transvèsalite ekite jan/transversalité d'equité de genre. kros/kÒdinasyon rejyonal...
DESCRIPTION
Introduction à la thématique de transversalité d’équité de genre au sein des projets de développement (présentation en créole). 1. Aperçu sur l’inégalité de genre dans le monde et en Haïti 2. Equité de genre, Egalite de genre, Transversalité d’équité de genre etc. 3. Approche genre et développement (GED) 4. Genre dans le cycle de projets 5. Réflexion sur l’intégration d’équité de genre comme axe transversale au sein des projets de la CROSE CROSE est la coordination régionale des organisations du Sud-est, mouvement social dans le département Sud-est d’Haïti. Contact : [email protected] Contact : Ilse Roels, Responsable formation en équité de genre : [email protected]TRANSCRIPT
TRANSVÈSALITE EKITE JAN
Rankont kòdonatè/tris pwojè yo - avril 2009
KRÒS/Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon SidesJakmèl, Ayiti
OBJEKTIF JENERAL LA
Kòdonatè/tris pwojè yo konprann enpòtans la pou
entegre zafè ekite jan anndan pwojè yo; nan sans sa a
gen yon refleksyon ki kòmanse sou ki jan yo menm ka
kontribye nan pwosesis sa a
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
OBJEKTIF ESPESIFIK YOPatisipan yo:
Sansibilize sou inegalite jan nan lemonn
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Konprann wòl ekite jan nan koze devlòpman peyi a
Konprann ke ekite jan santral nan sik pwojè yo
Konprann ke yo jwe yon wòl kle nan entegrasyon ekite jan anndan pwojè yo
Konprann diferan konsèp yo ki makonnen ak ekite jan
Konnen kad legal ki referans dwa fanm yo
6. ÈNTEGRASYON EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
1. INEGALITE JAN
2. TRANSVÈSALITE EKITE JAN… KISA LI YE?
5. ANALIZ JAN ONIVO SIK PWOJÈ YO
3. KAD LEGAL LA
4. APWÒCH JAN AK DEVLÒPMAN
1. INEGALITE JAN
NAN LEMONN
AN AYITI
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Fanm yo reyalize 67% lè travay yo, malgre yo sèlman
posede 10% revni mondyal la
Pwodiksyon travay pwodiktif envizib fanm yo gen valè 11
000 milya US $ pa ane, li koresponn a 48% PIB mondyal la
Fanm yo konstitye 2/3 analfabèt yo; 2/3 timoun yo ki pa ale
lekol se fi
Fanm yo posede mwens ke 1% pwopriyete yo
Pami 1,3 milja moun k ap viv nan povrete absoli, 70% se
fanm
1 fanm sou 3 pou pi piti resevwa kou, sibi vyolans seksyèl
oubyen lòt fòm vyolans
Plis pase 200 000 fanm mouri chak ane anba avòtman
ilegal
Statistik Nasyonzini montre ke onivo lemonn antye:
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Sous: Caroline Côté, Le gendre dans le développement. Formation sur l’approche genre et développement, Développement et Paix, avril 2003.
Le Monde selon les femmes, Les essentiels du genre. 01 Concepts de base, Bruxelles, 2004.
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Kèk chif sou inegalite jan an Ayiti:
To mòtalite matènel reprezante 475/100 000;
80% fanm yo oblije akouche
nan kondisyon difisil san yo pa gen aksè pèsonel medikal
kalifye
Revni mwayen fanm yo reprezante mwatye revni gason
yo (PIB pa abitan), poutan to okipasyon fanm aktif yo se
youn nan pi wo nan rejyon an
Èndis analfabetis pou adilt yo nan milye riral egal 31%
pou gason yo; 65% pou fanm yo
10% fi yo ant 5 - 9 ane gen stati travayè, pou sa ki ant 10
- 14 ane, li monte jisk 33%
To VIH ki anrejistre pami popilasyon feminen pi wo pase
sa nan popilasyon maskilen ak yon fòt to transmisyon
manman sou pitit
60% - 80% fanm se chèf fanmi monoparantal yo
Nan eleksyon 2006 yo, pousantaj fanm ala prezidans te
3,1%; 7,9% pou eleksyon senatoryèl yo; 5,5% onivo
ladepitasyonMCFDF, Elements de la condition et des situations des femmes en Haïti, juillet 2006
MSPP, Profil des femmes en Haïti. Résultats de l’enquête EMMUS-III 2000, novembre 2002
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
GRAP, Valorisation des expériences de développement local en Haïti. Annexe 10 Femmes, septembre 2003
Sous yo:
2. TRANSVÈSALITE EKITE JAN… KISA LI YE?
JAN
SÈKS
INEGALITE JAN
EKITE JAN
EGALITE JAN
TRANSVÈSALITE EKITE JAN
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Jan =
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Sèks =
Sèks pa egal jan. Jan pa egal fanm.
Karakteristik ke sosyete a detèmine
Karakteristik ki detèmine biyolojikman
Mal la Femèl la
Pwodiktif + Bouboun
Natirèl, nou fèt ak li
Diferans fizik
Li pa chanje
Feminen (fi)
Maskilen (gason)
PijonRepwodiktif -
Sosyokiltirèl, ou aprann li
Relasyon inegal
Li ka chanje
Jan:
Fason yon sosyete defini wòl, rèskonsabilite, dwa,
opòtinite, mòd konpòtman, atitid, kwayans ak valè ki
asosye ak gason osnon fanm yo.
Karakteristik sa yo chanje atravè letan epi yo varye selon
diferan kontèks sosyokiltirèl yo. Nou jwenn yo atravè yon
pwosesis konstriksyon sosyal nan diferan nivo: leta,
travay, lekòl, medya, lalwa, lafanmi ak relasyon ant moun
yo.
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Diferans ak inegalite onivo wòl fi ak wòl gason yo - an fonksyon konteks
sosyoekonomik, istorik, politik, kiltirèl oubyen relijye a - chita sou baz diferans
biyolojik yo ant fi ak gason.
Poutan diferans seksyèl la pa konstitye epi pa jistifye inegalite ant fi ak gason
yo. Lè konteks sosyokiltirèl la kreye yon idantite pou chak sèks, se konsa yon
sistèm jan konstwi ki transfòme diferans yo an inegalite.
Inegalite jan yo se pa yon diferans objektif ki sòti nan diferans biyolojik yo ant fi
ak gason, li sòti nan yon konstriksyon sosyal epi olye li baze sou kapasite reyèl
yon moun.
Inegalite jan:
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Egalite jan =
Gason ak fi gen kondisyon egal pou reyalize tout dwa ak
potansyèl yo genyen pou kontribye nan evolisyon politik,
ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi a.
Egalite jan pa vle pou fi ak gason yo vin idantik men pou
yo gen menm chans ak opòtinite nan lavi.
Adopte mezi pou rekonpanse dezavantaj istorik ak
sosyal ki te anpeche fi ak gason benifisye chans egal.
Ekite jan se chimen ki mennen nan egalite jan.
Egzanp: Fè fòmasyon lidèchip ak fanm yo se yon mezi
ekite jan.
Ekite jan =
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANDANN PWOJÈ KRÒS YO
Transvèsalite ekite jan =
Ekite jan prezan nan tout domèn dentèvansyon
(transvèsalite owizontal) epi tou nan tout nivo
òganizasyonèl ak ènstitisyonèl (transvèsalite vètikal)
Li èmplike ke nan chak aksyon nou mennen epi nan
chak estrikti òganizasyonel nou mete sou pye, nou toujou
gade kijan nou ka favorize plis ekite ak egalite ant fanm
ak gason yo.
KONSTITISYON AYISYEN 1987
DEKLARASYON INIVÈSÈL DWA MOUN
KONVANSYON SOU ELIMINASYON TOUT FÒM DISKRIMINASYON SOU FANM YO (CEDEF)
KONVANSYON ENTÈAMERIKEN POU PREVANSYON, SANKSYON AK ELIMINASYON VYOLANS FÈT SOU FANM YO/BELEM DO PARA
DEKRÈ 6 JIYÈ 2005 KI MODIFYE REJIM VYÒL AK ELIMINE DISKRIMINASYON KONT FANM YO
3. KAD LEGAL LA
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANDANN PWOJÈ KRÒS YO
Genre et Développement / GED
KONTEKS: analiz chanjman sosyal
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
4. APWÒCH JAN & DEVLÒPMAN
YON ESTRATEJI ki pèmèt entegre preyokipasyon jan yo nan
analiz yo
planifikasyon ak fòmilasyon mezi politik yo
pwogram ak pwojè devlòpman yo
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
chèche fè pwomosyon pou yon egalite ant sèks yo nan
aktivite devlòpman yo
Jan ak devlòpman, yon apwòch ki:
fè pwomosyon sou valè egalite jan nan tout domèn kote
gen gwo diferans ant fi ak gason:
- divizyon travay la
- aksè nan resous ak sèvis yo
- kontwòl resous ak benefis yo
- pouvwa desizyonèl la
pa fokis sèlman sou fanm ak gason yo men ki chèche
transfòmasyon rapò ant fi ak gason yo yon fason ki pi
egal
pa vle majinalize gason yo men ki vle elaji patisipasyon
fanm yo nan tout nivo
pa vle transfòme fi yo an gason men ki vle asire ke aksè
nan resous yo endepandan sèks yon moun genyen
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Jan ak devlòpman, yon apwòch ki:
Devlòpman sosyete a pa ka fèt nan kondisyon inegalite ki
vin chak jou pi gran ant fi ak gason, li p ap ka fèt si pa gen
plis ekite ant fanm ak gason ak yon pi gran patisipasyon
pou fanm yoDAWN, Development Alternatives for Women in a New Area
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Egalite ant fanm ak gason se yon kesyon dwa moun ak yon
kondisyon pou jistis sosyal; li yon faktè endispansab ak
fondamantal pou etabli egalite, devlòpman ak lapè. Yon
nouvo patnaya ki baze sou egalite ant fanm ak gason se
yon kondisyon pou yon devlòpman dirab.Katryèm konferans mondyal sou fanm yo, 1995
Analiz jan lè nou ekri, ekzekite ou evalye
yon pwojè:
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
5. ANALIZ JAN ONIVO SIK PWOJÈ YO
divizyon travay la
3 diferan fòm travay: pwodiktif, repwodiktif ak
kominotè
aksè ak kontwòl resous ak benefis yo
faktè ènflyans
kondisyon ak sitiyasyon yo
bezwen pratik ak bezwen estratejik yo
nivo patisipasyon
posibilite pou transfòme reyalite a
konsèp empowerment - ranfòse kapasite yo
Kondisyon : aspè materyèl yon moun: travay l ap fè, bezwen li genyen pou li ak fanmi li
Entère èstratejik yo: fè referans ak pozisyon enferyè nan sosyete a, enterè a lon tèm ki gen pou objektif amelyore sityasyon medam yo
pwojè ki vize bezwen estratejik yo enkli aktivite konsyantizasyon, edikasyon, konsolidasyon òganizasyon fanm yo, mobilizasyon politik, …
Sitiyasyon:pozisyon sosyal ak ekonomik fanm yo pa rapò a gason yo (aksè pou jwenn travay, patisipasyon nan lavi politik, vilnerabilite pa rapò a povrete ak vyolans)
Bezwen pwatik yo: fè referans ak kondisyon lavi, nesesite imedya yo nan yon kònteks detèmine : dlo, lojman, alimantasyon, revni ak swen lasante, …
pwojè yo ki vize bezwen pwatik yo: pwogram kredi, ponp dlo, klinik, fòmasyon teknik, ekipman, …
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Endikatè seksospesifik yo :
% gason % fi
Patisipasyon nan aktivite pwojè a
Patisipasyon nan fòmasyon yo
Patisipasyon nan aktivite sansibilizasyon sou ekite jan
Jesyon enfòmasyon anndan pwojè a
Patisipasyon nan komite pilotaj
Patisipasyon nan komite swivi
Jesyon resous ekonomik yo
…
…
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Kèk eleman pou analiz jan nan kontèks idantifikasyon yon pwojè
Ki estrikti òganizasyonèl ki nesesè pou asire
patisipasyon fanm yo nan pwojè a
Ki efè negatif pwojè a genyen pou fanm yo?
Ki opòtinite pwojè a genyen pou fanm yo?
Ki pousantaj fi ak gason gen aksè nan resous yo, ki
pousantaj kap kontwòle resous yo?
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Kèk eleman pou analiz jan onivo ekzekisyon yon pwojè
Ki repatisyon genyen ant fi ak gason yo nan sa ki gen
pou wè ak distribisyon reskonsabilite yo nan ekzekisyon
pwojè a ? Ki faktè sosyal oubyen kiltirèl kap frennen aksè fanm yo
nan benefis pwojè a? Epi ki jan nou ka ankouraje
patisipasyon fanm yo malgre obstak sa yo? Endikatè pou mezire enpak pwojè a sou fanm yo
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Kèk eleman pou analiz jan onivo evalyasyon yon pwojè
Ki efè pwojè a genyen sou gason ak fanm yo (efè
kantitatif ak kalitatif)
Evalyasyon enpak sou sitiyasyon fanm yo nan konteks
global pwojè a (onivo sosyal, onivo jiridik, onivo politik,
ekonomik ak kiltirèl)
Degre patisipasyon gason ak fanm nan pwojè a ?
Efè negatif pwojè a, ni pou gason yo, ni pou fi yo.
Poukisa? Ki jan sitiyasyon sa a ka korije ?
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
6. ÈNTEGRASYON EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
REYAKSYON YO: kisa pawòl la di nou, ki
defi ki poze pou devlòpman
òganizasyonèl KRÒS la?
PWOPOZISYON YO: kisa nou ka fè pou n
entegre ekite jan anndan pwojè yo, kijan
n ap kòmanse?
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Analiz ekite jan ak diferan ekip pwojè yo
Chita pale ant reskonsab ekite jan lan ak ekip pwojè yo
pou wè kijan nou ka entegre aktivite ekite jan anndan
pwojè a, fè swivi Fòmasyon - atelye travay - echanj eksperyans ak
kòdonatè/tris epi animatè/tris pwojè yo sou tèm ekite
jan:
egalite ak ekite jan, bezwen stratejik ak bezwen pratik,
diferan apwòch devlòpman, pwofil aksè ak kontwòl,
analiz sik pwojè, endikatè seksospesifik, diferan modèl
analiz jan elatriye… Miz an plas yon ekip ekite jan nan chak awòndisman
…
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
Fòmasyon sou ekite jan anndan diferan espas
kòdinasyon yo
Ranfòsman òganizasyon fanm yo
…
TRANSVÈSALITE EKITE JAN ANNDAN PWOJÈ KRÒS YO
MÈSI !
Kontak: [email protected]
Wout Zoranje, Jakmèl, Ayiti
Fòmasyon an ekite jan: