Zanj yo t ap chante byen chante :

« Glwa anwo nan syèl la pou Bondye ! Kè poze sou tè a pou moun li renmen yo. » [Levanjil Lik 2, 14]

Men sa nou kapab li nan Pawòl Bondye a toujou : « Nan kòmansman Pawòl la te la. Pawòl la te Bondye. » [Levanjil Jan 1, 1]

« Pawòl la te tounen moun, li te vin abite nan mitan nou. Nou te wè glwa li, glwa li resvwa nan men Papa a, kòm sèl grenn Pitit, ki plen favè ak laverite. »

[Levanjil Jan 1, 14]

« Nan tan lontan, anpil fwa, nan divès fason Bondye te pale ak gran gran paran nou yo, nan bouch pwofèt yo. Dènye jou sa yo menm, se ak yon pitit pa li wi li pale ak nou. Li mete l eritye tout bagay, epi se ak li, li fè tout syèk yo. »

[Lèt yo ekri moun Ebre 1, 1-2]

Depi lè sa a, se ak anpil tandrès, ak anpil afeksyon, ak anpil devosyon, anpil je fikse sou Ti Pitit sa a ki kouche kote bèt yo manje a. Anpil atansyon pote sou manman li Mari epi sou Jozèf, papa adoptif li.

Pitit Manman Mari, li Pitit Bondye ki tounen moun. Bondye tounen moun, li vin abite nan mitan nou. Pitit sa a

« Li se Bondye nan Bondye, Limyè nan Limyè a, Bondye toutbon vre nan Bondye toutbon vre a. » [Kredo Legliz Katolik la]

Sa fè plis pase 2 mil ane. Nou konn sa gras ak temwen yo. Jezi li menm, li pa t ekri anyen. Li pa t posede anyen. Nan 3 lane sèlman, Pawòl li yo, aksyon li yo chanje lavi anpil moun.

Page 4: Jounal Bon Nouvèl

4 • Desanm 2013

Koze mande chèz

Lapolis Nasyonal d Ayiti, sou lòd pakè Pòtoprens, arete Mèt An-dre Michèl(André Michel), yon gwo opozan pouvwa an plas la, nan lannwit 22 oktòb 2013. Ares-tasyon sa a, ki fèt andeyò lalwa, pwovoke kòlè, endiyasyon ak denonsyasyon plizyè sektè nan peyi a, pami yo reskonsab dwa moun, avoka, palmantè, manm sosyete sivil la, elatriye.

Kout fòs sa rive fèt sou wout Ka-fou nan Matisan, nan moman

lapolis t ap fè fouy nan machin yo. Esplikasyon chèf Pakè Pòto-prens la bay, se paske Mèt An-dre Michèl pa t vle obeyi ak lòd polisye yo. Nan moman moun te koumanse rasanble, manifeste, bò ti pòs polis Matisan(Yon katye nan komin Kafou) an, kote arestasyon an te fèt, otorite yo deplwaye yon gwo dispozitif sekirite pou te anpeche yo pèdi kontwòl sitiyasyon an.

Manman Lwa peyi a entèdi tout

arestasyon aprè 6è nan aswè, oubyen avan 6è nan maten, si ou pa kenbe moun nan men nan sak ap fè sak pa bon. Nan ka Mèt Andre Michèl la, pa t gen rezon pou otorite yo te ofri espektak sa a. Sa ki oblije kèk lidè politik tankou Sovè Pyè Etyèn konsi-dere aksyon an tankou yon kid-naping.

Reyaksyon

Reskonsab dwa moun ki te rann yo sou plas, nan Matisan, kritike arestasyon sa a, ki dapre yo, fèt andeyò lalwa, pandan yo mande komisè gouvènman Pòtoprens la, Fransisko Rene pou libere avoka a.

Pou Pyè Esperans, direktè egze-kitif Rezo Nasyonal k ap Defann Koz Moun (RNDDH): “ Nou an prezans yon pouvwa diktati k ap sèvi ak lapolis pou vyole dwa moun”.

Se prèske menm deklarasyon an, Mèt Samyèl Madisten(Samuel Madistin), avoka k ap defann kòlèg li, Andre Michèl, fè. Mèt Madisten mande sou ki baz la-polis fè arestasyon? Bò kote pa l, ansyen senatè Tinèp Dèlpe di li pè pou lavi militan politik la.

Arestasyon, liberasyon : Yon espektak ki bay kè plen !

Arestasyon ilegal, liberasyon gwo ponyèt: Ayiti kontinye ap bay espektak nan yon teyat san bout ki koumanse depi plis pase dezan. Pandan tan sa a, enstitisyon yo, ak viktwa demokratik yo menase disparèt.

Mèt Andre MichèlSous foto : Entènèt

Page 5: Jounal Bon Nouvèl

Desanm 2013 • 5

Koze mande chèz

Ladensonn Flerival

Li mande pou tout moun leve kanpe pou frennen sa l rele “tren diktati a”.

Malgre tout denonsyasyon sa yo, sa pa t anpeche Mèt Andre Michèl pase nwit 22 pou rive 23 oktòb 2013 la lwen fanmi l, nan Komisarya Pòtoprens kote yo te kondwi l.

24è apre arestasyon an, Mèt An-dre Michèl reponn kesyon pakè Pòtoprens. Apre seyans kesyon repons yo, komisè gouvènman an pa kenbe okenn chaj kont li. Se chèf avoka yo, (Batonye lòd avoka), Mèt Kalòs Èkil, ki anonse nouvèl la: Mèt Andre Michèl libere paske Pakè a pa kenbe okenn chaj kont li.

Analiz pwosè vèbal konsta jij depè a, moutre pa t gen okenn dokiman dwòl nan machin mèt la. Se te esplikasyon Batonye a ki mande majistra nan tout peyi a pou obsève yon grèv, pou fòse

gouvènman an, revoke Fransisko Rene, chèf pakè Pòtoprens la.

Men kòm te gen yon manda kont Mèt Andre Michèl, Pakè Pòto-prens te deside kenbe l, se lè sa a, yon gwoup palmantè melanje ak avoka, antre pran Mèt la, kon-dwi l nan palman an.

Denonsyasyon

Komisè Fransisko Rene rekonèt komisè an apre a, Mèt Brinè (Brunet) Salomon pa t jwenn okenn prèv pou ta kenbe mèt Michèl. Men chèf pakè a fè kon-nen li te pase lòd pou arete kòlèg avoka a, pou lòt koz.

N ap raple, depi mwa jiyè, Jij Anèl Belizè te lage manda dèyè Mèt Michèl pou yon kesyon asa-sinay ki te fèt sou yon etidyan.

Se Senatè ak avoka ki libere mèt la, se pa lajistis. Donk Mèt Michèl, nan je Komisè Fransisko

Rene, se yon moun k ap kouri pou lajistis, paske l poko jwenn liberasyon.

Bò kote pa l, pouvwa egzekitif la pa t pran tan pou kondane aksyon palmantè yo. Nan yon nòt li pibliye mèkredi 23 oktòb 2013 la, Gouvènman an kalifye kout fòs Senatè yo ki pran Mèt Andre Michèl kondwi l nan Pal-man an, tankou“yon deriv ki pa t janm fèt nan istwa peyi a.

Nòt la pousib pou l di: lè yon pouvwa pa respekte yon lòt pouvwa, li vyole tout prensip separasyon pouvwa ki dikte nan Manman Lwa peyi a...”

Pandan l ap fini nòt la, Gouvèn-man an, renouvle angajman l, pou ranfòse enstitisyon yo, pan-dan l envite chak pouvwa yo res-pekte règ jwèt demokratik la.

Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a(CSPJ), menm jan ak gouvèn-man an ki te rete bouch fèmen sou arestasyon ilegal nan sware madi 22 oktòb la, kondane li menm tou, ak tout fòs li aksyon gwo ponyèt palmantè yo.

Mèt Anel Aleksi Jozèf, prezidan CSPJ ki siyen nòt la, mande pre-zidan Sena a, ak prezidan komi-syon jistis ak sekirite nan chanm pi wo a, pou yo mennen “prev-ni an tounen” pou evite lajistis lanse yon manda kont li.

Yon dosye n ap sib.

Mèt Andre Michèl ansanm ak kòlèg li yoSous foto : Entènèt

Page 6: Jounal Bon Nouvèl

6 • Desanm 2013

Pwovèb lakay

Pawòl anpil, machwè gonfle. Manman pitit se mare vant!

Viv ansanm, se pa jwèt timoun.Viv a de(2), a twa(3), viv an fan-miy, an kominote, viv an sosyete, se afè serye; men tou, se bagay ki konplike. Viv ansanm, viv moun ak moun, an fanmiy, an sosyete, se tèt chaje. An verite, jere lavi moun, se pwoblèm. Lè m te timoun, m pa t janm ka konprann manman m ki te toujou ap repete : « Elas, ala traka, ala doulè! Pwoblèm p ap janm fini».

Tout lasent jounen, li te toujou mare vant li ak yon gwo mou-chwa, pou ede l sipòte traka lavi, pwoblèm timoun, tèt chaje mari, epi, latriye konplikasyon lavi an sosyete. Mwen te toujoua p di l : « Men, kote traka a? Kote tèt chaje a ? ».

Pou mwen menm timoun, lavi se te senpman : jwe, griyen dan, ponpe, sote, lavi se te : foutbòl, volebòl, al lekòl, benyen nan lari-

vyè, manje dòmi. Mwen pa t janm ka konprann kouman fè : dèfwa pa gen manje nan kay la, epi sou-van gen bouch louvri, bouch long, pale anpil, moun fache ak moun nan kay la; pa gen antant; papa ak manman konn goumen, yo konn bat nou. Epi yo di nou se renmen yo renmen nou pandan y ap vide gwo kout fwèt sou kò nou.

Lè m te timoun, mwen pa t janm ka konprann : poukisa toujou gen vyolans nan peyi, kote moun ap touye moun; poukisa kèk moun ap benyen nan lajan, epi mas pèp la ap trennen nan mizè, grangou.

Yon jou, an griyen dan konsa, m di manman m : manman, poukisa tout bagay sa yo? Poukisa bagay sa yo pa chanje ? Li reponn mwen : « Pitit mwen, m pa bezwen es-plike ou anyen. Pawòl anpil mach-wè gonfle. Apa vini w ap vini ? Ou a wè!». Manman pa t janm es-

plike m pwovèb sa a : Pawòl anpil, machwè gonfle.

Men, mwen te toujou rete ap poze tèt mwen kesyon sa yo : poukisa, poukisa? Se sèlman nan klas filozofi, sou prezidan Franswa Divalye, mwen vin koumanse kon-prann traka lavi ansanm an sosy-ete.

Yon jou, pwofesè filozofi a pale avèk nou konsa, li ban nou de (2 ) egzanp, li di nou : « Nan lavi, chak moun diferan, pa gen de (2) moun ki menmman parèyman. Chak moun se yon linivè apa. Enterè chak moun diferan de lòt. Vizyon, sansiblite, kilti, kwayans, chak moun pa menm. Tout bagay sa yo konplike lavi moun an sosyete ».

Li di nou tou :« Sou Gouvènman Papa Dòk la, pa gen 2 ni 3, se yon sèl grenn verite ki gen yen : se viv Divalye avi. Bouchbe miyò pase al mouri nan prizon». Nan tan sa a, anpil moun te mouri poutèt mo « demokrasi », yo te plede ap repete.

Depi pawòl nan bouch ou gate enterè lòt moun, ou nan traka. M sonje kantite kalòt manman m pran nan men papa m, poutèt pale anpil. M sonje kantite jounalis ki mouri nan tout peyi, poutèt yo te plede ap demaske manti, ap di la-verite. Poutan, se sèlman di verite ki ka chanje lemonn. Jezikri mouri nan di laverite. Men se verite sa a ki sove nou anba mansonj Satan.

Pòl Antwàn

Desen nan Achiv Bon Nouvèl

Page 7: Jounal Bon Nouvèl

Desanm 2013 • 7

Dosye

Jèn yo merite plis atansyon!

Sou chak 100 ayisyen k ap viv 60 nan yo se jèn. Lè nou di jèn, nou wè dabò moun ki poko gen 25 rekòt kafe sou tèt yo. Men jèn vle di tou : ‘’Lespri jèn’’ vle di tou enèji, dinamis, kè kontan, vle jwi lavi a, renmen espò, dans, mizik cho, renmen bagay modèn tankou telefòn selilè, òdinatè, televizyon, renmen fè zanmi, renmen laverite, rayi lenjistis, renmen aprann metye.

Sa ki pi enpòtan pou jèn yo se rive bay lavi yo yon sans. Jèn yo renmen fouye zo nan kalalou, eseye nouvo mòd, yo renmen gen lajan pou yo viv alèz, yo vle chavire tradisyon granmoun lon-

tan yo tètanba, pou yo fè espe-ryans pa yo.

Pwoblèm jèn yo ap konfwonte nan sosyete a.

Sou chak 100 moun k ap pran kanntè oubyen pase anba fil ka-treven (80) nan yo se jèn. Move lavi fè yo pran kouri kite peyi yo pou yo al chache yon moso pen ki pa fin kanni nèt lakay vwazen oubyen kay Tonton Sam. Pafwa jèn sa yo konn kouri pou lapli epi yo ale tonbe nan yon gran larivyè ki neye yo. Lè sa a anpil kesyon k ap poze. Ki moun k ap panse pou jèn nou yo ?

Jèn yo ap reflechi sou kriz k ap brase bil peyi a.

Dapre refleksyon jèn yo sou kriz peyi a, yo wè, kriz peyi a pa sèl-man yon kriz politik. Lè yo gade sosyete a, nan jan yo wè moun yo viv yo wè se yon kriz sosyo ekonomik ki vin yon benefis pou politisyen yo. Kriz peyi a ap sibi a lakoz l ap fè bak de jou an jou.

Men, se tout ayisyen ki pou met tètansanm pou rezoud li. Yo wè kriz peyi a tankou yon pwoblèm ki pa gen solisyon, paske politi-syen yo, se tèt yo sèlman yo wè. Sa vle di se ti enterè pa yo y ap defann. Jèn yo wè kriz peyi a kòm yon kriz ki vin ogmante sou-frans pèp ayisyen an pi plis.

Ki avni jèn yo ?

Menm lè yo al lekòl yo fini etid klasik yo, fòk yo gen parenn ak marenn pou antre nan yon fa-kilte leta. Malgre nan deklara-syon inivèsèl dwa moun yo (atik 26), yo prevwa se dwa tout moun pou yo ale lekòl. Lekòl leta fèt pou gratis. Men lè yon moun ap gade jimnastik pou yon jèn fè pou l antre nan yon lise, nan yon fakilte yo wè avni yo pa sèten. Yo prèske san avni.

Lontan menmsi pa t gen anpil elektrisite, men chak kote ki te gen biznis, randevou a te toujou kase anba ti biznis sa a pou yo vin kraze bèt. Alòske kounyeya bagay yo vin chanje. Jèn yo pa gen anvi etidye ankò, jèn yo pè, yo pa bat nay ankò pou prepare egzamen. Gen anpil jèn kounyeya tou se an-pil presyon pou paran yo ba yo pou yo ale lekòl. Sa vin pa entèrese yo ankò. Pa gen afè gwoup lekòl ankò, se baz ki genyen. Kounyeya menm si pa gen kouran, men li te mèt nan fènwa ou ap toujou wè yon gwoup jèn kanpe oubyen chita nan fènwa a. Jèn sa yo pa gen ni liv ni kaye nan men yo. Men kisa y ap fè nan fènwa sa a ?

Jèn yo ap mande atansyonSous foto : Janfanaspò

Page 8: Jounal Bon Nouvèl

8 • Desanm 2013

Dosye

Malgre gen anpil nan yo ki ale lekòl, aprann metye pa gen en-pòtans paske an Ayiti se pa’’ konesans’’ ki konte se pito ‘’mili-tans’’. Sa vle di prèske pa gen avni pou yo. Poutan yo toujou di : jèn yo se avni peyi a. Yo se es-pwa pou yon demen miyò. Men sitiyasyon y ap viv jounen jodiya pa pèmèt yo asire demen sa y ap pale a.

Kisa jèn yo vle fè ak avni yo ?

Sa p ap sèvi anyen si ou ap bay yon moun manje chak jou, epi jou ou pa kapab pou li pa ka bay tèt li manje li menm. Se sa nou pa vle yo fè jèn nou yo. Men kòm twaka jèn yo pa gen anyen nan men yo ak nan tèt yo, kidonk yo vin pa ka fè anyen, lè yo gade lavi a, sa k ap pase nan lemonn, sitou nan peyi d Ayiti, yo konn panse anpil fwa sanble granmoun yo meprize yo.

Gen yon pakèt jèn fi kou gason k ap drive. Yo grangou, gen nan yo ki pa ka ale lekòl, yo pa jwenn travay, y ap flannen, yo demora-lize, yo dekouraje, sèl lide yo se pati nan nenpòt ki kondisyon.

Nan ki pwen lit jèn yo ye jounen jodiya?

Jèn yo ap goumen anpil pou yo wè si yo ta gen yon demen miyò, men se kòmsidire yo pa menm sou wout yon soulajman. Jèn yo manke yon bon òganizasyon se sa k fè yo pa ka evalye nan ki pwen lit yo ye. Men nou kapab di lit jèn yo lwen toujou paske jiska prezan anpil nan yo poko pran konsyans de eta peyi a.

Jèn yo ap batay pou yon demen miyò. Y ap batay pou chanje siti-yasyon y ap viv jodiya pou pitit yo ka jwenn yon demen miyò. Y ap batay pou yo sispann al pran

imilyasyon kay zòt. Y ap batay pou yo kenbe tèt yo dwat, pou yo pa kouri devan pwoblèm.

Y ap batay pou yon demen miyò sou tout pwen nan sosyete a. Y ap batay pou yon peyi devlope, kote nivo edikasyon an byen wo, dwa tout moun respekte, tout moun ka jwenn travay, lasante garanti.

Jèn yo konn gen anpil pwobèm nan fanmi yo.

Jèn yo di fanmi yo pa ka satisfè yo nan tout sa yo bezwen e yo kon-nen ki jan li difisil pou yon fanmi okipe kay li: manje, lekòl, lwazi ki se yon nesesite vin tounen yon liks se yonn nan pi gwo tray jèn yo ap pase.

An Ayiti, depi jèn yo rive nan ventèn paran yo pa vle reskon-sab yo ankò. Paran yo konte sou yo pou ede yo poutan gen jèn ki gen 25 a 30 an se paran k ap lonje yo lanmen.

Nan fanmi yo, jèn yo rankontre anpil pwoblèm, sitou si fanmi yo pa gen twò gwo mwayen. Pafwa yo egzije yo pou yo al travay, paske pwovèb la di: “ bourik fè pitit se pou do li poze’’.

Youn nan pi gwo pwoblèm yo konn genyen ankò ak fanmi yo, se lè y ap egzije pou yo marye, pafwa yo konn vle pou jèn sa yo fè maryaj pou enterè; sa vle di fòse jèn yo marye ak moun yo pa renmen. Sa konn lakoz anpil koripsyon.

Jèn yo mande tètansanmSous foto : Janfanaspò

Wozilya Franswa

Page 9: Jounal Bon Nouvèl

Desanm 2013 • 9

Paj fanatik

Monchè Dirèk, Nan lèt yon fanatik te voye ba ou epi ou te pibliye nan Jounal Bòn Nouvèl mwa jen 2013 la, fanatik la t ap plenyen sou ajisman kèk pè ki deside pale franse sèlman nan sèvis relijye yo prezide yo.

Jodiya mwen vin kole vwa m ak pa fanatik la pou m di mwen pa konprann anyen nan dènye kout gidon ki fèt nan kòmansman mwa oktòb la. Annefè, monseyè te reyini ansanm nan dat 23-27 sek-tanm nan kay reyinyon yo a nan Lilavwa pou reflechi sou gwo koze k ap boulvèse bil peyi a ak bil chak Ayisyen. Tèks ki pibliye sou sit ofisyèl legliz la ekri an franse sèlman ki pote dat 2 oktòb 2013, san pati kreyòl la. Tèks yo li de fwa pa jou nan Radyo Solèy la fèt an franse tou jouk jounen jodiya (14 oktòb). M ap mande kisa k ap pase la a paske legliz mwen an te abitye m ak yon seri tèks an kreyòl byen monte, byen ekri dekwa pou pèp Bondye a ka konprannn sa k ap pase nan legliz li a. Gen moun ki menm di se tèks solid sa yo ki te konn ekri nan epòk la ki te mennen 7 fevriye 1986.

Mwen pa konprann anyen jounen jodiya kote legliz deside retounen nan wout franse sèlman. Tankou fanatik la te di nan lèt li a « Pale franse pa vle di lespri pou sa. », poutan li sanble monpè yo se payèt yo ap voye nan lanmès yo ak gwo bèl franse yo. Pa egzanp, gen lontan depi se lamès dimanch apremidi yo mwen renmen asiste. Pi fò moun ki vini nan lamès sa yo pa moun ki save nan lang franse, poukisa monpè yo se an franse yo di lamès sa yo alèkile. Menm prèch la fèt an franse ak mo tankou “teyofani”, ak lòt tawòd mo menm jan an. M ap bay yon kout rèl anmwey dekwa pou legliz mwen an ka kanpe sou move wout li ap pran an epi pou li sonje se yon ti minorite tou zwit sèlman ki konprann franse epi pale franse. M priye pastè mwen yo an gras pou yo pa bliye lè Kreyòl pale, Kreyòl konprann tou. Epitou se “sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm” (Atik nimewo 5 Konstitisyon Peyi Ayiti 1987 la). Ak anpil respè,

Lionel Hogu,Ansyen mèt lekòl

Lyonèl Ogi ansanm ak pwofesè Iv DejanSous foto: Wozilya Franswa

Page 10: Jounal Bon Nouvèl

Adrès nou : Ri Simon # 119. Nou sou wout ayewopò / Pòtoprens. Nou dèyè Bermann Motors, nan wout ki mennen OFATMA.

Imel : [email protected] Tel : 22 27 06 89 / 38 59 50 39.

Pri yon jounal : 15 goud.

An Ayiti: 1 abònman rive 100 (pou yon ane) 180 goud pou chak grenn abònman 100 pou rive plis : 160 goud pou chak.

Peyi etranje : Etazini : 1 abònman : $ 60 (US) Ewòp : 1 abònman : € 50

Sonje peye frè pou jounal la rive jwenn ou lakay ou. Pri a se : 150 goud pou tout lane.

Pou moun ki vle peye yon abònman donè pou : 500 goud (pou Ayiti) $ 100 (US) oubyen 100 € (pou peyi etranje)

Ou kapab resevwa jounal la nan kourye elektwonik tou. Pri a pou Ayiti : 500 goud Etranje : $ 50 (US ) / 50 €

10 • Desanm 2013

Piblisite

JOUNAL BON NOUVEL ! Jounal pou moun ki renmen lang manman yo

Baton ki nan men ou se ak li ou pare kou, oubyen ou kapab bay kou avè l tou

Li parèt chak mwa depi lane 1967. Li ekri dapre òtograf peyi a. Se sèl jounal nan tout peyi a ki ekri nan lang Ayisyen an. Li distribye nan tout peyi a e menm nan peyi etranje. Anpil lekòl konn sèvi ak li.

Pou peye ak chèk, mete : « Bon Nouvèl » Sogebank # 390 600 056 1 / Fonkoze # 409703Tanpri souple, kou ou fin depoze l, fè nou konnen. Men nimewo nou yo : 22 27 06 89 / 38 59 50 39

KOLEKSYON JOUNAL ANE 2012

Anpil nan fanatik nou yo renmen genyen KOLEKSYON JOUNAL la pou lane a. Nan koleksyon an, nou mete ansanm tout 12 nimewo ki te parèt pandan tout lane a. KOLEKSYON ANE 2012 la li pare.

Ou ka pase achte l nan biwo Jounal Bon Nouvèl la, oubyen ou kapab fè kòmand pou nou voye l ba ou. Pri a: se 250 goud.

Page 11: Jounal Bon Nouvèl

Desanm 2013 • 11

Piblisite

LIV LEKOL EDISYON BON NOUVEL

Ou konnen : Jounal Bon Nouvèl ap fè pwomosyon lang kreyòl ak kilti pèp ayisyen an. Nou prodwi tou liv lekòl primè, depi nan klas matènèl rive nan klas sizyèm ane primè. Anpil nan liv nou yo omologe nan Ledikasyon Nasyonal. Genyen anpil lekòl nan tout peyi a ki sèvi ak liv yo. Nan chak nimewo Jounal Bon Nouvèl, ou ap jwenn lis liv nou yo.

Ou ka vin achte liv sa yo nan nouvo lokal BON NOUVEL. Men adrès nou : Ri Simon # 119. Nou sou wout ayewopò / Pòtoprens. Nou dèyè Bermann Motors, nan wout ki mennen OFATMA. Genyen ansèy k ap endike. Telefòn nou yo: 22 27 06 89 / 38 59 50 39.

Preskolè Talè m ap konn ekri Lekti preskolèAmizman byen griye Gid mèt -1 Gid mèt la -2 Gid mèt la -3

1è Ane

Mwen konn li Gid mèt Mwen konn li Kalkil 1 Evèy 1 Gid mèt la 1 Gid mèt la 2

2èm Ane Mwen konn li Kalkil 2 Reveye ou 2Gid mèt la 2

3èm Ane

Lekti ak Gramè 3 Jewometri ak pwoblèm Istwa ak Jewografi 3 Reveye ou 3Kalkil ak sistèmetrik 3Gid mèt la 3

4èm Ane

Jewometri ak Pwoblèm Lekti ak gramè 4 Je parle français 4 Guide Je parle français Le français 4e année Jewografi ak istwa 4 Konnen plant yo 4 Kalkil ak sistèmetrik 4 Gid mèt la 4

5èm ane Jewometri ak pwoblèm 5 Konnen bèt yo 5 Jewografi ak Istwa 5 Le français 5e année Kalkil ak sistèmetrik 5 Gid mèt la 5

6èm ane

Konnen kò ou 6 Jewometri ak pwoblèm 6 Le français au CEP Jewografi Istwa ak Sivik 6Kalkil ak sistèmetrik 6 Sciences Expérimentales 5 & 6ème Sciences Sociales C.E.P. Pratique du calcul C. E. P. Gid Mèt la 6 Guide du Maitre C.E.P.

Page 12: Jounal Bon Nouvèl

12 • Desanm 2013

Sa nou dwe konnen

Goumen sou lang nan Istwa d Ayiti ak lòt kote sou latè beni depi byen lontan

Pou nou reponn kesyon sa yo, n ap fè yon antre nan travay Boudye Pyè (Pierre Bourdieu) sou kondi-syon ki pèmèt pwodiksyon kone-sans. Dapre Boudye, pwogrè nan konesans mande pou nou byen konprann sou ki baz konesans sa yo chita. Nan sans sa a, an nou byen analize wòl lang nan kòm baryè ki bloke pwogrè mas pèp la nan istwa peyi d Ayiti.

Depi Ayiti fonde an 1804, lang ak edikasyon toujou sèvi kòm mwa-yen pou kreye inegalite sosyal, pou mete yon bann moun a kote nan sosyete a. Men, sa se pa yon

bagay ki nouvo, se pa yon bagay ki egziste an Ayiti sèlman.

Nan prèske tout peyi sou latè, lang ak edikasyon se zouti inivèsèl pou kreye klas elit epi sa ka sèvi kòm yon baryè pou anpeche lòt moun rantre nan klas lelit sa a. Se sa sosyolengwis ki pale angle rele « elite closure ». Sa ki vle di gen yon elit ki sèvi ak lang yo pale a pou yo mete bonjan baryè ant yo menm ak rès pèp la.

Sa fè plizyè syèk depi elit yo ap monte baryè sa a pou yo pa pata-je richès peyi a ak rès pèp la. Fòk

nou di tou entèlektyèl, edikatè ak politisyen jwe yon gran wòl nan konstriksyon baryè sa yo. Nou ka wè jan sa te konn fèt nan 15èm syèk lè kreyòl pa te ko menm pran nesans.

An nou pran egzanp yon lengwis ki rele Antonyo Nebrija(Antonio de Nebrija) ki te viv ann Espay nan peryòd 1441–1522. Se misye ki te ekri premye gramè sou lang panyòl. Lè misye te ekri premye gramè sa a an 1492, li te remèt rèn Isabella li. Rèn nan te mande li : « Poukisa nou bezwen yon travay konsa ? Mwen deja konn pale panyòl. Mwen pa be-zwen liv pou aprann pale panyòl. » Nebrija reponn li : « Rèn mwen, lang se yon bonjan zouti pou kolonizasyon vale teren. » Kisa sa vle di ? Sa vle di : Lang se yon zouti pou konkèt enperyalis ak pou kreyasyon bar-yè ant divès klas sosyal.

Nou ka wè sa ata nan diskou yon ansyen prezidan fransè (1974-1982) ki rele Valeri Jiska Desten (Valéry Giscard d’Estaing). Men sa Desten te di sou pouvwa ekono-mik lang franse a pou domine lòt peyi ki se manm asosyasyon yo rele « Frankofoni » an :

Pouvwa ekonomik yon peyi ak jan li gaye kilti li toupatou se 2 bagay

Gen yon magazen nan Boston ki rele « Revolution Books » ki vle di« Liv pou revolisyon ». Youn nan mesaj nou wè sou vitrin magazen an se yon afich ki di : « You can’t change the world if you don’t know the basics ». Sa vle di : Ou pa ka chanje lemonn si ou pa menm konn anyen sou konesans de baz yo. Deviz sa a enterese nou anpil : se konesans de baz sa yo nou dwe eseye konprann pou nou rive amelyore edikasyon nan peyi d Ayiti. Konesans de baz sa yo pral ede nou konprann ki kalite goumen k ap fèt sou do lang kreyòl la. Poukisa goumen sa yo ap fèt ?

Michèl DegrafSous foto : Wozilya Franswa

Page 13: Jounal Bon Nouvèl

Desanm 2013 •13

Sa nou dwe konnen

ki makonnen ansanm. ... Sa vle di, se pa sèlman prezans mate-ryèl yon peyi ki kreye wout pou prezans entèlektyèl li. Men tou, se gras a lang peyi a li rive kreye yon dinamik ekonomik pou mache mondyal la. Se poutèt sa nou dwe toujou ap kore lang franse a, epi gaye kilti franse a toupatou sou latè san rete. ...

Se poutèt sa kominote lengwistik ak entèlektyèl ki rele «Frankofoni» a, nou dwe konsidere li kòm yon eleman enpòtan nan ajanda poli-tik nou. (Le Monde, 21 avril 1974)

Pawòl Desten sa yo eksplike klè kisa Frankofoni ye toutbon vre. Misye bay yon bèl leson sou ki jan Frankofoni se yon kokennchenn zam, se yon bonjan zouti pou fè enterè enperyalis peyi Lafrans pike devan.

E nou menn Ayisyen nou dwe byen konprann sa pou nou veye zo nou devan Frankofoni sa a, pou li pa tounen yon Franko-foli ki pral kraze pwòp enterè ekonomik pa nou. Lè gen yon ti elit k ap enpoze franse kòm lang prensipal pou edikasyon ak pwogrè ekonomik kote se yon ti pousantaj Ayisyen sèlman ki ka benefisye, se tout peyi a ki soufri lè mas pèp la pa ka sèvi ak sèl grenn lang li pale a pou li rive jwenn bonjan edikasyon nan tout domèn – soti nan li ak ekri nan lekòl primè rive nan syans ak matematik nan inivèsite.

Premye fraz nan atik nimewo 5 nan konstitisyon peyi d Ayiti de-klare : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl.»

Epi dezyèm fraz la di : « Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti. »

An nou gade ki lojik ki ka konekte 2 fraz sa yo : Kreyòl simante tout Ayi-syen. Men, nou gen 2 lang ofisyèl : kreyòl ak franse. Nou ka santi chaj ideyolojik ak presyon politik ki vin kreye dezekilib ant 2 fraz sa yo epi dezekilib ki egziste ant atik 5 la ak pratik lengwistik Leta ak lekòl an Ayiti. Si kreyòl se sèl grenn lang ki simante tout Ayisyen, ki jan fè se 2 lang ki ofisyèl (kreyòl ak franse) menm si majorite pèp la pa pale franse ? E poukisa se franse ki plis sèvi ni nan biwo Leta, ni nan tribinal, ni nan lekòl ak inivèsite, elatriye ? Poukisa gouvènman ayi-syen an mande pou se franse, olye de kreyòl, ki pou vin yon lang ofi-syèl nan caricom ?

E poutan gen plis moun ki pale kreyòl pase franse toupatou nan Antiy yo. Sa se anpil kesyon ki merite repons. Men, nou p ap rete sou sa.

Gen yon lòt atik ki enteresan tou pou travay n ap fè sou kesyon « EPT » (Edikasyon Pou Tout moun). Se atik 32-2 nan Konstitisyon an ki di : « Premye travay Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a, se fè yon jan pou tout moun rive al lekòl. » Lè nou sonje sèl lang tout Ayisyen pale se kreyòl (selon atik 5 lan), nou wè konklizyon an klè : si travay Leta a se fè tout moun al lekòl, epi si tout moun pale kreyòl, enben fòk lekòl fèt an kreyòl nèt ale. Men, malgre konstitisyon, malgre lalwa, malgre reyalite peyi a, sa pa ko janm fèt.

Sa fè m sonje yon pwovèb ki di « Konstitisyon se papye, bayonèt se fè. »

Michèl Degraf

Pwofesè Iv DejanSous foto : Wozilya Franswa

Page 14: Jounal Bon Nouvèl

14 • Desanm 2013

Lavi Legliz

Ayisyen, renmen tèt ou menm jan Bondye renmen ou !

Men, asepte jodiya se Ayisyen nou ye, kapab trennen dèyè l twa kalite soufrans :

1) Nou kapab jwenn soufrans paske nou se nèg.

2) Nou kapab jwenn soufrans paske nou fèt nan yon peyi pòv.

3) Nou kapab jwenn soufrans paske nou se Ayisyen.

Se vre gen anpil gwo pa ki fèt sou latè beni sou jan yo koumanse pi konprann, pi asepte yon nèg, ki pòv, ki Ayisyen. Bravo pou sa. Men rès wout ki rete pou fèt la, li long anpil anvan pou yo rekonèt valè ak richès yon nèg, yon pòv, yon Ayisyen. Men yon kokennchenn inyorans fè jodiya

ankò fòk nou menm Ayisyen ki nèg epi ki pitit peyi pòv sa a yo rele Ayiti a, fòk nou pare pou n rankontre twa (3 )soufrans nou sot di yo san nou pa pèdi tèt nou.

Nanpwen soufrans, nanpwen pre-jije, nanpwen anyen ki dwe fè nou pase anba pye sa nou ye… Nou dwe kwè nan tèt nou. Nou dwe renmen tèt nou. Epitou, paske nou se nèg, soufrans tout nèg ta dwe soufrans nou. Paske nou se pòv, soufrans tout pòv ta dwe soufrans nou. Paske nou se Ayisyen, soufrans tout Ayisyen ta dwe soufrans nou.

Mwen fèk sot di : paske yon moun se ayisyen ou ye, ou kapab soufri pou sa. Si nou vle yon egzanp : Rive nan yon ayewopò entènasyonal lè

ou ap vwayaje, oubyen al nan yon konsila pou mande viza, se bridsou-kou yo pran ou pou yon moun ki vle kite lakay li pou l al rete lòtbò dlo. Gen yon ti kesyon ki fèt pou nou menm an angle ‘’ you are Haitian ?’’ ( Ou se Ayisyen?)

Si nou pa kwè nan tèt nou, si nou pa renmen tèt nou, ti kesyon sa a ka ban nou latranblad, li ka fè nou anvi voye jete sa nou ye. Se pou sa, nou bezwen fè anpil egzèsis pou rekonnèt valè nou. Si nou rayi tèt nou, kouman nou vle pou lòt moun respekte nou ? Men pa bay tèt nou manti : se pa fasil pou yon Ayisyen renmen tèt li, rekonèt valè yon nèg ak valè yon pòv.

Tout moun se yon kado Bondye. Se moun ki bay lasyans, lateknik ak tout zouti travay valè yo gen-yen. Si se pa sa, se lanmò y ap donnen. Se nan fason nou kon-dwi tèt nou nan zafè lajan, zafè pouvwa, zafè plezi, nou konnen moun ki MOUN tout-bon vre.Nou se yon pil ras, yon pil koulè yon pil kilti, yon pil mozayik tout kalte, k ap konstwi ansanm yon sosyete kote nou tout egalego, youn kon-plete lòt, youn konplimante lòt, youn montre figi Bondye nan jan pa li. Se nan renmen nou renmen tèt nou n a fè tèt nou jistis. Se sèl fason pou nou kreye yon lòt reyalite kote se pa richès, gwo pouvwa, ak gwo teknik ki di ki moun ki se moun. Lajan wi, pouvwa wi, teknik wi, men tou, se moun ki ba yo valè, se pa yo

Pou yon Ayisyen, gen 3 bagay jounen jodiya ki di kilès li ye? 1) Li se yon nèg, yon negrès, 2) Li se yon Ayisyen, 3) Li se yon moun peyi pòv, peyi d Ayiti. Si nou kite tonbe yonn nan 3 makfabrik sa yo, si nou fè tankou se pa Ayisyen nou ye, se pa nèg nou ye, se pa moun yon peyi pòv yo rele Ayiti nou ye, se refize nou refize asepte tèt nou, renmen tèt nou. Epitou, konsekans yo ap grav anpil e pou nou menm, e pou lavni peyi nou. Si nou touye memwa nou, se peyi nou nou asasinen. Epitou nou kapab disparèt kòm pèp.

Sous foto : Achiv Bon Nouvèl

Page 15: Jounal Bon Nouvèl

Desanm 2013 •15

Lavi Legliz

menm ki fè yon moun se moun.

Pa kite pwoblèm yo dekouraje nou

Lè ou se Ayisyen, genyen kèk pwoblèm ou kapab jwenn sou wout ou. Men se pa yon rezon pou ou rayi tèt ou ak rayi peyi ou. Okontrè se tout tan, se chak jou, pou ou refè tèt ou, grandi, pouse pi devan, pou ou tounen kalite Ayisyen Bondye ak pèp la ap tann nan.

Se pou sa, paske nou menm Ayisy-en, nou se yon pèp ki kwè nan Bon-dye, mwen vle pale avèk nou konsa : nan non Bondye, nan non zan-sèt nou yo, nou vle pataje ak tout moun sa nou ye e sa nou genyen ki bèl tankou : anpil kouraj nou ge-nyen pou nou viv, anpil kouraj nou genyen pou nou kwè nan Bondye, anpil kouraj nou genyen pou nou pa dekouraje, kè kontan nou genyen pou nou resevwa etranje ki vini la-kay : ‘’ Onè respè’’. Pa jamè pataje avèk pèsonn sa ki lèd. Sa ki lèd, lèd pou tout moun. Voye l jete, paske li pa soti nan Bondye.

Nou gen yon misyon pou n akon-pli.

Nou menm nèg ak nègès d Ayiti, nou gen yon gwo reskonsablite, yon bèl misyon, misyon yon pèp k ap soufri epi ki renmen lavi : nou vle fè yon sèl ak tout pèp k ap soufri pou ede kreye yon lòt sosyete, yon sosyete frè ak sè k ap viv ansanm, kote yonn konplete lòt, yonn ede lòt la viv.

Wi, nan non Bondye, nan non sa ki pi sanble ak Bondye, nan non sa ki pi bèl nan yon kretyen vivan, nan tout moun sou latè a san nou pa gade ras, koulè, kilti, san nou pa fè distenksyon ant gason ak fi, mwen voye yon gwo kout rèl ban nou, frè

ak sè Ayisyen m yo : se pou nou ren-men tèt nou, mache tèt dwat, pan-dan n ap lite kont lamizè, lenjistis, divizyon ak tout fòm fòs lanmò k ap avili nou.

Se makfabrik sa a, se misyon sa a nou dwe defann nan kalfou listwa n ap travèse jodiya : chak Ayisyen, renmen tèt nou pou nou kapab ede yo asepte nou e kwè nan nou. Nou se yon pèp nan dyaspora, nou tou-patou sou latè. Si nou pa kwè nan tèt nou ak nan valè nou, n ap rayi lòt yo, nou p ap pote anyen nan dya-kout nou pou latè beni.

Dis (10) defi pou nou leve.

Frè m ak sè m yo, nèg ak nègès d Ay-iti, nou menm k ap viv anndan peyi a ak nou menm ki lwen, nou menm ki se yon pèp ki pa janm chita men ki toujou ap mache pou chèche lavi, nou va tounen mesaje Bondye pou yon lòt sosyete tounèf si nou voye yon ochan ayisyen nan dis (10)kout tanbou sa yo :

1) Se pou nou menm Ayisyen nou renmen tèt nou menm jan Bondye renmen nou. Nou se yon bèl kado, Bondye fè nou sanble ak li. Nou se kay Bondye. Fòk nou pataje richès sa ak lòt yo.

2) Pinga nou pèdi tan nou ap kon-pare tèt nou ak lòt moun. Chak moun se richès ki pèmèt nou dekouvri yon bèlte nan Bondye. Nou menm Ayisyen, lè nou chante, lè nou lapriyè Bondye avèk yon vwa nèg, nan kilti pòv yo, lè nou kriye’’ Bondye papa nou’’, se richès pa nou nou pote kòm pèp.

3) Tout kote nou pase, nan fason n ap viv, jan nou viv, jan n ap travay e jan n ap selebre, yo va dekouvri : ‘’Nèg la, li bèl, pòv la, li bèl, Ayi-syen an , li bèl. ‘’ Lè Bondye te fin fè

nou, li te rete bouch be tèlman li te kontan...4) Sonnen lanbi a, rele tout ras, tout pèp, tout kilti, tout relijyon, fè yo tout travay ansanm, chante an-sanm, danse ansanm.

5) Fè kou wè Bondye : se lavi sèlman pou nou bay. Pa janm mete lanmò.

6) Pa fè moun soufri. Deja gen twòp soufrans. Mete kè poze, kè kontan, geri, konsole.

7) Pa rayi moun, pa meprize moun, louvri kè nou, bra nou bay tout ras moun, tout koulè moun. Travay nou, se fè nou tout fè youn. Divizyon se lanmò. Tèt ansanm, kè ansanm se lavi.

8) Konnen kilti pèp nou byen. Nan tout kilti gen bèl bagay. Nou rele yo: ‘’ fòs lavi’’, e Bondye la. Nan tout kilti genyen vye bagay. Nou rele yo fòs lanmò e Bondye pa ladan.

9) Pinga nou pè pou moun konnen nou se nèg Ayisyen. Aprann kon-nen kisa ki fè valè nou, e avèk valè sa yo, pran plas nou bò kote frè ak sè nou yo sou tout tè a. Nou tout nou bèl, ni nou menm, ni yo menm. Nou tout se pòtrè Bondye, sakre-man Bondye.

10) Pa fè sa ki mal, fè sa ki bon.Se pou nou renmen Bondye ki te kreye nou. Lè nou chak nou va kapab rive di lòt la : ‘’mwen renmen ou pou ou kapab viv’’.yon lòt sosyete pral kou-manse donnen.

Frè Ayisyen, sè Ayisyèn yo, nou menm jèn yo, mwen envite nou viv dis (10) pawòl sa yo, yo va ban nou lavi, kè poze ak kè kontan.

Pè Godfwa Midi.

Page 16: Jounal Bon Nouvèl

16 • Desanm 2013

Pawòl la tounen moun

Pawòl la tounen moun li vin abite nan mitan nou

Wozilya Franswa

Moso Labib SOSYETE BIBLIK AYISYEN an pwopoze pou mwa Desanm 2013

«Men sa Granmèt ki sèl Mèt la di ankò : Se mwen menm menm ki pral chache mouton m yo pou m swen yo. Menm jan yon gadò mache swen mouton l yo ki te gaye , konsa m ap mache sanble tout mou-ton m yo, m ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m ap fè yo tounen. M ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m ap sanble yo, m ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a» [Apokalips 14,1-5]

01 Lik 1,1-2502 Zakari 9,1-1703 Ezayi 11,1-1604 Sòm 72,1-2005 Women 15,1-1306 Matye 3,1-1207 Levitik 19,1-1908 Ezekyèl 34,11-3109 Jak 1,1-2710 Jak 2,1-2611 Jak 3,1-18

12 Jak 4,1-1713 Jak 5,1-2014 Ezayi 35,1-1015 Matye 11,1-1916 Pwovèb 3,1-20 Sirasid 16,24-17.1417 Tit 1,1-1618 Tit 2,1-1519 Tit 3,1-1520 Women 1,1-1721 Matye 1,18-25

22 Ezayi 8,5-1823 Ezayi 8,19-9.624 Lik 2,1-1425 Jan 1,1-1426 Ak Apot yo 6,1-1527 Ebre 2,1-1828 Ebre 3,1-1929 Ezayi 52,1-1230 Ezayi 63,1-1431 Lik 2, 15-21

Dimanch 1 Desanm 2013 :Premye dimanch tan Lavan1- Izayi 2,1-52- Women 13, 11-143- Matye 24, 37-44

Dimanch 8 Desanm 2013 :2èm dimanch tan Lavan1- Ezayi 11.1-102- Women 15, 4-93- Matye 3, 1-12

Dimanch 15 Desanm 2013 :3èm dimanch tan Lavan1- Izayi 35,1-6a.102- Jak 5,7-103- Matye 11, 2-11

Dimanch 22 Desanm 2013 :4èm dimanch tan Lavan1- Izayi 7,10-162- Women 1, 1-7

Lekti lamès mwa Novanm ak Desanm20133- Matye 1, 18-24

Mèkredi 25 Desanm 2013 :Fèt Nwèl1- Izayi 51,7-102- Ebre 1,1-63- Jan 1, 1-18

Dimanch 29 Desanm 2013 :Fèt Sent Fanmi1- Sirasid (Eklezyas) 3,2-6.12-172- Kolosyen 3,12-213- Matye 2, 13-15.19-23

Mèkredi 1 Janvye 2014:Fèt Mari Manman Bondye1- Nonm 6, 22-272- Galasi 4, 4-73- Lik 2, 16-21

Dimanch 5 Janvye 2014:Fèt Epifani (premye parèt Jezi)

1- Izayi 60, 1-62- Efezyen 3, 2-3a.5-63- Matye 2, 1-12

Dimanch 12 Janvye 2014:Fèt batèm Jezi1- Izayi 42, 1-4.6-72- Ak Apot yo 10, 34-383- Matye 3, 13-17

Dimanch 19 Janvye 2014:2èm Dimanch Tan òdinè1- Izayi 49, 3,5-62- 1 Kowentyen 1, 1-33- Jan 1, 29-34

Dimanch 26 Janvye 2014:3èm Dimanch Tan òdinè1- Izayi 8, 23b a 9,32- 1 Kowentyen 1, 10-133- Matye 4, 12-23

Page 17: Jounal Bon Nouvèl

Desanm 2013 •17

Kwen Jèn

Rantre lekòl se youn nan mo-man ki pi enpòtan nan ane aka-demik la. Men, an Ayiti, moman sa se toujou yon kastèt chinwa pou anpil paran ak elèv yo. Gen paran ki p ap leve ni lou ni lejè, kidonk yo pa wè ni anwo ni anba. Gen de lòt k ap fè yon ti degaje, men sa pa sifi pou yo ta voye ti-moun yo lekòl, malgre bòn vo-lonte yo. Pandansetan, timoun yo menm ap priye kilè pou lekòl la ouvè pou yo ka rewè ansyen kamarad yo, fè konesans ak an-pil timoun ki swaf aprann ap oblije chita lakay yo, epi sa yo ki prale yo ap pèdi jou, ke yo vle l ke yo pa vle. Se poutèt sa nou vle pale sou dezavantaj rantre lekòl nan mwa oktòb la…

Depi lane 2011, otorite leta yo

deside pou lekòl relouvri pòt li an oktòb akoz plent popilasyon an ap pote kont chomaj ak lavi chè. Yo panse si yo pwolonje vakans la pou yon mwa sa ka pèmèt paran yo gentan ravitaye. Men, an nou pran kòm egzanp yon peyizan ki gen plizyè pitit pou li nouri, voye lekòl epi ki ap travay tè nan kondisyon nou tout konnen yo; èske reta ki pran pou lekòl la ouvè a ap pèmèt li jwenn lajan pou li regle zafè li? Nou pa kwè sa ditou, paske reta a pa yon bagèt majik…

Si reta sa a bay paran yo yon ti tan pou yo fè kèk jimnastik, li pa ede paran ki fè ti degaje sèlman lè lekòl ap mache, konsa, pitit pa yo, olye li rantre nan mwa oktòb, se nan mwa novanm li pral ka ale; li pa ede timoun yo non plis, sou

plan edikatif, akoz li redwi nan kan-tite jou elèv yo ta dwe pase nan klas yo. Sa pral lakòz yo an reta nan pwogram yo tou.

Sitiyasyon an pral agrave menm, piske, an Ayiti, apre chak peryòd fèt, majorite lekòl yo pran prèske yon semèn pou yo redemare. Lè gen twoub politik osinon lè nou nan peryòd katastwòf politik osinon lè nou nan peryòd katastwòf natirèl, elèv yo oblije rete lakay yo pandan kèk jou… Nou pa menm bezwen di ou valè konesans timoun yo ta dwe jwenn nan vin pi piti chak jou. Ou tou konprann pi fò timoun k al lekòl nan kondisyon sa yo gen yon gwo vid entèlektyèl ki pa fasil pou konble.

Anfen, nou konprann aklè rantre lekòl la nan mwa oktòb plis bay tèt chaje pase solisyon. Kounyeya, se pou popilasyon an ansanm ak oto-rite politik yo gade pwoblèm nan drèt nan je epi chache vrè solisyon yo. Olye pou y ap plede ranvwaye rantre lekòl la, pito yo mete bon jan prensip nan domèn ki ka pwo-dwi richès, bay anpil moun travay, pandan y ap ankouraje antreprenè envesti. Popilasyon an dwe pran reskonsablite li, si li vle jwenn bon jan solisyon.

Kolèj MariAn

Catiouceca Nélyssa, 8e I

Sabianka Anataly bruny, 7e I

Clément Kérène, 7e III

Rantre lekòl, yon bèl tèt chajeAn nou koute refleksyon timoun lekòl sa yo nan okazyon antre lekòl la. Kouman yon timoun kapab byen aprann si li pa jwenn bon jan mwayen pou sa ?

Elèv yo ap pare pou yo antre nan klas laSous foto Janfanaspò

Page 18: Jounal Bon Nouvèl

18 • Desanm 2013

Kizin lakay

Ze Bouye ak tomat !

Gladis Janmari Ramo

Fanatik Kizin lakay yo, tankou nou te pwomèt ou deja, n ap fè twa(3) mwa ak resèt ze a. Konsa sa ap pèmèt ou gen yon lide sou anpil fason yo prepare ze.

Nou pral prepare yon ze bouye ak tomat.

N ap bezwen

• 6 tomat ti joslin

• 3 kiyè bè

• 6 ze

• Sèl ak pwav

Mete yon ti dlo bouyi. Lave tomat yo, fè yon ti mak kouto anba yo chak epi mete tomat yo ladan li.

Kite yo bouyi senk (5) minit. Apre, retire yo pou po yo ka byen soti.

Koupe yo retire grenn yo.

Mete bè a cho.

Sote chè tomat yo.

Retire yo nan dife kite yo frèt. Bat ze yo.

Mete sèl ak pwav.

Ajoute tomat yo ladan li.

Nan grès cho ki te sote tomat yo vide li epi kite li kwit.

Akonpanye li ak pen pou sèvi li tankou yon dejene.

Li pa chè, li fasil pou fèt.

Bonnapeti

Page 19: Jounal Bon Nouvèl

A G A T N W A E

Desanm 2013 •19

R A T O F E L E N

K W A Y A N S E V

I S I T O A V I

Mo Kwaze

Jan Fanaspò

123456789

10

1 2 3 4 5 6 7 8 9 10

solisyon mo kwaze mwa pase a

Pran agòch ale adwat

K A B A R E M E T

A M E S W A R E

I R A P O A T E

S E Z I S M A N S

T E M A Y O A L

M E M A N G O

1. Aparèy ki pèmèt ou wè sa k ap pase nan lòt peyi.2. Moun ki pa kwè nan Bondye - Premye mo ou di lè ou pran telefòn nan.3. Rit tanbou osinon dans - Sa ki sou tèt kòk la.4. Fèt.5. Peryòd nan lavi - Relijyon.6. Ou pa wè l fasil - Enstiti Repibliken - Mwa nan ane a.7. Kosyon - Moso bwa long.8. Ki fèt ak metal - Ou nan lang franse.9. Non yon fi - Machin ki mache sou ray.10. Maryaj - Kote 2 zo nan kò yon moun kontre.

1

2

3

4

5

6

7

8

9

10

1 2 3 4 5 6 7 8 9 10

Desizyon tètanba

Yon fanatik

BlagToto di Tidjo, Ou konn nouvèl la ?

Tidjo di : Kisa l ye Toto ?

Toto reponn : Tout mo kreyòl ki fini ak “al “ tounen “o”, lè yo se plizyè. Konsa, kounyeya tout moun nan radyo ak nan televizyon di : Pwosèvèbo, olye yo di pwosèvèval. Rezilta fino, nan plas rezilta final, Total tounen toto.

Tidjo di : Kòman, se lang kreyòl la k ap chanje ?

Toto reponn : Non, se san kopyadò a ki nan tèt yo toujou.

Pran anwo desann anba1. Karaktè, fason yon moun ye.2. Kondisyon, sitiyasyon - Espès pyebwa.3. Lwa ki louvri sèvis la - Moun ki fè bèl tablo, bèl mizik.4. Chèf la ki te kondane Jezi a.5. Ale non - Valè ane yon moun genyen.6. Pwonon pèsonèl fransè - Repitasyon.7. Lè yon moun twonpe moun ki marye ak li a - Wòl yon moun jwe nan yon pyès teyat.8. Koze san enpòtans - Radyo nasyonal (abreviyasyon).9. Anvan respè - Pwonon pèsonèl - Pati nan yon kò yon moun.10.Ki pa gen pyès rad sou li.

Bon Nouvèl

Jounal

119, Ri Simon wout AyewopòB.P. 19252HT-6112Pòtoprens, Ayiti

38 59 50 39 [email protected] wèb : www.bonnouvel.org

ISSN 1606-660X

Page 20: Jounal Bon Nouvèl

Bon Nouvèl

Jounal

20 • Desanm 2013

119, Ri Simon wout AyewopòB.P. 19252HT-6112Pòtoprens, Ayiti

38 59 50 39 [email protected] Ayewopò #119, Ri Simon

ISSN 1606-660X

JANJAN WOUzVèL(JEAN JEAN ROOSEVELt)

ChANtè, KONpOzItè, Otè, gItARIS, ELAtRIYE

Chantè Janjan Wouzvèl soti chanpyon nan konkou jwèt frankofoni te òganize nan peyi Lafrans jou ki te jedi 12 sektam 2013 la. Li ranpòte premye

meday lò pou peyi d Ayiti.

Loreya nan 6èm edisyon konkou sa a nan kategori chanson an pa t kache satisfaksyon li kote li te ofri meday sa a bay peyi d Ayiti.

Depi li piti, Janjan abitye genyen nan konkou. Lè li te gen 6 ane, li te genyen nan yon konkou Radyo Grandans te òganize.

Nan laj 17 ane, li genyen premye pri nan konkou mizik “Nwèl nan Jeremi.”

2 ane apre, li genyen premye pri nan konkou chanson : “Mwen renmen Jeremi”.

Nan lane 2002, Pwomo Kilti onore li kòm anbasadè jenès Jeremi.